Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Kite peyi m trankil pou l regle zafè l.

2 participants

Aller en bas

Kite peyi m trankil pou l regle zafè l. Empty Kite peyi m trankil pou l regle zafè l.

Message  Sasaye Sam 19 Mar 2016 - 21:08


Sandra Onore al fè deklarasyon lan Loni pou di ke se pou tout peyi fè presyon pou Ayiti kontinye eleksyon malonèt ki te deja kòmanse e ke pèp la fòse KEP anile.
Li konnen ke gouvènman pwovizwa a ap fè demach serye pou mete komisyon verifikasyon sou pye.
Deki lakyèl?
Se pou Ayisyen fout madam saa deyò, voye l tounen Trinidad.
Li mèt tou ale ak rès minista a.

Semèn pase a, Roje Noryega ekri yon atik pou blame ayisyen kòm responsab tout malè peyi an malgre tout èd peyi etranje bay. Se pou blan mete ansanm pou chanje bagay ann Ayiti.
Deki lakyèl?
Noryega pa menm gen djob gouvènman ankò depi ti Bush ale.

Se pou Ayiti kwape bann ravèt sayo!

Menm mobilizasyon saa mèt tou pase pran Kenèt Mètenn, fè l tounen Wachintonn.

Si nou serye lan redrese sitiyasyon peyi an, nou pa bezwen bay etranje pèmisyon pou yo vinn veye sa na p fè. Yo gen sistèm espyonaj yo deja.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kite peyi m trankil pou l regle zafè l. Empty Re: Kite peyi m trankil pou l regle zafè l.

Message  Joel Dim 20 Mar 2016 - 7:15

Te gen yon KOMANTATE AMERIKEN ki di ke ROJE NORIEGA karakterize bagay ki pi MAL lan KARAKTE AMERIKEN.
NEG lan soti lan yon FANMI DORIJIN MEKSIKEN epi pou MALPWOPTE sa a fe tout MAL KE L DEJA fe yo.

Li te PRENSIPAL lan KOUDETA 2004 lan kom RESPONSAB AMERIK LATIN ak KARAYIB
Anvan sa misye se te KONSEYE JESSE HELMS .Yo di ke se MISYE ki te ACHITEK LWA HELMS-BURTON lan ki te resere ANBAGO kont KIBA a .

Sou w al sou SIT misye an sou A.E.I (AMERICAN ENTERPRISE INSTITUTE) w a we MISYE ap fe tout sot de AKIZASYON san PYE ni TET kont OBAMA.
Misye menm ap rele OBAMA "KOMINIS"

Misye pa ka SIPOTE ke OBAMA ap demantle ,ti MOSO pa ti MOSO lwa SIYATI l lan "PA POT DEYE"

Pou yon NEG ki pa telman GRAN MOUN ,li fet an 1959;VAKABON sa a deja fe MAL pou 10 VI.

Se misye tou ki te CHEF LOBIYIS pou KOUDETAYIS POUTCHIS ONDIRAS yo ,an 2009.

Youn lan pi gwo TACH li te genyen se te DENIGRE KARAKTE ZELAYA pou montre ke l te merite KOUDETA!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum