Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Tablette 11″ Xiaomi- Mi Pad 6 global version ...
Voir le deal
224.97 €

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

3 participants

Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  Sasaye Lun 19 Jan 2015 - 20:32


Lè debozay Chali saa pete an Frans, yon pil nèg vini ak reyaksyon bout chandèl pou apiye swadizan Libète Ekspresyon.

Sak te enpresyonan se lè plizye milye franse 99pousan blan ap mache ak pankat pou di "je swi Chali". Anpil nèg tonbe lan bann nan pou di se sa yo ye tou.
Malgre se te yon mariaj Frize ak Koukou.

Apre kèk jou, reyaksyon komanse ap parèt lòt kote pou chante yon lòt ritounèl.

-lan plizyè peyi arab lan mwayenoryan, yo leve kont Chali. Milye manifestan lan Jodani, Palestin, Latiki pwoteste paske jounal la reparèt ak potre Mahomè.
Endinezyen mande anraje. Jodya, lan Chechyenn, ansyen Risi sovyetik, tout peyi an bloke lan manifestasyon kont Chali.
O Nijè, moun mouri, 38 legliz boule, santen arete lan yon gwo manifestasyon kont Chali. E sa fenk komanse.
Presidan Latiki an di li pè ke pral genyen yon konfli kiltirèl global ki pral pete sou planèt lan. Milye moun pral viktim. Se petèt sa yo kapab rele twazièm gè mondyal.
Kifè, peyi ewopeyen ap redi kont mizilman ak nèg e tout minorite arabo afriken.
Peyi arabo mizilman ak afriken ap reyini bò payo.
Sa rèd nèt.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  jafrikayiti Lun 19 Jan 2015 - 20:52

Mwenmenm sa mwen twouve ki domaj nan tenten sa a se mobilizasyon enèji Afriken pou defann kòz ki pa pa yo tandiske gen anpil rezon valab pou Afriken ta mande anraje depi dikdantan pou fòse kat la rebat sou planèt la.

Pou ki sa tout Afriken sa yo gen tan pèdi lavi yo nan chirepit ant 2 sivilizasyon esklavajis, rasis k ap twoke kòn yo?

Kriz idantite a se limenm pou nou rezoud pou jenosid la ka sispann!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  Sasaye Lun 19 Jan 2015 - 21:11

Jaf, frè m. Onè e respè.
Mwen avè w pou rekonèt pwoblem idantite lòt frè nou yo.
Afriken rekonèt yo vize paske Chali atake Mahomè ki se pwofèt anpil ladan yo.

Tout relijyon se fwaye pwoblèm imen. Gade kisa Boko Haram  ak lòt mouvman ap fè onon relijyon, ann Afrik. Saa se nwa kont nwa.

Men mwen sispèk ke zafè Chali saa, petèt se ti etensèl ki ka limen limyè prizdekonsyans afriken ak desandan yo.

Petèt tou sa kap fòse kat yo rebat.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  jafrikayiti Lun 19 Jan 2015 - 22:41

Sasaye, bagay la mal derape. Daprè sa nou deja kòmanse obsève Afriken yo ap kontinye fè oto-destriksyon sou chan batay ki pa pou yo. Ni Islam, ni Krisyanis, se 2 salopri ki chaje ak vyolans nan matris yo, e vyolans sa a, li la nan tout nivo, depi nan literati, rive nan fòm òganizasyon bisnis lan. Afriken an se yon senp konsomatè li ye nan bagay moun yo.

Imajine ou, gwo ane 2015 nou ye an, se yon sipèstisyon enbesil konsa ki ap sèvi nou gid toujou.

Èske ou ka devine nan ki swadizan "liv sakre" mwen pran sitasyon sa a:

Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni noumenm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen, yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, pa janm tonbe dakò avèk li.

Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li. Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  jafrikayiti Lun 19 Jan 2015 - 23:19

"Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Seyè a ban nou pou nou rete yo,

gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen,

se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze keksyon adwat agoch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre,

se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l'...."

Detewonòm 13: 13-15

FÒK NOU DENONSE ENBESILIE SA YO ANVAN PLIS SAN KOULE!!!!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  Sasaye Lun 19 Jan 2015 - 23:34

Se natirèl ke bagay mal derape paske se endoktrinasyon ke esklavajis yo te mete lan tèt esklav yo.
Si nou te deklare endepandans se te pou peyi sètadi pwopriyete e non pou tèt ak sèvèl nou.
Jiskounyea majorite lan nou se esklav mantal nou ye toujou.

Lòt moun ki ap swiv règ sayo se fanatik ki rete an ewòp ak moun ki ap swiv yo.
Mwen kwè, fanatik yo ap diminye lan nivo relijyon paske relijyon kretyen an bès preske tout kote. Gwo pwoblèm nan gen sous li lan rasis kont mizilman ak tyè mond ki vinn yon danje pou ekonomi peyi ewopeyen yo. Gade kriz Ikrènn ak Iran. Gade izrayèl ak Palestin.

Kote m chita a, map obsève anpil peyi afriken ap rebat kat ekonomik yo avèk Lachinn. Yap rale kò yo lan kategori konsomatè. Yap pouse pou manifakti ak ekspòtasyon epi komès.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  jafrikayiti Lun 19 Jan 2015 - 23:46

Sasaye ekri: "map obsève anpil peyi afriken ap rebat kat ekonomik yo avèk Lachinn. Yap rale kò yo lan kategori konsomatè. Yap pouse pou manifakti ak ekspòtasyon epi komès"

Jisteman! Se menm mouvman entèlijan sa a pou yo fè onivo kiltirèl tou. Yon fwa Afriken elimine enfliyans Krisyanis ak Islam nan teritwa yo, se atò devlopman syantifik ap ka fèt nan nivo kontinan an bezwen fè l la. Nan moman an, 2 sipèsitisyon pèpè sa yo (ki makonnen ak lagè epi enpòtasyon zam fannfwa), se pi gwo fren ki anpeche Lafrik leve tankou yon jeyan ekonomik sou planèt la.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  Rico Mar 20 Jan 2015 - 13:22

jafrikayiti a écrit:Sasaye ekri: "map obsève anpil peyi afriken ap rebat kat ekonomik yo avèk Lachinn. Yap rale kò yo lan kategori konsomatè. Yap pouse pou manifakti ak ekspòtasyon epi komès"

Jisteman! Se menm mouvman entèlijan sa a pou yo fè onivo kiltirèl tou. Yon fwa Afriken elimine enfliyans Krisyanis ak Islam nan teritwa yo, se atò devlopman syantifik ap ka fèt nan nivo kontinan an bezwen fè l la. Nan moman an, 2 sipèsitisyon pèpè sa yo (ki makonnen ak lagè epi enpòtasyon zam fannfwa), se pi gwo fren ki anpeche Lafrik leve tankou yon jeyan ekonomik sou planèt la.

Ki koze sa mwen gen difikilte swiv nèg pa bo isit. Yo anti Charlie yo anti mizilman. Non gen yon bagay ki pa mache, branche nou 

Epi yo pale 2 sipètisyon pèpè. E vodou ki nou an ki sot de sipètisyon li ye.

Se gwo lobo la grann pwisans
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp. Empty Re: Chali louvri yon bwat Pandora ak yon nich Gèp.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum