Par Evens Dubois
Lan yon mwa anko, moun ki gen laj pou vote,pral we kijan yo pral bay Haiti Cherie yon lot direksion pou 5 kan.Dapre sam li ,Ou byen tande, Ou pa santi vreman gen yon anbyans electoral. Le yon gwo fet pral rive lakay nou, Ou santi anbyans LAN depi avan youn ou de mwa.Radio ap jwe mizik kanaval ou byen chante Nwel tout lajounen tout lannuit. Mezon komes yo ap lage likidasion, fe pwomosyon pou pwodui ki mache ak evenman sa yo.Pou eleksion sa yo ou pa santi menm sansasyon sa . Pa gen gwo deba televize Jan nou te kon wel lan and kisot pase yo kote kandida pral twoke konn yo ak lide ,pwogram. Sa nap asiste jodia se de 3 radio kap eseye kole pyese pou prezante yon bagay ki rele deba.Sak pi dwol LA: se LAN diaspora kap viv Ozeta Zuni an,yo gentan realize de swadizan deba.Gen yon twazyem ki pral fet.Komsi se diaspora a ki pral vote an mas, oubyen gen yon enfliyans ekstraodine lan sak pral pase yo.
Sak atire atansionm LAN mank deba sa,se depi kek lane gen yon ti gwoup moun ki bay tet yo non ekspe, konese, entelektyel elatrye pran peyi a,an otaj,kidnape deba yo. Ti pongnen moun sa yo ,pa plis ke yon ventenn. Ou jwen yo LAN tout Tok cho ap mal poze problem yo. Yo kreye yon sek ant yo menm kote pa gen plas pou lot moun ak lot lide paret. Yo benefisye konplisite tou yon pati LAN Pres la. Yo El rancho, yo gouvenman de facto yo. Se yo ki deside ki dosye ki enpotan. Ki eskandal yap bay priorite. Yo aji tankou Inquisition, yo erije tet yo tankou yon "Une sorte de Police speciale de la pensee en Haiti". Yo fe tout sa yo kapab, tankou, kout lang, kont mal taye pou oken lot moun pa vin demaske, rantre yo kou fo kob. Ti pongnen moun sa yo se yon veritab pwazon pou sosyete a.Yo pa vle angnen fet San yo.Tan pou yo pa ladanl, yo pito fe tout sa yo konnen pou yo gate sa.Yo gen yon sel met: ambasad yo. Depiw we yo vin jape LAN Tok cho yo, konn se lod yo pase yo oubyen selan gato a yo ta renmen jwen moso.
Ou pa konn pou konbyen tan yap fin kokobe peyi a.Tout moun ki gen lide pwogresis, se lan rev yap ou byen LAN chanm lakay yo, ya we lide yo.