Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
TCL C74 Series 55C743 – TV 55” 4K QLED 144 ...
Voir le deal
499 €

Repons a yon shen enraje

2 participants

Aller en bas

Repons a yon shen enraje Empty Repons a yon shen enraje

Message  Rodlam Sans Malice Mer 20 Sep 2006 - 21:52

La sosyete nap ekskizem pou mwen reponn en de pti mo yon bagay yo dim ke yon shen enraje ekri sou moun.com.

Li di ke mwen te merite kou matyal paske mwen te trayi lame ,li pale de vann ko ak lam nan anbasad.

moun ki konnen mwen konnen ke mwen rentre na lame dayiti en Septembre 1957 mwen te genyen di set lane.mwen pase nan plisye pos e fok mwen di tou lè moun te rantre nan lame a lepok saa yo te konn fè yon examen fisik nan tout ko w depi nan tet jis nan pye pou yo we si w pat genyen move vis.premye ekxamen mwen te fè se nan gad Kot apre sa mwen fè yon lot eksamen anko nan lopital militè.En 1962 yon adjudant neg Gonayiv Nuval Pierre Charles aprann mwen ke Robert Andre ki te shef Transmisyon fè shwa de mwen pou mwen al pran yon ekzamen angle nan misyon naval kite sou shan de mars la.Se konsa male mwen pase eksamen e pi mwen jwen yon bous.poum te vinn pran yon kou ki rele Powerman nan lekol de genie lame meriken.Lè mwen retounen en ayiti mwen te kon travay tankou tout lot solda jis ke mwen demisyone nan lame.si genyen moun ki te nan transmisyon nan ane 64 yo se pou yo demanti mwen.ki jan fè pou lame te ka ba mwen kou matyal anvan mwen kite lame mwen te kon ale domi nan Pale kom operatè de servis. Se Kesner Blain ki te aprouve let demisyon mwen.Si wap pale pou yo te banm kou matyal paske mwen te konn dekode mesaj ke nou voye ba Duvalier pou nou te siggerel fe pep la envayi kay milat jeremi ,touye yo ,petet ou ta ka genyen reson men mwen pat janm di sa ak personn toutan ke mwen te nan lame.Mwen kwè se jis apre Duvalier mouri ke mwen premye di bagay sila.Mwen pa regret mwen te fè li paske personn pa ka banm manti paske li pat di fisiye moun yo vre.mwen te dekode mesaj ke li te reponn komandan distirk jeremi ya tou.Se nou bann shen enraje ki fè krim saa.

Lè mwen kite lame mwen al travay nan SNEM se pendan ke mwen nan SNEM yon kousen mwen ak yon zanmi mwen kdim ke mwen genyen dwa al fè aplikatyon pou mwen imigre oZeta ZUNi. se konsa mwen kite peyi ya epi mwen pat janm retounnen anko jis en 1980 lè mwen te ale entere defen manman mwen.depi lè saa mwen pa janm tounen nan peyi ya anko.Lè nou tap fè mas laba ak injenye pou yo te ba nou job mwen pat ladann ban malpwop ,ou genyen reson di ki se resemb sasanb lan vre. Lè nou te pral fè pos devan kay metress Roger Lafopntant pou nou te ka jwen job ou rantre ekol de medsinn ou akademi militè mwen pat la. se sou kouraj mwen mwen toujou depann.Tou sa mwen genyen se pa touye mwen te touye Poitvien pou m te montre francois Duvalier mwen te yon sanginè.Ni mwen pat konn al bay militè parey mwen kout lang jis yo touye yo. Ni mwen pat janm detrousè kadav ak nou Mwen pat beswen reponn ou non pase tankou avata la ke w mete yo wè ou se yon toutou ki enraje paske ou paka manje moun anko tankou ou te konn fè lontan.


Dernière édition par le Jeu 21 Sep 2006 - 10:02, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Repons a yon shen enraje Empty Re: Repons a yon shen enraje

Message  Rico Mer 20 Sep 2006 - 23:27

Malice mwen pa konprann anyen, sakap pase la . Se kom toujou wap pale men jamè mete patisipan yo nan kontèsk sa wap di la. Ki moun ki dwe konprann se pèdi tan. Se mete o klè manigans yon ekip Duvalyeris ki pran Forom MOUN AN OTAJ.
Kote dirijan forom sa sanble degoute, depase pa evènmen yo kite koken, lang sal, move betiz , denigreman ap voye monte. Se twouve gen anpil fanm ak gason sou kouvè bon moun ap monte yon kanpay de salisaj de denigreman kont moun yo pa renmen. Pou ki rezon tou senplemen ki pa pataje seten pwen de vi ak yo.
Moun entoleran konsa se eliminasyon, denigreman, kolpote nenpot bagay pou fè mal parèt moun yo pa renmen. Imajinasyon yo telman fètil nan montaj koze difamatwa yo chèche kole tout move vis sou wou. Mwen menm Rico yo pa manke m ditou, se mwen ki vann 2 frè m yo militè kazenn Desalinn arete. Yo mouri Fo DIMANCH NAN YON VWAYAJ SAN RETOU APRE ANPIL KOKO MAKAK, ABI, POU YO DENONSE LOT FRÈ YO. SE AK PLOT KRACHE PI GRAN FRÈ RESEVWA YO, SE YON KOKOMAK NAN MITAN TÈT KI TOUYE LI. LOT FRÈ LA MENM YO FIZIYE LI.
A laj de 17 lane mwen pran le maki. A plizyè repriz, zanmi MOUN SAYO makout yo , mete ak militè dekouvri kay mwen sere ak lot. Yo si telman kapon se mitraye kay , mete menm motye sou moun. Nou toujou gen chans kite kay sayo paske avan nou rete yon kote se byen kalkile koman nap kouri evakye kay sa an vitès. Poutan moun san kè, malgre tout doulè tout tritès mwen, apre dè zane se di mwen ki touye 2 kinanm yo. Poutan se moun ki pa menm konnen Rico ni an potre ni nan sinema. Saki tris la menm fanm ki abiyte gen rekil kom kretyen vivan nan sitiyasyon konsa, poutan nan mitan ti ekip Duvalyeris sou sit sa sèten nan yo pa fè diferans. Se vreman tris, dezolan. Mwen gen SÈ MWEN AYITI KI ABITYE GADE SAKI SOU FOROM AYISYEN, VREMAN CHOKE. Wi di mwen pa merite sa, pou moun ap desann osi ba. Sitou yo pa konnen vi mwen, soufrans, amou, respè mwen pou 2 vanyan mesye sayo. Wi 2 frè tout bon jamè fache, ankourajan protèktè, pi gran te pase pou papa nan kay la.
Sans Malice si map pale konsa avè w se pou di w koman moun konsa fè mwen mal anpil, nan dekonnen. Men mwen fini pa konprann tout manti konsa, tout difamasyon konsa se nou ki gen rezon, se nou kap pote bon mesaj ki rann yo pè, enève yo. Yo kanpe sou difamasyon pou jistifye tout vye kout ba yo, tout malfezans yo. Yo chita sou yon forom anpeche gen son kontrè sa pwouve se nou ki gen rezon.
POU FINI YO KANPE KOM BON KOK GAGÈ KI PRETANN SE YO KI PI BON, POUTAN NAN KANTON YO SI RICO KANPE POU ECHANJE AK MOUN DUVALYERIS MENM JAN MWEN FÈ LI AVEK LAVALASYEN YAP KRITIKE SE RADOT BETIZ SAL, TRETE DE TOUT VYE TENTEN ENPANSAB. MWEN TAP TAP RESEVWA YON RAFAL FOTO, ESLOGAN DUVALIER. ME MOUN ENTOLERAN KI REFIZE ECHANJE PWEN DE VI KOMSADWA NAN RESPÈ YOUN AK LOT. MEZANMIRO DEPI KELKE JOU MAP REFLECHI, ESKE FOROM-ACTIF JAN LI PATI LA SE PA YON ESPWA POU AYITI, ESKE PRATIK DE LA TOLERANS EKIP FOROM SA KENBE LA KI PÈMET DI KONTRÈ A LOT NAN RESPÈ. ESKE SE PA VREMEN FOMIL KI DWE MENNEN NOU A LAPRANTISAJ DEMOKRATIK. POUTAN MWEN TE TOUJOU KENBE LI SOU LOT FOROM LAN DWA A NENPOT MOUN DEFANN OPINYON LI. MALICE NOU VREMAN DIFERAN NAN OPINYON NOU, NOU PA WÈ MENM JAN, NOU TOUJOU GEN TI CHIRE, PIT MEN NOU TOUJOU GEN RESPÈ, LA TOLERANS. ANNOU AVANSE FRÈ, DIFAMATÈ, IMORAL, LANG SAL PA DWE METE DO NOU A TÈ. VIKTWA SE POU NOU.
P/S
Sans Malice se okazyon pou refechi davantaj ti kote nwaris Duvalyeris, ak voryen konsa ki kanpe pou manje moun tou kwit. Se ipokrit apwoch Duvalier te nan batay pou pèp. Se kontrè li sÈvi ak ti nèg nwa kom MWAYEN pou fè politik kann kale li. Pou fè ni boujwa ni klas mwayenn pè, kreye divizyon. chire pit ant tout moun pou kenbe pouvwa li. Finalman bon pèp toujou nan mizé nwa, move grangou, san bon swen de sante ak latriye.


Dernière édition par le Mer 20 Sep 2006 - 23:48, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Repons a yon shen enraje Empty Re: Repons a yon shen enraje

Message  Rodlam Sans Malice Mer 20 Sep 2006 - 23:39

Rico

Mwen mete repons saa sou forum lan paske mwen pap janm desann nan trou foban kote genyen moun ki pran pwen ak lisifè.

se sak fè mwen te envite w vinn sou forum isit la paske isit la se agiman nou mete a tè se pa vye mo sal, difamatyon paske mwen rekonet ke menm si nou pa wè bagay yo menm jan men nou se ayiti ke nap defann se pa yon ti job ou byen yon tishek nou pedi ke nap defann.Se nan eshanj ide ke nou ka jwen limyè pou nou retire peyi ya nan sa li ye.

Mwen bien ekskize sosyete forum haiti ya. men fok mwen te mete sansave ya nan wol li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Repons a yon shen enraje Empty Re: Repons a yon shen enraje

Message  Rico Jeu 21 Sep 2006 - 0:04

Sans Malice,
Mwen swete moun ki pa konsènen sou forom actif ap konprann. MIZ O PWEN W SA TE DWE FÈT. Dayè eko mwen gen sou nouvo forom sa byen pati. Paske gen moun ki di mwen se tro bo, pral gen koken ou byen nou pral detounen de bonn oryantasyon nou pran.
Mwen di se pa vre toutan estaf sa vle kenbe oryantasyon forom sa ki chita sou la tolerans, respè, echanj de bon nivo. Betizè, radotè, difamatè, moun lang sal pa gen plas pa bo isit. Dwe gen yon plas pou tout mouvans, tandans ak pale nan respè. Zafe pretèsk kras defoulman sa dwe fini pou pale lot bagay. Moun ki vle vremen defoule yo, se yon klib pou yo ouvè pou mete gan. voye kalot, move pataswèl pou defoule yo. Li lè li tan pou lese la plas a bon jan refleksyon nan respè.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Repons a yon shen enraje Empty Re: Repons a yon shen enraje

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum