Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Display One Piece Card Game Japon OP-08 – Two Legends : où la ...
Voir le deal

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

3 participants

Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  Sasaye Lun 30 Mar 2015 - 21:31

Haïti - AVIS : Appel à candidatures, Prix Littéraire Henri Deschamps 2015


30/03/2015 08:21:18

Haïti - AVIS : Appel à candidatures, Prix Littéraire Henri Deschamps 2015 Le Prix Littéraire Henri Deschamps fête cette année ses 40 ans d’existence et présente ses compliments aux écrivains aux passionnés de littérature et au public en général. Ce concours est ouvert à tous les haïtiens, que vous soyez écrivain en herbe, francophone et/ou créolophone résidant au pays ou à l’étranger, en autant que le manuscrit soumis n’ait jamais fait l’objet d’une publication antérieure. Le nombre de pages du manuscrit est laissé à la discrétion de l’auteur.

Le Lauréat reçoit un certificat et une bourse de 150,000 gourdes. La Maison Henri Deschamps sera l’éditeur exclusif de l’œuvre primée, qui demeurera la propriété intellectuelle de son auteur. De plus, le lauréat bénéficiera d’un accompagnement promotionnel pendant les 12 mois qui suivront la parution de son livre.

Dispositions générales en vigueur pour la participation au concours littéraire 2015 :

Le Prix est ouvert à tous les genres littéraires en français ou créole ;
Le droit de participation est gratuit et ouvert à tous les auteurs des deux sexes qu’ils résident en Haïti ou à l’étranger ;
La date limite de dépôt des manuscrits est fixé au mardi 9 juin 2015.
Les œuvres déjà publiées ainsi que les gagnants-es d’un précédent Prix Littéraire Henri Deschamps ne sont pas admis au concours ;
Un seul manuscrit est admis par candidature ;

Le Prix Littéraire Henri Deschamps remercie d’ores et déjà tous les potentiels candidats de leur participation.

Pour toutes les informations complémentaires :

Règlements et modalités du concours disponibles sur : www.fondationluciennedeschamps.org/reglements/
Pour obtenir un livret des règlements rendez-vous au 49 de la rue Chavannes - Complexe Louverture (à l’étage du magasin J’imagine Pétion- Ville)
Pour joindre la Fondation Lucienne Deschamps écrivez à : prixlitteraire@fondationluciennedeschamps.org
ou téléphonez au (509) 37 02 73 18
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  jafrikayiti Lun 30 Mar 2015 - 21:55

Si yo te serye fòk anons sa a ta pibliye an Kreyòl tou. Si depi an lagan yo panche sou move bò a, mwen pa wè ki jan sa pral enspire konfyans lakay kreyatè kreyolofòn ki ta enterese patisipe nan konkou sa a.

Li ka pa twò ta pou yo byen fè l. Antouka, jan m wè l la a, Deschamps anreta!

Jaf

----------

Sasaye,

Mwen fenk ekri yon ti nòt sou paj FLD kote yo mete anons lan. Si gen lòt moun ki genyen kontak ak yo, mwen ankouraje nou ede yo fè koreksyon an.

Onè,

Mwen kontan aprann FLD lanse yon konkou literè ane sa a. Peyi nou an bezwen epi merite kalite inisyativ pozitif sa yo. Mèzalò, si nou vle tout patisipan potansyèl pran anons sa a oserye, fòk anons sa a ta pibliye an Kreyòl tou.

Si depi an lagan nou parèt kòmkwa nou panche sou yon bò, mwen pa wè ki jan sa pral enspire konfyans lakay kreyatè kreyolofòn ki ta enterese patisipe nan konkou sa a..

Konpatriyòt, li pa twò ta pou nou byen fè l. Kidonk, bon travay!

Respè

Jafrikayiti
(yon pitit Ayiti ki ap viv lòt bò dlo)

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  Sasaye Lun 30 Mar 2015 - 23:07

Jaf,
Onè respè, frè m.
Mwen dakò sanpousan.
Mwen pa t reyaji sou aspè envitasyon an an Kreyòl Ayisyen toutswit, paske mwen te wè se yon pa lan bon direksyon.
Sa ankouraje kreyolofòn toudabò.
Mwen espere ke yon konkou konsa alavni ta kapab fèt pou ekriven kreyòl yo sèlman paske nou genyen anpil ekriven an franse deja.

Kidonk pôt la deja louvri pou moun tankou oumenm, Jaf, ak Jowèl , etc....
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  jafrikayiti Mar 31 Mar 2015 - 8:48

Sasaye,

Mwen espere tout bon vre yo fè tradiksyon Kreyòl la san pèdi tan paske se yon inisyativ pozitiv li ye. Mwen pa tèlman wè li kòm yon opòtinite pou noumenm ki nan dyaspora a, men gen anpil jenn k ap pwodui bèl tèks Kreyòl nan peyi a ki ta dwe jwenn chans patisipe nan konkou konsa epi pou viktwa yo selebre piblikman ak rekonpans ki ede yo pouse pi wo tout tan. Parekzanp, si ou suiv tèks Vwadèzil ap pwodui depi plis pase yon deseni nan peyi a, se bagay ekstraòdinè. Nan dènye kanaval la, "kite ti pati m kanpe" se yon lòt chelèn ki montre kapasite jenn otè sa a pou li fè radyorafi kriz sosyal ak politik ka p boloze nan mitan nou an. Alèkile, prèske 200 ti pati kanpe pou patisipe nan yon maskarad elektoral.

Antouka, n ap suiv. Gen yon epòk Henri Deschamps te abitye brase lide nan fowòm piblik yo. Mwen te menm tanmen yon kolaborasyon ak misye alepòk Ayisyen te fenk ap feraye sou entènèt la, nan yon fenèt misye te kreye pou jenn otè, li te rele yo I-Port.net. Seksyon m nan te rele "Koze Nèf Tankou Ze Fre". Mwen te apresye kouraj misye kòm yon moun ki te eseye soti nan zòn konfò li alepòk. Men, mwen pa sèten, ki pozisyon ni misye ni seksyon edisyon Deschamps ap pran sètansi nan kesyon pwodiksyon literè pwogresis nan peyi a.

N ap suiv...

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  Joel Mar 31 Mar 2015 - 10:17

JAF;

Mwen sonje le HENRY DESCHAMPS t ap fe ECHANJ ak NEG sou FOWOM GUY ANTOINE lan.
Mwen te di ke te gen ESPWA pou peyi an.

MALEREZMAN ,misye ak lot neg te sispann apre KOUDETA 2004 ;misye ak lot te sispek ke NEG ta mande jistifikasyon pou KOUDETA a.
SE TE DOMAJ ,NEG te konprann ak mesye sa yo t ap vin gen yon BOUJWAZI eklere.
Se te vreman domaj!

SASAYE;
Mwen remesye w ke w mansyone m ;men mwen pa gen TALAN JAF!

Pou mwenmenm pa gen AVANS EKONOMIK ki ap fet ,ki ap janm fet ann AYITI san LANG PEP AYISYEN an.

Mwen dako le YVES DEJEAN di si nou kontinye ap fe l jan nou ap fe l lan kesyon LANG lan ;nou ap lan menm MERA a lan 100 an anko.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  Sasaye Mar 31 Mar 2015 - 23:00


Jowèl,
Ekri pa mande entelektyèl wo nivo tankou ayisyen ann Ayiti ap fè konprann.
Sa ki enpòtan se kalite ak orijinalite lide ke yon moun vle pibliye.
Ekri se yon mwayen pou fè echanj sou tout sijè e menmsi yon sijè pa popilè, li louvri pòt pou laverite oubyen konesans pase.

Mwen rekonèt Jaf kòm yon kreyolis maton, men oumenm oubyen Wozo oubyen yon lòt, gen dwa prezante pwendvi nou libelibè. Sa kapab fè dyalòg nasyonal la vanse pou louvri lespri tout ayisyen.

Si w gade sou sit FowòmAyiti ou geyen plis ke 12,000 mesaj. M kwè Rozo gen
plis pase sa. Gen anpil lan mesaj sayo ki kapab pibliye.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  jafrikayiti Mar 31 Mar 2015 - 23:29

Sasaye ekri: "sou sit FowòmAyiti ou geyen plis ke 12,000 mesaj. M kwè Rozo gen
plis pase sa. Gen anpil lan mesaj sayo ki kapab pibliye"

Mwen apiye sa ou di a 100%. Se pa ni 2, ni 3 koze enpòtan Joel ak Wozo (pami tandòt tankou oumenm Sasaye ki nan peyi Azyatik yo depi dikdantan) ka kite pou jenerasyon k ap vini an, si yo ransanble eksperyans yo fè nan diferan peyi, epi pataje li sou fòm dokiman.

Pa bliye mesye, se pase nou tout ap pase. Ti krik ti krak yon ti lafyèb voye n ale. Kidonk, pa neglije pataje sa nou wè, sa nou tande, sa nou viv, sa nou konprann nan eksperyans nou fè nan dimansyon saa. Gen moun jouk byen lwen, nan moman ou pa ta menm panse, k ap benefisye tan ak enèji ou mete nan piblikasyon an.

An pasan, Sasaye, Fondasyon Deschamps reponn mwen sou koze vèsyon Kreyòl anons konkou a. Malerezman, mwen pa etone wè se menm atitid ak leta Ayisyen yo adopte. Kreyòl la toujou rete aloral. Se byen domaj!


Jafrikayiti
"Se pa lang nou ki limite n, se noumenm k ap limite lang nou - san rezon!"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  Sasaye Mer 1 Avr 2015 - 6:00

Anfen, Jaf, nou pa kapab wè mirak. Men mwen kwè se demach konsa ki mete lide lan tèt di moun sayo. Petèt lan pwochèn envitasyon, ya sonje ke te genyen yon lèt ki te  sigjere yo mete l an kreyôl tou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse Empty Re: Konkou literè pou tout ayisyen. Ekri an Kreyòl oubyen Franse

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum