Zafè anseyman nan lang franse ki pwoblematik pou ti Ayisyen. Mwen di se yon gwo manti. Tou senpleman se yon zafè kalite lekol ak kalite anseyman. Prèv la evidan ak rezilta bakaloreya yo.
Toutan mwen tande bagay sa o wi se fot a franse. Poutran mwen te pase lekol ak anseyman nan lang sa. Mwen te gen chans pase nan lekol de kalite. menm anko segondè se te yon kolèj prive kolej Sen Pyer ak yon mwayenn 80% reyisit nan bakaloreya. Kanta lekol kongregasyonis reyisit yo se 100%. Koman pou jenn elèv sayo gen difikilte pou metrize yon lang ak lot matyè.
Se rezon Lise nasyonal nou yo ak sèten lekol prive ak move anseyman, bannou rezilta katastrofik ak pousantaj reyisit mwens 50%.
Souvan se jenn ki abitye travay an ekip ou menm otodidak ki metrize tout matyè an jeneral.
Antouka gade rezilta reto pou ane sa nan lwès pou gen yon ide.
Ouest http://www.haitilibre.com/docs/examens2014/rheto/OUEST.pdf