Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-50%
Le deal à ne pas rater :
-50% sur les sacs à dos pour ordinateur portable Urban Factory ...
19.99 € 39.99 €
Voir le deal

Yon AYIBOBO pou EMELINE MICHEL pa Pwofese JACQUES PIERRE-DUKE UNIVERSITY

Aller en bas

Yon AYIBOBO pou EMELINE MICHEL pa Pwofese JACQUES PIERRE-DUKE UNIVERSITY Empty Yon AYIBOBO pou EMELINE MICHEL pa Pwofese JACQUES PIERRE-DUKE UNIVERSITY

Message  Joel Jeu 26 Avr 2018 - 7:30

http://potomitan.info/ayiti/pierre_jacques/emeline.php




Emeline Michel nan Durham:
yon pèfòmans mizikal chaje ak gangans

Jacques Pierre

Nan dat 27 mas 2018 la, sou envitasyon Duke Performances (Duke University) Emeline Michel te gen randevou ak tout moun nan Durham, espesyalman piblik ayisyen an pou vin chante ak li. Pèfòmans sa a te fèt nan Motorco Music Hall ki chita nan 723 Rigsbee Avenue, yon espas ki kapab kenbe plis pase 1000 moun, e ki pa lwen ak lavil la. San sipriz, pa te gen kote pou pike zepeng afòs espas la te plen kon ze. Se Emeline Michel wi, ou pa ka pa la.

Nan menm jou a soti 12:00 pm pou rive 1:00 pm, Emeline Michel te nan Forum for Public Scholars (yon espas ki la pou ankouraje brase lide nan diferan domèn) pou li te pataje esperyans mizikal li ak tout moun (pwofesè, etidyan, e latriye) nan Duke University. Nan brase lide sa a, nou te genyen Joan Soriano, yon atis dominiken ki jwe mizik Bachata ki te envite tou. Joan Soriano te bay yon bèl pèfòmans nan dat 26 mas 2018 la, yon jou anvan pèfòmans Emeline nan. Pou seri kesyon yo, gen yon etranje ki te poze Emeline Michel kesyon sa a: “Pou sa mwen te viv yè swa ak Joan Soriano, èske w kapab di m ki sa k ap tann mwen aswè a? Emeline te reponn li: “M p ap pwomèt ou anyen konnya la, men depi w vini, w ap gen pou al temwaye”. Kreyòl pale, kreyòl konprann. Enben, fason m te wè mesye sa a t ap pran plezi li nan konsè a, mwen rete kwè li jwenn sa li t ap chache a.

Pou nou tounen sou brase lide a, pami tout sa ki te di nan moman an, Emeline Michel ak Joan Soriano kwè Ayiti ak Repiblik Dominikèn kondane pou yo viv ansanm. E mizik se yonn nan faktè kle pou ede de pèp yo trese solidarite sa a. De atis yo menm rive kase randevou pou yo ta jwe ansanm ann Ayiti. Joan Soriano pale sou misyon li bay tèt li pou li kenbe mizik Bachata a vivan nan jaden mizikal dominiken an. Emeline Michel, bò kote pa li, te pale sou diferan kalite rit ki gen rapò ak tradisyon Lafrik ou jwenn nan mizik li. Odyans lan te satisfè anpil, e tout moun te kase randevou nan aswè pou al taye banda ak Emeline Michel.

A 8:00 pm won kon boul, piblik la, espesyalman kominote ayisyen an, te deja prezan pou akeyi Emeline Michel. Gen yon bon ti van frèt ki t ap soufle deyò a, men sa pa te fè piblik la kazwèl paske yo te deja konnen vwa Emeline ta pral chofe yo. Annik prezantatè festival la anonse Emeline, ou santi kouran an deja pase ant piblik la ak atis la.

Abiyman Emeline te gen tan bay piblik la anpil payèt anvan vwa l ak devire l sou sèn nan te koumanse fè piblik la je dou. Abiyman an te chaje ak tout kalite koulè byen klere tankou larèn solèy. Emeline te gen twa mizisyen ki te akonpaye li, yon basis (Dony Felix), yon gitaris (Dominic James), ak yon batrimann (Carol Hodge). Mizisyen sa yo te fè chak enstriman yo chante san rete pandan tout konsè a. Chapo ba pou yo.

Emeline ak de twa tchatcha nan men li demare pèfòmans lan ak Fò m ale. Piblik la te si tèlman t ap chante ak li, atis la te ka pa menm bezwen chante. Men, vwa san parèy sa a, ou ka imite l, men ou pa fouti sonnen tankou li. Nan mizik Fò m ale a, atis la ap pale sou nèj ki genyen deyò a, e l ap di jan li bezwen yon bon kafe lakay byen cho pou chofe li.  Rapid apre premye mizik la, atis la anchennen ak Gade papi, yon mizik mwen renmen anpil. Mizik sa se yon sewòm motivasyon pou ankouraje tout moun nan sa y ap fè. Sa te fè m plezi anpil Emeline te jwe mizik sa pou tout etidyan k ap aprann kreyòl nan Duke University.  Mizik sa a te yon kado pou etidyan yo paske se premye mizik yo aprann nan Kreyòl 101-01.  

Apre chak mizik, Emeline toujou gen yon bon ti mesaj pou li fè pase sou Ayiti. Kouran kominikasyon an te byen pase ant atis la ak piblik la paske atis la te itilize angle pou li kominike ak odyans lan. Men, li pa te janm ezite glise de twa fraz kreyòl ki pou fè kominote ayisyen an kase de twa kout ri, e pawòl sa yo te fè chak grenn ayisyen sonje lakay. Tankou pwovèb la di: Lakay se lakay. Nan mesaj Emeline t ap fè pase yo, li te toujou montre ki jan pèp ayisyen an se yon pèp ki pa janm pè batay. Douvan tout kalamite, tout peripesi, pèp ayisyen an toujou akeyi moun lakay li ak kè kontan.

Menm kote atis la ap pale sou richès kiltirèl ak istorik ki chaje nan peyi li, san koumantè li anchennen ak Pè Letènèl. Nan mizik sa a, antan otè a ap mande pwoteksyon pou lavi li, ou kapab viv doulè k ap travèse atis la lè l wè tray peyi li ap pase anba men move dirijan.

“Pè Letènèl o, bon Berger, pwoteje lavi mwen
du haut du ciel lè w voye je, volè yo pran peyi mwen”

Rive sou sizyèm mizik la, te si tèlman gen moun ki t ap layite kò yo devan sèn nan, Emeline te envite de twa nan yo, yonn apre lòt, monte sou sèn nan pou vin bay payèt. Medam yo te koumanse anvan. M pa kache di w, piblik la te jwenn. Tout kalite devire tonbe, e atis la pa te ezite ba yo chenn pou lage bèl devire ki chaje ak gangans a tè, antan batrimann nan t ap fè batri a pale kou yon tanbou k ap rezonnen bon son kwachi. Je wè, bouch pe. Gade pa boule je.

Li te 9:30 pm depase, Emeline pa te montre okenn siy fatig apre li te fin fè yon vwayaj ki byen long pou ateri nan North Carolina. Piblik la te si tèlman swaf Emeline, chak grenn mizik li lage se tankou tè sèk ki t ap tann lapli.  Sanzatann, Emeline lage A.K.I.K.O. Mizik sa a fè anpil ayisyen ki te la reviv lè kap atis la t ap pran vòl. Tout moun nan kominote ayisyen an t ap repete pawòl yo, epi bon jan pa t ap mete a tè tou. Nan je atis la, ou te kapab wè etensèl lanmou ak apresyasyon k ap degaje antan l ap viv piblik la ki fè yonn ak li pou chante A.K.I.K.O. san rete.

Tankou majorite atis toujou fè sa, yo kite sèn nan anvan dènye mizik la, epi piblik la tonbe mande yo tounen pou ba li yon degi. Enben, Emeline te fè sa tou. Li pa ko te menm fin desann sèn nan, piblik la te gen tan mande l tounen. Li te blije tounen prese prese paske fòs vwa m t ap viv la se tankou yon manifestasyon ki te koumanse pran chè. Pa enkyete w, se pa te yon manifestasyon politik, se te yon manifestasyon mizikal. Revandikasyon an se te: Emeline, ban nou Lanmou se flanm ak L’odeur de ma terre. Emeline konnen deyò a te gen yon bèl van frèt, kidonk li pa te vle voye kominote ayisyen an al dòmi san li pa byen chofe l ak yon bèl tas kafe, menm jan l te koumanse pèfòmans lan ak yon bon tas kafe byen cho.

Pou fini, atis late jwe L’odeur de ma terre. Kominote ayisyen an ki te konpòte l tankou yon koral te chante refren chante sa a san kanpe

“Ou pa ka twonpe m
non, je ne vais pas marcher
c’est comme le café                                                            
l’odeur de ma terre”

Nan lavi, tout bagay gen yon fen. Enben, se konsa pèfòmans lan te rive nan bout li. Men, ta sanble fèt la pa ko te fini nèt ale. Annik Emeline fè yon ti parèt nan sal la 25 minit apre pèfòmans lan pou siyen de twa CD, chak grenn moun ki te la ap mande Emeline pou yo pran yon foto ak li. Sa te fè tout moun yon gwo plezi pou yo wè jan Emeline te fè yonn ak yo apre pèfòmans lan nan pran foto ak fè yon ti koze ak yo chak. Tout sa montre bon jan gangans ak koutcha ki chita kay Emeline Michel. Vwa atis la, kit l ap chante, kit l ap pale, kont ase pou mennen w nan lalin.

Yon pèfòmans Emeline Michel nan Durham se pa yon evennman ki fèt souvan. Pou tout moun ki te la, moman sa a ap rete grave nan memwa yo. Bravo Emeline Michel. Mèsi pou tout sa w ap fè pou mizik ayisyen an. Vwa w se yon pòt vwa pou kilti nou. Kontinye reprezante Ayiti ak gangans.

Klike sou lyen sa a pou jwenn plis detay sou festival sa a ki reyini atis ki soti nan sis peyi diferan.  
https://dukeperformances.duke.edu/residencies/black-atlantic/

Jacques Pierre
@PJacquespie
Co-director of Haiti Lab
Duke University      

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum