Nombre de messages : 2236 Localisation : Ottawa Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
Sujet: Gwo Koze Nan Little Haiti Mer 25 Déc 2013 - 11:40
Nan koumansman mwa desanm 2013, nan Little Haiti te gen anpil aktivite ki t ap brase. Kit se nan Little Haiti Cultural Centre, kit se nan Libreri Mapou, kit se nan Konbit pou Potapiman.
Nan seri sa a, m ap pataje ak nou yon losyè nan chita pale osnon kanpe pale, mwen te gen chans fè ak:
Edwidge Danticat
Jan Mapou
Frantz Jean
elatriye...
Chak katye gen pwoblèm pa yo. Men, mwen pa kache di nou, mwenmenm, se prèske nan chak kafou Miami, mwen te tande yon ti vwa nan tèt mwen k ape di "E sa, sa sa ye sa?". Majistra Lucie Tondreau ta ka reponn: "Men sa se Boulevard Jean-Jacques Dessalines monchè!". Anverite, nan Ottawa, nanpwen konsa!
Annou suiv batman kè fanmi nou yo nan Little Haiti...
Nan dezyèm segman an, otè Edwidge Danticat pataje ak nou sous enspirasyon liv li "Claire of the Sea Light", souvni Bèlè, katye kote kod lonbrit li antere, kouman li te ale viv New-York, epi relasyon emosyonèl li ap devlope ak vil Miami.
Mizik nou tande sou montaj videyo sa a, se MaliAyiti, ki sou albom Dyasporafriken, zèv Vox Sambou.
26 desanm, se va premye jounen Kwanzaa, kote nou va selebre premye nan 7 prensip yo: INITE.
Umoja (Unity): Umoja (OO-MO-JAH) Unity stresses the importance of togetherness for the family and the community, which is reflected in the African saying, "I am We," or "I am because We are."
Pati 3, nan kouti...
Dernière édition par jafrikayiti le Mer 25 Déc 2013 - 13:59, édité 3 fois
Joel Super Star
Nombre de messages : 17750 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
Sujet: Re: Gwo Koze Nan Little Haiti Mer 25 Déc 2013 - 12:59
Se pa jwèt non JAF se yon MOUN ki te genyen ""MAC ARTHUR GENIUS PRIZE"" ,AYISYEN gen dwa rekonèt mo ""JENI"" ou byen ""GÉNIE"". Y o te rekonèt li tou kòm YOUN lan 20 MEYÈ JÈN EKRIVEN AMERIKEN. Se yon peyi ki gen plis ke 300 MILYON MOUN ;anviwon 5 FWA POPILASYON la FRANS. Li fè tankou JACQUES ROUMAIN te fè lan LIV ""GOUVERNEURS DE LA ROSÉE'" .ROUMAIN kreyolize LANG FRANSE an ;EDWIDGE DANTICAT kreyolize LANG ANGLE an. Sa ki pi remakab ,se IMILITE MANMZÈL se pa bagay ou remake anpil kay AYISYEN ki atenn degre SIKSÈ manmzèl.
ainsi ne soit-il Super Star
Nombre de messages : 2404 Localisation : terre-neuve Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
Sujet: Re: Gwo Koze Nan Little Haiti Mer 25 Déc 2013 - 19:19
Le'm te viv Ottawa te gen inisyativ serye. Te konn gen reyinyon chak samdi kote jenn moun te konn al benyen la kilti Ayisyen. Le sa, se pa politik ki t'ap fet. Te konn gen projeksyon film, projeksyon konsert atis tankou Toto Bissainthe, danse, poezi, sware kiltirel. Te gen anpil makout dapre sa ki t'ap di men tout moun te montre volonte. E pi, se pa t' menm epok. Malerezman, gen koken ki te vin leve, relev ki te soti lan nouvel vag imigrasyon a pa t'gen leadership pou ralye moun e yo pa t'gen bagaj ase. Anpil moun te bije kanpe lwen le yo te konstate ke yo te pran anba politik. Sa pa t'anpeche ke moun ki te Manigat ou lot te kanpe pou Aristid.
Ottawa pa Miami ni PAP. Si moun Ottawa ka reoganize kominote yo li ta bon anpil pou jenn moun men se pa lan bat tanbou lan chak kalfou. Le sa te vle mache, w pa t'ap tande ke 40% ti moun ki lan foster home se pitit Ayisyen ak Ayisyenn tankou fonsyonez la t'ap di lan radyo.
Ottawa pa yon pi gran vil pase sa. Piga nou plenyen. JAF, kondi bofre'm te di'm, w k'ap viv Ottawa se pou fonde yon sendika. :-)
Se pa polemik, se jiske ke tout kominote ki fe bagay sa yo gen bisniz vyabl k'ap apiye yo itou.
W lage city a'w la. Mwen pa konn depi ki le w'ap viv Ottawa. Lontan yo te konn blame sa ki te la anvan yo. Koulye a, dapre kominikasyon mwen resevwa, si w pa lavalas li enposibl pou travay ak neg yo.
jafrikayiti Super Star
Nombre de messages : 2236 Localisation : Ottawa Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
Sujet: Re: Gwo Koze Nan Little Haiti Mer 25 Déc 2013 - 19:45
Ainsi ekri: "dapre kominikasyon mwen resevwa, si w pa lavalas li enposibl pou travay ak neg yo".
Podyab! Yo kofre ou anba manti ak zen. Ojis, Ottawa kounye a se pa Lavalas k ap mennen non vye frè. Epitou, mwen nan ekip foutbol, nan volebol, nan radyo ak moun tout tandans politik, tout konfesyon relijye, san pwoblèm.
Se sèten, si ou pale ak yon ansyen tonton makout ki gen repitasyon voye non moun bay tosyonè pandan peryod diktati a, li ka di ou gen moun ki pa vle travay ak li. Men se movèz lang k ap radote.
Katye Ottawa chaje ak menm pwoblèm nou genyen nan tout kominote nou yo. Defi travay ansanm...defi tout moun vle chèf, defi frajilite ekonomi fanmi yo....Defi vagabon k ap mache fè pitit yo pa okipe, lage sou bra malerèz ki pou elve yo jan yo kapab, defi ti biznis yo ki pa janm grandi, defi nèg ki fè alèji ak "pèp", e ki pito ale kanpe nan katye ki pa gen anpil Ayisyen, defi evanjelizazonbifikasyon ki fè anpil tan pase ap lapriyè olye nou fokis sou travay konkrè, defi renmen kreye, repete, alimante, bèl mèvèy, zen nou pa verifye. E sitou defi SIKOFRENI ki marye ak sipèstisyon ki fè anpil malere kwè gen yon vwazen, yon kouzen, yon frè ki rayi so li.....epoutan, se lavi a ki mache ak defi natirèl li.
Ainsi, mwen vwayaje anpil, men mwen pa "abandone asanble m" non konpè. Depi mwen debake isit se nan kominote a mwen bwè lèt e jiskaprezan mwen kontinye bay moso kontribisyon pa mwen la a tou.
Nan ki ane ou kite zon nan?
ainsi ne soit-il Super Star
Nombre de messages : 2404 Localisation : terre-neuve Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
Sujet: Re: Gwo Koze Nan Little Haiti Mer 25 Déc 2013 - 20:43
Se w ki ekri lan Ottawa nan pwen konsa.
Mwen kite Ottawa pou menm rezon ke anpil moun: trop politik. Mwen pa konn ki es ki te makout. Mwen konn ap tande pale de moun ki konn al denonse lan imigrasyon, se tout sof ke setansi se ofisyel. Tout asosyasyon gen compte a rand. Depi polis bezwen ranseyman, se la y'al cheche'l. E le yo bezwen ranseyman, se moun ki an tet ploton yo y'al enteroje. Kondi yon gran moun te di, le mouche ap vole w pa konn sa ki mal sa ki femel.
Joel Super Star
Nombre de messages : 17750 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
Sujet: Re: Gwo Koze Nan Little Haiti Dim 29 Déc 2013 - 6:46
JAF;
Zàfè dènye liv EDWIDGE DANTICAT a ""CLAIRE OF THE SEA LIGHT"" se pa ti ZAFÈ.Gade yon ""REVI"" ke THE GUARDIAN ba li. Se yon REVI OLOLOY. THE GUARDIAN ak NEW YORK TIMES se 2 JOUNAL yo li plis sou NÈT lan.Ou wè yo menm ofri pou vann li ,tèlman yo renmen LIV lan.
Sanble se ""ENGLISH SPEAKING WORLD"" ki ap bat BRAVO pou LIV lan .Sa a se yon KRITIK sou NEW YORK TIMES ;se pa yon kritik ;paske se voye monte repòtè an ap voye monte pou LIV lan. Kòm dabitid ,sanble EDWIDGE DANTICAT mete anpil KREYÒL lan LIV lan kòm li abitye fè l.Liv sa a pa p fouti pa yon best seller: