Rico Super Star


 Nombre de messages : 8954 Localisation : inconnue Loisirs : néant Date d'inscription : 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Tonas J.C. Duvalier kisa w te fè ak Duchemin,Thimoléon, Perard jenn apenn nan 20 Ven 1 Mar 2013 - 11:28 | |
| Yon ansyen prezidan asasen ki ratibwaze tout yon jenes kapwaz apenn nan 20 lane. Yo rele Renald Perard, Ronald Duchemin, Thimoléon Emile Almonor, Ernst Jean-Toussaint e latriye.
Men tonas yo tout peri Fo Dimanch, san akizasyon, san jijman. Yo lage ko yo tankou chyen nan Titanyen.
Tonas band ti neyo Divalyeris, pwofitè kras Janklod Duvalier se sou kadav jenn gason nou tap byen mennen nan sa Janklod Duvalier rele peyi kinan l, kisa yo fè ak li.
Se te yon peyi kadav ak san militè FADH, makout, fiyèt lalo tap fè sayo vle. Mwen voye yon mesaj pou Divalyeris lot ti forom Fofo tankou MAXIMO,MARIE JEANNE, COLO, DEZA, ZOUKE, COLO SE TE SOU SAN AK KRIM JANKLOD DUVALIER TAP MENNEN YON PEYI. Twicccchhhppppp
Dernière édition par Rico le Ven 1 Mar 2013 - 12:58, édité 2 fois | |
|
Joel Super Star

 Nombre de messages : 17750 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Tonas J.C. Duvalier kisa w te fè ak Duchemin,Thimoléon, Perard jenn apenn nan 20 Ven 1 Mar 2013 - 12:45 | |
| Lè m te tande zafè masak JÈN OKAP lan kanpay ANTI-KOMINIS DIVALYE an ;mwen te deja kite peyi an. Se te KRÈVKÈ lè w t ap tande zafè MASAK sa a.A lepòk ,yo di se omwens 400 JÈN GASON ke DIVALYE te touye e rès yo te al mouri FÒ DIMANCH. Pwoblèm lan sè ke popilasyon JÈN kounye an pa konn bagay sa yo ;sitou ke gen NÈG pou yo te konbat mesye LAVALAS yo ,te konn konpare yo ak DIVALYE. PA GEN GOUVÈNMAN ;DEPI 1804 jis jounen jodi an ,ki konparab ak DIVALYE yo | |
|
jafrikayiti Super Star

 Nombre de messages : 2236 Localisation : Ottawa Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Tonas J.C. Duvalier kisa w te fè ak Duchemin,Thimoléon, Perard jenn apenn nan 20 Sam 2 Mar 2013 - 8:17 | |
| N ap peye konsekans kilti ekzajerasyon, zenyèz renmen voye monte, melanje bon mas ak move mas la. Jodi a, Duvalier ak konplis li yo ap pase plizyè milye viktim nan betiz menmsi krim yo dokimante, sivivan yo pote plent, sikakris yo la...memwa fodimanch tou fre. Gen nan viktim yo ki pèdi kredibilite paske yo gaspiye tèt yo nan yon vilgarite enbesil yo te batize "grenn nan bounda". Jodi a, moun pa ka pran yo oserye. Poutan, krim yo te sibi anba grif Tonton Makout yo reyèl. Anbasad Meriken ap souri nan moustach, Didier Lebret ap bwè Barbancourt, "à notre santé", meilleur pour la France! Nou va aprann sispann fê tikomik ak bagay serye. Yon ti sitasyon pou ede nou reflechi, annatandan "Carnaval des fleurs" la rive: - Citation :
- "...the US government may be obstructing justice by withholding documents that could be used as evidence against Duvalier, despite having made public similar documents about former Chilean dictator Augusto Pinochet and members of Argentina's former junta, for example, prior to judicial proceedings in those countries.
The US response could signal an unwillingness to see Duvalier pay for his crimes, which might come as no surprise considering the enduring support the US government showed for Duvalier during his rule, with US aid to Haiti - including military training - increasing during the 1970s and 80s. When a popular uprising finally forced Duvalier to flee in 1986, the US flew him out on a military plane...". http://www.truth-out.org/opinion/item/14832-will-the-us-continue-to-obstruct-justice-for-duvaliers-victims-in-haiti | |
|
Contenu sponsorisé
 | Sujet: Re: Tonas J.C. Duvalier kisa w te fè ak Duchemin,Thimoléon, Perard jenn apenn nan 20  | |
| |
|