Pa genyen anyen detranj MAK.
Popilasyon ann AYITI an se yon popilasyon JÈN.Yo pa konnen sa DIKTATI ye vre.Sitou ke GNBis yo ki gen kontwòl preske tout RADYO yo te konn konpare JCD ak JBA.Lan 80% KA yo ;yo te konn di bagay yo te pi BON sou JCD.
Se te jis pou yo sa konbat JBA.
Lè JCD te kite pouvwa a ,pllis ke 60% POPILASYON an pa t ko menm fèt ,yo pa ka RELATE ak DIKTATI TERIB DIVALYE an.
Se menm jan se vèsyon pa yo jan bagay yo te pase ant 2001 ak 2004 ke moun ann AYITI yo ap tande.
PEYI ki te sibi DIKTATI TERIB tankou pa DIVALYE yo pa reyaji kon sa.An DOMINIKANI gen LWA ki entèdi MOUN voye monte pou TRUJILLO ke se swa sou RADYO ou byen lan LIV.
Diktati DIVALYE yo te pi TERIB ke pa TRUJILLO an.TRUJILLO te touye MOUN se vre men li te kite yon bagay apre l mouri.
TRUJILLO te bati anpil,anpil LEKÒL.
DIVALYE yo ,yomenm pa t kite anyen ,si se pa MIZÈ ak INYORANS!