Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Coffret Pokémon 151 Bundle 6 boosters : où le trouver en stock ?
Voir le deal

AKISEMÈT MIKI?

Aller en bas

AKISEMÈT MIKI? Empty AKISEMÈT MIKI?

Message  jafrikayiti Dim 28 Juin 2015 - 7:57

AKISEMÈT MIKI ?

Konpatriyòt Jean-Junior Joseph ekri: "Au moment des elections 2011, je me souviens encore des gens de nos classes moyennes dans leurs salons trouvèrent tous les défauts de Mirlande H Manigat pour ne pas la voter. Les masses ont voté Sweet Miky. Aujourd'hui Sweet Miky "pété lan bouch yo" li "pété lan nen yo". Qu'ils avalent l'odeur nauséabonde et nous foutent la paix".

JJJ site deklarasyon Martelly fenk fè nan espektak wololòy li te bay sou Channmas la ak Lil Wayne ak plizyè lòt malandren. Martelly ki idantifye pwòp tèt li kòm "chawony" - yon lòt fwa ankò, mete men sou hanch li, epi li di foul la: " Men chawony la... Pété lan bouch yo toujou!"

Mwenmenm mwen di se lachte nou n ap peye! Depi sou Madan Manigat ki rantre nan koken ansanm ak Miki lè ti bandi entènasyonal yo bay pou Edmond Mulet a te di yo "se nou 2 a ki devan" epi madan Manigat te pran chante "devan devan nèt" la, se kondanasyon nou ki te siyen.

Depi lè Preval te aksepte òganize yon lòt fo eleksyon estil "Lavalas pa ladan l" pou satisfè fòs koudeta, kidnaping ak okipasyon yo, se kondanasyon nou ki te siyen.

Nap rejwenn libète nou jou klas afranchi modèn nan sispann fè koken, sispann aji an lach epi reziyen yo bati pati politik tout bon ki ale nan eleksyon epi ki aksepte pou se vòt majorite a ki pase.

Anverite, si sete pèp Ayisyen an ki te chwazi chawony lan, mwen t ap reziyen m ak li. Men, se chawony blan ki fòse chawony sa a nan kòlèt pèp Ayisyen an.

Fòk nou gen kouraj bay chak moun responsablite PA YO. Sispann gaye fatra a, kòmkwa tout moun responsab tout bagay - epi alafen deresponsabilize veritab bandi yo. Miki se chawony Hillary, li pa PREZIDAN AYITI!

Madanm Ginette Cherubin, ansyen manm Konsèy Elektoral 2010-11 lan bay katafal detay nan liv li "le ventre pourri de la bête" - ou ka tande esplikasyon li te banmwen nan chita pale mwen te fè ak li sou sa.

http://cod.ckcufm.com/programs/36/19077.html (KOUTE APATI 18:34)

Referans: paj fb JJJ https://www.facebook.com/groups/monhaiti/permalink/985983134775516/

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum