Kounye an ,annou pale de ANTONIO MACEO.
Misye se te yon STRATÈJ MILITÈ ki preske lan tradisyon DESSALINES ;mwen di preske ,paske pa gen tankou DESSALINES.
MACEO konbat lan 2 GÈ .Te gan yon premye GÈ ki te kòmanse an 1868 ,ki te dire 10 zan (1868-1878) ,se te pou abolisyon LESKLAVAY.
MACEO ak LAME MAMBI an pa t reyisi ABOLI LESKLAVAY men yo te reyisi jwenn yon TRETE lan men PANYÒL yo ke timoun ki fèt de moun ki toujou lan EKLAVAJ yo ap LIB.
An 1878 ,li te blije kite KIBA e l ale lan peyi AMERIK SANTRAL yo ;li etabli biznis ladan yo.
Youn lan peyi ke MACEO te vizite souvan se te AYITI epi li te fè plizyè RANKONT ak PREZIDAN SALOMON ak LAMOTHE minis INTERYÈ SALOMON an.
Li t ap prepare GÈ ENDEPANDANS lan e li pa t gen modèl kote moun NWA alatèt yon peyi ;se rezon sa a li te rankontre ak SALOMON pou l pran KONSÈY.
Apre preparasyon ,misye vin repran tèt LAME MAMBI an e yo `kòmanse pyese LAME PANYÒL lan.
De SANTIAGO ak GUANTANAMO ;LAME MAMBI an kòmanse ap mache sou LAHAVÀN ak 80 mil ÒM.Ant parantèz ,se menm taktik LAME MAMBI an ke CASTRO te itilize pou defèt LAME BATISTA a.
AN 1895 ,MACEO ki te BLESE 26 FWA lan KONBA te vin mouri sou CHAN D BATAY.
Travay lan te deja fèt.Ak de NÈG tankou QUINTIN BANDERAS ,MAXIMO GOMEZ,PEDRO SURIN ,PEDRO IVONET ki pran la relèv LAME MAMBI an te gen tan rive SANTA CLARA ;koupe KIBA an 2 e se te yon kesyon de tan anvan yo te rive LAHAVÀN.
60 AN apre ,se te konsa FIDEL CASTRO te vin genyen GÈ REVOLISYONÈ li an.
Depi CASTRO te okipe SANTA CLARA ;BATISTA te kòmanse ap mare pakèt li.
ANTONIO MACEO pa t viv pou l te wè RÈV li ;menm jan ak rès LAME MAMBI an.An 1898 lè AMERIKEN yo wè NÈG NWA MAMBI yo pral genyen e yo pral proklame ENDEPANDANS ;yo sote pwòp BATO yo lan rad LAHAVÀN pou yo te gen rezon pou yo te proklame LA GÈ kont LESPAY .
Yo atake twoup PANYÒL yo ki pa t bay gwo REZISTANS e ak FLÒT yo ,yo bloke AVANS LAME MAMBI an sou LA HAVÀN.
Yo pa t fini ;paske mesye MAMBI yo te toujou byen òganize;AMERIKEN yo mete ak BLAN KIBEN yo pou yo entèdi PATI POLITIK baze sou KOULÈ.
Yo pa t fini toujou ak èd TWOUP ak FLÒT AMERIKEN an -BLAN KIBEN yo dekapite LEADERSHIP MAMBI an ,an 1912.Yo touye tout NWA ki te lan pozisyon LEADERSHIP.Yo estime ke omwens 6000 te mouri.
E tankou yo di ""the rest is history""!
http://afrocubaweb.com/maceo.htm