Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

5 participants

Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Mer 16 Jan 2008 - 15:45

Mwen ap li reyaktyon de twa save sou youn lot forum ki ap fè voye monte pou forum pa yo.kote se yo ki premye ekspoze salte ki genyen an ayiti.Tandis ke nou menm se bel Katedral nou montre; bel plas kote ti moun chita.bel plaj.etc.

mwen ta renmen mande yo si foto lot peyi ke yo montre yo ki genyen elektrisite gwo bilding si yo kwè se tout kote nan peyi sa yo ki konsa.Eske sou forum moun ki ap viv nan peyi sa yo se kote ki pi sal nan peyi yo ke yap montre menm si yo pa dako ak gouvènman ki ap dirije peyi yo.Mwen sonje genyen youn kote nan Brooklyn yo rele New Lots avenue youn jou mwen perdi nan zonn la se te nan debi ane 70 yo mwen pa konne si zonn lan menm jan ankolè mwen te pral visite youn zanmi fanmi mwen ki te vinn soti an ayiti.An verite kote ya te telman sal e led mwen te refize desann machinn mwen pou m te mande moun nan la ri direktyon ri mwen te ap chache.Eske ou kwè youn ameriken ap ekzibe foto kote sa yo an piblik menm pou yo kritike gouvenman yo?Moun ki beswen wè desolatyon ka ale New Orleans koulyè ya pou yo wè menm nan peyi ki pi rich la genyen kote ki tankou se kote la gè te finn pase.An ayiti genyen youn siklonn ki fè 50 lane depi lap soufle sou peyi ya.ki sa pou nou te spere ;eske se pa nou menm ki responsab de eta peyi ya.

Mwen pap ekri sa pou mwen padone inkonpetan yo ki ap chache job ke yo pa ka fè non. men tou se pa konsa pou youn moun ki di li renmen peyi li konbat youn gouvenman.Wi mwen konen koulyè ya se epok nou pral danse na la ri sal.wi fok pafwa nou di dirijan nou yo sa ki pa bon men genyen youn ti pitye pou peyi ke nou di nou renmen an ,nou pa beswen montre etranje kote ki pi led paske lakay yo tou malgre richess yo genyen kote ki led.Eskek nou kwè youn franse ap montre moun ki ap domi toutouni nan statyon metro ke mwen wè a de grenn je m a Paris ?Non ya montre tou eiffel, chan elize.mize louv lak de triyonf la pou atire moun vinn visite yo,yo pap janm montre graffiti ki genyen nan metro yo ni salte ki kouvri anpil ansyen moniman e katedral yo.mwen ale Montmarttre mwen pat wè ki sa katedral la genyen sou katedral Port-au-prince lan; ki sa ki ekstaodinè konsa non men ou pap janm tande yo franse ap pale mal de salte ki kouvri anpil statu nan Paris.

Lè nou tande serten ayisyyen ap kriye, se pou yo pa di yo pa genyen la penn pou peyi ya, men kite regade yo ke yo avili peyi ya depi yo pa bo tab la li te met disparet.Pafwa se menm moun ki responsab ke peyi ya nan eta ke li ye jodya; se yo menm anko ki ap kritike dirijan koulyè ya.Moun ki pat konnen ki jan peyi ya te ye lè yo tap dirije ka pran nan vye pwogrann radot men fok yo konnen genyen moun ki te la e ki se pat Turgeau ou Peguy Ville selman yo te konn wè.Mwen rive kwa bosal nan ane 60 yo sa mwen wè mwen kouri kite zonn lan imedyatman lè saa pat genyen 2 milyon moun nan Port-au-Prince.Moun kite rete nan rue du centre nan ane 50 yo te genyen youn pil fatra nan la ri ya ant Rue Joseph Janvier et Ruelle Brouard devan youn garaj mekanisyen ki te genyen la.vire nan ruelle brouard ou te jwen youn lot pil fatra devan youn teren vid ki te genyen la.Pa mande bon dye ou te ale Fort Saint Claire ou byen dèyè Fort national.Alo zafè ap vinn di moun se sou rey gouvenman pep la eli ke tout fatra yo vinn nan Port-au-Prince se pou yo di sa ak moun ki fet avanyè yo.

Ayisyen telman mechan lè yo pa vle wè youn gouvènman yo fout pito sabote peyi ya.Ki jan pou mwen ta va mande ti moun mwen yo an al pase vakans an ayiti lè yap li ke youn nonm ki finn fè tout vi li ap travay di epi li ale pou li al rouvri youn biznis epi yo touye l ; ki jan pou mwen ta va ale ak yo lè yap gade kalite imaj sa yo ke serten moun pran plezi pou mete sou enternet la?Se pa youn kestyon de foure tet nou nan sab se youn kestyon de lave lenj sal nou an fanmy pou etranje sispann lave bab sal yo sou nou . nou pa beswen mete foto repiyan sa yo sou enternet la menm si serten parya fè li.

Bo isit la nou pa tolere moun ki san jenn e ki pa respekte regleman forum lan. ni nou pa ba personn dwa sou lot moun.sak ekri betiz la yo fè l santi sa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Marc-Henry Mer 16 Jan 2008 - 17:03

Le Monsieur n'est pas content!L'autre ..la-bas. Ki moun ? Moun lan ?

Il déteste la confrontation d'idées. La preuve est faite avec le débat sur l'histoire de Dessalines. Des insultes et des insultes. Nou rapele nou desa desa


Ils disent que nous empêchons aux gens d'exprimer leurs opinions ...ya bay tet manti. Trou manti pa fon

Ils peuvent tout se permettre. C'est une secte virtuelle. Devenir (...), c'est entrer en religion (anti-Préval/Alexis) avec un lavage de cerveau et tout le kit. Nou pa ladan . Bo isit nous ne sommes pas neutres mais nous sommes objectifs.

ForumHaiti est un espace vert. Nous protegeons notre environnement sain aevc nos membres. Nou trete tout moun bien. Tout moun se moun. Tout moun ka pale , tout moun ka kritike jan yo vle dans l'ordre et dans le respect mutuel.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Doub-Sossis Mer 16 Jan 2008 - 18:43

Se pa youn kestyon de foure tet nou nan sab se
youn kestyon de lave lenj sal nou an fanmy pou etranje sispann lave bab
sal yo sou nou . nou pa beswen mete foto repiyan sa yo sou enternet la
menm si serten parya fè li.

Bo isit la nou pa tolere moun ki san
jenn e ki pa respekte regleman forum lan. ni nou pa ba personn dwa sou
lot moun.sak ekri betiz la yo fè l santi sa. (SANMALIS)

Malis,

Kifè pitit ouyo yo pa lafanmi ? pou yo ka lavé linj sal la an fami avè'w..menm si sé voyé jé nan dow lèw mouté sou Forum Ayiti..pou yo wè kijan kay papi sal....

Kombié étranjé ki manb Forum Ayiti?

Soyez conséquant avec vous et vos enfants mon vieux...

Doub-la


Dernière édition par le Mer 16 Jan 2008 - 19:34, édité 1 fois
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Joel Mer 16 Jan 2008 - 19:01

Ayibobo pou sa w di yo San malis.
Pòtoprens te toujou sal,wi w ap jwenn plis pil fatra,se paske jan w di l lan gen 2 a 3 fwa plis moun ki ap viv nan vil lan ,ke fen ane 50,kòmansman ane 60 yo.

Mwen sonje ke lè w t ap pase nan La Saline ke Site Solèy anglobe ,sant katye sa a te ase pou ba w maltèt;ou te konn wè kochon lage nan zòn sa a.
Wi ,se pou nou fann nan degonn gouvènman an pou l netwaye vil lan e si posib tout peyi an ;men tou ,yo pa k ap fè san sot nan wòch;se enkonsekans gouvènman pase yo ke gouvènman kounye yo ap peye!

E wi,Marc kontinye mete bèl ti foto ,sa a bay gouvènman peyi an ak vil yo ankourajman!

Ann fè yon ti konesans ak ILE A VACHE,ki nan paraj OKAY:

https://www.youtube.com/watch?v=XtosFVIG9mc&feature=related

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Mer 16 Jan 2008 - 19:55

menm si yo se la fanmi men yo pa beswen wè nou ap ekspose tout vye bagay ki pa bon pou nou fè moun tris.sak rele "soyez consequent avec vous meme et vos enfants?fok youn moun montre youn ti moun ki ap bat poul soti nan youn labou li tou touni pou di m ki misè ki genyen an ayiti ou byen se pou montre jan nou led menm jan yo konn ap montre bouch Aristide byen long ,gen youn seri ayisyen ki pa menm konprann lè moun vini ke peyi ya mete sou moun ap denigre yo.Yap souse bef la epi yap pale l mal.

ou konnen konbyen etranje ki li forum ayisyen yo?ou kwè youn etranje ki ta vle vinn visite peyi ya ap renmen gade foto sa yo?Se nou menm lè nap di yo mete ti bebe nan pilon pou fè maji ki fè etranje pap janm respekte nou.ki moun ki ap beswen al visite youn kote konsa kote nou vle fè konprann tout la ri yo se latrinn?menm mwen ki leve ladann nou pa banm anvi retounen la anko.poukisa pou m depanse lajan poum al gade kalite bagay sayo ke nou mete sou enternet la.Mwen konen anpil moun se sabote yap sabote gouvenman an pou di ke lè yo te la sa te pi bon men se pa Rico ki pou ta ap montre vye bagay sa yo menm si li pa dako ak gouvernman Preval/Alexis paske se pa ni preval ni Alexis selman ke li ap fè mal, ap fè tris e wont.


Dernière édition par le Mer 16 Jan 2008 - 21:47, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Doub-Sossis Mer 16 Jan 2008 - 20:20

fFk youn moun montre youn ti moun ki ap bat poul
soti nan youn labou li tou touni pou di m ki misè ki genyen an ayiti
- Soyons serieux...Malis..Kinbé yon ling pansé drèet..san woulém dé bo jan wap fè la...pitit wou pa lan labou yo menm..wou pap menm bayo chans pouyal Haiti poutet kinaping..se wou ki te disa....

ou
byen se pou montre jan nou led menm jan yo konn ap montre bouch
Aristide byen long
- mwen sipozé wap voyé pwentt pou zanmi yan, ki pwoblèm ak yon nèg ki gen gwo bouche mwen kwè gen anpil gwo aktè amérikin ki gen gwo bouch wi

,gen youn seri ayisyen ki pa menm konprann lè moun
vini ke peyi ya mete sou moun ap denigre yo.Yap souse bef la epi yap
pale l mal.
- Woy..men bagay la...Malis ki sa ou genyen kont MOUNVINI..Kifè sé pa yon MOUVINI ouyé tou..kisa ki MOUNVINI dapré wou? jis ki dat wou remouté la gragran wou pou pa MOUNVINI yo pat Di papa Dr.Divalié se MOUN ZILÉ.
Jiskidat pou MOUNVINI tounen MOUNKAY.?
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Mer 16 Jan 2008 - 21:40

Ya tounen moun lakay lè ya bouke eksplwate peyi ya pou yo voye lajan yo sere a letranje ;lè pitit yo a jwe mab ak nou nan la ri , jwe footbal ak nou san ke yo pa konnen yo siperyè nou, lè ya bouke pratike apartheid ki te genyen nan peyi ya anvan 46.Genyen youn diferans lè yo montre bouch li tankou se bouch kochon.lè yap rele nou kongo.

ou konnen mwen pa konn sa ki te konn pase an ayiti?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Mer 16 Jan 2008 - 22:55

Mezanmi wo men nostaljik revolutyon kann kale yo di ke se forum ayiti ki ap travay pou youn sektè.wi nap travay pou pep la ki ap manje labou paske nou te pase 30 lane o pouvwa epi nou kite peyi pi mal pase jan nou te pran l ,wi nap travay pou moun ke wou te konn ap vann tankou esklav ba dominiken chak ane pou yal koupe kann an dominikani ,wi se pou moun sa yo ke nap travay pou yo jwen lekol pou pitit yo ka kole de mo franseuu tou pou yo di yo se zentelektyel ki ap site Hugo ,la Rochefoucauld, Boileau ,Molière pou yo ka fè bon jan jackorepet tou. Wi nap goumen pou pep la ka jwen dlo pou yo bè e benyen pou yo fanm pa blije mache 10 km anvan li jwen youn ti sous dlo sal pou l pran youn ti dlo. pou yo jwen lopital lè yo malad ,pou yo jwen travay ,jistis edikatyon lojman a bon mache ;dim m sa nou te fè pou peyi e sa papa nou te fè pou peyi ya?

Wi nap defann gouvenman ki bati plis lekol ke tout lot gouvenman ki te pase anvan yo.nap kritike yo men nanpren oken mofreze ki ap vinn ba nou zannanna pou sizann.Nou solidè de moun ke nou renmen yo. moun ki te konn pwodwi danre ke nou te konn vann ki permet jodya nou pa fout rete ak oken milyonè de gouden ni oken pretansye grandisè ki ap defann youn gouvenman ki endefandab paske se ladann ou te konn volè..(lol)
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Mer 16 Jan 2008 - 23:28

Bon mwen bouke li Pomero ak Figaro ki ap reve an koulè gen lè nou bliye sa ke Pap la te di. lè ayisyen tap vinn mouri sou plaj Florida tankou balenn ke sona desoryanté.kote graham green ki te ekri les Comediens yan ye ;vinn ba moun souf ak pwopagandis sayo ki konprann yo ka ba moun zannana pou sizann..Bon men ta mande nonm lan ki sa li fimen ki fè li soufri amnesy konsa.Men se pa la penn paske paradi sa li perdi ya rann li fou .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Thunder Jeu 17 Jan 2008 - 10:26

Mwen menm, sèl bagay mwen ka di se ke, pou yon moun montre ke wou renmen peyi w pa vle di ke pou pa ekspoze reyalite peyi sa a. Se pa montre ke "tout va bien" ki pwal montre ke peyi Dayiti sou kè w nonplis. Se pa tou lè jou ke moun ki toujou aksepte ak wou a se li ki pi bon zanmi w. Mwen ka pa dakò ak yon moun ki di ke se an Me 2006 ke peyi a vinn konsa, men mwen pa twouve anyen ki di ke moun sa a pa renmen peyi Dayiti paske li montre foto Site Solèy oubyen Raboto.

Anplis, pandan ke Sans Malice ap di ke se paske se yon Gouvenman demokratik ki opouvwa ki fè y'ap montre foto sa yo, Sans Malice ak kèk lòt patisipan isi a konn apresye anpil foto ki pi terib toujou, kote yo montre tèt ti moun ki eklate ak katouch nan kay labou nan Site Solèy. Kounyea kesyon ki bon pou poze a, ...eske se paske se Latortue ki te opouvwa ki fè ke pat genyen anyen mal nan montre foto sa yo Question ...sa a, mwen pa konnen ...se yo ki pou reponn.

Sans Malice di ke Ameriken pap montre move bagay lakay li, sa a se manti li ap fè oubyen li pa gade TV jan ke li panse a. Paske si li te gade TV li t'ap tonbe sou yon emisyon ki rele "Gang Land" sou "History Channel", li t'ap tonbe "Explorer" nan "National Geographic Channel" ki pale de kijan ke lari New York ak Carlifonia pouri ak gang k'ap touye moun pou bon plezi, tankou MS-13 pa ekzanp. Li t'ap tonbe sou "Katrina, The real story". Misye pa li jounal tankou "Daily News" ki toujou genyen atik ki pale de povrete nan vil tankou New York, wout ki kraze, lari ki sal ak fatra elatriye...

Yon lòt bagay ki atire atansyon m, kòman Sans Malice fè estomake konsa a poutèt li wè moun k ap fè karikati Aristide ak gwo bouch ? ...alò se premye fwa li wè karikati moun ? ...li pa konn wè karikati Prezidan Bush ak gwo zòrèy men longè ? ...li pa konn wè karikati ansyen prezidan Clinton ak gwo babinn byen long ? ...li pa konn wè karikati ansyen 1er minis Latortue ak men gwosè vant li ? ...alò Aristide li menm, moun paka pran plezi sou li tou. Mesye! ...ban m van pou m ale Lagonav tande, maladi nou soufri a se pa li nou di Dòk la.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 17 Jan 2008 - 16:15

Ki lè mwen te renmen wè foto ti moun ke militè sanginè eklate servel yo pou gremesi.ki lè mwen te renmen wè foto fanm nou te tire nan organ sekzyel li e sa nou te kou pe men li.sim sonje byen mwen te mande pou yo retire foto sa yo tou sou je moun.sim komante sou sa youn gouvenman sanginè ak gnbis yo la koz sa ki rive sa pa vle di ke mwen renmen wè foto yo.

Wi nan channel e nan jounal ameriken yo konn montre move kote tankou neglijans repibliken pou yo soulaje sinistre katrina yo nan New orleans ak anpil lot bagay nan televisyon tankou bilding kraze nan Harlem ,nan Fort Apache men lè yo montre foto sa yo se pa peyi ya ke ameriken yo ap avili paske se pa yo ki o pouvwa.Epi tou mwen pa kwè youn moun beswen mete you trou ego ak move bagay ladann pou montre deteryoratyon peyi ya.Si nap pale pou touris vinn visite peyi ya eske se sa ke nou montre la yo ki fè nap atire touris?kondityon sa yo se pa jodiya ke yo la.poukisa lè yo te pran pouvwa a yo pat korije yo?yo di ke se plis pase 1 bilyon dola ke ayiti resevwa apre depa Aristide la poukisa netoyaj sa yo pat fet lè teknokrat gnbis yo te o pouvwa.Menm gonayiv lakay yo apre sykonn jeanne lan te rete nan labou koulyè ya yo vle fè moun konprann se youn bagay ki komanse apre 86.Se wou pou nou mande w pou di doktè ya ki maladi ou soufri.

Se pa tout moun vini mwen pa renmen ;mwen toujou ap fè eloj youn doktè ki rele Frank Silvernale ki te la gonav nan ane 60 yo, mwen toujou ap pale byen pou doktè Farmer.moun vini ke mwen pa renmen se sa ki vini ak sak nan do yo epi apre sa ;yo ap pase devan w menm youn ti bonjou yo pa ka di w epi pitit yo rete nan menm katye ak ou; men yo pap jwe ak ou .yo pa patisipe nan penn pep la. o kontrè se volè yap volè kouraj malere ba yo kout balans lè malere al vann danre laky yo ou byen kout lonn le malere al achete twal lay yo yo eksplwate malere pou yo voye sere lajan yo la bank lakay yo;yo pito fè mèsenè ranverse gouvenman ki vle amelyore sitiyatyon malere se moun vini sa yo ki ap vann prodwi pep la a bon pri menm ki pa vle peye yo menm 2 dola pa jou se yo ke mwen pa renmen.map gade konbyen don ,mise , lopital iniversite boujwasi patriyot yo bati nan peyi yo.men kisa moun vini an ayiti yo kontribiye nan peyi ya ;Wi yo eksplwate men dev la jis yo fè ayisyen tounnen esklav men apre sa ki sa yo kontribye pou devlopman peyi ya?Nou ka vann kenkay tou koulyè ya; si yo pa ka respekte dwa ayisyen pou yo eli moun yo vle se pou yo anbake.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Doub-Sossis Jeu 17 Jan 2008 - 19:40

Malis,

Mwen ta ka nommen pliziè MOUNVINI wap palé yo ki fè anpil bien konstwi lekol, lopital dispansè, ophelina anpil koté lan péyi a, san konté pliziè dizainne de milliers jobs yo bay nan izinn ak komès. Lamizè té deja fini ak péyi a lontan si yo tap tan gouvelman fè (ou palé Dr. Farmer gen pliziè lot ankorr, pi piti kalib tankou Dr.Boulos ak zot). Gadé lotjou la Mika de Verteuil outéka kalifié MOUNVINI tou (li fè plis ke 30 ans Canada) pran 2 e prix UK Challenge pou zèev lap fè konstri lékol pou ti moun maléré nan tout yon localité nan Grande anse ki rélé Zabricots. Oganis la rélé 'Paradis des Indiens'http://foundationpdi.org/fr/

Men keksion map pozé'n nan ékip MOUNKAY yo (ki ant parantèz te kinbé pouvwa politik la nan men yo majorité 200 zan listwa dayiti) ki volè pil lajan lan gouvènman kisa yo fè nan non pèsonèl yo, sitou nouvorich Lavalas yo (tankou Ciné) citém kèk zèv benevole yo fè.

Oumen kap palé la ki gen bonjan ti kob séré, ki association haitien wou fè pati,kombé lajan wou bay chak anné, kombé timoun wou parrainé aprèw fin fè kèek kout guériya la bous?

Kotém kanpé ya mwen ka diw mwen parrainé 2 timoun, ak plizièe Associations pou plis ke 1K pa anné.

Map tan wou nan le konkrè, pa vin divagué...
Doub-la
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 17 Jan 2008 - 21:53

Mwen di ki kalite moun vini mwen pa renmen .Ki Docteur Boulos wap pale ?papa a ou pitit la?mwen pa konnen ki zev dr Boulos fè se youn sel bagay mwen te tande yo di ke genyen anpil ti malere ki te mouri nan youn medikaman ke li tap vann.Epi si li fè zev pou sove ti moun e byen li pa nan klass moun ke mwen kritike yo. Ou fè komsi ou pa konnen moun sa yo ke mwen ap pale ya.Epi mwen ta renmen ou dim ki misé ,ki iniversite, ki lopital moun sa yo bati nan peyi ya kom mwen pa la depi youn ti bout tan petet mwen pa konnen ,men anvan mwen te kite peyi ya mwen pat janm wè anyen yo te fè sinon eksplwate ouvriye ayisyen pou yo ap kouri nan bel machinn ,bati bel kay pou yo ak fanmi yo epi meprize ayisyen.Kom mwen se mou o Cap dim ki zev Novella ,Bosinius ,kouri ,Boutros ,Beck, mazouka etc yo fè nan vil la?

Ki jan ou fè konnen konbyen kob ke mwen fè charite chak ane?mwen pa patisipe nan oken asosiyatyon paske youn fwa mwen te vle patisipe nan youn mwen wè se te youn paket moun pa serye mwen te retire kom nan li.men sa pa vle di ke mwen pa ede.

Mwen pa beswen site non personn men mwen te ka ba w de twa wi .mwen pa di yo pat ka fè plis men moun ki te genyen pouvwa sayo ke wap pale pandan 2 san zan yo se menm elit pouri ak moun vini ki ap plede fè ayisyen travay kom esklav.yo pa pi bon ke moun vini yo ;sa a mwen rekonet li.Se yo menm ou wè ki mete tet ansanb ak ansyen esklavajis ki pa aksepte ke gouvenman pep la mande ogmantatyon salè minimum ni bay travayè dwa fome sendika.Se yo menm ki tap mande Gorges bush pou arete Aristide epi se yo koulyè ya ki monte sou pyedestal natyonalis yo.Lè mwen kritike elit la se pa moun po klè yo selman ke mwen kritike non. Menm jan genyen move je nan moun vini yo genyen natif natal yo tou ki pi reyaktyonè e ki pi mechan.depi se pa yo ki o pouvwa pou yo ap volè peyi ya te met disparet.se konsa nou wè depi 1804 se kriz sou kriz pou youn pouvwa.Yo fè asosiyatyon ,klib ak moun vini yo ki mechan pou yo toupizi pep la se sak fè 2 syek apre endepandans genyen tout moun sa yo ki analfabet nan peyi ya ,kote menm dlo se youn lix.


Dernière édition par le Jeu 17 Jan 2008 - 22:03, édité 2 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Doub-Sossis Jeu 17 Jan 2008 - 21:59

Apa wap palé drèt koulia, kifè gen mové mouton toutkoulè tout koté?
An kité priè pran kantik 'Kisa ti dézod' chef woua tap mandé pèep la padon pouli a. Eské se zafè konbinezon telefone TELECO ak MOUNT SALEM yon kompayi Bidon ki te gen yon kont an Bank Bahamas sou non Aristid?

Banm diplis non, Kom wou se Moun KAY
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 17 Jan 2008 - 22:13

ki les ki chef mwen an ou te tande m nan plas leta an ayiti ni a letranje?Ou pa ka di sa;mwen konn kritike Aristide.mwen se pa Aristide ke map defann ni Preval non ,se stabilite peyi ya ke map defann paske san stabilite pa genyen anyen ki ap regle nan peyi ya pou nou retire pep saa nan soufrans li ye jodya.Mwen deja di si youn tribinal enpatyal rekonet Aristide koupab de volè lajan leta se pou yo kondane l a travo fose a perpetuite.

mwen te kont mouvman Gnbis la paske mwen te konnen se destabilite politisyen ayisyen ak esklavajis yo te vle destabilize peyi ya pou yo te fè youn kout volè tou men se pa anyen yo te vle regle pou peyi ya e byen skandal nan depatman zafè etranje ak nan anbasadyo montre ke se te sa epi epi anyen.Volè ki toujou ap rele bare volè, depi mwen te ti kaktkat map tande bagay sa yo .Yo te kon di Magloire se diktatè ,volè epi moun ki te ranplase l yo te fè pi mal.se sak fè mwen te mande pou ayisyen te mete tet yo ansanb pou yo te twouve youn solityon antre yo jodya nou pa ta okipe pa etranje.Mwen pa konn Aristide mwen di ke mwen te admire kouraj li lè li te konn ap kritike gouvenman diktatè ya.Mwen pa janm di ke mwen se ni lavalasyen ni Arisitidyen ,mwen ap defann pep ayisyen ke mwen genyen fanmi m ki rete an ayiti ke mwen ta renmen wè ki genyen youn ale mye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li Empty Re: Diferans ant moun ki renmen peyi yo e sa ki pa renmen li

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum