Nombre de messages : 8252 Localisation : Canada Opinion politique : Indépendance totale Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
Sujet: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Sam 23 Sep 2017 - 15:12
Rappel du premier message :
Map reflechi anpil sou karakteristik ayisien jodya. Si nou konte apati 1957, sa fè swasant an depi katastròf Divalye an tonbe sou Ayiti.
Panda tan saa, tout enstitisyon chanje, karaktè ayisien vin mate, zonbifye. Diyite ki te make majorite ayisien ,raze, yo fin tounen tyoul, sousou, chenmanje chen. Yo pèdi patriyotis. Yo vin lach e tèlman visye ya vann fanmi yo pou sove patat yo.
Divalyerism lan tout klas, lan tout nivo, lan tout relijyon, lan tout reyaksyon.
En rezime, li enposib pou jwen yon ayisien ki gen mwens ke senkant an ki pa konekte avèk sistèm ideyolojik Divalye. Menmsi li pa makout, li panse an divalyeris.
Kidonk, se pou nou ki pat la jenerasyon divalyeris sayo toujou sonje avèk kimoun nou an afè.
Auteur
Message
Joel Super Star
Nombre de messages : 17750 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
Sujet: Re: Domaj pèmanan Divalye koze lan tèt ayisien. Sam 30 Sep 2017 - 7:16
Sasaye a écrit:
An palan sipèstisyon lan radyo ayisien, jodya, yon nouvèl ki demontre jan moun retade. Nou sonje te genyen yon ensidan kote yon gad sekirite madan Jovnèl te malmennen Senatè Cheramy apre li te fin chire dokiman bidjè finans lan. Senatè an tap kondiy machin li lan zôn kote kòtèj lan te ye, bò Petionvil. Gad kan mete defans machin li dèyè pa senatè an epi lap pousel. Lè senatè an reyisi soti pou li mande dekiprevyen, gad lan rale zam li epi li joure manman senatè an. Jodya, kòmantatè radyo an anonse ke gad saa mouri lan kondisyon ki pa klè. Yo di sekirite palè an voye ajan lan mòg la pou veye kadav lan.
Nou konnen, youn lan komantatè yo di ke yap veye pou sil leve li pa tounen yon zonbi? Lòt kòmantè an di anba gòj li ke se kapab travay Don Kato.
Se yon aberasyon ke de bagay konsa ap di lan syèk saa. Epi se de pèsonalite radyo ke milyon moun ap tande.
SASAYE,
Le w ap tande RADYO ann AYITI ,gen de fwa w ap mande w si se sot neg yo sot ,ou byen yo fou. Yo di nenpot bagay. Yo pa konprann ke sejou si ,gen anpil "ETRANJE" ki ap aprann KREYOL lan INIVESITE. OZETAZINI gen plis ke 5 INIVESITE ki gen PROGRAM sou ETID LANG KREYOL lan ,gen 2 tankou INIVESITE INDIANA ,KANSAS ki ofri DOKTORA.
Mwen t ap tande MARIE LUCIE BONHOMME ,mwen kwe ann JEN 2004 ki t ap entevwouve yon madanm ki di li te la le yo t ap SAKRIFYE ti BEBE lan pilon an ,an 2003. N ap jwenn li sou YOUTUBE. Madanm sa a ,ki se madanm OPONT ,neg KONSEY ELEKTORAL OPONT KWOUPYON an ,te PATETIK. Yon timoun 10 ZAN ,KI GEN SANS ,ka we se MANTI ,ke ak MOUN madan OPONT t ap pale ak li an ,se MANTI li t ap bay.
An pasan ,MARIE LUCIE BONHOMME se youn lan POT PAWOL NEG BANNANN lan.
Se REYEDIKE pou yo REYEDIKE MOUN sa yo,se tankou PYE BWA ki grandi KWOCHI ,ki paka REDRESE!!!!!!
Tande MARIE LUCIE BONHOMME ,WI KI AN JEN 2004 li t ap pale ak yon madanm ki rele SANDRA DESROSIERS. An pasan ,te gen yon repote kanadyen ki te ale lan MIAMI ,pou l we si li ta jwenn madanm sa a pou l pale ak li.Li pa t ka jwenn li. AKIZASYON sa yo ki jwe lan lespri SIPESTISYE POPILASYON AYISYEN se te lan menm LIY AKIZASYON sou NEG GONAYIV lan ,kote yo di ke ARISTIDE ou PRIVE te touye NEG lan .epi yo te rache KE l pou fe SEREMONI.
Tande BYEN MEZANMI. MARIE LUCIE BONHOMME se MADAN PIERRE LOUIS OPONT ;jounen Jodi an ,madanm sa a se POTPAWOL NEG BANNANN lan. KLIKE ,KOMANSE 15 minit KON SA: MESYE WO ,PA GEN DYOL POU MOUN KOMANTE SOU BAGAY SA YO: Na tande paket AKIZASYON ke 2 MADANM yo te fe kont ANTOINETTE GAUTHIER ,SO ANE,CHERESTAL ,PRIVERT (ADYE) elt...elt.