Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Coffret dresseur d’élite ETB ...
Voir le deal
56.90 €

Je parle français, c'est la faute à Dessalines

+2
Le gros roseau
ainsi ne soit-il
6 participants

Page 4 sur 5 Précédent  1, 2, 3, 4, 5  Suivant

Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Dim 15 Déc 2013 - 16:42

Rappel du premier message :

Lè sou Dessalines, nou t'ap kraze bounda Franse yo, misye te trye pami yo itou pou itilite yo. Eske n'ap kondane'l pou sa?

Si m'te kapabl se kalandrye a mwen ta chanje pou Ayiti. A chaque début de siècle, toujou gen yon malè ki vin frape tè sa a. 1503..., 1806, 1915, 2004/2010.

Lè Angletè te voye emisè Bird pou wè kouman yo ka ede la nouvelle nation, Lafrans te kanpe an kwa paske li te konn potansyèl ansyèn koloni a e pi li t'ap proteje enterè'l paske Boyer te plye bay yo. Deja Ayiti te pran lan yon angrenaj; Angle te pèdi koloni Amerikèn li a, Lafrans te fin vand rès koloni Amerikèn li yo. Donk li klè ke Ameriken yo itou pa t' favorabl a tro grand prezans Angletè an Ayiti. Mwen te aprand ke Angletè te ralenti ou te retire kor'l sou kondisyon ke Lafrans te abandone veleyite pou l'ta retounen atake an Ayiti. Ayiti li menm te oblije reziye'l pou kontinye peyi dèt sal la.

En conclusion, mezanmi, ladies and germs, macaques, orang-outans, ouistitis, sapajous comme Roseau le dinosaure cloné nous appelle, Ayiti ke n'ap gade la a, se yon peyi sakrifye sur l'autel de la diplomatie coloniale dès sa fondation. Si ces faits sont exacts, et je doute du contraire, les détails historiques qui s'ensuivirent ne sont qu'accessoires.

Invariablement,

Ainsi ne soit-il.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas


Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Sasaye Sam 21 Déc 2013 - 18:45

Mesye, mwen te rete ap gade reyaksyon sou eleksyon Dany Laferyè lan Akademi Fransèz.
Mwen kwè nou ale twô lwen.
Se pa tout moun ki ap bat bravo pou evenman saa ki gen anpil enpôtans dan le mond literè e entelektyèl tout peyi.
 
Men sa k pa bat bravo pa bezwen trete nèg lan komsi li komèt yon gwo krim. Komsi li trayi la ras ak tout Ayiti.
 
Ke yon nèg dakô ou pa, se yon bon e yon gwo bagay. Sa reflete sou Ayiti ki tèlman abitye pote move non e li reflete sou tout nèg ki enterese lan zafè kiltirèl ke se ann Afrik, lan Karayib lan ak tout kominote frankofôn.
Vle pa vle se plizyè milyon moun ki pran nouvèl saa e li pozitif pou Ayiti.
Ya p sispann di ke ayisyen pa gen edikasyon, nou enkonpetan e nou pa konn pale franse.
Mwen deja sote lan kôlèt yon scandinav pandan m te Amstèdam paske misye ta p pale ayisyen mal komsi se kreyôl sèlman nou konn pale. Mwen pa ta p defann franse, men mwen ta p defann peyi m kont yon blan rasis e arogan.
 
Si sa pa enpôtan pou nou, men gen anpil powèt ann Ayiti.
Yon pepinyè lan Jeremi. Ayiti ap pran jarèt pase kounyea yo fenk bay Lyonèl Twouyo yon pri pibon ekriven lan Karayib lan.
 
Yon nèg pa bezwen pyafe, men nou pa bezwen joure nèg lan.
Li se Kanadyen pa nesesite menmjan ak mwen e lôt, menmjan ak nèg dAyiti ki natiralize meriken.
Sa pa retire anyen sou ayisyanite l. Mwen otan ayisyen ke sa k ap viv ann Ayiti.
 
Li pa tinèg Tigwav.
Dany merite respè epi li pase lan anal grannèg.
 
Nèg te kontan wè Obama prezidan paske l nwa. Sou fowôm nan  gen nèg ki pat kontan lè m te di ke Obama
ta pral swiv chemen ki te deja trase onon de la sekirite nasyonal Etazini e li patap kapab chanje anyen pou avantaj afromeriken.
 
Nou bat bravo pou Mandela tou.
2 nèg sayo pat lan pozisyon pou yo chanje kondisyon lavi pèp yo.
Men omwen prezans yo montre ke nèg pa lan nivo zannimo tankou anpil blan ap di.
 
Kanta pou Mikayèl Jan, nou tout konn istwa l.
 
Men sa ki pi enpôtan, eleksyon saa pa diminye enpôtans kilti ayisyen ni lang nou ki ap avanse.
Te genyen yon ekriven Sentlisyen, Walcott,  ki te pran Pri Nobèl pou literati lan ane 90 yo.
Mwen te bat anpil bravo pou li. Se te yon nèg parèy mwen e mwen te fyè paske mwen te deja rankontre l
Sentlisi.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Sam 21 Déc 2013 - 21:07

Nou gen yon vwazen trivyal neg kontinye ap rele peyi frer k'ap trete sitwayen li yo tankou rubbish, k'ap refoule yo paske yo se desandan Ayisyen pandanstan nou chita ap vilipande youn ki admi lan Akademi franse tou senpleman paske nou pense ke pou nou renmen Kreyol nou bije rayi Franse. Mwen pa ka dakor, mezanmi.

Se pa tout blan ki bat bravo pou Dany men, rayi chyen di dan'l blanch, sa yo konen ki le ke yo pa bezwen eksprime yo si yo pa gen anyen pozitif pou yo di. Y'ap kritike'w an silans wi men an piblik y'ap rekonet deteminasyon a'w, y'ap bay w respe paske w reyisi atend yon objektif.

Gen yon jounalist fanm ki konn Dany byen, se moun yo ki konen ke Dany se neg ki anbisye tankou tout ekriven ki koni. Manmzel pa jenen montre yon ti malez, w gen dwa rele sa jalouzi men se yon jalouzi saine. A vre di konbyen ki pa ta renmen resevwa honneur sa yo. Manmzel pa kache di ke li gen rezev sou mouv Dany a paske li pe pou Dany pa pedi wit li, libete'l, poezi'l lan yon tel kadr. Anfen pou misye pa vin blaze tankou le w fin atend le sommet.

Sou plan kritik, nou lan yon lot nivo.

Tiger Woods te envante yon mo pou dekri tet li le jounalist fouyapot te seye pyeje'l. Li te di ke li konsidere tet li kom yon Cablasian si mwen byen retni term la an referans a twa ou katr sang ki lan veines li. Gen Afro-Ameriken ki te kritike'l pou sa. Men le yo te mande Oprah Winfrey sa li pense de Tiger, manmzel ki te entevyouwe Tiger te repond yo ke li pa konn anpil moun tankou Tiger ki osi konsyan de ki es yo ye. Period.

Se pa jije yon moun sou jis eksplwa yo non ou sou vi prive yo, se pa prese kondane yo san ke nou pa konn enplikasyon yo lan sosyete yo ou lan kominote yo. Gen moun ki pa janm satisfe. Gen ki va di ke se pa selman bay lajan men yo pa konprand ke menm si w te yon bondye, gen travay se lot moun ki kalifye, ki gen eksperyans pou fe yo. Daye, gen ki pa janm bay.

Depi goudougoudou a, Dany se youn lan rar konpatryot renome ki te poze tet li kestyon ki sa li ka fe lan yon sikonstans parey. Misye travay anpil wi.

Dany pa t' janm vire do bay Ayiti de tout fason. On sel bagay, le misye ap pale de papa'l, w ka santi ke l'ap krane paske o fon li pa pati pou kite politik an Ayiti mine'l, vole chans ll. Tankou dam Oprah ta di, mwen pa konn anpil moun tankou Dany ki konen ki es yo ye. A chacun son etoile.

Si Dessalines te koute seten lan konseye li yo, si li pa t' koute madanm li, gen kelke moun sectaire ki ta fe pi red le pa t' ret yon grenn Franse an Ayiti.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Sam 21 Déc 2013 - 23:02

Mwen pa konprann dènye paragraf ou an AINSI.
Blan FRANSE ann AYITI yo ;gen gwo pwobabilite ke se KREYÒL yo te pale wi.
Kanta SKANDINAV lan SASAYE si l se te OLANDÈ ,pouki sa li pa t kritike AFRIKANÈ lan AFRIK di SID yo ki pale lang AFRIKANÈ an ,ki soti lan TOYO lang OLANDÈ an e ki pa OLANDÈ.
AFRIKANÈ sa yo ,pi fò dorijin OLANDÈ ,tèlman jalou de LANG sa a ke yo te vle enpoze l sou lòt gwoup ETNIK lan AFRIK DI SID yo.
Pou yomenm ,sa te fè PATI de IDANTITE NASYONAL yo.

M ap redi l ankò;mwen apresye ke LAFERYÈ ta pran nenpòt kèl PRI ;men se LIZAJ y ap FÈ de PRI sa a ke m pa renmen.
SE OPINYON M.
Pou premyè fwa,apremidi an ;mwen te tande ATI NASYONAL lan ,BOVWA,te kritike le fè ke MATELI refize SIYEN LWA sou AKADEMI KREYÒL lan.Se pou misye kontinye fè sa ,paske twòp MOUN kenbe SILANS yo sou BAGAY sa a.
BOVWA se yon gradye LA SÒBÒN,mwen pa kwè li rayi LANG FRANSE.
San NÈG pa bezwen kritike le fèt ke LAFERYÈ lan AKADEMI FRANSE ;mwen kwè fòme AKADEMI KREYÒL lan pi enpòtan pou AVNI timoun yo ke PRI ou nominasyon ke LAFERYÈ ou byen TROUYO ta ka pran.
An pasan EDWIDGE DANTICAT ki sòti lan TOYO nou e ki renmen kote l sòti an ,A MÒ,te pran 500 MIL DOLA ""MAC ARTHUR GENIUS PRIZE"" pou sa l fè lan domèn LITERATI.Sa pa t fè plis BRI pase sa non,ann AYITI.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Dim 22 Déc 2013 - 6:26

Mesye ;anvan gen NÈG ki ap pran batay san BATON ;se pou nou okouran jan rès MOND lan fonksyone.Gen yon AKADEMI LANG PANYÒL ann ESPAY ,men ansyen KOLONI PANYÒL yo pa kite LESPAY pran direksyon LANG yo.
Jan yo pale PANYÒL lakay yo se PANYÒL.Jan LESPAY pale PANYÒL lakay pa l se zafè pal.
AKADEMI PANYÒL ESPAY lan te fonde depi an 1713;siman pou te imite ITALI (ki se premye AKADEMI LANG ann EWÒP) e pita an FRANS.
N a wè depi ki lè PEYI sa yo gen AKADEMI yo.
Mwen sonje mwen te li sou NOUYORK TIMES ke LESPAY te vle pran direksyon LANG PANYÒL lan ;lan yon reyinyon yo te fè o MEKSIK lan lanne 1990s yo;de NÈG tankou GABRIEL GARCIA MARQUEZ te kanpe pou yo di NON.

Men LIS ,AKADEMI LANG PANYÒL yo;tankou m di l ,chak peyi gen pa yo:

http://en.wikipedia.org/wiki/Association_of_Spanish_Language_Academies

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Dim 22 Déc 2013 - 11:48

Pou m kontinye ,men pyès kote MJC t ap adrese mesye PATI TRAVAYIS BREZILYEN yo.N a remake NÈG ki te mete pyès lan ,se pa sa  ke MJC ap di yo ke l ap ri de yo ,se jan l ap pale FRANSE.
FRANSE pa LANG NÈG lan ,li preske pa janm pale l;li aprann li ak ekri l tankou preske tout AYISYEN lan lekòl e brid soukou se pou l ta FLIYAN lè l ap pale l e pale l ak aksan FRANSE.
Mesye ;nou di ke NÈG pa renmen LANG FRANSE an ;sa pa gen anyen pou l wè ak anyen non.
MEN YON ILISTRASYON ,paske ti jènonm lan ki entwodwi PYÈS lan ,panse menm jan ak anpil MOUN ann AYITI:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 22 Déc 2013 - 14:01

nanpwen moun ki rayi Danny laferrière kap debouye l pou jwen glwa e onè nan men blan franseuu. pou l ka vann plis liv e koupe plis kanadyenn blanch.sak pa konprann poukisa se danny laferrière yo chwasi gen dwa pyafe jan yo vle.men moun ki wè pi lwen pase pwent nen yo konprann jwet franseuu yo ap jwe pou mentni imperialism kilitirel la nan ansyen koloni yo. li sa Valery Giscard D'Estiang te di ya na konprann ke propagation lang franse ya e mentyen li ak francofoni  nan kolony yo se yon zam ekonomik li ye.Lè De gaule te di Vive le Quebec independent se te yon jan poul te divise kanada.jodya franseuu tande nap pale de Akademi kreyol pou nou gen pwop lang pa nou tankou Vyetnamyen yo ,Egyptyen yo ,yo kouri ba Danny yon beze Jida. pou krisifye lang kreyol la.Yo konnen nou byen ,yo te met fek fout nou yon kalot depi yo pase men nan tet nou nou bliye kalot yo konn ba nou yo.Map fout dil ankor sa pa dim ni cho ni fret.Vive le kreyol lang pa nou aba tout francofou  ak tout akademi yo a.ki pa regade m.ni ki pa regade 95% ayisyen ki pa pale franseuu.Mwen se moun ki pral fè pati Akademi kreyol la ki enterese m.Vouzan pou franseuu.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Dim 22 Déc 2013 - 15:47

ROZO;

Lan chache mwayen pou yo konbat LANG KREYÒL ;moun ann AYITI ki toujou a jenou devan ENPERYALIS FRANSE yo ;ap kenbe PÈP lan ,lan INYORANS.
Nèg ap kontinye di ke LANG FRANSE an se LANG NOU ;nou pa gen anyen pou nou wè ak LANG FRANSE an ;se yon LANG ""ACHTE"" selon ekspresyon MICHEL DEGRAFF lan.
Gade ki LANG ki gen akademi ,alòs ke LANG ke nou tout AYISYEN pale an ,pa ta gen AKADEMI?
Lang nou an tankou KIBEN yo di l se yon ERITAJ KILTIRÈL KARAYIBEYEN.
W ap wè lan LIS lan ,yon seri de LANG ou pa janm tande pale de yo ;men MOUN ki pale yo chache mwayen pou yo prezève yo e pwopaje yo.

http://en.wikipedia.org/wiki/List_of_language_regulators

Lan ka AYITI an ,yo mete MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL ,men nou byen konnen se pa sa y ap fè ;yomenm se FRANSE y ap voye monte!
 






AC

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 22 Déc 2013 - 16:21

"J’ajoute, que la plus grande intelligence de l’oppresseur est sa capacité à mettre l’opprimé au service même de l’oppression. Et en plus, au final, qu’il soit même content de le faire.
Sa se pa bagay yon robo ka ekri.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Déc 2013 - 18:23

Joel a écrit:Pou m kontinye ,men pyès kote MJC t ap adrese mesye PATI TRAVAYIS BREZILYEN yo.N a remake NÈG ki te mete pyès lan ,se pa sa  ke MJC ap di yo ke l ap ri de yo ,se jan l ap pale FRANSE.
FRANSE pa LANG NÈG lan ,li preske pa janm pale l;li aprann li ak ekri l tankou preske tout AYISYEN lan lekòl e brid soukou se pou l ta FLIYAN lè l ap pale l e pale l ak aksan FRANSE.
Mesye ;nou di ke NÈG pa renmen LANG FRANSE an ;sa pa gen anyen pou l wè ak anyen non.
MEN YON ILISTRASYON ,paske ti jènonm lan ki entwodwi PYÈS lan ,panse menm jan ak anpil MOUN ann AYITI:

W konen mwen respekte MJC paske misye odesi konpleks enferyorite neg k'ap gryen a. Sepandan mwen pa kwe enbesil k'ap ri a ap pale pou moun serye. Si w fe yon sondaj w'ap jwen yon majorite moun ki pa dakor ak li. Sa m'konprand se jis youn lan sa yo ki kontr prensip ke MJC ap defand yo. Neg sa a ta kanpe devanm, se denye fwa pou l'ta ri de moun. Li k'ap ri a sa pa vle di ke li pale pi clair ke MJC. Mezanmi, mwen si ke endividi sa a se yon bully ou yon enferye ki konn ap moke menm moun andikape pou valorize tet li devan zanmi'l.

Kanta MJC mwen trouve misye bryan, mwen kwe ke moun a respekte misye paske li gen guts. Mwen fini pa konprand misye e franchman se gras a misye sinon politik la ta plat. Tankou w di se pa sa MJC ap di ki enterese enbesil la.

Se pa grav si neg la fe fot franse, mwen espere ke gen yon rezon pou se an franse li eksprime'l. Sela di, mwen felisite'l pou l'ap repond kestyon yo spontane san not. Se pa tout neg ki ka fe sa menm an kreyol. Difikilte MJC se le li tonbe reflechi aloske li t'ap eksprime'l kleman. Misye konn ki sa l'ap di men li gen yon problem strikti. Li kapab pran sa pou leson a l'avni. Lan liv pa'm, si MJC pa yon neg ak sibstans ki pa la jis pou yo tande'l sou tout media, si li te plis yon leader ke popilist, vye prejije sa yo se rans. Li fe travay li. Li pa yon kreten tankou sa CNN te met chita an fas Kagame a.

Roseau, m'ap raple w ke kreyol deja lan ofisyel Ayiti.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 22 Déc 2013 - 21:12

"Je hais les victimes qui respectent leurs bourreaux "Jean paul Sartre.

se pa mwen ki ekri sa non.pi ga neg ti zorey anraje vinn dim map preche vyolans paske yo adore moun ki te konn ap fwete gran gran paran yo jodya jis yo mande yo favè pou yo chita bor kote yo pou pale franseuuuuu.


Se pa fot mwen se Dessalines mwen renmen se pa Rochambeau.


Dernière édition par Le gros roseau le Dim 22 Déc 2013 - 22:15, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Déc 2013 - 21:49

Mezanmi, mwen pedi lajan'm la. Roseau se pa w-menm ki fenk ap abese neg k'ap site auteurs franseu... Yo di'n pa di pawol nou ka regret pi devan. Anmwey, mwen tchenbe yon vole. LOL

Se pa korek non pou toujou ap lanse akizasyon gratuit.

Roseau le dinosaure clone a des problemes EXISTENTIELS. :-)

Pa gen ti zorey la a. Au propre comme au figire. Ale we, w ka byen ap pale de MJC; w konn ap joure Mateli ti-rouj aloske w di ti nom a w se ti-rouj. W pa fran non w-menm. Le m'te ti-moun yo te konn rele'm zorey lapen itou.

Yo malad. Li enposibl pou neg kache natirel yo.

L'alcool fait tomber les masques.





ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 22 Déc 2013 - 22:14

se pa diskou map fè se yon zanmi ki mete sitatyon saa sou FB.mwen telman wè li apwopriye pou sijè w la mwen poste l .ou toujou ap pale yon zafè  alkol mwen pa bwè alkol menm yon fwa pa mwa.se rarman mwen ka bwè yon vè di vin.mwen se sel moun ki pa janm adikte ak anyen.mwen pa fimen depim nan fen trantenn mwen.ou pa beswen chache denigrem tankou yon alkoolik. al mande moun ki konnen m ya di w.

ainsi soit-il ki jan w te fè respire lè m pat ekri sou fowum lan ankor.?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Déc 2013 - 22:28

Dino est un pecheur capital... iche.

Anwey! Luxure, gourmandise, envie.

W sur ke w pa yon mizantrop.

Kanta sa w met kwe'm, mwen pa janm bezwen enfomasyon sou pesonn. Mwen odesi de abitid konsa.

Jamais jamais jamais.

I never miss you. Mwen jis trouve ke se anfanten pou neg ap fe kole ak prive tet yo de yon senpl distraksyon.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 22 Déc 2013 - 22:42

mwen si paske mwen renmen moun ki renmen m men mwen dakor ak sa Jean paul Sartre ekri ya.Mwen pa ka renmen Rochambeau ak desandan  li yo mezanmi mwen pa fou .ni mwen pa yon alyene.Desaalines te di sak vle retounen esklav franse yo ke yo soti nan for la crete a Pierrot. yon gwoup moun pat ka te konn  ap bat gran gran paranm yo, jis tou lotrejou la yo tap touye moun tankou se vè tè an algerie .Joel rakonte sa yo tè fè Guadeloupe, Menm presidan Sakorzy sot fè yon diskou sou lesklavaj ppoul pale ki jan moun sa yo te mechan  epi pou yon moun vle mwen renmen yon la cho kabonize(lol) ah ah ah ah mwen renmen mo sa a wi ki ap mande yo poul chita bor kote yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Déc 2013 - 23:28

Pa gen moun ki ap adore Franse yo la, se w ki plis konn an adorasyon devan neg pa w yo. Yo osi kryel sinon pi mechan ke Franse. Ayiti se premye kote neg w yo te lage bonb sou peyizan ankor wi. Pa blye Hiroshima, Vietnam, gaz oranj e for posibl, goudougoudou. Irak, elatrey

Mwen gen dwa itilize Franse menm jan w fye de pitit a w k'ap pale Meriken.

Mwen te li komante J... ki di ke le Danticat te ekri livr e ke li te gen gwo pri sa pa t'fe bri konsa an Ayiti. Kan mem, mesye; eske nou seten ke Ayisyen Ozetazini yo te achte livr Danticat a anpil? Konbyen moun konsa k'ap li regilyeman an Ayiti? Moun Ayiti pa idantifye tet yo a angle. Nou dekonekte si nou pense ke lekti fe pati de konsomasyon de masse an Ayiti. Ayisyen renmen li wi men tankou Dany di yon grenn livr achte an Ayiti gen o mwen 10 lecteurs.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 22 Déc 2013 - 23:50

devan ki moun mwen konn  an adoration yo? mwen di si genyen moun ki ap kritike pep ameriken se dwa yo men mwen pa ka sou do bef la epi poum ap palel mal.se konseptyon pam.mwen twouve li dwol poum lakay yon moun epi pou map palel mal menm si pafwa mwen kon kritike sa serten gouvenman meriken fè. epi tou si yon moun ta konpare sak te pase ant 1915 e 1934 ak sa franseu yo te fè an ayiti pandan 3 syek e sa yo kontinye ap fè an afrik e nan lot koloni yo e byen mon chè ou malad.se pa meriken ki te voye Rochambeau ak leclerc ak chyen sovaj pou retabli esklavaj Saint Domingue.se pa meriken ki te fè nou peye pou endepandans nou.se vre yo di a Chacun son blanc.si wou se franseuu yo ou adore ou pa ka mandem pou mwen adore yo tou.paske mwen sonje tout 10 kob mwen yo frè yo te konn pran na menm pou nou te peye det endepandans lan an 1947.mwen mande yo pou yo renmet mwen tout 10 kob sa yo ak enterè;mwen konn ki moun ki te eradik pyan ak malaria an ayiti ,mwen konnen ki m oun ki te prete Presidna Pual magloire kob poul te bati baraj peligre la ak wout national Cap Port-au-Prince, Cap ouanaminthe ,urbanise vil o cap ,bati lise ak anpil lot lekol tou.Zanmi lenmi m pa ka zanmi m.Pwen final.


Dernière édition par Le gros roseau le Lun 23 Déc 2013 - 0:05, édité 2 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Dim 22 Déc 2013 - 23:56

ou di :I never miss you." se pa vre paske depim tounen la ou tankou yon kok ki nan yon gagè kap chache yon lot kok poul goumen.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Lun 23 Déc 2013 - 0:15

Non se w ki enpoli pou yon gran moun. W pa alez devan moun ki gen manieres e ke w pa enpresyone ak koleksyon bijou a w la.

Bon, le a rive pou gran moun al domi. Bonne fin de soiree, jeune homme.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Lun 23 Déc 2013 - 0:28

kii moun ki genyen manyè konsa?ki lè sa mwen te fè enpolitess nan yon senak ou te ye? gen lè se yon bagay personel ou genyen ak mwen .gen lè nou te genyen yon fanm a 2 ainsi soit-il mwen te konpran bagay saa te fini wi.ki lè lap fini menm ?ou rayim sim bay konsey sou stock market ou rayim pou bijou m.gen lè se ak lajan w ou ak lajan fanmi w mwen te achte yo>se travay mwen te travay di wi se pa ni drug ni volè mwen te kon volè lajan leta poum te achte yo.se pa nan bese ba non mwen tè fè lajan an ki te pemet mwen achte yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Lun 23 Déc 2013 - 0:45

epi lè wap pale ak mwen pa nonmen non ni fanmi m ni pitit mwen yonn pa nan sèk w se mwen ki ap pale ak w.si w  genyen kouraj se mete  non w sou forum lan jan mwen fè ya si w pa ka fè sa ou se yon lach.ferme la alors,blanc bec.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Lun 23 Déc 2013 - 6:20

AINSI;

Se pa sèlma jènòm lan PYÈS ""YOU TUBE"" ki t ap pale konsa a pwopo de MJC.
Si w ale sou diskisyon LE NOUVELLISTE yo se mèman parèyman.

Kò m nou ap diskite .Franchman yon DIRIJAN AYISYEN pa bezwen konn pale FRANSE.Si pa yon LANG ki ize twòp pou KOMINIKASYON ann AYITI.
Dr YVES DEJEAN ,youn lan gran entelektyèl nou yo -mwen pa renmen ize MO sa a ke yo abize ann AYITI-misye di ,entèdi yo pale FRANSE ann AYITI ,e yo pa p preske remake sa.Misye di tou si w ta ENTÈDI MOUN pale KREYÒL ,peyi an t ap bloke.

DEJAN ;mwen kwè misye gen plis ke 85 an di ke l pa wè pouki rezon yon AYISYEN si w ap pale ak yon lòt AYISYEN pou w pale yon lòt LANG ke KREYÒL.
An pasan ,IV DEJAN sòti lan BOUJWAZI TRADISYONÈL AYISYEN an;misye te etidye an FRANS ;li gen yon DOKTORA an LENGWISTIK de INDIANA UNIVERSITY ;men se LASÒBÒN li te pran LISANS li.
PLAS ke FRANSE kontinye ap okipe ann AYITI an ,vin yon TRAJEDI pou pèp AYISYEN an.
NOU PA PALE FRANSE ,PRESKE NOU TOUT SE LAN LEKÒL NOU APRANN LI!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  ainsi ne soit-il Lun 23 Déc 2013 - 9:51

J..., mwen rekonet de ki Dejean w'ap pale. Mwen te rankontre yon seten Yves Dejean le li te Montreal. Mwen kwe Pe Dejean sa a te retounen an Ayiti. W kwe misye pa t' youn ki te vire lan kritike Lavalas.

Piga neg ap ekzajere problem kreyol la non jis pou yo ka kite nom yo grave quelque part. Gen boujwa an Ayiti, se lan peryod deklen yo yo anbrase yon koz ki, lan ka kreyol la, mande anpil prekosyon.

Antr mwen ak w, jou sa a lwen le yo pwal efase Franse lan peyizaj Ayisyen. E pi, se pa franse a ki problem prensipal lan sou-devlopman an Ayiti. W konen byen ke kantite moun sa yo k'ap enteraji yo ta plis prodiktif si yo te konn li, la yo ta ka patisipe lan desizyon k'ap pran.

M'ap di w ankor, mwen pa gen okin objeksyon si y'ap travay pou enstitisyonalize kreyol la. Sa ki rive la, se ke Lafrans plen resous e sa pa koute'l anyen pou asire prezans li an Ayiti. Le se nou-menm, nou pa janm ka fe anyen san konkou etranje e pi souvan w ta kwe, Lafrans.

J..., mwen pa kwe Lafrans fe plis ke yon lot peyi pou asire prezans yo an Ayiti. Lafrans enplike plis ke nou kwe lan ed profesyonel k'ap bay an Ayiti men se pa pou enpoze lang Franse sou Ayiti ankor. W te kontinye ap sevi ak lang la, deal with it. Sa fe 200 ane, nou pa chita sou yon long sivilizasyon prop a nou, se rezon ki fe nou mele kon sa. Se toujou lan batay pou jwen rekonesans. Peyi a manke mwayen.

E pi se pa fin met yon enstitisyon kanpe pou li pa regle an-yen. Ayiti pa for pou li asire leadership menm lan kreyol la ki ta revni'l an aparans.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Le gros roseau Lun 23 Déc 2013 - 10:51

Men ki jan fè Vyetnamyen debarase yo de lang franseuu pou kreye yon inite nan peyi ya.?Ejiptyen yo tou ;Aljeryen yo tou pou kisa israelyen yo se ebreu yo di ki lang ofisyel peyi yo?tout israelyen ke  yo soti an Russie ou an etyopi yo blije aprann lang peyi ya.e nou menm nou pa ka adopte yon sel lang nan peyi ya pou eliminen division de caste e de class la.ki anpeche reyalisatyon ;Men anpil chaj pa lou a.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Lun 23 Déc 2013 - 11:06

AINSI;
Se menm IV DEJAN an.Se limenm ak frè l PÒL ki te ede etabli KREYÒL lan EDIKASYON BILENG lan ETA NOUYÒK ;mesye sa yo ede chanje EDIKASYON lan LETA NOUYÒK lan.
Yo te etabli anpil BAGAY lan EDIKASYON BILENG lan ETA a;sou ale sou AMAZON.COM w ap wè liv ke IV DEJAN te ekri ak yon PÒTORIKEN sou EDIKASYON BILENG.ANGLÈ-KREYÒL ak ANGLÈ-PANYÒL
IV DEJAN gen lontan l ap FRAPE sou BAGAY sa a.MICHEL DE GRAFF rele IV DEJAN ""PAPA IV"".
Misye te ekri yon LIV an KREYÒL ki rele ""YON LEKÒL TÈT ANBA ,LAN YON PEYI TÈT ANBA""
IV DEJAN gen plis ke 50 an l ap fè RECHÈCH sou KREYÒL lan.
Kanta pou FRANSE an ;kite yo fè PWOGRAM ALFABETIZASYON an vre an KREYÒL ,n a wè kote LANG sa a ,ap ye?

AINSI;
Swìv sa k ap pase ak yon lòt JENERASYON ENTELEKTYÈL de MOUN ki pale ak plis FÒS ke jan ou wè n ap pale.De moun tankou Dr SUZE MATHIEU;mesyedam lan FAKILTE LANG APLIKE yo ,genyen lan REKTORA INIVÈSITE DETA a.
Yo pre pou yo pase a yon vitès siperyè wi;se paske ELIT PWO FRANS lan kontwole RADYO yo ;yo preske pa ba yo pale!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Joel Lun 23 Déc 2013 - 11:13

Le gros roseau a écrit:Men ki jan fè Vyetnamyen debarase yo de lang franseuu pou kreye yon inite nan peyi ya.?Ejiptyen yo tou ;Aljeryen yo tou pou kisa israelyen yo se ebreu yo di ki lang ofisyel peyi yo?tout israelyen ke  yo soti an Russie ou an etyopi yo blije aprann lang peyi ya.e nou menm nou pa ka adopte yon sel lang nan peyi ya pou eliminen division de caste e de class la.ki anpeche reyalisatyon ;Men anpil chaj pa lou a.


Se yon MIRAK IZRAYELYEN yo fè ak LANG EBRE an ,jan yo modènize l.Pa bliye ke se an 1948 la a ke IZRAYÈL te pran ENDEPANDANS.
Yo di ke se IZRAYÈL ki pwodwi plis LIV ""pa tèt"" sou planèt lan

ANN EBRE

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Je parle français, c'est la faute à Dessalines  - Page 4 Empty Re: Je parle français, c'est la faute à Dessalines

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 4 sur 5 Précédent  1, 2, 3, 4, 5  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum