Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-15%
Le deal à ne pas rater :
(Adhérents Fnac) LEGO® Star Wars™ 75367 Le croiseur d’assaut de ...
552.49 € 649.99 €
Voir le deal

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

3 participants

Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Sasaye Mer 7 Jan 2015 - 22:11

Mwen chita an Chin, map gade gwo rankont ant prezidan chinwa a Xi Jinping, avec presidan Maduro, Solis, prezidan Ondiras ak premye minis Bahamas Kristi.

Se yon gwo evenman lan Hall of the People (Kaypèp)

Kokenchen deklarasyon prezidan chinwa ki deklare Lachinn pral kowopere ak tout peyi Latino e Karayib.
Yo dispoze 1 milya dola meriken pou yo pouss devlopman lan rejyon an.
Yo rekonèt ke relasyon Sid-sid bay plis opôtinite pou devlopman paske yo kwè lan relasyon egalego lan biznan tankou lan politik.

Sou kestyon peyi ki kenbe relasyon avèk Taiyiwan e ki pa gen relasyon diplomatik avèk Lachin, prezidan chinwa di ke yo pare pou re,onèt tout peyi sayo paske anvan, Tayiwan te deja pozisyonen pou louvri relasyon avèk anpil peyi lan zòn Karayib ak Amerik latin. Kifè ke sa pa anpeche yo kolabore ak peyi sayo an atandan yo etabli relasyon avèk Lachin.

Mwen chèche pami tout drapo ki te aliyen lan sal la. Mwen te soulaje wè drapo Ayisyen te la tou.

Men si Prezidan Venezyela, Kosta Rika ak Ondiras reprezante peyi latino panyòl e premwye mis Bahamas reprezante peyi karayib, mwen wè anpil latino ak nwa lan sal lan kôm obsèvatè epi jounalis. Mwen pa konnen si gen ayisyen pami yo.
Mwen ta swete yon jou gen nèg entelijan ki ka konpran sak ap pase sou planèt lan.

Men gwo kestyon se: Eske Ayiti toujou rete lan bounda kamyonèt ap fè politik tikoulout? Oubyen eske peyi tankou Venezyela kapab fè dirijan nou yo wè kote enterè peyi dAyiti ye.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Re: Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Marc H Mer 7 Jan 2015 - 22:26

Bon retour Sasaye

Mwen pa konn ki antant Ayiti te fe ak Tayan.Men genleu pa genyen okenn lide ayisyen kika defet antant sa . Kid li se Aristide ou lot yo , yo tout ale nan men direksyon yo . Helas !
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Re: Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Joel Jeu 8 Jan 2015 - 8:13

M ap di l ;Zafe TAYIWAN sa a kote se ak yo ke gouvenman AYISYEN yo Selman gen RELASYON ;se bagay ki pi ESTIPID ke gouvenman AYISYEN yo ka fe ;keseswa gouvenman LAVALAS yo ,Preval ou MATELI.

Gouvenman CHINWA deja ap absobe TAIWAN.Ekonomi TAIWAN lan deja depann de CHINWA yo.
Se yon kesyon de TAN ke CHINWA yo pa p absobe TAIWAN menm jan yo absobe HONG KONG.
Le yo te absobe HONG KONG;HONG KONG TE GEN 22zyem EKONOMI sou PLANET lan.

Gen yon bagay ke LA CHINE genyen se LAJAN.Yo gen preske 3 TRILYON DOLA an REZEV.
Yo paka envesti LAJAN sa a lan EKONOMI yo an ;paske sa ap pwovoke ENFLASYON.
Menm de peyi tankou ETAZINI ap chache pou yo fe LA CHINE envesti lakay yo.

AMERIKEN yo ap chache pou LA CHINE envesti lan yon PWOGRAM TREN a GRANN VITES.

La CHINE gen plis 2 MILYA envesti lan RD;yo gen 1 MILYA 1/2 envesti lan ti BAHAMAS;y ap envesti lan JAMAYIK.
Ki sa ki ap pase ann AYITI la a?

SE SOT NOU SOT?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Re: Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Marc H Jeu 8 Jan 2015 - 19:19

Ayiti sanble te signen yon pak avec Tayiwan . Mwen pa konnen pou konbyen tan pak sa te signen.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Re: Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Sasaye Jeu 8 Jan 2015 - 22:10

Pa genyen okenn pak ant Ayiti e Tayiwan, dirijan ayisyen yo pran lan manigèt politisyen Tayiwan ki konnen kijan pou yo achte vote pou te kinbe yo lan Loni.
Se te lontan. Mwen sonje ambasadè tayiwan lan riyèl Rivyè te cho devan bann nan lan tolere Janklod ak tout ti konpayèl yo. Anpil zak te konn pase lan anbasad saa.

Jodya Lachin di yo pral envesty 500 milya dola lan Celac.
Mwen tande yon entèvyou premye minis Bahamas lan CCTV. misye konn pale byen. Men li defann enterè Bahamas sèlman. Limpa pale de lòt peyi lan zòn lan.
Se pousa mwen mande kote fout ayisyen yo?

Sepandan, jan diskisyon yo ap dewoule, Lachin pral envesti tout kote.
Sa vle di nou pral jwenn ti miyèt moso, yon larestan ou lasibab, kòm dabitid, pandan zòt chita sou tab ap byen manje.
Nou pa sèlman sòt, nou se sousou.
Demen deklarasyon piblik pral fèt ant Lachin ak reprezantan Celac ki prezidan Kostarika. Yompral anonse plan ak bidjet pou 5 an.
Mwen si nou kapab jwen rapò entegral lan laprès. Saw di Jowèl?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Re: Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Joel Ven 9 Jan 2015 - 5:05

Politisyen AYISYEN ;Moun ki ap panse,ti kras ki genyen yo ;se tankou menm jan ak TIMOUN yo se lan LIV ki gen plis ke 50 AN y ap etidye.
Peyi EWOPEYEN yo ;de peyi tankou la FRANS ak ANGLETE le yo bezwen envestise se pa OZETAZINI yo vini non ;se BEIJING ou byen SHANGHAI yo ale.

LA CHINE se yon peyi ki gen plis ke 2500 ZAN.Se sel peyi MOUN ka trase ZANSET yo 40,50 JENERASYON.Pa gen LOT.
Yo pa lan pale met la .Si yo di y ap envesti 500 MILYA ann AMERIK ;ou met ale la BANK ak sa.
Yo pa ekzije MOUN kase RELASYON ak TAIWAN anko ,paske sa pa fin two enpotan pou yo anko;ekonomi TAIWAN pa p siviv san prezans CHINWA yo anko.

CHINWA lan KONTINAN an gen de dizen de milya envesti lan TAIWAN e visevesa.
Tankou m te remake yo pa menm mande pou w kase relasyon ak TAIWAN anko ;Dominiken yo toujou gen RELASYON ak TAIWAN men BIZNIS yo se ak GRANN CHINE lan yo fe l.

Kounye an LA CHINE se dezyem patne ekonomik DOMINIKANI apre ETAZINI e anvan AYITI;byen ke se vann yo vann ann AYITI yo pa achte preske anyen.
Sa gen anviwon yon MWA te gen yon GWO DELEGASYON WOTPOT CHINWA an DOMINIKANI pou pale BIZNIS:

http://www.dominicantoday.com/dr/economy/2014/11/21/53413/China-officials-visit-Dominican-Republic-unofficially

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Re: Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Joel Mar 13 Jan 2015 - 7:02

http://www.nytimes.com/2015/01/13/business/international/in-china-projects-to-make-great-wall-feel-small-.html

Mwen te tande TONY BLAIR di ke si "LWES" lan pa veye ZO L ;yo tout ap TOUTOUS LA CHINE lan 25 an.
Se pa jwet NON.PWOJE ke la CHINE genyen se ap vre ke an 2040 EKONOMI CHINWA a ap pi gwo ke ETAZINI ak EWOP konbine:

Se bagay pou ba w MALTET ;paske pa gen anyen pou w pran kom referans ki ap fet lan LWES lan.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya. Empty Re: Gwo miting LACHIN-CELAC lan Bejing jodya.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum