Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -17%
Casque de réalité virtuelle Meta Quest 2 ...
Voir le deal
249.99 €

INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO

Aller en bas

INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO  Empty INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO

Message  Joel Ven 11 Fév 2022 - 11:45





Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Marc-Henry aime ce message

Revenir en haut Aller en bas

INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO  Empty Re: INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO

Message  Joel Ven 11 Fév 2022 - 21:55

MAK;

Se bagay serye ki ap regle la a.

Se pou nou remesye DR DEGRAFF ak SAVAN WOTPOT MIT yo ki angaje lan yon PWOJE ki ka chanje AYITI,si gen VOLONTE pou sa.

Gen yon NEG ki baze lan KANADA ke lan tout sa l ap di ke AYITI gen 2 LANG..

AYITI pa gen 2 LANG;AYITI pa t janm gen 2 LANG e sa depi sou TAN LA KOLONI.

Dr DEGRAFF pa gen tan pou l pedi ,men NEG sa a tankou yon PONGONGON lan dengonn dr DEGRAFF:
https://www.potomitan.info/ayiti/degraff/verite.php

«Verite se tankou lwil nan dlo»:
#VokabiLasyans nan Inisyativ MIT-Ayiti,
sa se pa leksikografi

Se Pwòf Michel DeGraff ki ekri atik sa a.
(Dòk DeGraff se: pwofesè lengwistik nan MIT, fondatè / direktè Inisyativ MIT-Ayiti,
Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen)

Kreyòl • English

«Di mèsi se lizay»
M ap remèsye Robert Berrouët-Oriol pou pakèt kritik li yo. Pami dènye kritik sa yo, genyen: «Plaidoyer pour une lexicographie créole de haute qualité scientifique», 14 desanm 2021, ak «Lettre ouverte au MIT Department of linguitics [sa se òtograf orijinal la]: Pour promouvoir une lexicographie créole de haute qualité scientifique», 1 fevriye 2022, nan jounal Le National ak plizyè lòt medya.  Kritik sa yo ban m yon lòt okazyon pou m esplike metòd ak objektif Inisyativ MIT-Ayiti.

Epi, tou, m ap pwofite remèsye tou zanmi ak kòlèg nan MIT, MIT-Ayiti, Ayiti ak lòt kote ki, pandan dènye ane sa yo, ap ede m konprann ki kalte kontribisyon lengwistik ak edikasyon ka pote nan batay pou liberasyon ak devlopman Ayiti cheri nou an ansanm ak lòt peyi nan Sid la.. Mwen gen anpil gratitid  anvè zanmi sa yo ki te brase lide avè m sou kontni atik sa a.  M ap site non yo nan lòd alfabè a: Paul Belony, Jimmy Fedna, Danny Fox, Chris Kaiser, Frenand Leger, Kenneth R. Manning, Haynes R. Miller, Nicholas Natchoo, Jacques Pierre, Hugues Saint-Fort ak William Scott.

Kòm MIT-Ayiti se yon Inisyativ ki angaje nan amelyore edikasyon ann Ayiti yon fason ki dirab, mwen ta renmen remèsye tou, nan non Inisyativ la, plizyè enstitisyon n ap brase lide nan tèt ansanm ak yo kòm aktè lokal ak entènasyonal k ap chache amelyore pwojè yo ak politik yo nan sektè edikasyon. Plizyè nan aktè sa yo te kòmanse kore MIT-Ayiti depi an 2010 nan lansman Inisyativ la. Rive jounen jodi a, gen yon lis manch long enstitisyon ke n rive tabli konvèzasyon oswa kolaborasyon ak yo nan kad jeneral Inisyativ la sou fondasyon «twa wòch dife»: lang matènèl; aprantisaj aktif; teknoloji. N ap site non enstitisyon sa yo selon lòd alfabè a: Agence Espagnole de Coopération (AECID), American Institutes for Research (AIR), Anseye pou Ayiti (APA), École Supérieure d’Infotronique d’Haïti, Foi & Joie, Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Global Center for the Development of the Whole Child (University of Notre Dame, Indiana), Haitian Response Coalition (HRC), Inter-American Development Bank (IADB), Kalfou Richès Ayiti, Kean University, Lekòl Kominotè Matènwa (LKM), Ministère de l’éducation nationale et de la formation professionelle (MENFP), MIT, MIT Jameel World Education Lab, MIT OpenCourseWare, MIT Open Learning, MITx, NATCOM, Open Society Foundations, Primature du Gouvernement de Haïti, Pwofesè pou Ayiti (P4H), Solutions S.A., Turbo System, UNESCO, UNICEF, Université Caraïbe, Université d’État d’Haïti (Rectorat, Faculté des Sciences, École Normale Supérieure, Faculté Linguistique Appliquée, Campus Henry Christophe Limonade), Université Notre Dame d’Haïti, Université Quisqueya, USAID, U.S. Embassy in Haiti, Wade Foundation, World Bank, etc.

Vreman vre, Inisyativ MIT-Ayiti se yon pwojè k ap ede nan bati fondasyon pou lekòl tèt an wo, pou peyi tèt an wo. M espere esplikasyon m ap ofri nan atik sa a ava ede, wi, paske Berrouët-Oriol genlè pa ko rive konprann fonksyonnman ak reyalizasyon Inisyativ la epi l ap simaye move enfòmasyon k ap kreye konfizyon sou Inisyativ la.

«Twou manti pa fon»
Pa egzanp, Berrouët-Oriol plede ap repete pawòl sa a depi plis pase yon lane, ata nan dènye atik li yo nan mwa desanm 2021.

«… «Glossary of STEM terms from the MIT–Haiti Initiative» élaboré à Boston, au MIT, et diffusé à l’Île de La Gonâve au sein de «Lekòl kominotè Matènwa pou devlopman» sous l’égide du «MIT–Haiti Initiative Project» …»

Pawòl sa a montre, depi an lagan, Berrouët-Oriol ap envante fo nouvèl sou Inisyativ MIT-Ayiti san li pa konsilte okenn pami plizyè dokiman ki disponib sou sit wèb Inisyativ la ak nan lòt piblikasyon — tankou: Le National; Le Nouvelliste; AlterPresse; Ayibopost; Jounal Bon Nouvèl; New York Times; Boston Globe; Boston Review; Science Magazine; Open Democracy; Language: The journal of the Linguistics Society of America; e latriye.  N ap jwenn pi plis dokimantasyon sou MIT-Ayiti nan sit sa a  http://mit.edu/degraffak nan rezo sosyal @MITHaiti sou Facebook, Twitter ak Instagram. Epi, tou, si n ale byen vit sou sit kote Glosè MIT-Ayiti a ki disponib gratis ti cheri — https://haiti.mit.edu/ht/glose/ — n ap wè entwodiksyon Glosè a ki esplike a klè:

«… se yon dokiman ki dinamik: nou toujou ap edite glosè sa a selon fidbak ke n jwenn sou teren, nan atelye MIT-Ayiti yo, epi sou entènèt …»

Sa vle di: Se pa nan Boston nou kreye Glosè MIT-Ayiti a, e se pa nan Lagonav nou simaye Glosè a. Epi, tou, nan tèks ki entwodui Glosè a, nou byen esplike aktivite ki nan orijin travay la, yon travay ki te kòmanse nan:

«… brase lide pami plis pase 250 anseyan ki te patisipe nan atelye MIT-Ayiti depi 2012. Se kontribisyon anseyan sa yo ki te pi plis ede nan devlòpman glosè sa a. Kounye a, depi w gen konpetans nan domenn syantifik epi kreyòl ou djanm, n ap tou envite w vin kontribye nan koreksyon ak lajisman glosè a. Sa ka ede pi plis toujou si w gen esperyans nan ansèyman an kreyòl. …»

Ki donk: Se depi an lagan, wi, nou esplike Glosè sa a se pa te janm yon travay «leksikografi syantifik» pou n ta konpare ak diksyonè Larousse oswa Petit Robert.Kòm li se «lengwis tèminològ», Berrouët-Oriol pa ta dwe fè erè sa a. Leksikografi syantifik, sa se pa te janm objektif MIT-Ayiti. Glosè sa a enpòtan vre, wi; men, sa se yon ti pati nan aktivite MIT-Ayiti yo ki fonde depi nan lane 2010.

«Kay koule twonpe solèy; men, li pa twonpe lapli»
Berrouët-Oriol fè yon gwo erè nan tèminoloji l ap itilize pou l kritike MIT-Ayiti depi lane 2020. Kòm li se «lengwis tèminològ», li pa te dwe fè move amalgam sa a sou 2 tèm ki byen diferan: «leksikografi» ak «kreyasyon vokabilè». E poutan, fòk Berrouët-Oriol, kòm lengwis tèminològ, ta dwe konprann rezon fondal natal ki fè leksikograf yo pa ta fouti antre nan aktivite kreyasyon vokabilè. Kreyasyon vokabilè, sa pa antre ditou pyès nan travay leksikografi. Leksikografi se fè envantè epi analize mo ki deja egziste nan pawòl k ap pale nan divès sektè yon kominote lengwistik — sektè syantifik la ladan tou.

Kounye a, fòk nou konprann yon verite fondamantal: anseyan k ap anseye an kreyòl pa ta fouti rive anseye syans ak matematik si yo pa gen vokabilè an kreyòl ki ka sèvi pou matyè sa yo.  Mezanmi, sa se pa travay leksikograf yo, ditou pyès, pou yo ta kreye vokabilè syantifik sa yo! Epi, tou, sa se pa travay anseyan pou yo ta antre nan pratik leksikografi.

Enben, fòk nou klè sou sa: travay sou Glosè MIT-Ayiti a se pa te janm yon aktivite «leksikografi syantifik» ditou pyès. Nou pa te janm gen pretansyon sa a. Depi an lagan, se te yon aktivite pratik, entèraktif e dinamik sou teren (se pa nan «laboratwa», non!). Objektif Glosè MIT-Ayiti a se ede nan devlope epi aplike bibit vokabilè kreyòl la nan ansèyman lasyans — #VokabiLasyans!  Kreyasyon #VokabiLasyans, se sa ki toujou fèt pou tout lang k ap pran jèvrin. Se moun k ap sèvi ak lang lan nan aktivite tou lè jou ki souvan kreye tèminoloji ki nesesè nan aktivite sa yo.

Epi, tou, fonksyonnman MIT-Ayiti pa menm ak fonksyonnman Académie Française ki toujou ap pratike yon tradisyon kote se yon ti elit tou zuit k ap sèvi ak otorite prestij li pou l eseye kontwole «bon izaj» lang franse. Apwòch MIT-Ayiti a nan dosye kreyasyon vokabilè an kreyòl se yon pwosesis ki patisipatif, enklizif e ki depann de patisipasyon tout moun ki pale kreyòl e k ap feraye nan ansèyman disiplin kote n ap devlope bon jan resous an kreyòl. Aspè konbit nan pwosesis sa a fè m sonje engredyan ki nan nannan mouvman anti kolonyal k ap pwone sa Walter Mignolo rele «demokrasi epistemik», sa Pwòf Marie-Lily Cerat rele «epistemoloji natif natal» epi sa Pwòf Jean Casimir rele «konesans lakou» a. (Mèsi Pwòf Walter! Mèsi Pwòf Lily! Mèsi Pwòf Ti Jan Bosal! Epi m ap tou kouri remèsye Lengwis Edikatè Nicholas Natchoo nan zile Moris paske nou te brase lide ansanm sou mouvman entelektyèl sa yo ki se tankou revolisyon kont enstitisyon kolonyal ki toujou ap chache kontwole fabrikasyon konesans tou patou nan monn lan. Mouvman kreyativite an konbit nan MIT-Ayiti antre nan pratik sa a Walter Mignolo rele «dezobeyisans epistemik».)

Lè n ap analize istwa relasyon ant konesans ak pouvwa enstitisyon k ap ranmase prestij, nou ka pran egzanp René Descartes nan peyi Lafrans depi nan 17èm syèk lè li te youn nan premye filozòf franse ki t ap ekri sou lasyans an franse.  Lè Descartes t ap devlope kokenn chenn inovasyon filozofik li nan liv «Discours sur la méthode », li pa te fouti aksepte okenn baboukèt sou kreyativite l an ba presyon «leksikografi syantifik» epòk li.  Wi, fòk nou sonje «Discours sur la méthode » se youn nan premye liv syantifik ki te ekri an franse nan epòk lè franse te yon lang «vilgè» e lè se laten ak grèk ki te sèl kòk chante nan liv syantifik. Descartes te oblije sèvi ak lang franse a pou l esprime konsèp syantifik ki pa te ko janm antre nan lang lan. Li pa ta fouti tann pèmisyon nan men okenn otorite lengwistik pou l sèvi ak lang franse a nan «Discours sur la méthode».  

Nou ka pran yon lòt egzanp ki pa menm ak aktivite sou Glosè MIT-Ayiti a; men, egzanp sa a ka ede n pi byen konprann diferans fondamantal ant leksikografi ak kreyasyon leksikal (egal: envansyon nouvo vokabilè). Endistri telekominikasyon ak enfòmasyon oz Etazini pa janm pase nan okenn aktivite «leksikografi syantifik» (selon modèl Berrouët-Oriol la) anvan yo entegre nouvo konsèp nan lang angle a. Nan egzanp sa a, yon modèl leksikografi tankou sa Berrouët-Oriol la, se ta yon blokaj kont kreyativite moun k ap envante nouvo zouti ansanm ak nouvo tèm ki mache ak zouti sa yo. Wi, se nan aktivite tou lè jou, san okenn leksikografi, pwofesyonèl sa yo vin ap laji vokabilè teknik lang angle a nan envante mo tankou «imel», «faks», «twit», e latriye. Mo sa yo, se pa leksikograf ki kreye yo, non! Nouvo vokabilè sa yo, nan sektè enfòmasyon ak telekominikasyon, vin kreye ann amon nan pratik moun k ap inove e k ap sèvi ak lang lan kòm sa dwa pou mete etikèt sou inovasyon sa yo.

Travay «leksikografi syantifik» nan diksyonè tankou Larousse ak Petit Robert (tankou nan analiz atik Berrouët-Oriol yo) se travay ki toujou fèt ann aval — lè leksikograf yo chita nan biwo a yo pou yo fè envantè ak deskripsyon vokabilè ki deja entegre lang lan.

Gen yon lòt pwoblèm fondamantal nan opinyon otoritè Berrouët-Oriol sou sa «leksikografi syantifik» ka kontribye nan rechèch ak edikasyon ann Ayiti. Pwoblèm sa a vin soulve a klè nan konvèzasyon mwen ak kòlèg biyolojis ak matematisyen nan MIT ak Kean University ki, tou lè jou, ap itilize epi inove konsèp ak tèminoloji syantifik nan domèn pa yo.

An n pran egzanp syans jenetik kote menm tèm teknik la konn gen sans ki diferan e ki depann de objè rechèch la. Epi an n pran kòm egzanp adjektif «dominan» ak «resesif». Lè biyolojis yo ap pale de «alèl ki dominan oswa ki resesif» epi yo pale de «trè ki dominan oswa ki resesif», semantik 2 adjektif sa yo («dominan» ak «resesif») vin diferan lè yo aplike sou alèl ak lè yo aplike sou trè: adjektif «dominan» nan «alèl ki dominan» pa vle di menm bagay ak adjektif «dominan» nan «trè ki dominan» epi nou jwenn menm kalte diferans sa a nan semantik «resesif» nan «alèl ki resesif» ak «trè ki resesif».

Se kon sa tou, yon tèm tankou «gradyan» nan matematik gen sans ki diferan nan diferan domenn: lè matematisyen ap pale de «gradyan», sa pa vle di menm bagay ak «gradyan» ki nan analiz enjenyè.

Kounye a, èske, vreman vre, se leksikograf yo ki pou ta deside ann avans ki sans mo sa yo («dominan», «resesif», «gradyan» e latriye) dwe genyen — kèlkelanswa itilizasyon mo sa yo pami syantis ak enjenyè ?  Kòlèg MIT mwen yo pa ta fouti dakò ak lide sa a kòm ki dirè se leksikograf ki pou ta di yo ki jan pou yo itilize sèten vokabilè teknik! Syantis yo panse sa enpòtan anpil pou se syantis ki fè deba antre yo sou tèm teknik sa yo paske se kon sa y ap rive fè pwogrè nan konpreyansyon ak rechèch sou konsèp syantifik sa yo. Epi, tou, nan esperyans nou nan MIT ak lòt enstitisyon syantifik, deba sou konsèp sa yo toujou ede nan bati pi plis konesans syantifik e sa tou ede nan amelyore tèminoloji ki sèvi nan analiz ak ansèyman konsèp sa yo.

(M ap remèsye Biyolojis Chris Kaiser, Matematisyen Haynes Miller ak Fizisyen Paul Belony paske yo te pataje analiz a yo sou dosye syantifik sa yo.)

Esperyans sa yo ke n fè nan MIT nan dosye tèminoloji, se menm kalte esperyans nou fè nan atelye MIT-Ayiti yo lè n ap brase lide sou plizyè konsèp syantifik ak tèminoloji an kreyòl ki mache ak konsèp sa yo.  An n pran kòm egzanp yon tèm kreyòl nan syans fizik tankou «tansyon» nan elektrisite. An n koute pawòl pwofesè Paul Belony (pwofesè fizik nan Inivèsite Kean ak direktè gwoup fizik nan Inisyativ MIT-Ayiti):

«Konsènan diferans ant 2 tèm sa yo — «tansyon» ak «vòltaj» — nou ka tounen nan listwa pou n chache konprann pou ki sa premye syantis yo te sèvi ak mo ‘tansyon’ nan etid sou elektrisite. Premye syantis ki t ap fè esperimantasyon sou fenomèn sa a te sèvi ak pat krapo pou yo mezire prezans elektrisite. Chak fwa pat krapo yo te konekte ak yon sous elektrisite, syantis yo te obsève yon kontraksyon nan pat krapo a. Se kon sa yon obsèvasyon dirèk te sijere te gen ‘tansyon’ nan misk yo. Sepandan, tèm ‘tansyon’ te sèvi pou fòs mekanik nan yon fisèl, yon fil, yon kab e latriye. Ki donk itilizasyon mo ‘tansyon’ sa a ka lakòz anbiguite lè tou lè 2 kalite ‘tansyon’ yo enplike nan menm fenomèn lan — pa egzanp, nan yon batri e nan yon kab ki tache ak batri a. Nan youn nan atelye MIT-Ayiti yo, nan Pòtoprens nan mwa janvye 2015, gwoup pwofesè fizik yo te chwazi tèm «vòltaj» pou sous elektrik la ak tèm «tansyon» pou fòs ki detire yon fisèl, yon fil, yon kab e latriye.»

Pwòf Belony fè menm kalte analiz istorik sa a konsènan diferans nan itilizasyon tèm «entansite» ak «kouran» ki soti nan mo franse «intensité» ak «courant». Nan analiz Belony:

«... Nan tan lontan, se nòmal pou syantis an Frans ak lòt peyi te sèvi ak mo franse ‘intensité’ paske, nan premye esperimantasyon yo t ap fè, yo te sitou kapab evalye jan limyè ki soti nan yon anpoul te ‘entans’ (egal: nan ki degre ‘entansite’ anpoul la te klere) selon kantite enèji ki t ap antre nan anpoul la. Men, definisyon teknik tèm ‘entansite’ sa a se rapò puisans ki nan sous la ak sifas la. Se poutèt sa li enpòtan pou n diferansye sa k ap pase nan sous enèji a (filaman anpoul la) ak pozisyon kote n ap mezire enèji a (distans ant pozisyon sa a ak filaman anpoul la). Nan gwoup fizisyen ayisyen ki t ap patisipe nan atelye MIT-Ayiti an 2015, nou te deside pou n sèvi ak tèm ‘kouran’ kòm tèm pou n pale de chaj k ap pase nan filaman anpoul la e pou n sèvi ak tèm ‘entansite’ kòm tèm pou n pale de rapò ant puisans ak sifas ...»

Nan evalyasyon 2 pè mo sa yo («tansyon» / «vòltaj» ak «entansite» / «kouran»), leksikograf ki pa gen ekspètiz nan fizik (elektrisite) p ap fouti di nou anyen ki enteresan sou diferans semantik ki ta dwe egziste ant tèm teknik sa yo. Men, leksikograf yo ka itil ann apre nan analiz tèminoloji ke syantis yo fin devlope. Petèt analiz leksikograf sa yo ta ka ede n idantifye si gen enkoyerans nan itilizasyon sèten tèm. Lè kon sa, analiz leksikografik sa yo ta ka ofri opòtinite pou amelyore tèminoloji a. Malerezman, analiz nan atik Berrouët-Oriol yo pa ofri anyen menm ki nan nivo kalite sa a e ki ta ka ede.

(M ap remèsye Pwòf Fizisyen Paul Belony pou bèl esplikasyon li sou dosye sa a.)

An n kite kantik pran priyè…  Kritik Berrouët-Oriol sou Glosè MIT-Ayiti pa chita sou done ki reyèl.  Nou ka wè sa fasil lè n gade kontni Glosè a. An n sèlman gade kèk egzanp nan atik Berrouët-Oriol la kote li genlè mal konprann done ki nan Glosè a. Li parèt ak egzanp sa yo depi nan atik ke l te pibliye nan mwa jiyè 2020, epi se menm egzanp sa yo l ap plede repete nan plizyè atik ak mesaj l ap simaye nan imel rive jounen jodi a an fevriye 2022.

Berrouët-Oriol gen pwoblèm ak tèm teknik sa yo ki nan Glosè MIT-Ayiti: «rezistans lè», «eta repo», «oto-kolimatè», «modil elastisite», «vitès chape poul», «pwodui vizyalizasyon chan yo» , «lwa gaz ideyal», «entegral sou liy», «esperimantasyon sou limyè nan yon fant», «analiz pou yon makonnay regresyon». Berrouët-Oriol deklare — san l pa site ni sous, ni referans— pa gen okenn moun ki pale kreyòl ki ka konprann tèm sa yo. Deklarasyon sa a tou voye jete, san okenn prèv ki valab, travay yon bann ak yon pakèt edikatè ki te patisipe nan atelye MIT-Ayiti sa yo kote nou te brase lide sou tèm sa yo anvan nou te adopte yo kòm tèminoloji ki byen kadre ak matyè pwofesè sa yo ap anseye nan sal klas tou lè jou.

Èske Berrouët-Oriol ta janm ka kontwole jijman lengwistik 12 milyon moun ki pale kreyòl? Pami 12 milyon moun sa yo genyen sila yo ki gen gwo ekspètiz nan syans ak matematik e k ap develope tèminoloji espesyalize nan pwofesyon yo.

Se yon bagay ki 100% nòmal pou domèn syantifik (tankou matematik, fizik, chimi, biyoloji, e latriye) vin gen ladan yo tèm teknik ki espesyalize e ki ka an deyò vokabilè ki nan sèvèl pifò moun ki pale kreyòl oswa nenpòt ki lòt lang — menm moun ki prezante tèt yo kòm «lengwis tèminològ»! Men, gen yon fason rapid pou ou menm, Chè Lektè, ou ka rive evalye si, wi ou non, kritik Berrouët-Oriol sa yo byen fonde konsènan 12 milyon moun ki pale kreyòl e ki pa ta fouti konprann tèm ki nan Glosè MIT-Ayiti. M ap sijere pou w evalye pou tèt ou chak tèm ki nan lis egzanp nan atik Berrouët-Oriol yo. Èske tèm sa yo vreman «fo», «eratik», e latriye?

Tanpri, fè rechèch sou tèm sa yo sou Google oswa pami zanmi syantis ou ki pale kreyòl (si sa posib). Nou ka kòmanse ak youn nan egzanp prefere Berrouët-Oriol yo: «rezistans lè».  Nou jwenn menm tèm sa a nan Wikipedia an kreyòl depi nan dat 11 mas 2013, lontan anvan tèm sa a antre nan Glosè MIT-Ayiti. Ki vle di, «rezistans lè» se yon kreyasyon leksikal an kreyòl nan syans fizik ki te deja antre vokabilè lang lan byen lontan anvan Glosè MIT-Ayiti.

https://ht.wikipedia.org/wiki/Rezistans_l%C3%A8

Nan ka sa a («rezistans lè» nan Wikipedia) ak plizyè lòt ka kreyasyon vokabilè pou lasyans an kreyòl (#VokabiLasyans), se ranmase Glosè MIT-Ayiti a ap ranmase tèm syantifik sa yo pou n pataje yo lajman laj ak pi plis moun k ap anseye lasyans an kreyòl.  Konpatriyòt syantis sa yo, k ap kreye tèm syantifik sa yo an kreyòl, ap fè yon kokenn chenn travay ki lontan pi enpòtan pase kritik kraze brize Berrouët-Oriol yo: gason kanson ak fanm kanson sa yo, k ap sèvi ak lang kreyòl la tou lè jou pandan Berrouët-Oriol kontinye ap pale franse, ap kontribye djanm djanm nan devlòpman bon jan kalite zouti pou ansèyman ak aprantisaj an kreyòl.  Se kon sa lang kreyòl la ava rive kontribye pi plis toujou nan pwogrè moun ki pale kreyòl—nan lekòl, inivèsite ak lòt sektè sosyete a kote y ap bati fondasyon pou demen miyò.

Enben, fòk nou mande: Èske Berrouët-Oriol pral lanse kanpay fo nouvèl kont Wikipedia tou? Oswa èske se sèlman MIT-Ayiti l ap kontinye vize nan jouman li yo?

An tou a, ti rechèch kon sa sou Google oswa pami syantis ki pale kreyòl ka bay lektè a prèv ke fondasyon lengwistik tèminoloji syantifik nan Glosè MIT-Ayiti byen chita nan chapant gramè ki nan sèvèl moun ki pale kreyòl e ki bezwen sèvi ak tèm syantifik sa yo nan aktivite pwofesyonèl yo, nan menm nivo ak vokabilè syantifik nenpòt lòt pwofesyonèl k ap fonksyone nan nenpòt ki lòt lang ki sèvi pou lasyans.

Epi, tou, fòk nou di a kle ke pami swadizan «prèv» sa yo ke Berrouët-Oriol ap site kòm tèm nan Glosè MIT-Ayiti ki «fo», «fantezis», e latriye, genyen ladan yo ki pa menm egziste nan Glosè a:

Berrouët-Oriol bay «devlope espò» kòm egzanp kote Glosè a bay «devlope esporèl»
Berrouët-Oriol bay «pis kout lè» kòm egzanp Glosè a bay «pis ayere»
Berrouët-Oriol bay «F1 ATPase» kote Glosè a bay «sentaz ATP tip F1» («sentaz», «ATP» ak «F1» se tèm teknik espesyalize nan biyoloji paske kreyòl, menm jan ak tout lang ki djanm ase pou yo fè lasyans, bezwen tèm teknik sa yo menm si se pa tout lengwis tèminològ ki ka konprann yo).
(Nou ka gade dat Glosè ki sou sit MIT-Ayiti: 24 jiyè 2020.  Nou gen yon nouvo vèsyon ke nou pral mete apre atik sa a fin pibliye. Kon sa, lektè yo ava gen ase tan pou yo enspekte vèsyon 2020 sa a Berrouët-Oriol te itilize pou l ekri kritik li yo.)

Ki donk, sou baz done sa yo, nou ka sispèk Berrouët-Oriol genlè pa fin metrize vokabilè ak gramè kreyòl la e li genlè pa ko jwenn ase tan pou l fouye zo nan kalalou sou piblikasyon l ap kritike depi plis pase yon lane.

Epi, tou, kòm Berrouët-Oriol panse Inisyativ MIT-Ayiti a se yon pwojè ki soti Boston pou l pwofite Lagonav prensipalman, enben, m ap pataje yon bèl chante BIC Tizon Dife, ki se yon chantè ayisyen ki pale kreyòl fen e byen. BIC konpoze chante sa a — yon ti chante byen kout, 1 minit — pou l ede n esplike a klè objektif Inisyativ MIT-Ayiti yo:

https://mit-ayiti.net/bic-tizon-dife-ak-mit-ayiti/

(Se chante #VokabiLari BIC Tizon Dife a ki enspire m kreye mo «#VokabiLasyans» lan — yon mo tou nèf, menm jan ak «#VokabiLari», ki pa ko egziste nan okenn diksyonè!  Mèsi BIC!)

«Men anpil, chay pa lou»
M ap tou pwofite pataje yon atik nou pibliye an 2020 kote nou te deja tabli diferans ant #VokabiLasyans Glosè MIT-Ayiti a ak leksikografi. Nan atik sa a, nou te fè apèl ak tout gason kanson ak fanm vanyan ki pale kreyòl, tou patou ann Ayiti e sou latè beni, k ap feraye nan sektè edikasyon e ki vle antre nan konbit pou bati lekòl tèt an wo. Malerezman, genlè Berrouët-Oriol tèlman okipe nan kritike MIT-Ayiti li genlè pa ko janm jwenn tan pou l ta pran san li pou l byen li tout detay nan repons mwen te deja pibliye sou dosye sa a nan jounal Le National ak nan PotoMitan depi jiyè 2020. Tit repons mwen an se:

«Inisyativ MIT-Ayiti ap chache lengwis, tèminològ ak tout kalte edikatè ak syantifik ki gen jèvrin e ki kwè nan pouvwa lang kreyòl la pou n bati lekòl tèt an wo»:

https://www.potomitan.info/ayiti/degraff/stem.php

Men, nou p ap pèdi lespwa, non. Mwen panse se nou tout, ki gen pasyans ak bon volonte, ki ka rive konprann diferans fondamantal ant «leksikografi» ak «kreyasyon leksikal». Pinga n pran pòz jandam nou pou n sèvi ak leksikografi pou n evalye oswa mete baboukèt sou kapasite kreyatif pwofesyonèl k ap anrichi vokabilè lang lan pandan y ap sèvi ak lang lan pou yo devlope nouvo konesans an kreyòl e pandan y ap bati fondasyon pou lekòl tèt an wo. Nou toujou ka espere Berrouët-Oriol ava rive konprann ki sa leksikografi ka kontribye (oswa ki sa leksikografi pa fouti kontribye) nan devlòpman lang kreyòl la pandan lang lan ap vale teren tou lè jou.

Nou menm nan MIT-Ayiti, sa se misyon nou depi 12 lane: N ap ede anseyan ak aprenan ann Ayiti bati konesans ki djanm nan sèl grenn lang nasyonal sa a (kreyòl) ki «simante tout Ayisyen nèt ansanm» (Atik 5, Konstitisyon 1987). Nou menm nan MIT-Ayiti, nou pa fouti aplike modèl chirepit Berrouët-Oriol la kote l ap plede pale franse alòs ke nou menm se an kreyòl n ap pwodui bèl kalite materyèl pou yon peyi kote se sèl lang kreyòl la ki rele tout popilasyon an chè mèt chè mètrès. (Pou ki sa Berrouët-Oriol pa ekri atik pa li yo an kreyòl tou — pou l ta vreman ede lang kreyòl ansanm ak vokabilè kreyòl la vale teren?) Nou menm nan MIT-Ayiti, nou angaje nan aktivite konkrè pou n ede edikatè ann Ayiti. Nou prefere aprann bati pou transfòmasyon ak liberasyon olye pou n ap pèdi tan nan deba initil ki chaje ak pawòl piman bouk an franse tankou atik Berrouët-Oriol yo.

An tou ka, an n sonje pifò moun ki kontribye nan Glosè MIT-Ayiti se anseyan ki pale kreyòl fen e byen (se pa anglofòn nan vil Boston, non!) ki deja ap fè bèl jefò pou yo kreye tèminoloji syantifik nan lang kreyòl la. Se kontribisyon sa yo (kontribisyon Ayisyen pou Ayisyen parèy yo!) ki antre kòm sa dwa nan Glosè ke Berrouët-Oriol ap kritike nan mòd 2 grenn gòch — paske swa l pa li, swa l pa konprann atik nan jounal syantifik ki kredib e k ap dokimante travay MIT-Ayiti a. Jounal syantifik sa yo kredib paske yo sèvi ak yon sistèm evalyasyon ki ede yo rejte atik k ap bay manti ansanm ak atik k ap simaye analiz ki chita sou mal konprann.

Epi, an final, m ap tou pwofite pataje yon ti echantiyon dokiman (atik ak videyo) sou aktivite Inisyativ MIT-Ayiti. Tanpri, Lektè, vin pote men nan pwojè pou demen miyò sou fondasyon lang nasyonal la (kreyòl). N ap jwenn pi plis atik toujou sou sit sa a: http://mit.edu/degraff. Tanpri, pataje enfòmasyon sa yo alawonn Badè.

Epi, tou, pandan n ap konsilte dokiman sa yo, an n sonje yon bèl pwovèb lakay ki di kon sa:

«Verite se tankou lwil nan dlo»!


PI PLIS REFERANS SOU INISYATIV MIT-AYITI:
«Nan ki lang lajistis dwe pale ?» (Michel DeGraff, 2021)
https://culanth.org/fieldsights/what-does-justice-sound-like#ST

«La langue maternelle comme fondement du savoir: L’Initiative MIT-Haïti: vers une éducation en créole efficace et inclusive» (Michel DeGraff, 2017):
http://linguistics.mit.edu/wp-content/uploads/degraff-2017-langue-maternelle-comme-fondement-du-savoir-MIT-Haiti.pdf

«An n bati lekòl tèt an wo: Lang manman, pedagoji ak teknoloji kòm engredyan fondal natal pou yon chanjman radikal» (Michel DeGraff & Glenda Stump, 2018):
http://lingphil.scripts.mit.edu/papers/degraff/DeGraff-Stump_JoHS_2018_lekol_tet_an_wo.pdf

«Rèv Yves Dejean, rèv mwen, rèv ou, rèv nou: «pou solèy ledikasyon rive klere an kreyòl»…» (Michel DeGraff, 2021):
http://lingphil.scripts.mit.edu/papers/degraff/DeGraff_2021_Rev_Yves_Dejean.pdf

«Konferans Michel DeGraff sou Inisyativ MIT-Ayiti» (Michel DeGraff, 2021):
https://mit-ayiti.net/konferans/

* * *

Onè ak respè pou nou tout, Mesye Dam La Sosyete!
__________________________
@MichelDeGraff @MITHaiti
http://mit.edu/degraff
https://MIT-Ayiti.NET/
http://Haiti.MIT.edu/
https://MIT-Ayiti.NET/sa-n-ap-fe/

*

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO  Empty Re: INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO

Message  Joel Sam 19 Fév 2022 - 6:52

Dok DEGRAFF ,kontinye fe TRAVAY ou ,pa okipe NEG ki ap DEBLATERE.

Pou preske tout ISTWA PEYI an ,POPILASYON an pa janm tande MOUN ap pale FRANSE lan ZOREY yo ;epitou gen NEG ki ap vin di ke AYITI gen 2 LANG.

AYITI pa gen 2 LANG,li pa t janm gen 2 LANG.

An 1915;le AMERIKEN yo debake ;yo jwenn ke se te selman anviwon 6% POPILASYON an ki te konn li ak ekri.

6%

Lan 6% sa a,konbyen ladan yo ki te konprann FRANSE,ale we PALE l.

AYISYEN komanse ap tande FRANSE pale ;se le yo te vin kreye RADYO ,byen ke pou preske tout POPILASYON an ,yo pa t konprann de ki sa RADYO yo t ap pale.

Wi;Dok DEGRAFF,kontinye TRAVAYou;PEYI an gen pou l rekonesan.

Pa okipe NEG ki ap vin di ke PEYI an gen 2 LANG ;peyi an pa gen 2 LANG;Estatistik pwouve ke se pa vre.
Sa fe m sonje BLAG IV DEJAN an;
Misye di si w ta pase yon LWA pou di ke se FRANSE pou AYISYEN pale,se kom si ou pa t di anyen ;sou menm WOULIB lan pase yon LWA pou anpeche MOUN pale KREYOL?
Peyi an t ap PARALIZE;anyen pa t ap FONKSYONE!!!

ADELANTE Dok DEGRAFF!!!!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO  Empty Re: INISYATIV NIMERIK MIT-AYITI pou yon lekol TET AN WO

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum