Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  

 

 Dosye RANSON an-Yo pran LO an

Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Super Star
Super Star



Masculin
Nombre de messages : 17723
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Dosye RANSON an-Yo pran LO an Empty
MessageSujet: Dosye RANSON an-Yo pran LO an   Dosye RANSON an-Yo pran LO an EmptyMer 25 Mai 2022 - 7:12

A la papot ,Dosye sa a gen repekisyon.

PATRICK GASPARD ki se desandan AYISYEN rantre lan WON.Misye te yon ti jan TIMID anvan sa.

GASPARD se te desandan AYISYEN ki te gen plis ENFLIYANS ,ke nou pa konnen.Se misye ki te dirije KANPAY PREZIDANS OBAMA e le OBAMA te vin PREZIDAN ,li te premye KONSEYE sou zafe DOMESTIK OBAMA.
Lan 2zyem MANDA OBAMA a ,misye se te ANBASADE AMERIKEN lan AFRIK DI SID.
GASPARD te fet lan KONGO;papa l ak manman l se te AYISYEN.
Kounye an;GASPARD se PREZIDAN "CENTER FOR AMERICAN PROGRESS" pi gwo "think tank" pou DEMOKRAT yo.
Le PATRICK GASPARD mande REPARASYON lan men NATIONAL CITY BANK pou KOB yo VOLO ann AYITI ,se NOUVEL.

Men pou ki sa:

Okipasyon long Ayiti a kòmanse lè bank ki te vin Citigroup la ankouraje gouvènman ameriken an, dapre sa ki nan kèk dosye korespondans diplomatik pandan plizyè dizèn ane ak kèk lòt dosye.

Okipasyon long Ayiti a kòmanse lè bank ki te vin Citigroup la ankouraje gouvènman ameriken an, dapre sa ki nan kèk dosye korespondans diplomatik pandan plizyè dizèn ane ak kèk lòt dosye.
Give this article


Selam GebrekidanMatt ApuzzoCatherine PorterConstant Méheut
By Selam Gebrekidan, Matt Apuzzo, Catherine Porter and Constant Méheut
May 21, 2022
Read in EnglishLire en français
Nan fen yon jounen nan mwa desanm, 8 sòlda Lamarin ameriken antre tou dousman nan biwo santral Bank Nasyonal d Ayiti epi yo soti ak kèk bwat plen lò ki vo $500,000 dola.

Yo transpòte mago a nan yon charyo al bò lanmè a, pandan y ap pase nan mitan kèk lòt sòlda Ameriken an sivil ki t ap veye charyo a sou wout li. Kou yo rive nan dlo a, sòlda yo anbake bwat lò yo epi yo kouri al mete yo sou yon bato lagè ki t ap tann yo.

Nan de twa jou lò sa a te gentan nan kòfrefò yon bank Wall Street.

Lamarin fè operasyon sa a an 1914, anvan lame ameriken debake ann Ayiti. Nan sezon ete apre evènman sa a, Ameriken pran kontwòl peyi a epi yo gouvène li ak yon sistèm kraze zo pandan 19 an. Se te youn nan okipasyon militè ki pi long nan istwa Etazini. Menm apre sòlda ameriken yo kite peyi a an 1934, Ayiti te toujou sou kontwòl kèk ofisye finans ameriken ki t ap jere finans peyi a pandan yon lòt 13 an.

Etazini deklare sa te nesesè pou yo te fè yon envazyon ann Ayiti. Peyi a te tèlman pòv epi li te tèlman pa estab, si Ameriken pa t pran kontwòl li, yon lòt grann pisans t ap fè sa, nan yon peyi ki nan lakou Etazini. Se sa yo te bay kòm esplikasyon. Sekretè d Eta Robert Lansing dekri envazyon an kòm yon misyon sivil pou frennen “anachi, sovajri ak pèsekisyon” ann Ayiti, dapre sa li te kwè, jan l te deja ekri sa yon fwa: “Ras afriken an pa gen okenn kapasite pou l òganize tèt li politikman.”

ImageMilitè ameriken ann Ayiti an 1920.
Militè ameriken ann Ayiti an 1920.Credit...Times Wide World Photos

Men lè New York Times tcheke plizyè dizèn ane korespondans diplomatik, anpil rapò finansyè ak kèk dosye achiv, analiz yo montre, dèyè esplikasyon Etazini bay piblik la, te gen yon lòt men kache ki t ap travay di anpil. Men sa a t ap pouse Etazini al pran kontwòl peyi d Ayiti pou richès sa ta pral pote: pou Wall Street, espesyalman pou bank ki ta pral vin rele Citigroup la.

Anba gwo presyon National City Bank, non Citigroup te genyen anvan an, Ameriken mete Fransè deyò pou l domine Ayiti pandan plizyè dizèn ane. Etazini brake zam sou palman an pou l kraze l, Etazini touye plizyè milye moun, li kontwole finans peyi a pandan plis pase 30 ane, li transfere yon bon valè nan lajan Ayiti fè al mete nan bank Nouyòk. Epi lè l pati li kite yon peyi si tèlman pòv dèyè, kiltivatè ki t ap fè lajan pou peyi a te prèske pa gen anyen pou yo manje, “yo te prèske ap viv nan grangou,” dapre kèk ofisyèl Nasyonzini an 1949, tousuit apre Ameriken te lage sa.

Men sa Jeneral Smedley Butler, yon lidè fòs Lame ameriken ki te Ayiti, te ekri an 1935: “Mwen te ede chanje figi Ayiti ak Kiba pou ti mesye National City Bank yo vin fè lajan.” Li te dekri tèt li kòm: “Raketè pou sistèm kapitalis la.”

Image
Bank ki vin tounen Citigroup la goumen anpil pou Etazini pran kontwòl Ayiti.
Bank ki vin tounen Citigroup la goumen anpil pou Etazini pran kontwòl Ayiti.Credit...Hiroko Masuike/The New York Times

Depi plis pase yon syèk, yo mete etikèt sa yo sou do Ayiti: peyi dezas, yon ka pèdi, yon kote ki pòv, yon peyi k ap toufe anba dèt, ki manke tout bagay epi kote moun pa respekte lalwa. Se yon kote ki toujou bezwen yo sove l. Yo asasinen prezidan an nan chanm lakay li, kidnapin nan kapital la, yon pakèt migran ayisyen pati al nan peyi Etazini, tout sa yo montre se yon peyi ki toujou nan yon toubiyon dezespwa kote kèk grann pisans voye swa sòlda yo oswa yon bann èd, epi tou sa pa janm rezoud poblèm peyi a.

Men pil dokiman ak dosye finansyè Times tcheke ni an Ayiti, ni nan peyi Etazini, ni an Frans, montre nan ki pwen kèk peyi etranje lakòz mizè peyi d Ayiti epi konbyen fwa etranje pran kontwòl Ayiti epi yo prezante sa tankou se ede yo vin ede peyi a.

Distans sòlda Lamarin amerikèn yo debake an 1915, Ayiti te deja fè plis pase 100 an ap bay Lafrans yon gwo pòsyon nan ti lajan li t ap antre. Malgre Ayisyen te fin dechouke pwopriyetè esklav li yo, bat sòlda Napoleon epi deklare endepandans li an 1804, Fransè yo tounen ak bato lagè epi yo te egzije peyi a peye yon pakèt lajan ak menas pou l fè Ayiti lagè.

Se kon sa Ayiti vin premye peyi ak sèl peyi kote pitit pitit esklav peye fanmi ansyen kolon yo pandan plizyè jenerasyon, kote sa deranje nouvo nasyon an prèske depi nan fondasyon li.

Apre sa bankye fransè yo debake, yo vin fwote lajan prete nan figi peyi a jiskaske yo prete lajan bay yon peyi ki fin fini apre l pase plizyè dizèn ane ap peye Lafrans. Fransè yo pran si tèlman anpil lajan nan komisyon, nan enterè epi nan lòt frè, gen kèk ane, benefis envestisè fransè yo fè te plis pase bidgè travo piblik gouvènman ayisyen an prevwa pou tout peyi a.

Apre sa Ameriken yo debake, gen de fwa yo fè konnen entèvansyon pa yo a se te pou defann “souverènte” pèp Ayisyen an. Epi men jan sa te pwofitab pou plizyè jenerasyon bakye Parizyen, Ayiti te pwofitab tou pou Wall Street. Dapre rapò National City Bank te prezante komite finans Sena a an 1932, bank lan fè pi gwo pwofi li pa t janm fè nan epòk 1920 sou yon lajan prete li t ap jere ann Ayiti.

Kounye a nan pwofil piblik Citigroup, yo pa menm mansyone istwa kon sa. Yo apèn mansyone Ayiti nan lis dat espesyal konpayi a. Konpayi a refize ban nou konsilte achiv li epi li di li pa t kab jwenn okenn enfòmasyon sou okenn gwo lajan yo te prete Ayiti.

Dapre pèske 2 douzèn rapò ofisyèl ameriken pibliye epi jounal Times analize, yon ka nan an, pandan plizyè dizèn ane, yon ka nan lajan Ayiti fè te al peye dèt nasyonal nan City Bank ak konpayi ki te afilye avè li. Chif sa a te 5 fwa plis pase kantite lajan gouvènman an t ap depanse nan lekòl leta ann Ayiti nan epòk la.

Epi kèk ane, ofisye ameriken ki t ap jere lajan Ayti yo depanse plis nan lajan peyi a nan peye salè ak depans pa yo pase sa yo t ap depanse nan swen sante pou tout peyi a ki te gen apeprè 2 milyon moun.

Georges Léger, yon avoka ayisyen di kèk senatè ameriken an 1932: “Nou sou dominasyon nèt” anba men Etazini. Li t ap esplike yo jan Ayisyen pa t dakò menm ak kontwòl politik ak kontwòl finansyè sa a sou peyi yo a tou, “jis pou yo satisfè yon gwoup bankye New York.”

O kòmansman, anpil palemantè ameriken pa t vle gen anyen arevwa ak Ayiti epi yo te iyore endepandans Ayiti kategrikman. Malgre Ayisyen te goumen kòt a kòt ak Ameriken pandan Lagè Revolisyon nan peyi pa yo, Etazini refize rekonèt Ayiti kòm yon peyi endepandan pandan plis pase 60 ane, paske l te pè pou istwa Ayiti a pa t ankouraje moun ki te nan lesklavaj leve kanpe pou yo ranvèse pwopriyetè pa yo.

Men nan kòmansman 20yèm syèk la, pandan enfliyans Etazini nan emisfè a tap deplwaye, Ameriken wè yon nesesite ak yon opòtinite. Yo te vle kraze enfliyans ewopeyen yo nan rejyon an, enfliyans Almay espesyalman, epi yo te dekouvri Lafrans te deja okouran: gen anpil opòtinite pou moun fè kòb tou.

Kèk istoryen kontinye fè deba sou eritaj okipasyon ameriken an ak jan sa enfliyanse Ayiti, oswa jan sa kontinye enfliyanse Ayiti jis kounye a. Gen moun ki di se gras a okipasyon ameriken ki fè te gen lòd nan yon epòk kote te gen anpil vyolans ak koudeta ann Ayiti. Gen lòt moun ki di Ameriken touye moun ki te nan opozisyon an, yo tire sivil ki t ap manifeste, yo touye moun san yo pa mennen yo lajistis epi yo enpoze lwa masyal tanzantan pou yon bon valè tan.

Image
Marin ameriken k ap monte yon bato ki pral Ayiti an 1915.
Marin ameriken k ap monte yon bato ki pral Ayiti an 1915.Credit...Getty Images

Gen kèk istoryen ki bay kèk egzanp reyalizasyon konkrè, tankou lopital yo te bati, 1200 kilomèt wout yo fè ak sèvis leta ki mache pi byen. Men yo siyale Ameriken te fè moun fè travay fòse tou, sòlda yo te mare travayè yo ak kòd, yo te fè Ayisyen konstwi wout san yo pa peye yo epi sòlda yo tire sa ki eseye sove yo.

Jiska prezan, kèk lòt istoryen di jan ameriken vare soute pran tè moun ann Ayiti deklanche te youn nan pi gwo pwoblèm ki pi difisil pou rezoud e k ap trakase anpil peyi jodi a: migrasyon anpil Ayisyen nan anpil lòt peyi nan rejyon an.

Kèk espè Nasyonzini ki t al vizite Ayiti nan fen ane 1940 yo, yon ti tan, pa twò lontan apre Ameriken te remèt pran kontwòl finans peyi a, te jwenn yon peyi pòv ki t ap trennen dèyè “pi mal pase lòt peyi ak lòt teritwa nan rejyon an.” Majorite vil yo pa t gen limyè, yo pa t gen sistèm tourego epi yo pa t gen wout asfalte. Sou chak 6 timoun, se apèn si te gen youn ki t al lekòl.

Konseye finansyeè ameriken yo te tèlman enterese nan peye dèt Ayiti, ak dèt yo menm yo te mete sou do peyi a, malgrenkèk moun te konteste dèt sa yo, sa te fè Prezidan Herbert Hoover mete yon komisyon sou pye pou mennen yon ankèt sou okipasyon ameriken an. Menm komisyon sa a te kesyone “sajès jan bak peyi a te mennenkalite solisyon sa a.”

Dapre rapò sa a ki te fèt an 1930, “sa te kab pi bon” pou yo teta kenbe “plis lajan nan peyi a piske esperyans ki fèt te deja montre yo te bezwen lajan an anpil.”

Plis pase yon syèk apre Lamarin amerikèn debake, Etazini toujou rete yon prezans enpòtanpèmanan nan politik Ayiti. Wachintonn sipòte plizyè prezidan youn dèyè lòt, pafwa yo te menm sipòte Duvalier yo, eni papa eni pitit, 2 diktatè sa yo ki te dirije peyi a pandan prèske 30 an apre okipasyon an. Jovenel Moïse, li menm tou li te jwenn api 2 prezidan ameriken malgre te gen tout yon pakèt prèv gouvènman l lan t ap fè kèk abi ki te fè moun ki te nan opozisyon kont sistèm otokrat li a mande anrafache anpil.

Lè Daniel Foote, yon ansyen diplomat ameriken, kite pozisyon l lan ane pase, li lonje dwèt sou jan ameriken t ap maltrete refijye ayisyen ak kout fwèt. Men li te soulve yon pwen ki pa t atire atansyon moun menm jan: lè peyi etranje mete bouch nan zafè Ayiti, sa pase mal pou Ayiti.

Foote te ekri: “Sa zanmi ayisyen nou yo vle toutbon ; sa yo bezwen, se opòtinite pou yo trase chemen pa yo, san lamayòt entènasyonal.”

Image
Marin ak kèk gid lokal an 1919.
Marin ak kèk gid lokal an 1919.Credit...Getty Images

‘Sa pa nan enterè peyi Etazini’
An 1826, Robert Y. Hayne ki soti Kawolin di Sid pale ak kòlèg palmantè ameriken li yo, li di yo: “Ann fè sa ki merite fèt la.” Afè endepandans Ayiti a se te yon sijè “lapè ak sekirite yon bon pati nan Inyon nou an anpeche nou pale de li.”

Pandan plizyè dizèn ane, plantè nan sid Etazini te gen enkyetid konsènan Ayiti, premye peyi nasyon monn modèn nan ki libere tèt li apre esklav li yo te revòlte. Hayne te byen plase pou l fè moun pè peyi sa a: se yon moun ki te fèt sou yon plantasyon diri ki t ap defann esklavaj anpil, yon lè li te posede 140 esklav.

Hayne te pwokirè jeneral epòk te gen yon rebelyon Denmark Vesey, yon nèg lib ki soti nan Antiy yo te dirije, men ki pa t reyisi. Menm jan ak lòt moun epòk la, Hayne te kwè si yo te rekonèt Ayiti kòm peyi endepandan oswa si yo te menm diskite afè esklavaj la, sa “t ap mete enterè nou an danje.”

Hayne t ap pale devan Kongrè a, li di: “Politik nou, konsènan Ayiti, se yon bagay ki senp. Nou pa dwe janm rekonèt endepandans li.”

Se pandan Gè sivil la, apre Eta nan sid yo kite inyon an, Prezidan Abraham Lincoln vin rekonèt Ayiti. Li te wè Ayiti, ansanm ak Liberia, kòm kote Ameriken nwa ki te lib yo te kab ale epi li te voye kèk santèn kon sa al enstale yo nan peyi sa yo.

Nan kòmansman 20yèm syèk la, Ayiti twouve l nan mitan plizyè koze ki nan enterè ameriken. Peyi a te anfas Kanal Panama yo t ap bati nan Lanmè Karayib la. Etazini te pran kontwòl Pòtoriko epi lajan ameriken te anvayi plantasyon kann Kiba yo. Taks yo te mete sou machandiz ki t ap antre soti nan Repiblik Dominikèn, ki pataje zile a ak Ayiti, te sou kontwòl ameriken.

Fransè yo te gen enfliyans toujou ann Ayiti, men an 1910, Etazini te wè yon opòtinite pou l met pye ann Ayiti: reyòganizayon bank nasyonal la.

Se non nasyonal la sèlman bank lan te pote. Bank sa a ki te sou kontwòl yon komisyon Pari, se Crédit Industriel et Commercial yon bank fransè ki te kreye li an 1880. Bank nasyonal la te la pou fè gwo benefis pou envestisè fransè li yo ak moun ki te gen aksyon ladan. Se bank sa a ki gen kontwòl lajan peyi d Ayiti. Gouvènman ayisyen an pa t menm kab fè depo oswa depanse lajan san l pa peye yon komisyon sou tranzaksyon an. Finalman otorite yo Ayiti akize bank lan pou fwòd epi li mete kèk anplwaye bank lan nan prizon.

Plis Ayisyen vin pa fè bank Nasyonal la konfyans, envestisè fransè ak envestisè alman t ap kouri fè kèk lòt envestisè ann Ewòp pran achte bank lan. Gouvènman Etazini an di sa pap pase kon sa. Depatman d Eta peyi Etazini rele pwopozisyon sa a yon menas ni pou Etazini, ni pou byennèt ak endepandans pèp Ayisyen an.

Yon ofisyèl wo nivo Depatman d Eta a fin dechennen lè l tande tranzaksyon sa a an 1910 epi li di: “Sa pa nan enterè peyi Etazini, se yon bagay ki denigran pou souverènte peyi d Ayiti,” se pa yon tranzaksyon yo kab pèmèt pou l fèt.

Sekretè d Eta Philander Knox envite kèk bankye Wall Street vin Wachintonn epi li ankouraje yo envesti nan Bank Nasyonal Ayiti a. 4 bank ameriken, pami yo National City Bank of New York, achte yon bon valè nan aksyon bank lan. Yon lòt bank ann Almay achte yon lòt pòsyon. Men pi fò aksyon yo rete Pari.

Okenn Ayisyen pa t gen aksyon pou kontwole bank lan. Yon lòt fwa ankò, se etranje sèlman ki t ap dirije Bank Nasyonal Repiblik d Ayiti .

Jean Coradin, yon istoryen ayisyen, ansyen anbasadè nan Nasyonzini, ekri: “Se premye fwa nan istwa relasyon nou ak Etazini kote Etazini pale piblikman kon sa nan afè nou.”

Kou yo fin refòme bank lan, nouvo bank nasyonal la fè menm sa moun ki te la avan yo te fè: yo fè gouvènman ayisyen an peye pou chak depo epi pou chak depans, pandan bank lan ap fè gwo benefis pou moun ki te gen aksyon nan bank lan ki te rete aletranje.

Bank lan prete gouvènman ayisyen lajan. Apre yo fin wete komisyon ak benefis sou kòb sa a, Ayiti resevwa $9 milyon dola, malgre sa yo te oblije peye yon total $12.3 milyon dola.

Ayisyen yo kòmanse ap kalkile ki politisyen yo bay kòb pa anba pou fè yon move afè kon sa. Bank lan te tèlman gen pouvwa sou peyi a, yon prezidan ki t ap blage an piblik si peyi l la pa t fè kado endepandans li.

Envestisè fransè yo te gen enkyetid konsènan jan kontwòl ameriken t ap ogmante, ak rezon. Aktivite ameriken nan Bank Nasyonal la se te kòmansman yon kanpay pou mete Fransè yo deyò ann Ayiti, epi se yon sèl moun ki t ap chofe tèt ameriken yo.

Image
Bank Nasyonal d Ayiti an 1907.
Bank Nasyonal d Ayiti an 1907.

Se non nasyonal la sèlman bank lan te pote. Bank sa a ki te sou kontwòl yon komisyon Pari, se Crédit Industriel et Commercial yon bank fransè ki te kreye li an 1880. Bank nasyonal la te la pou fè gwo benefis pou envestisè fransè li yo ak moun ki te gen aksyon ladan. Se bank sa a ki gen kontwòl lajan peyi d Ayiti. Gouvènman ayisyen an pa t menm kab fè depo oswa depanse lajan san l pa peye yon komisyon sou tranzaksyon an. Finalman otorite yo Ayiti akize bank lan pou fwòd epi li mete kèk anplwaye bank lan nan prizon.

Plis Ayisyen vin pa fè bank Nasyonal la konfyans, envestisè fransè ak envestisè alman t ap kouri fè kèk lòt envestisè ann Ewòp pran achte bank lan. Gouvènman Etazini an di sa pap pase kon sa. Depatman d Eta peyi Etazini rele pwopozisyon sa a yon menas ni pou Etazini, ni pou byennèt ak endepandans pèp Ayisyen an.

Yon ofisyèl wo nivo Depatman d Eta a fin dechennen lè l tande tranzaksyon sa a an 1910 epi li di: “Sa pa nan enterè peyi Etazini, se yon bagay ki denigran pou souverènte peyi d Ayiti,” se pa yon tranzaksyon yo kab pèmèt pou l fèt.

Sekretè d Eta Philander Knox envite kèk bankye Wall Street vin Wachintonn epi li ankouraje yo envesti nan Bank Nasyonal Ayiti a. 4 bank ameriken, pami yo National City Bank of New York, achte yon bon valè nan aksyon bank lan. Yon lòt bank ann Almay achte yon lòt pòsyon. Men pi fò aksyon yo rete Pari.

Okenn Ayisyen pa t gen aksyon pou kontwole bank lan. Yon lòt fwa ankò, se etranje sèlman ki t ap dirije Bank Nasyonal Repiblik d Ayiti .

Jean Coradin, yon istoryen ayisyen, ansyen anbasadè nan Nasyonzini, ekri: “Se premye fwa nan istwa relasyon nou ak Etazini kote Etazini pale piblikman kon sa nan afè nou.”

Kou yo fin refòme bank lan, nouvo bank nasyonal la fè menm sa moun ki te la avan yo te fè: yo fè gouvènman ayisyen an peye pou chak depo epi pou chak depans, pandan bank lan ap fè gwo benefis pou moun ki te gen aksyon nan bank lan ki te rete aletranje.

Bank lan prete gouvènman ayisyen lajan. Apre yo fin wete komisyon ak benefis sou kòb sa a, Ayiti resevwa $9 milyon dola, malgre sa yo te oblije peye yon total $12.3 milyon dola.

Ayisyen yo kòmanse ap kalkile ki politisyen yo bay kòb pa anba pou fè yon move afè kon sa. Bank lan te tèlman gen pouvwa sou peyi a, yon prezidan ki t ap blage an piblik si peyi l la pa t fè kado endepandans li.

Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star



Masculin
Nombre de messages : 17723
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Dosye RANSON an-Yo pran LO an Empty
MessageSujet: Re: Dosye RANSON an-Yo pran LO an   Dosye RANSON an-Yo pran LO an EmptyMer 25 Mai 2022 - 7:24

Yo pran LO an-2zyem PATI
https://www.nytimes.com/ht/2022/05/21/world/ayiti-wall-street-etazini-det.html

Envestisè fransè yo te gen enkyetid konsènan jan kontwòl ameriken t ap ogmante, ak rezon. Aktivite ameriken nan Bank Nasyonal la se te kòmansman yon kanpay pou mete Fransè yo deyò ann Ayiti, epi se yon sèl moun ki t ap chofe tèt ameriken yo.

Image
Batiman U.S.S. Machias transpòte lò soti Bank santral d Ayiti ale Nouyòk.
Batiman U.S.S. Machias transpòte lò soti Bank santral d Ayiti ale Nouyòk.

Yo pran Lò a
Roger Leslie Farnham te yon ansyen jounalis ki te vin ap travay kòm lòbiyis lè National City Bank pran l pou l travay pou yo an 1911.

Sa yo te mande l fè se defann enterè bank lan nan peyi etranje. Premye kote li ale se ann Ayiti. Li vwayaje toupatou nan peyi a sou kèk cheval li te pote sot Wyoming, epi, se kon sa, li vin sous enfòmasyon sou Ayiti ki pi fyab pou gouvènman ameriken an.

Image
Roger L. Farnham
Roger L. FarnhamCredit...Cannaday Chapman

Image
William Jennings Bryan
William Jennings BryanCredit...Cannaday Chapman

Farnham se yon moun ki te deja koni Wachintonn pou mannèv li fè pou konvenk Kongrè ameriken an pou l chwazi Panama pou mete kanal la. Li te konn pase souvan nan Depatman d Eta epi li te bon zanmi William Jennings Bryan, sekretè d Eta sou Prezidan Woodrow Wilson.

Bryan pa t konn anpil bagay sou nasyon sa a nan Karayib la. An 1912, li envite John H. Allen, manadjè Bank Nasyonal d Ayiti ki te vin vis prezidan National City Bank, pou l “vin di mwen tout bagay sou Ayiti.”

Dapre sa Allen sonje konsènan rankont sa a, Bryan te etone pou sa l te tande yo.

Allen di Sekretè d Eta a: “Mezanmi, tande yon koze! Nèg nwa k ap pale fransè.”

Malgre Bryan te di li pa kontan ak aktivite Wall Street yo nan kanpay politik li yo, li te deklare “nou pa dwe krisifye limanite sou yon kwa an lò,” li te fè Farnham konfyans kanmenm ak konsèy li t ap pran nan men l yo. De mesye sa yo fè konesans Wachintonn, youn te konn voye telegram bay lòt epi youn te konn ekri lòt lèt konfidansyèl. Yo te si tèlman vin bon zanmi, Bryan te mande Farnham apwobasyon li pou nouvo moun li t ap anplwaye nan gouvènman an.

Farnham pwofite amitye sa a pou l mande Etazini debake ann Ayiti, pandan l siyale posiblite pou Alman yo ta vin pran kontwòl peyi a. Lè sa a aktivite National City Bank t ap ogmante ann Ayiti. Wall Street te kòmanse met anpil presyon sou lidè yo lè l kenbe lajan li t ap kontwòle nan bank nasyonal la.

Kèk mwa apre, Depatman d Eta adopte sa kèk diplomat rele “Plan Farnham nan,” li detaye jan ameriken ta pral pran kontwòl tout enpo sou machandiz yo enpòte ak sa y ap espòte, se te yon sous lajan enpòtan pou peyi a.

Malgre Ameriken te gen mwens aksyon nan bank nasyonal la, pi devan Farnham di Kongrè ameriken an Lafrans te twò okipe ak Premye gè mondyal la pou l jere bank nasyonal la. Poutèt sa, li di: “se New York k ap jere bank lan kounye a.” Depatman d Eta ekri yon konvansyon epi li voye Farnham pote l ale.

Palmantè ayisyen yo joure minis afè etranjè yo a pou antant sa a. Yo akize li kòm moun k ap “eseye vann peyi a bay Etazini ” epi yo te menm eseye pase raj yo sou li ak “kèk bon kout pwen.” Sa te fè l kouri kite rankont lachanm nan “nan mitan yon pakèt deblozay,” dapre yon telegram Depatman d Eta.

Bank nasyonal la pini yo poutèt yo refize: bank lan kenbe lajan yo, epi gouvènman ayisyen an, ki te deja mele ak pwoblèm politik ak pwoblèm ekonomik, vin pi enstab toujou. Peyi a chanje prezidan senk fwa nan twa ane apre yon koudeta apre lòt, kèk nan yo se kòmèsan alman nan Pòtoprens ki te finanse yo, dapre ofisyèl ameriken ki te la epòk la.

Apre sa an desanm 1914, Depatman d Eta vin aji ankò, men fwa sa a ak plis fòs. Bryan otorize entèvansyon Lamarin Amerikèn ki sezi $500,000 dola lò apre l te fin pran kèk konsèy nan men Farnham ala dènyè minit.

Gouvènman ayisyen an te fache, yo di aksyon sa a se te yon vòl a men ame yo fè nan bank santral la epi se yon “envazyon souverènte” yon nasyon endepandan. Etazini pa okipe plent lan, li esplike li pran lò a pou pwoteje “enterè Ameriken ki te trè menase.”

Dapre kèk istoryen, politisyen ameriken ak bankye yo pa toujou antann yo. Dapre Peter James Hudson, yon pwofesè Etid sou Ameriken Nwa ak Istwa nan Inivèsite Kalifòni ki ekri yon rapò sou aksyon Wall Street nan Karayib la, di: “Relasyon ant Wall Street ak Wachintonn te konplike. Se yon seri konfyolo, men gen de fwa yo kontradiktwa.”

Kèk fwa, Bryan chanje pawòl li sou wòl Amerika ann Ayiti. Li panse Ayiti te bezwen pwoteksyon Ameriken men li te gen retisans pou l aji nan enterè Wall Street.

Nan yon lèt li voye bay Prezidan Wilson, li ekri: “Se posib gen rezon pou fè yon entèvansyon, mwen pa renmen lide pou debake nan yon peyi pou rezon ekonomik sèlman.”

Men Farnham met presyon sou li, li deklare sa istoryen Hans Schmidt rele yon menas, Farnham avèti: “Tout biznis ameriken t ap kite Ayiti, si gouvènman Etazini pa fè sa ki nesesè pou pwoteje enterè biznis yo.”

Alafen, Bryan ekri Prezidan Wilson pou fè l konnen li dakò ak envazyon an.

Li ekri: “Konpayi ameriken yo dakò rete nan peyi a pou yo achte plis aksyon pou yo gen kontwòl bank lan epi pou yo fè bank lan vin yon branch Bank ameriken.” Li ajoute: “Yo pare pou yo fè sa depi Gouvènman sa a fè sa ki nesesè pou pwoteje yo.”

Image
Yon Ameriken k ap pran foto ak kadav Ayisyen yo touye nan batay ak marin yo an 1915.
Yon Ameriken k ap pran foto ak kadav Ayisyen yo touye nan batay ak marin yo an 1915.Credit...Getty Images

‘Tonton Sam fè ladènye’
Nan mwa jiyè 1915, yon gwoup moun ki an kòlè rale prezidan ayisyen an met deyò nan konsila fransè a epi yo touye l, youn nan aksyon politik Wall Street te pè yo. Gen kèk istoryen ki di sitiyasyon an te vin pi grav lè yo kenbe kòb yo te dwe bay gouvènman an ki te deja tou fèb epi pran lò peyi a.

Sòlda ameriken debake nan peyi a menm jou a.

Envazyon an suiv yon plan detaye Lamarin amerikèn te deja prepare depi ane pase. Sòlda ameriken yo pran kontwòl biwo prezidan an, yo pran kontwòl dwàn yo epi yo ranmase lajan moun peye sou sa yo enpòte ak sa yo espòte.

Ameriken yo enstale yon gouvènman pope twèl, epi distans sezon prentan rive Ayiti te gen tan siyen yon kontra pou Etazini gen tout kontwòl finans peyi a. Konseye ameriken yo kontwole tout lajan k ap antre epi se yo ki ni apwouve tout depans, ni rejte yo.

Lwa masyal vin tounen lwa peyi a. Yo met baboukèt nan bouch jounal prive yo epi yo met kèk jounalis nan prizon.

Ameriken di se paske Ewopeyen yo ta pral pran kontwòl Ayiti, Almay espesyalman, ki fè yo fè envazyon an.

Sekretè d Eta Lansing di: “Si Etazini pa t pran reskonsablite sa a, kèk lòt grann pisans t ap pran li.” Se Lansing ki te ranplase Bryan yon mwa anvan envazyon an.

Image
Robert Lansing
Robert Lansing
Credit...Cannaday Chapman

Lansing te rasis, sa te avegle l tou. Yon lè li te ekri moun nwa “engouvènab,” yo gen “yon tandans pou yo retounen nan sistèm sovaj la epi pou yo jete chèn sivilizasyon an ki fè yo mal nan tout kò yo.”

Sistèm rasis la enfliyanse plizyè aspè nan okipasyon an. Anpil administratè peyi Etazini te bay gwo pozisyon nan gouvènman an te soti nan Eta ki nan pati sid peyi a epi yo pa t wont fè moun konnen lide yo te genyen sou sa k ap pase nan lemonn.

John A. McIlhenny, yon eritye fòtin sòs Tabasco nan Lwizyàn ki te batay nan rejiman Theodore Roosevelt la ki te rele ‘Rough Riders’ pandan lagè Panyòl kont Ameriken an, yo te ba li pozisyon konseye finansyè ameriken an 1919, epi l te gen anpil kontwòl sou bidjè Ayiti.

Nan youn nan dine ofisyèl yo te fè anvan yo te nonmen li, McIlhenny pa t kab sispann gade yon Minis ayisyen. Apre sa li di Franklin D. Roosevelt: “Nèg sa a si yo t ap vann li nan yon vant ozanchè yo t ap bay $1,500 dola pou li nan Nouvèl Òleyan an 1860 poutèt li byen kanpe.”

Image
John A. McIlhenny
John A. McIlhenny
Credit...Cannaday Chapman

Tousuit apre okipasyon an, dirijan ameriken yo kòmanse fè wout ki konekte kèk zòn nan mòn ak kèk zòn pre lanmè. Pou yo fè sa, yo rekòmanse sistèm kòve a, se te yon lwa ayisyen 19yèm syèk sou kontra travay.

Lwa a te mande pou sitwayen travay sou yon pwojè devlopman piblik ki pre lakay yo pandan kèk jou pa ane olye yo peye enpo. Men lame Ameriken ansanm ak yon seri sòlda yo te antrene epi yo t ap jere, arete gason epi fòse yo travay lwen lakay yo san yo pa peye yo. Ayisyen ki te rich yo peye pou yo pa fè yo al travay, men lwa a te pran moun ki pòv yo nan pyèj.

Ayisyen yo wè sa tankou se nan lesklavaj yo te tounen ankò epi yo revòlte. Nèg a zam, yo te rele Kako, pati al nan mòn epi yo kòmanse yon rebelyon kont fòs ameriken yo. Travayè yo te fòse al nan kòve sove kite sòlda ki te vin pran yo a pou y al antre nan batay la.

Charlemagne Péralte, yon lidè Kako, raple revolisyon Ayiti kont Lafrans lan epi li lanse yon apèl bay konpatriyòt li yo pou yo “voye moun ki te anvayi peyi a yo nan lanmè.”

Men sa ki te make nan yon afich sou yon mi Pòtoprens: “Okipasyon sa a pase nou nan tenten nan tout sans.”

Yon afich make: “Viv endepandans.” Gen yon lòt ki make: “Aba Ameriken!”

Ameriken yo reyaji ak anpil fòs. Sòlda yo mare travayè yo ak kòd pou anpeche yo sove. Moun ki te eseye pati kite yon kòve yo te trete yo kòm moun ki t ap dezète, epi lame te tire anpil ladan yo. Kòm avètisman, sòlda lamarin yo touye Péralte epi yo distribiye foto li ki mare nan yon pòt, tankou yon moun yo krisifye.

Kèk dosye militè yo met deyò san otorizasyon nan epòk sa a montre “asasinen moun san rezon nan peyi a se yon bagay ki t ap fèt pandan lontan,” yo touye 3,250 Ayisyen. Lè Kongrè a kòmanse fè envestigasyon an 1921, lame ameriken desann chif la, yo di se 2,250 Ayisyen ki te pèdi lavi yo pandan okipasyon an. Leta Ayisyen denonse sa kòm yon chif ki twò ba. Te gen apeprè 16 sòlda Lamarin ameriken ki te mouri tou.

An 1936, Antoine Bervin, yon jounalis ayisyen ki te yon diplomat tou, ekri: “Se te yon rejim militè ki te sevè, se tonton Sam k ap fè ladènye.”

De twa premye ane envazyon an pa t regle anyen pou Ayiti ekonomikman. Konseye prezidan ameriken an te voye ann Ayiti yo pran jiska 5 pou san nan tout lajan Ayiti ranmase pou peye salè ak depans pa yo. Gen de fwa yo depanse plis pase sa yo t ap depanse nan swen sante pou tout peyi a.

An 1917, Etazini di Asanble Nasyonal Ayiti a pou yo ratifye yon nouvo konstitisyon pou yo otorize etranje posede tè nan peyi a. Depi apre endepandans lan, Ayisyen te fè sa ilegal pou etranje posede tè nan peyi a kòm yon senbòl libète yo epi pou kreye yon defans kont envazyon.

Lè palmantè ayisyen yo refize chanje konstitisyon an, Jeneral Butler disoud palman an ak sa yo rele “bon jan metòd Lamarin.” Sòlda yo rantre nan palman an, yo rale zam sou palmantè yo epi yo di yo ale. Ameriken yo fè yon nouvo konstitisyon Franklin Roosevelt swadizan di pi devan se li ki te ekri l ak men pa li.

Biznis ameriken anfèmen plizyè milye kawo tè pou fè jaden, yo fòse kiltivatè vin travay pou ti monnen nan peyi yo oswa pati al travay nan lòt peyi tou pre yo pou yo touche pi byen. Yon lè konpayi sik ayisyen ameriken ki te rele “Haitian-American Sugar Company” (HASCO) a t ap vante tèt li devan envestisè li yo nan di se 20 santim sèlman li peye travayè pou yon jounen travay ann Ayiti, konpare ak $1.75 dola nan Kiba.

Dapre istoryen ayisyen Suzy Castor, yo te peye timoun ak fi 10 kòb pa jou.

Kèk plantè te ale Kiba ak Repiblik Dominikèn, dapre kèk istoryen sa te deklannche efè ki te pi dire akòz okipasyon amerikèn nan: imigrasyon ayisyen an mas ale nan lòt peyi nan Amerik la.

Weibert Arthus, anbasadè Ayisyen Canada epi istoryen, li di: “Sa se yon gwo eritaj.”

Jan sekretè d Eta Bryan te sijere nan lèt li te ekri anvan envazyon an, Farnham pa t satisfè ak kontwòl yon pòsyon nan Bank Nasyonal d Ayiti a, poutèt sa li travay ak depatman d Eta pou l pran kontwòl peyi a nèt. An 1920, National City Bank achte tout aksyon bank nasyonal la pou $1.4 milyon dola, pou l ranplase Fransè yo kòm pouvwa finansyè ki domine ann Ayiti.

Avèk kontwòl Bank Nasyonal d Ayiti a, ak lame k ap pwoteje enterè ameriken, Farnham kòmanse aji tankou yon anvwaye ofisyèl, anpil fwa se abò kèk bato lagè li te konn vwayaje, dapre kèk istoryen.

James Weldon Johnson, sekretè egzekitif Asosiyasyon Nasyonal pou Avansman Moun Nwa, ki vizite Ayiti an 1920, ekri: “Pawòl Mesye Farnham pi enpòtan pase pawòl nenpòt moun nan zile a.”

Farnham pa t pè di sa l gen pou l di sou Ayiti ak sou pèp ayisyen an.

Men sa l te di kèk senatè ki t ap fè rechèch sou okipasyon an “Ou kab montre Ayisyen an kouman pou l travay byen ak kouman pou l bay bon rannman.” Pi devan li di: “Si chèf militè yo kite Ayisyen an repo l ap ret an pè tankou yon timoun piti, epi li p ap fè okenn dega.”

Li ajoute: “Dayè, se pa lòt bagay, yo se yon bann timoun ki gen kò granmoun.”

Image
Marin ki enstale yo nèt Cap-Haïtien an 1915.
Marin ki enstale yo nèt Cap-Haïtien an 1915.Credit...Getty Images

“Ayiti pa vle prete lajan sa a”
Pandan 5 an, kèk ofisyèl ameriken ensiste pou Ayiti prete lajan nan men bank Nouyòk pou fin peye lòt dèt li genyen. Epi pandan 5 an, Ayisyen yo ap reziste.

Pierre Hudicourt, yon avoka ayisyen ki te reprezante Ayiti nan negosiyasyon dèt li yo, ekri: “Ayiti pa vle prete lajan sa a. Ayiti pa bezwen lajan prete.”

Ayisyen te konnen nenpòt nouvo lajan yo ta prete, sa t ap bay konseye finansyè ameriken yo plis otorite pou yo detèmine avni peyi a de lwen. McIlhenny, eritye Tabasco yo te bay djòb konseye finansyè a, pase majorite tan li sou plantasyon anana li te genyen Lwizyàn nan pandan l ap touche yon gwo chèk kòm salè nan lajan Ayiti ranmase nan enpo. Li te koupe salè kèk ofisyèl ayisyen ki pa t dakò avè li.

Vè 1922, Etazini te detèmine pou fè yon aranjman pou Ayiti prete yon lajan nan men Wall Street. Lè Ameriken bouke ak rezistans yo te jwenn, yo enstale Louis Borno kòm prezidan, se te yon bon politisyen ki pa t fin rayi okipasyon an.

Borno renmen Mussolini anpil epi li te gen lide fachis pou devlopman rapid Ayiti anba kontwòl ameriken, dapre kèk istoryen. Yon fwa li ekri, envazyon an “vin jwenn nou lè nou te nan yon pwen kote nou ta pral fè san koule epi sa sove nou.” Kèk semèn apre li monte sou pouvwa a, li bay pèmisyon li pou peyi a prete lajan nan men bank Nouyòk.

Image
Louis Borno
Louis Borno
Credit...Cannaday Chapman

National City Bank, ki te pwopriyetè bank nasyonal la, prete yon premye lajan apre l fin jwenn garanti Etazini li va jere finans Ayiti jiskaske yo fin peye dèt la. Alafen, bank lan vin gen kontwòl prèske tout dèt etranje Ayiti te genyen.

Men jan sa te ye pandan 19yèm syèk la, anpil fwa Ayiti te gen twòp dèt pou l envesti nan pèp li. Menm Borno, nan konvèsasyon li ak kèk gwo zotobre National City Bank nan Nouyòk, di yo Ayiti ap peye dèt li pi vit pase jan Etazini peye dèt pa li.

Ayiti kontinye peye dèt li menm lè mache labous la te fè fayit an 1929 ak dezas ekonomik ki vin apre sa a. Plizyè ane anba move kondisyon ekonomik, ak jan pri kafe a te bese nèt sa vin met peyi a nan yon sitiyasyon ki pi difisil pou jan yo te konn konte sou kafe a. Moun kòmanse ap fè manifestasyon kont Etazini ak kont Borno ki t ap fè sa Etazini te mande l.

Etidyan kòmanse fè manifestasyon poutèt yo koupe bous d etid yo. Anplwaye ladwann Pòtoprens, anvayi lokal kote yo t ap travay pou mande yon pi bon salè. Nan vil Okay, plis pase mil kiltivatè manifeste poutèt jan yo t ap viv nan move kondisyon. Yon brigad apeprè 20 marin ameriken al kontwole popilasyon an epi li touye yon douzèn moun pou pi piti. Zak sa a te pote non masak Okay la.

Lè Etazini kòmanse wè anpil lòt peyi ap lonje dwè sou li, li kòmanse anvizaje posiblite pou l wete kò l ann Ayiti.

Prèske 5 an pi ta, ann out 1934, dènye sòlda ameriken yo kite Ayiti. Men Etazini kontinye kontwole finans Ayiti pandan 13 lòt ane ankò jiskaske Ayiti fin peye Wall Street tout dèt li.

Nan ki pwen Etazini reskonsab enstabilite kwonik Ayiti a se yon koze ki mennen gran dezakò.

Pou kèk istoryen, premye pèman fransè yo te mande pou pini Ayiti poutèt li te pran endepandans li lakòz pi gwo dega sou devlopman nasyon an. Kèk lòt istoryen di abitid lidè ann Ayiti pou yo anrichi tèt yo se kòz prensipal la. Men anpil ekonomis di, lè yo mete tout ansanm, lè w fè plis pase 130 ane ap voye yon gwo pati nan lajan Ayiti fè nan peyi etranje, sa gen gwo konsekans, sa wete kapasite peyi a pou l te bati nasyon an depi o kòmansman.

Mesye Hudson, pwofesè nan Inivèsite Kalifòni, di: “Seri move kou finansyè sa yo, an pati, reskonsab sitiyasyon nou ladan kounye a.” Epi li ajoute okipasyon amerikèn nan se te yon “frap mantal” ki ralanti endepandans Ayiti pandan plizyè dizèn ane.

Li di: “Mwen panse sa enpòtan menm jan ak nenpòt pèt lajan peyi a fè.”
Revenir en haut Aller en bas
 
Dosye RANSON an-Yo pran LO an
Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» SELON SAUVEUR ETIENNE PREVAL PRAN KONTROL PALÈ NASYONAL. LI VLE PRAN PRIMATI TOU
» Yo Pran Lovinsky ,kounye an yo vle pran ann apre l lan
» RANSON AN-Milya AYITI PEDI yo
» IRI ANN AYITI (YON DOSYE COHA)
» Meriken reklamen Ayiti yon ranson 30 milyon fri de la drog

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: