Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-29%
Le deal à ne pas rater :
PC portable – MEDION 15,6″ FHD Intel i7 – 16 Go / 512Go (CDAV : ...
499.99 € 699.99 €
Voir le deal

Eske ansyen DOMINIKEN an atake KARAVAN PO BANNANN lan

Aller en bas

Eske ansyen DOMINIKEN an atake KARAVAN PO BANNANN lan Empty Eske ansyen DOMINIKEN an atake KARAVAN PO BANNANN lan

Message  Joel Ven 30 Juin 2017 - 8:00

Gen yon bagay ki ap fe "BUZZ" sou NET lan ,se ATAK ke ansyen PREZIDAN DOMINIKEN an ta fe sou LISTIN DIARIO sou KARAVAN GASPIYAY lajan ke JOVNEL BANNANN ap fe lan PEYI an.

Ansyen prezidan DOMINIKEN an LEONEL FERNANDEZ (1996-2000 ak 2004-2012) ta di ke se pa serye pou ke NEG BANNANN lan ap gaspiye LAJAN kon sa.
Pa bliye ke yon LEKOL SEGONDE koute 1 MILYON DOLA pou konstwi e yon lekol ELEMANTE 800 MIL DOLA.

LEONEL FERNANDEZ pa bliye ke se li ki te bay LETA AYISYEN 20 MILYON DOLA pou bati INIVESITE LIMONAD lan.
Misye toujou di ke yon AYITI kote gen yon ALE MYE ,se yon AVANTAJ pou DOMINIKANI si DOMINIKANI vle rive kote l vle rive an.
Se lan menm SANS ke de peyi tankou LALMAY ak lot peyi lan NO EWOP yo ta depanse de dizenn de MILYA DOLA lan peyi lan SID EWOP yo.

Pa bliye tou ke LEONEL FERNANDEZ ,se li ki te kanpe lan REYINYON kote OEA ak LONI,ETAZINI ELT te ye an SEPTANM 2004 ke se pou ARISTID tounen ,ke lan moman li t ap pale an ,li di ke pa t gen AVNI san ARISTID.
Yo te fe misye tout KALITE MENAS.
Pandan premye administrasyon FERNANDEZ lan,pandan VAKANS yo misye te konn fe anpil ti DOMINIKEN ale dan de VIL tankou JAKMEL,VIL FWONTALYE yo pou yo aprann KREYOL.

FERNANDEZ angaje lan yon LIT ak MEDINA pou konn kiles ki ap reprezante PLD lan ELEKSYON 2020 yo.Gen kou ba ki ap bay ;eske FERNANDEZ ap eseye koke JOVNEL BANNANN  lan kou MEDINA ,anka ke bagay yo pase mal?

Mwen pa konnen.DOMINIKEN yo ap swiv sa k ap pase ann AYITI ,se pou nou swiv sa k ap pase lakay yo tou.

Sa a se ADRES SIT FONDASYON LEONEL FERNANDEZ lan FUNGLODE:

www.funglode.org

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum