Pa gen di pètèt non, se lolo ti neyo-kolon sinik yo bay pou Hollande lan ap eseye lolo nou pou li ka lala nou menm! Vòlò tè ak kolonizatè pa janm konvèti.
Pou mwenmenm deklarasyon Hollande lan gen yon sèl valè pozitif, se admèt li admèt se Lafrans ki dwe Ayiti, e se yon zak kase ponyèt yo te komèt - UNE RANÇON! Sa gen lontan n ap goumen pou Ayisyen an patikilye sispann repete koze "dette de l'indépendance" sa a, kòmsi se yon bagay nòmal pou nou itilize menm mo, menm langaj sinik kolon yo envante pou makiye krim yo.
Olye Ayisyen bat bravo pou Hollande se alimante pou nou alimante fòs militans kale je a, dekwa pou yon jenerasyon ki pi militan, ki pa li listwa ak linèt "blan", kapab reprann dwat granmoun Ayiti.
Lè nou reprann bonnanj nou, koze lage sèvo nou nan men kriminèl etranje, se pa yon refleksyon k ap menm imajinab ankò. Franse yo poutèt pa yo ap konprann pou yo pa fè pwopozisyon endesant konsa, non plis. Annatandan, travay pou nou kontinye travay nan konbit kase chenn esklavaj mantal yo, youn apre lòt.
Jaf