Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -15%
(Adhérents Fnac) LEGO® Star Wars™ ...
Voir le deal
552.49 €

Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la

2 participants

Aller en bas

Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la Empty Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la

Message  Sasaye Ven 6 Juin 2014 - 23:15

CULTURE
Yon lanng nasyonal san nasyonalite

Le Nouvelliste | Publié le : 02 juin 2014




(Yon refleksyon sou lanng kòm mak sitwayènte)

Pou nou abòde refleksyon sa a nan tout lajès li, li nesesè pou nou ta fè yon lòsyè sou dènye evèlman ki make istwa lanng nou an, pou nou sa konprann sityasyon li jodijou epi, apre sa nou va antann nou sou definisyon toude konsèp sa yo: nasyonal ? nasyonalite, nan eseye pran kèk ekzanp klè ki kapab ede nou vanse kontre ansanm yon demen pi miyò pou devni lang lan ak pou peyi a. Paske, pale de lang se pale de moun, se dabò wè Ayiti kòm moun anvan tout bagay Konsa nou va anmezi konprann pou kisa se sou devni lang lan devlopman Ayiti chita.
Dabò, se :

• Nan dat 2 me 2014 la, kidonk apeprè yon ane apre vòt Palman ayisyen an, jounal ofisyèl Leta a, “Le Moniteur », anonse epi li pibliye Lwa sou òganizasyon ak fonsyonnman yon akademi pou lang (kreyòl) ayisyen an, ak misyon pou ede, pou ankouraje ak pou fasilite tout enstitisyon peyi a (piblik tankou prive), itilize lang Kreyòl la sou tout fòm (nan pale tankou nan ekriti), nan objektif pou kapab fikse epi penmèt devlopman syantifik lang lan nan amoni.

• Nan jou ki te 23 avril 2013 la, Chanm depite a te ba-li yon apui favorab.

• Men se depi 10 desanm 2012, Chanm Sena a te vote Lwa sou Akademi (kreyòl) ayisyen an.
• Men se depi nan dat 27 pou 29 oktò la 2011, nan respè volonte Konstitisyon 1987 la, Komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an te òganize yon gwo woumble entènasyonal, sou tèm: « Enjeux, défis et prospectives », pou li te kapab jwenn kèk pwopozisyon valab sou lavni Akademi kreyòl ayisyen an. Komite inisyativ sa a genyen ladan yon reprezantan divès òganizasyon, inivèsite, ministè, fakilte… tankou : Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, Jounal Bon Nouvèl, Inivèsite Leta Ayiti, Sekretarya Leta pou Alfabetizasyon, Fakilte lenguistik aplike, Konferans nasyonal vodouyizan ayisyen ak Sosyete animasyon ak kominikasyon sosyal.

• Tout demach sa yo te vini posib, gras Konstitisyon 1987 la, nan Atik 15, ki deklare Ayiti genyen de lang ofisyèl : Kreyòl ak Franse. Epi, ki rekonèt kreyòl la kòm sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Men, anplis, ki bay Leta ayisyen obligasyon pou li tabli yon akdemi ki pou fikse ak pou fasilite devlopman syantifik li lang lan.

• Nan ane 1930-1960 yo, plizyè chèchè te fè divès etid sou lang kreyòl ayisyen an ak fason pou yo te kapab fikse òtograk ba li. Rezilta travay te vini devlope yon syans sou kreyòl la pou te kapab penmèt lang lan antre nan lekòl.

• E se jis nan kòmansman ane 80 yo, gras ak Refòm Bernard a, ki se non minis Edikasyon nasyonal sou prezidans Jean-Claude Duvalier, lang lekòl la te antre pou premye fwa nan lekòl.
Men tout pwogrè sa yo pa ta kapab posib san konkou plizyè ekriven, chèchè, relijye ak anseyan te pote nan jan pa-yo. Se gras ak travay san pran souf moun sa yo, pwopozisyon yo pote, kontribisyon zèv yo ki te fasilite evolisyon ak konpreyansyon sosyoplitik ane 1980 yo epi ki te vini penmèt devlopman istorik lang nasyonal la. San nou pa genyen entansyon site tou sa ki fèt, nou pa kapab bliye :

• Jefò ekriven ane 1830 yo ki te wè nesesite pou antre imajinè ayisyen an nan zèv yo, sitou sila yo (XIXyème XXyèm syèk), ki te koumanse ape ayisyanize ekriti yo, nan ajoute kèk dyalòg kreyòl nan zèv yo, jouk nan jwe ak nan chanje fòm franse a menm.

• San konte konkou ekriven ane 50, tankou : Moriso Lewa (Diacoute, 1953 ; 1976), Antigone en créole, 1953 ; Œdipe roi, 1953 ; Rosaire couronne sonnets, 1964 ); Jòj Kastra (Konbèlann), Franketyèn (Pèlen tèt, 1979 ); Prens la, 2009, Ti Prens la, 2010).

• San nou pa bliye, sitou, kontribisyon Sosyete Koukouy, ki se branch litrè Mouvman Kreyòl Ayisyen, nan ane 60 yo, kape fete, nan mwa desanm 2015, senkantyèm anivèsè li.
Lang nasyonal,

Nan yon pwennvi sosyolenguistik, yon lang se non sèlman yon mwayen tout sektè anndan yon sosyete bay tèt yo pou yo kapab boukante epi pou yo mete ansanm tout lide, tout santiman, tout panse… kape devlope nan mitan yo. Men tou, sou yon plan pèsonèl oubyen kolektif, li se pi gwo faktè idantite yo. Nan sans sa a, yon lang genyen yon fonksyon ki anmenmtan fondamantal ak fondalnatal.

Mo nasyonal la genyen rapò ak sosyete, ak nasyon, ak pèp. Dabò yon nasyon se gwoup moun kape viv ansanm sou yon menm teritwa epi ki pran konsyans yo genyen menm idantite. Sa ki vle di yo genyen ansanm yon bann eleman yo pataje sou plan sosyal, istorik, kiltirèl, relijye ak lenguistik. Plis toujou, mo nasyon an repoze sou yon sistèm valè tout manm yo pataje ansanm kòm yon kontra sosyal. Sa ki mande pou tout sosyete a konsyan yo genyen yon lyen rasyal ki marande yo tout ansanm. Nan sans yon nasyon ki genyen yon menm rasin epi yon menm desten istorik lape apousuiv. Kòm sitwayen, tout manm yo reprezante yon puisans politik, yon « souverènte » ansanm. E prensip ki fè tout fòs souverènte a, se sou lide nasyon an li anchouke.

Chak peyi genyen yon definisyon diferan sou sa ki rele lang nasyonal la. Swa se kapab lalwa ki defini estati nasyonal yon lang, oswa se yon gouvènman ki ba li yon estati patikilye. Men, an règ jeneral, yon lanng nasyonal se lanng yon nasyon oubyen yon peyi konsidre kòm natif natal. Mo natif natal la genyen rapò ak yon lyen rasyal, yon lye kote yon kòdlonbrit antere, yon rasin anchouke. Oswa kote yon bagay kale, nan sans ki fè pati, ki reprezante yon epòk, yon milye, yon zòn, yon vil, yon peyi, yon teritwa. Oubyen, se tou sa yon nasyon genyen, li rekonèt ki pa li, ki rele li chèmèt-chèmètrès. Paske li enterese tout moun ki ladan, li reprezante oswa li idantifye enterè tout kominote a. Ekz : Yon fèt nasyonal

Yon lang nasyonal se kinan ki simante tout yon nasyon ansanm oubyen yon peyi ak tèt-li. Trè souvan, li kapab se yon lang natirèl. Setadi, se yon lanng, nan letan, ki pran tan pou fòme nan abitid, nan vivasyon moun yo ki pale-li a apati tout lòt lanng ki antre nan fòmasyon-li oswa ki enfliyanse-li. Li se lanng ki simante yon inite nasyonal, ki soude ansanm tout manm yon nasyon. Li se eleman fondalnatal yon idantite nasyonal. Kidon, yon nasyonalite.

Kidonk, yon lang li nasyonal se lè chak sitwayen ladan genyen posiblite antre nan nenpòt ki biwo piblik nan kèlkilanswa administrasyon Leta tankou prive, pou li pale ak pou li jwenn repons epi resevwa (aloral tankou alekri) sèvis nan lang nasyonal la. Kidonk, sa ki sipoze yon aksyon politik. Sa ki vle di, Leta dwe non sèlman angaje li pou, ni limenm ni tout sèvis kape bay nan peyi a, itilize lang lan, men tou asire pwoteksyon li, konsidere li kòm yon patrimwàn nasyonal.
Nasyonalite

Nationalité a se yon konsèp ki kapab pran divès fòm, men pi souvan ki marande kiltirèlman, politikman yon gwoup moun oswa yon nasyon epi ki bay yo tout ansanm dwa ak mwayen kote yo tout genyen volonte pou yo ekziste pou sa yo ye a. Nan sans sa a nou kapab pale de nasyonalite politik, de nasyonalite kiltirèl, de nasyonalite sosyal.

Nasyonalite politik la se yon prèv legal ki bay dwa epi ki defini kondisyon pou fè pati Leta a, nan sans inite yon popilasyon nasyonal, kote tout manm yo ape viv an amoni, nan yon solidarite yonn ak/pou lòt.
Alòske, nasyonalite kiltirèl la se tou sa divès gwoup sosyal oubyen divès regwoupman nan yon popilasyon ki abite sou yon menm teritwa genyen ansanm oswa ki pataje plizyè pwen ankomen, oubyen konbinezon yon bann eleman ansanm, tankou : lang, relijyon, lakilti, listwa.
Sou plan sosyal, nasyonalite a se yon idantite kolektif tout manm yo bay tèt yo pou yo fòme nasyon yo pataje ansanm nan.

Si nou pran ankonsiderasyon teyori David Miller ki pwopoze, nan liv li a On Nationality, 5 kondisyon pou defini yon kominote kòm yon nasyonalite :

• Genyen menm kwayans epi pataje yon menm angajman ansanm

• Okipe oubyen pataje yon peryòd ki byen defini nan Listwa
• Demontre yo genyen yon karaktè nasyonal
• Okipe yon menm teritwa
• Posede yon kilti popilè

Menm si li se yon fenomèn ki marande yon kominote, oubyen tout moun ki fè pati yon menm nasyon, nasyonalite a se idantite chak manm ladan, chak dividi pèsonèlman bay tèt yo.

Pou Miller se mwayen kominikasyon nan yon kominote ki simante santiman nasyonal. Men tout karaktè sa yo kapab evolye nan letan.
Nasyonalite a se yonn nan kondisyon yon sitwayènte, ki se dwa ak yon byennsite, juisans nan sa nou rele libète a. Paske yon kominote ki pataje yon menm nasyonalite, li pataje menm jan an tou menm kwayans lan yo, menm istwa a, menm karaktè nasyonal la, menm teritwa a ak yon kilti ki rele li chèmèt- chèmètrès12...

Nasyonalite a se yon santiman pataje. Li se volonte yon kominote genyen, yon sòt rezistans natirèl ki pran fòs nan derefize ni pou li idantifye tèt li nan lang ansyen mèt la, ni nonplis pou yo rekonèt-li nan lanng kolonizatè a.

Nasyonalite yon lang se lè lang sa a kapab enpoze tètli nan peyi a, kote lakay lelit la genyen yon volonte ni politik ni entelektyèl pou valorize lang lan sou plan politik, sosyal, jiridik, ekonomik, literè, elatriye. Se lè pandan oralite a ape fòme imajinè literè a, epi literè a limenm ape anrichi imajinè sosyal la. Sa ki vle di, lang nasyonal la dwe patisipe nan bati enstitisyon yo, nan bay nasyon an fòm. Men tou, nan modifye tèt li, pandan lape lese nasyon an transfòme li tou, jouskaske li va anmezi pran lòt fòm oubyen ofri lòt altènatif ki kapab modifye sosyete a nan ajisman li, nan devni li.

Paske, apa mit ak lejann ki nan kilti a, lang nasyonal la ape chawaye tou lòt kilti etranje, lòt valè li kwaze sou wout li, nan evolisyon li. Sa ki enpòtan, se pa sèlman konstui yon sosyete pou lafòm, nan yon jwèt tokay, boukantay, kaminizay, yon lang ki jui nasyonalite li patisipe tou nan sa lape pòte vini ak nan sa lape chawaye bwote ale.






Pou yon Kreyolizay,


Manno Ejèn

Powèt, nouvelis, eseyis

Fondatè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK)

Manm fondatè Sosyete Koukouy, seksyon Kanada

Reprezantan Pawòl Kreyòl, Revi literè Sosyete Koukouy

emmanueleugene87@gmail.com

annoujofre@groups.facebook.com

regwoupmanekrivenkreyol@gmail.com

Tel: (509) 48-53-0537


Nòt 1. R. Ivekovic, “Les paradigmes postcoloniaux par la langue”, in Marie-Claude Smouts, La situation postcoloniale, Paris, Les Presses de Sciences Po 2007, pp. 352-357 ; -« Resisting Absolute Translation. For Politics of Culture », in Culture & Politics : Summer Research University in Chilhac, 2-8 September 2007, Taipei-Chilhac, pp. 21-26 ; 2. -« Résister à la traduction absolue comme le rhinocéros »/Resisting absolute translation like the rhinoceros », Livraison n° 8, été 2007 (sans numérotation de pages) ; 3. Rue Descartes -« Langue coloniale, langue globale, langue locale », n° 58, 2007, pp. 26-36 ; 4. Sous la dir. R. Ivekovic -« Traduire la violence de la plèbe/ Translating violence », (articles par Rita Kothari, Anna Nadotti, Dongchao Min, Joyce Liu, Jon Solomon, Sandro Mezzadra), www.eipcp.net http://translate.eipcp.net/transver..., novembre 2007 ; 5. Bruno Cany, -« Une Europe des mondes multiples », Cahiers critiques de philosophie n° 5, 2007, p. 2007, pp. 107-125. ESSAIS GENEVIÈVE CLANCY Esthétique de la violence IV La dépliure des vives-voix TRADUCTION ANDREA BELLANTONE ... 6. H. Engdall in Florence Noiville, “Horace Engdall, le faiseur de Nobel” Le Monde 21 décembre 2007, p. 10. 7. Naoki Sakaï, « Quella traduzione del mondo nelle parole della sovranità », entretien par Giuliana Benvenuti e Paolo Capuzzo, il manifesto 26-2-2008, p. 12. 8. Rada Ivekovi?, "Traduire les frontières. Langue maternelle et langue nationale ", REVUE Asylon(s), N°4, mai 2008, Institutionnalisation de la xénophobie en France, url de référence: http://www.reseau-terra.eu/article749.html R. Konstantinovic. Le meilleur critique en est Radomir Konstantinovic avec une analyse détaillée texte par texte et stupéfiante d’anticipation des nationalismes renaissant avec la partition à venir. Pour une appréciation, voir http://www.ciph.org/recherche.php?i... 9. Le statut de langue nationale - Université d'Ottawawww.salic.uottawa.ca/?q=bi_canadien_nationale, ripostelaique.com/Langue-nationale-langue-officielle.html 10. Politiques de valorisation de la langue officielle www.axl.cefan.ulaval.ca/monde/polvalorisation.htm 11. Langue nationale, langue officielle, langue vernaculaire ...ripostelaique.com/Langue-nationale-langue-officielle.html 12. Langue nationale et langues nationales - Horizon ... horizon.documentation.ird.fr/exl-doc/pleins_textes/...4/.../26976.pdf
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la Empty Re: Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la

Message  Joel Sam 7 Juin 2014 - 6:38

Se pou de NÈG tankou MANNO EUGÈNE kòmanse oryante diskisyon yon yon lòt jan.
Zafè adopte lang kolonizatè ,se yon ti moso verite sèlman li gen ladan k.
Yon gran ISTORYÈN AMERIKÈN MARGARET SEPINWALL analize ki DEGA adopsyon lang FRANSE an te vin fè apre ENDEPANDANS.
Bagay sa a se te pi gwo KREYATÈ DIVIZYON lan peyi an.

Se pa t yon bagay OTOMATIK ,PASKE PRESKE TOUT POPILASYON AYISYEN an pa t menm konn sa lang FRANSE an te ye.Yo pa t pale l ,yo pa t janm tande l.
Lè GOUVÈNMAN REVOLISYONÈ FRANSE an te konn ekri pwoklamasyon ak lòt dokiman pou popilasyon SENDOMENG lan ,se te an KREYÒL yo te ekri yo.

La FRANS te bezwen lang FRANSE an pou kreye yon idantite nasyonal pou FRANSE yo paske si wou li DISKOU ABBEGREGOIRE devan ASANBLE NASYONAL ,li te di sa.

Noumenm nou te deja gen yon LANG ki kristalize IDANTITE NASYONAL nou ki se KREYOL.

Pwofesè SEPINWALL ,ak bon analiz eksplike ke ala minit nou vin adopte FRANSE kòm LANG NASYONAL ;peyi an te kòmanse mouri lan FIM lan.
Gen MOUN ki pa konnen ,se jis an 1918 ke te vin gen yon KONSTITISYON ki di ke LANG FRANSE se lang ADMINISTRATIF ak JISTIS.
EKSPERYANS ak lang FRANSE an kòm lang nasyonal ,se te yon DEZAS an 1806 lè ABE GREGWA te pwopoze l,se yon DEZAS jounen jodi an,BAY DO BA LI.

Li DISKOU ke ABE GREGWA te pwononse lan ASANBLE NASYONAL FRANSE an ,an 1794 .
Misye di se yon ti kras MOUN an FRANS ki pale FRANSE.
Teyori ke FRANSE se te lang KOLONIZATÈ an ,ke nou vin adopte ,gen TWOU LADAN L.Paske menm FRANSE yo pa t pale FRANSE:

L'unité de langue

« Notre langue et nos coeurs doivent être à l'unisson »

Discours à la Convention nationale : 4 juin 1794

[Fiche biographique]

La langue française a conquis l'estime de l'Europe, et depuis un siècle elle y est classique. Mon but n'est point d'assigner les causes qui lui ont valu cette prérogative ; il y a dix ans qu'au fond de l'Allemagne (à Berlin) on discuta savamment cette question qui, suivant l'expression d'un écrivain, eût flatté l'orgueil de Rome, empressée à la consacrer dans son histoire comme une de ses belles époques.

On connaît les tentatives de la politique romaine pour universaliser sa langue ; elle défendait d'en employer d'autres pour haranguer les ambassadeurs étrangers, pour négocier avec eux, et malgré ses efforts elle n'obtint qu'imparfaitement ce qu'un assentiment libre accorde à la langue française. On sait qu'en 1774 elle servit à rédiger le traité entre les Turcs et les Russes ; depuis la paix de Nimègue, elle a été prostituée pour ainsi dire aux intrigues des cabinets de l'Europe, parce que dans sa marche éclairée et méthodique, la pensée s'exprime facilement, ce qui lui donne un caractère de raison, de probité, que les fourbes eux-mêmes trouvent plus propres à les garantir des fourberies diplomatiques.

Si notre idiome a reçu un tel accueil des tyrans et des cours, à qui la France monarchique donnait des théâtres, des pompons, des modes et des manières, quel accueil ne doit-il pas se promettre de la part des peuples à qui la France républicaine révèle leurs droits en leur ouvrant la route de la liberté. Mais cet idiome, admis dans les transactions politiques, usité dans plusieurs villes de l'Allemagne, de l'Italie, des Pays-Bas, dans une partie du pays de Liège, de Luxembourg, de la Suisse, même dans le Canada et sur les bords du Mississipi, par quelle fatalité est-il encore ignoré d'une très grande partie des Français ? {...].

Il n'y a qu'environ 15 départements de l'intérieur où la langue française soit exclusivement parlée ; encore éprouve-t-elle des altérations sensibles, soit dans la prononciation des mots, soit dans l'emploi des termes impropres et surannés, surtout vers Sancerre, où l'on retrouve une partie des expressions de Rabelais, Amyot et Montaigne.

Nous n'avons plus de provinces et nous avons encore 30 Patois qui en rappellent les noms. [...] On peut assurer sans exagération qu'au moins 6 millions de Français, surtout dans les campagnes, ignorent la langue nationale ; qu'un nombre égal est à peu près incapable de soutenir une conversation suivie ; qu'en dernier résultat, le nombre de ceux qui la parlent purement n'excède pas 3 millions, et probablement le nombre de ceux qui l'écrivent correctement est encore moindre. Ainsi, avec 30 patois différents, nous sommes encore pour le langage à la Tour de Babel, tandis que pour la liberté, nous formons l'avant-garde des nations.

Quoiqu'il y ait possibilité et même probabilité de voir diminuer le nombre des idiomes reçus en Europe, l'état politique du globe bannit à jamais l'espérance de ramener les peuples à une langue commune. Cette conception formée par quelques écrivains est également hardie et chimérique. Une langue universelle est dans son genre ce que la pierre philosophale est en chimie.

Mais au moins on peut uniformer le langage d'une grande Nation de manière que tous les citoyens qui la composent puissent sans obstacle se communiquer leurs pensées. Cette entreprise, qui ne fut pleinement exécutée chez aucun peuple, est digne du peuple français, qui centralise toutes les branches de l'organisation sociale, et qui doit être jaloux de consacrer au plus tôt, dans une République une et indivisible, l'usage unique et invariable de la langue de la liberté.

Sur le rapport de son comité de Salut public, la Convention nationale décréta, le 10 pluviôse, l'établissement d'instituteurs pour enseigner notre langue dans les départements où elle est moins connue. Cette mesure très salutaire, mais qui ne s'étend pas à tous ceux où l'on parle patois, doit être secondée par le zèle des citoyens. La voix douce de la persuasion peut accé­lérer l'époque où ces idiomes féodaux auront disparu. Un des moyens les plus efficaces peut-être pour les électriser, c'est de leur prouver que la connaissance et l'usage de la langue nationale importent à la conservation de la liberté, aux vrais principes républicains. Il suffit de montrer le bien, on est dispensé de le commander. [...] La résurrection de la France s'est opérée d'une manière imposante ; elle se soutient avec majesté ; mais un peuple rendu à la liberté ne peut en consolider l'existence que par les moeurs et les lumières. Avouons qu'il nous reste prodigieusement à faire à cet égard.

Tous les membres du souverain sont admissibles à toutes les places ; il est à désirer que tous puissent successivement les remplir, et retourner à leur profession agricole ou mécanique. Cet état de choses nous présente l'alternative suivante : si ces places sont occupées par des hommes incapables de s'énoncer, d'écrire correctement dans la langue nationale, les droits des citoyens seront-ils bien garantis par des actes dont la rédaction présentera l'impro­priété des termes, la confusion des idées, en un mot tous les symptômes de l'ignorance ? Si au contraire cette ignorance exclut des places, bientôt renaîtra cette aristocratie qui jadis employait le patois pour montrer son affinité protec­trice à ceux qu'on appelait insolemment les petites gens. Bientôt la société sera réinfectée de gens comme il faut. La liberté des suffrages sera restreinte, les cabales seront plus faciles à nouer, plus difficiles à rompre, et, par le fait, entre deux classes séparées s'établira une sorte de hiérarchie. Ainsi l'ignorance de la langue compromettrait le bonheur social ou détruirait l'égalité.

Le peuple doit connaître les lois pour les sanctionner et leur obéir ; et telle était l'ignorance de quelques communes, dans les premières époques de la Révolution, que, confondant toutes les notions, associant des idées incohérentes et absurdes, elles s'étaient persuadées que le mot décret signifiait un décret de prise de corps. [...] C'est surtout vers nos frontières que les dialectes communs aux peuples des limites opposées établissent avec nos ennemis des relations dangereuses, tandis que dans l'étendue de la République tant de jargons sont autant de barrières qui gênent les mouvements du commerce et atténuent les relations sociales par l'influence respective des moeurs sur le langage, du langage sur les moeurs ; ils empêchent l'amalgame politique et d'un seul peuple en font 30.

Cette observation acquiert un grand poids si l'on considère que, faute de s'entendre, tant d'hommes se sont égorgés, et que souvent les querelles sanguinaires des nations, comme les querelles ridicules des théologiens, n'ont été que de véritables logomachies.

Il faut donc que l'unité de langue entre tel et tel enfant de la même famille éteigne les restes des préventions résultant des anciennes divisions provinciales, et resserre les liens d'amitié qui doivent unir des frères. [...] Il faut donc, en révolutionnant les arts, en uniformiser leur idiome : il faut que les connaissances disséminées éclairent toute la surface du territoire français, semblables à ces réverbères qui, sagement distribués dans toutes les parties d'une cité, répartissent la lumière [...].

Quelques objections m'ont été faites sur l'utilité du plan que je propose. Je vais les discuter.

Pensez-vous, m'a-t-on dit, que les Français méridionaux se résoudront facilement à quitter un langage qu'ils chérissent par habitude et par sentiment ? Leurs dialectes, appropriés au génie d'un peuple qui pense vivement et s'exprime de même, ont une syntaxe où l'on rencontre moins d'anomalies que dans notre langue ; par leurs richesses et leurs prosodies éclatantes, ils rivalisent avec la douceur de l'italien et la gravité de l'espagnol ; et probablement, au lieu de la langue des trouvères, nous parle­rions celle des troubadours, si Paris, le centre du gouvernement, avait été situé par-delà la Loire.

Ceux qui nous font cette objection ne prétendent pas sans doute que Darros et Gondouli soutiendront le parallèle avec Pascal, Fénelon et Jean-Jacques. L'Europe a prononcé sur cette langue qui, tour à tour embellie par la main des Grâces, insinue dans les coeurs les charmes de la vertu, ou qui, faisant retentir les accents fiers de la liberté, porte l'effroi dans la tanière des tyrans. Ne faisons point à nos frères du Midi l'injure de penser qu'ils repousseront aucune idée utile à la patrie ; ils ont abjuré et combattu le fédéralisme politique, ils combattront avec la même énergie celui des idiomes. Notre langue et nos coeurs doivent être à l'unisson. [...] Le régime républicain a opéré la suppression de toutes les castes parasites, le rapprochement des fortunes, le nivellement des conditions. Dans la crainte d'une dégénération morale des familles nombreuses, d'estimables campagnards avaient pour maxime de n'épouser que dans leur parenté. Cet isolement n'en a plus lieu, parce qu'il n'y a plus en France qu'une famille. Ainsi la forme nouvelle de notre gouvernement et l'austérité de nos principes repoussent toute parité entre l'ancien et le nouvel état des choses. La population refluera dans les campagnes, et les grandes communes ne seront plus ces foyers putrides d'où sans cesse la fainéantise et l'opulence exhalaient le crime. C'est là surtout que les ressorts moraux doivent avoir plus d'élasticité. Des moeurs, sans elles point de République et sans République point de moeurs.

Tout ce qu'on vient de dire appelle la conclusion que, pour extirper tous les préjugés, développer toutes les vérités, tous les talents, toutes les vertus, fondre tous les citoyens dans la masse nationale, simplifier le mécanisme et faciliter le jeu de la machine politique, il faut identité de langage. [...] Je crois avoir établi que l'unité d'idiome est une partie intégrante de la Révolution, et dès lors plus on m'opposera de difficultés, plus on me prouvera la nécessité d'opposer des moyens pour les combattre. Dût-on n'obtenir qu'un demi-succès, mieux vaudrait encore faire un peu de bien que n'en point faire. Mais répondre par des faits, c'est répondre péremptoirement, et tous ceux qui ont médité sur la manière dont les langues naissent, vieillissent et meurent, regarderont la réussite comme infaillible. [...] Encourageons tout ce qui peut être avantageux à la patrie ; que dès ce moment l'idiome de la liberté soit à l'ordre du jour, et que le zèle des citoyens proscrive à jamais les jargons qui sont les derniers vestiges de la féodalité détruite. Celui qui, connaissant à demi notre langue, ne la parlait que quand il était ivre ou en colère, sentira qu'on peut en concilier l'habitude avec celle de la sobriété et de la douceur [...]. Si la Convention nationale accueille les vues que je lui soumets au nom du comité d'instruction publique, encouragés par son suffrage, nous ferons une invitation aux citoyens qui ont approfondi la théorie des langues, pour concourir à perfectionner la nôtre, une invitation à tous les citoyens pour universaliser son usage. La Nation, entièrement rajeunie par vos soins, triomphera de tous les obstacles et rien ne ralentira le cours d'une révolution qui doit améliorer le sort de l'espèce humaine.L'unité de langue

« Notre langue et nos coeurs doivent être à l'unisson »


(LI PARAGRAF SA YO AK SWEN)

'y a qu'environ 15 départements de l'intérieur où la langue française soit exclusivement parlée ; encore éprouve-t-elle des altérations sensibles, soit dans la prononciation des mots, soit dans l'emploi des termes impropres et surannés, surtout vers Sancerre, où l'on retrouve une partie des expressions de Rabelais, Amyot et Montaigne.

Nous n'avons plus de provinces et nous avons encore 30 Patois qui en rappellent les noms. [...] On peut assurer sans exagération qu'au moins 6 millions de Français, surtout dans les campagnes, ignorent la langue nationale ; qu'un nombre égal est à peu près incapable de soutenir une conversation suivie ; qu'en dernier résultat, le nombre de ceux qui la parlent purement n'excède pas 3 millions, et probablement le nombre de ceux qui l'écrivent correctement est encore moindre. Ainsi, avec 30 patois différents, nous sommes encore pour le langage à la Tour de Babel, tandis que pour la liberté, nous formons l'avant-garde des nations.





www.assemblee-nationale.fr/histoire/Abbe-Gregoire1794.asp

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la Empty Re: Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la

Message  Joel Jeu 4 Sep 2014 - 10:04

Sa a se dènye kominikasyon ke pwofesè DEGRAFF voye bay yon REVI SYANTIFIK.
Misye fè de REMAK ki merite NOTE.
Misye di ke KREYÒL se 3zyèm ""langue romane"" ki pi PALE lan AMERIK lan ;apre PANYÒL ak PÒTIGÈ.
Misye di tou ak kontak ant AYISYEN ak DOMINIKEN yo ;lang KREYÒL lan enfliyanse jan DOMINIKEN yo pale PANYÒL.
Misye di Ke DOMINIKEN yo lan pale PANYÒL ki ize "'DOUB NEGATIF"' menm jan ak AYISYEN .

Tankou AYISYEN ap di ""MWEN PA KONNEN NÈG LAN NON"",DOMINIKEN yo sou enfliyans KREYÒL AYISYEN an ,konn pale konsa tou.
Noumenm ,kòm nou konnen gen anpil MO KIBEN ak DOMINIKEN ke nou enkòpore lan KREYÒL nou an.
Ayisyen di "'BOUSKE"" ki vini de mo PANYÒL lan ""BUSCAR"'
Ou byen yon MO tankou "'GWAYIL"" ki vini de MO PANYÒL lan ""GUAJIRO"" ki vle di ""PEYIZAN RIRAL'' elt...elt..

http://web.mit.edu/linguistics/people/faculty/degraff/degraff_2014_ecology_of_language_evolution_in_latin_america.pdf







-

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la Empty Re: Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum