Auteur | Message |
---|
Thunder Super Star


 Nombre de messages : 4690 Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Mar 21 Jan 2014 - 18:48 | |
| Anplis, ti nèg ap pale de sous ki ap finanse RSF, men yo pa janm pale de sous ki ap finanse Amy ak DEMOCRACY NOW? Sa ki fè sa? Eske se vle ke yo pa vle? Oubyen eske SPRAGUE pa t bay enfòmasyon saa nan pwopagann li an? Paske tout sa yo di ke yo konnen, se SPRAGUE ki aprann yo l.
RSF te genyen rezon, apa eto an ap resere sou asasen yo. Mwen ta swete ke lajistis pa bliye Brignol Lindor. Fòk Majistra Lavalas Dumay Bony ak patron l yo peye pou krim saa tou. | |
|
 | |
Marc H Super Star


 Nombre de messages : 10031 Localisation : Quebec Opinion politique : Démocrate Loisirs : soccer Date d'inscription : 28/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le voyeur
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Mar 21 Jan 2014 - 19:12 | |
| Wi Thunder
Mwen ta swete tou ke jistis la pa blye Jij Serge Joseph ak anpil yon paket moun ki te mouri paske yo te Lavalas . Depi 1991 jiskou rive 29 fevirer yo touye lavalassien . Sel krim moun sa yo se paske yo te militan lavalas. Yo arete yo , yo maspinen yo, yo imilye yo , yo jete lan konteneu lan la mè , yo touye yo. Fok jistis la pa blye renn moun sa yo jistis tou wi . | |
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages : 4690 Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Mar 21 Jan 2014 - 19:19 | |
| Mwen pa genyen problem ak sa, mwen sipòte sa. Fòk tout moun ki mouri jis paske yo te lavalas jwenn jistis. Men, se nou menm ki pa vle ke moun ki mouri jis paske yo pa t lavalas jwen jistis yo menm. | |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages : 17750 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Mer 22 Jan 2014 - 0:52 | |
| Se la pwoblèm lan ye THUNDER. Jan bagay yo ye ann AYITI aktyèlman se tankou sou tan INYON SOVYETIK lan ;lè mesye yo reyekri ISTWA. Mwen te konprann mwen te konnen sa k te pase ant 2001 ak 2004 ;se lè m ap li LIV de NÈG tankou PETER HALLWARD ak JEB SPRAGUE ke mwen sezi wè sa k te pase. 99% MOUN ann AYITI an 2013 pa konn sa k te pase FANMI CLEDOR SOUVERAIN lan PLATO an.Kote ZÒT SASINEN tout FANMI l paske yo se LAVALAS. Madanm misye,frè,sè l,kouzin li,BÒN lakay li elt ,jis paske yo te LAVALAS. De dizèn LÒT ke yo dokimante e ke MOUN ann AYITI pa janm menm tande NON yo nonmen e pale de yo. Si gen yon MOUN ki te anti LAVALAS ki MOURI menm si pa gen anyen ki konekte LAVALAS ak LANMÒ an ;se LAVALAS ki responsab. Men tou ,sa rive lan anpil lòt peyi ;se kounye an ,ak kontwòl mesye PLD yo sou pouvwa an DOMINIKANI ap fè LIMYE e pwente DWÈT sou SASINAJ ke mesye BALAGUER yo te fè. | |
|
 | |
jafrikayiti Super Star

 Nombre de messages : 2236 Localisation : Ottawa Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Mer 22 Jan 2014 - 7:21 | |
| Madi 21 Janvye 2013 / Tuesday January 21st, 2013 Koute/Listen to Emisyon "Lakou New York": Repòtaj Wilner Altidor, korespondan Lakou NY lakay nan fèt Vyèj Altagras nan Savàn Long; Segman espesyal ak konpatriyòt Patrick Elie sou dènye devlopman nan dosye lanmò Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint an; Liy ouvè ak oditè yo
http://www.lakounewyork.com/emisyon1-21-14.mp3 | |
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages : 4690 Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Mer 22 Jan 2014 - 8:33 | |
| - Joel a écrit:
- Se la pwoblèm lan ye THUNDER.
Jan bagay yo ye ann AYITI aktyèlman se tankou sou tan INYON SOVYETIK lan ;lè mesye yo reyekri ISTWA. Mwen te konprann mwen te konnen sa k te pase ant 2001 ak 2004 ;se lè m ap li LIV de NÈG tankou PETER HALLWARD ak JEB SPRAGUE ke mwen sezi wè sa k te pase. 99% MOUN ann AYITI an 2013 pa konn sa k te pase FANMI CLEDOR SOUVERAIN lan PLATO an.Kote ZÒT SASINEN tout FANMI l paske yo se LAVALAS. Madanm misye,frè,sè l,kouzin li,BÒN lakay li elt ,jis paske yo te LAVALAS. De dizèn LÒT ke yo dokimante e ke MOUN ann AYITI pa janm menm tande NON yo nonmen e pale de yo. Si gen yon MOUN ki te anti LAVALAS ki MOURI menm si pa gen anyen ki konekte LAVALAS ak LANMÒ an ;se LAVALAS ki responsab. Men tou ,sa rive lan anpil lòt peyi ;se kounye an ,ak kontwòl mesye PLD yo sou pouvwa an DOMINIKANI ap fè LIMYE e pwente DWÈT sou SASINAJ ke mesye BALAGUER yo te fè. Joel, mwen pa ka defann kò asasinay sou pèsonn, sitou kote inosan mouri tou. Men wou pa bezwen aksepte ak sa pou w konprann ke moun sa yo pa t mouri paske yo te lavalas. Si w itilize bon sans pa w, e wou kite pwopagann SPRAGUE lan, l ap fasil pou w wè ke se te yon REVANJ ki t ap tire. M ap kite w "do your homework" sou kesyon saa. Joel, tankou Dilibon konn renmen mande w, eske tout bèt nan bwa manje vyann eksepte papa lyon Tabarre lan ki manje zèb? Sa vle di eske nan lespri w, tout moun ki anti-lavalas ke yo asasinen se pa aza konsa ke yo mouri? Eske se te ensekirite ranpan an oubyen eske se kò asasinay byen planifye? | |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages : 17750 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Mer 22 Jan 2014 - 18:57 | |
| Se bagay sayo ,yo pa p janm ka dakò ak NOU. Yo SASINEN de FANMI ANTYE ;se REVANJ? Aliyen AGIMAN w yo.ALIYEN yo pou yo fè SANS. Epitou si mesye LAVALAS yo ta lan POZISYON pou fè ZÒT peye pou SASINAJ sa yo ;se t ap REVANJ tou? Jan NÈG fè BRI ak de MOUN ki mouri ;yo di se LAVALAS ki touye yo ;omwens li ta fè SANS pou omwens yo ta menm NONMEN non MOUN sa yo . Se dè DIZÈN wi.Se pa lan KONBA yo mouri NON.Se de MOUN ki rantre kay AZÈK,KAZÈK e SASINEN yo wi. Mande w pouki sa ANBASAD AMERIKEN te kanpe an KWA pou ANSYEN SOLDA yo pa t menm ka santi POUVWA a apre KOUDETA 2004 lan. Gen NÈG ki ap di ke AMERIKEN yo te al chache LATÒTI paske yo te bezwen MOUN KE YO TE VLE KONTWOLE. Se pa t pou sa di tou. Sispann di ke se PWOPAGANN JEF SPRAGUE ap fè.Li pa ka fè pwopagann ,alòs ke se DEPÈCH (UNCLASSIFIED) ANBASAD AMERIKEN an ke l itilize. Li bay NIMEWO yo ,ak DAT yo.
E PETER HALLWARD ,se PWOPAGANN li ap fè tou ,byen ke ""granted"" ke LIV misye an pa osi byen DOKIMANTE ke LIV JEB SPRAGUE LAN. Antouka HALLWARD fè yon bon ANALIZ sou ki kote SASINAJ JAN DOMINIK lan ta ka sòti.Misye eksplore tout ANG yo! | |
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages : 4690 Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Ven 24 Jan 2014 - 1:17 | |
| M ap redi w ankò, mwen pa dakò ak kò asasinay sou inosan. Paske mwen di w ke se revanj, sa pa vle di ke sa kòrèk. Nenpòt envestigatè ki ta sou dosye saa t ap toujou ale tcheke sou lis ènmi pèsonèl Cleodor dabò. Asasinay saa fèt konsa se paske tout moun nan kay lan te konnen moun ki fè l lan. De genyen yon rapò antre yo de pre ou de lwen. Genyen plis nan zak saa ke jis paske misye lavalas.
Joel sispann ekzajere bagay yo, pa t rete Azèk ak Kazèk, yo tout te kraze rak. Mesye sa yo se yo ki te pran plas "chèf seksyon" lontan yo. Se yo ki te chèf chimè ak chèf ekstòsyon sou tan lavalas lan. Pa t genyen ase rebèl ki pou te dechouke tout. Se pèp lan ki te fè dechoukay lan tankou 1986.
Se pa paske yo te fè touye Kazèk ki fè Anbasad Ameriken te kanpe an kwa. Se paske li t ap vyole protokòl lan, se pa rebèl ki te arete Aristide, se li ki te chape poul li apre li te fini bay demisyon l. Genyen machaswiv ki pou fèt lè yon prezidan bay demisyon l, menm si li te yon diktatè e enkonstitisyonèl. Si rebèl yo te pran pouvwa a, se t ap yon koudeta. Il faut pouvoir lire entre les lignes Joel. Pa kite SPRAGUE k ap plen w ak radòt. | |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages : 17750 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas Ven 24 Jan 2014 - 6:23 | |
| Bagay REVANJ ou an ;ke se MOUN ki te konnen KLEODOR SOUVERAIN ki te fè l ,kite pou RADYO ann AYITI yo;byen ke tankou m di l 99% moun ann AYITI yo pa tande pale de CLEODOR SOUVERAIN. E zafè ke se MOUN yo ki ta lenche AZÈK KAZÈK yo ;ale li LIV SRAGUE ak HALLWARD yo e menm sa PAUL FARMER ekri epi w a konnen. Ann atandan FLASHPOINTS sou PACIFICA RADIO deklare PÈMANANS sou ka JAN DOMINIK lan. Tande entèvyou ke DENNIS BERNSTEIN yon veteran JOUNALIS te fè ak KEVIN PINA ak BRIAN CONCANNON avanyè sou bagay sa a. Ou gen dwa di ke PINA se LAVALASYEN jan w renmen di l ;e BRIAN CONCANNON avoka repite sa a .CONCANNON SE TE ""DEAN"" INIVÈSITE LWIZYÀN ""school of law"" ak lòt INIVÈSITE. CONCANNON pale KREYÒL pi byen paske anpil SENATÈ mwen konn tande sou RADYO ann AYITI yo.
www.haitiinformationproject.net/index.php
DENNIS BERNSTEIN kontinye sou DOSYE an ak yon entèvyou li fè ak IRA KURZBAN . Kòmanse lan 35yèm MINIT-22 JANVYE:
https://soundcloud.com/flashpoints | |
|
 | |
Contenu sponsorisé
 | Sujet: Re: Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas  | |
| |
|
 | |
| Eske ankèt sou lanmo Jan Dominik ap mennen akizasyon pèsonalite lavalas | |
|