Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Disque dur SSD CRUCIAL P3 1 To (3D NAND NVMe PCIe M.2)
Voir le deal
65.91 €

Alliance Francaise 80 ans de présence au Cap-Haitien

Aller en bas

Alliance Francaise 80 ans de présence au Cap-Haitien Empty Alliance Francaise 80 ans de présence au Cap-Haitien

Message  Rico Lun 12 Mai 2014 - 17:36


Alliance Francaise 80 ans de présence au Cap-Haitien DSCN4020-Copier-700x335

Mwen deside eksplike pou tout moun ki pa konprann
motivasyon m, ki rezon rico pa vle tonbe nan joure, kriye betiz kont sayo rele modi etranje, frankofou e latriye.

Rico pran nesans nan yon vil milti rasyal. Li grandi tou piti ak Dominiken, dayè mwen se yon privilejye nan laj ti moun pou rantre lib ak libè nan konsila Dominiken tou pre kay mwen nan ri 8 F.

Anfas lakay mwen se te yon Franse dorijinn la Corse kite konsil de France kite rele Nonce Novella.

Se te gran papa yon kondisip lakay frè FIC Nonce junior Novella.

Ofil di tan rico abitye ak tout  ras e  lot orijinn. Yo toujou pale de konpotman rasis, endiferan moun sayo.

Ebyen nan eksperyans rico li twouve Ayisyen natif natal ti koulè po klè  ki gen mwayen, se pi move rasis, pi konpleske mwen rankontre Okap ak Potoprens.

Zafè rayi blan, franse, meriken , ou menm Dominiken mwen gen plis atensyon. Paske vrè move rasis mwen tonbe se prop ti nèg de koulè ou nèp po nwa

Ayayyyy sitou ti nèg po nwa ak mwayen papa ak manman se souvan rwa, lanperè.

Nan vil Okap te gen enstitisyon tankou Alliance Francaise ki byen ede atenye pase kolonyal Franse yo.

E mwen kwè meriken yo byen prezan ak enstitisyon kiltirèl yo pou antreteni yon klima bon vwazinaj. Se konsa yo entèvni souvan malgre se soulajman pou kantite bezwen  peyi sa genyen.

Se konsa mwen lese tout eneji pou denonse, krache betiz pou koken politisyen kap pase pi mal yo nan tenten.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum