BRYANT FREEMAN se te alatèt ""Department of Romance Languages"" lan INIVÈSITE KANSAS.
Asistan misye se te yon LENGWIS AYISYEN ki rele JOWEL LAGUERRE.
Mesye sa yo fè anpil travay sou KREYÒL.Youn lan premye DIKSYONÈ KREYÒL yo se mesye sa yo ki te piblite l.
BRYANT FREEMAN gen yon DOKTORA lan LANG FRANSE de INIVÈSITE ""YALE"" .Se LANG sa a misye te ap anseye.
FREEMAN di lè li vin fè KONESANS ak LANG KREYÒL lan ,li vin DAMOU pou lang lan e misye ETABLI yon DEPATMAN LANG KREYÒL lan INIVÈSITE KANSAS.
An pasan ,LÈT ke AMERIKEN yo di ke ARISTID te redije kòm LÈT DEMISYON ,se bay BRYANT FREEMAN ,gouvènman AMERIKEN an te voye l bay pou entèprete l.
Tradiksyon BRYANT FREEMAN ,ke BRYANT FREEMAN rele ""CHITA PA BAY"" se yon tradiksyon li ize pou l anseye AMERIKEN yo KREYÒL.
Tradiksyon an si tèlman byen fèt e kesyon yo si tèlman byen poze ;se ta ka yon Tèks yo ta ka ize ann AYITI pou anseye KREYÒL;
http://kuscholarworks.ku.edu/dspace/bitstream/1808/10931/4/ihsku_hatlang_chita_pa_bay_2004.pdf