Nou kwe ke letan, listwa gen pou demaske prezidan Privert kom youn nan pi gwo konze ki pase nan tet peyi a. Tout sa k ap pase kounye a bay enpresyon ke esansyel bagay yo te planifye anvan matye...
Yo rapote ke prezidan Martelly te depanse yon paket lajan pou rankontre prezidan ameriken an, e prezidan Privert kisa l bay? Pouki prezidan an chita sou 2 men l pandan ke l konnen ke yon katastwof pral pase? Pouki prezidan an oblije avili polis nasyonal la nan fe konnen ke menm yon konvwa yo pa ka sekirize?
Pouki lame dominiken pa t oblije antre apre goudougoudou men yo oblije antre apre matye..?
...Letan, listwa, yon jou, va fe limye sou epizod sa a ke peyi a ap viv...