Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Tablette 11″ Xiaomi- Mi Pad 6 global version ...
Voir le deal
224.97 €

Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

+4
pierre-alain
Rico
revelation
Joel
8 participants

Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Joel Mar 29 Jan 2008 - 10:17

Bagay biswit labou an se te sitou nan pwovens yo ou te jwenn sa,men kounye bagay sa a nan tout Pòtoprens.
Mesye wo!

http://www.miamiherald.com/news/americas/haiti/story/397010.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  revelation Mar 29 Jan 2008 - 10:55

Joel sou zafe pep la ke komanse biskwit labou sa. Ki deklarasyon ke minis la Sante a di sou nutrisyon pep la?

Gouvenman konte ogmante prodiksyon agricole peyi a pousa gen pli manje sou mache a. Men pep la ap beswen lajan tou pou achte manje sa yo paske yo pap jwen yo gratis.
Ki sa gouvenman konte fe tou pou kreye djob pou bay pep la yon pouvwa d'achat. Pou yo gen lajan nan men yo?

Ogmante prodiksyon agrikol la se yonn, men gen lajan disponib pou pep la achte manje se yon lot.

Revelation

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Rico Mar 29 Jan 2008 - 12:36


Yo di nou sispann jwe pasyon , tonbe nan vye fanatik peyi Dayiti an degraba. GOUVENMAN ESPWA LA SE YON VERITAB FYASKO. Li pi mal pase tout epok kofondi mwen raple m. PA GEN KONPARAB AK LOT EPOK BAGAY YO PI MALOUK, PI DURRR, PI TERIB.

PA KENBE SELMAN FAKTÈ POLITIK NAN DESANNT O ZANFÈ SA. SE YON PEYI KI PÈDI TOUT SOT DE VALÈ. SITOU VALÈ FAMILYAL YO NOU TE RANKONTRE PATOU. SITOU NAN PWOVENS REKILE YO. SE YON DEROUT TOTAL.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  pierre-alain Mar 29 Jan 2008 - 14:08

Rico1 a écrit:

Yo di nou sispann jwe pasyon , tonbe nan vye fanatik peyi Dayiti an degraba. GOUVENMAN ESPWA LA SE YON VERITAB FYASKO. Li pi mal pase tout epok kofondi mwen raple m. PA GEN KONPARAB AK LOT EPOK BAGAY YO PI MALOUK, PI DURRR, PI TERIB.

PA KENBE SELMAN FAKTÈ POLITIK NAN DESANNT O ZANFÈ SA. SE YON PEYI KI PÈDI TOUT SOT DE VALÈ. SITOU VALÈ FAMILYAL YO NOU TE RANKONTRE PATOU. SITOU NAN PWOVENS REKILE YO. SE YON DEROUT TOTAL.
.
Sachant que c'est un fiasco, que comptez vous faire pour améliorer les choses?
pierre-alain
pierre-alain
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 325
Age : 53
Localisation : Lille (Nord de la France)
Loisirs : Acualités politiques
Date d'inscription : 14/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Rodlam Sans Malice Mar 29 Jan 2008 - 14:42

Lè youn moun desan ap li bagay sila ki jan pou fè genyen respè pou sa nou rele elit ayisyen (milat tankou nwa).etranje tankou natif yo.

se pou sa mwen te di pito Preval te rete lakay li paske Lè youn moun te presidan deja epi ou wè sitiyatyon pat amelyore pou malere plis pase sa menm si li onet e li genyen bonn volonte sa pa sifi pou korije kalite desas ak katastrof saa ki tonbe sou peyi ya.

Se ak la penn youn moun ap tande kalite soufrans sa yo.Revelatyon poze youn bel kestyon men li pa reyalise ke ogmantatyon prodiktyon natyonal pou genyen ase manje se youn premye pa ki ka fè anpil moun jwen travay nan lagrikilti menm jan yo al travay nan jaden kann an dominikani ou byen nan jaden tomat ak legum lot kote ,si o lye gouvenman saa ap achte machinn pou depite, ba diplomat bonus , peye pitit presidan youn paket lajan pou grate santi nan anbasad si Preval te vle soulaje misè pep la ;li ta fenmen en pe anbasad, diminye nonmb ministè, fè mesye la chanb yo konprann ke ti mache ya twò piti pou tout chef sa yo epi li ta jwen lajan poul komanse envesti nan lagrikilti pou ba pep la travay e manje.

pwiske gwo manjè yo ka toujou jwen lajan pou yo ak fanmi yo manje ki te regade yo ak pep la ki ap manje biskwit labou.Mon chè map di l kareman si gouvenman saa pa ka jwen solutyon a pwoblem pep la e byen se pou genyen youn lot rache manyok anko.'fok kat la rebat ;pa ka genyen la pè nan tet si pa genyen la pè nan vant.Youn moun ki nan youn fonktyon ke w pa ka fè anyen fok ou ta dwe genyen kouraj pou rekonet ke se tan w wap pèdi.Mwen refize kwè ke pwoblem grangou saa ki ap masiminen pep la pa ka jwen solutyon.Se refize Preval refize fè sa ki merite fet yo ki fè peyi ya bloke konsa. Wi se neglijans depi 50 lane ke nap peye koulyè ya men fok nou fè sa ki merite fet yo pou anpeche ke famine touye pep la.Tout dilatwa sa yo pap regle anyen ;wi konsansus bon pou kreye plis byen ak servis pou pep la men youn konsansus pou nou separe biten yan antre gangstè yo rele politisyen yo pa vo anyen pou malere ki ap manje biskwit labou eki pa ka domi tan gwo trip ap vale ti trip.moun ki pa konn sa gran gou ye e ki pa konn pa ka domi tan pinez ap devore yo pa ka konprann sò malere sa yo.


Dernière édition par le Mar 29 Jan 2008 - 14:46, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Rico Mar 29 Jan 2008 - 14:46

Sachant que c'est un fiasco, que comptez vous faire pour améliorer les choses?AlAIN



Mwen pa la pou reponn menm kèksyson yo poze m pa bo isit. Mwen te bay Sasaye yon ti apèsi kisak ki te dwe fèt pou yon peryod kou ak mwayen tèm. Alo se swiv saki te deja pale sou forom lan. Pa gen mirak men se aji pou twouve minimom rezilta. Men se sou plas kap fèt la.

Byenvini
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Thunder Mer 30 Jan 2008 - 10:16

Mwen te ekri sa a la deja, m'ap repete'l ankò. Leta Ayisyen, pou kont pa'l, pap kabap retire pèp sa a nan mizè. Se envestisè k'ap kreye djòb ki ka fè sa. Djòb leta se ta debleye teren an, mete estrikti pou pèmèt ke nou rale dola sa yo.

Se pou gouvenman an ede moun li ka ede, men si priyorite a pa chita sou mete enfrastrikti ak sekirite nan peyi a, ebyen se lave men epi al siye'l nan labou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Joel Mer 30 Jan 2008 - 11:52

Joel a écrit:Bagay biswit labou an se te sitou nan pwovens yo ou te jwenn sa,men kounye bagay sa a nan tout Pòtoprens.
Mesye wo!

[url=http://www.miamiherald.com/news/americas/haiti/story/397010.html
http://www.miamiherald.com/news/americas/haiti/story/397010.html[/quote[/url]]

Nan atik Miami Herald ,gen yon paragraph ki entrige m:

Carribean leaders held an emergency summit in December to discuss cutting food taxes and creating large regional farms to reduce dependence on imports

Eske Haiti te patisipe nan rankont sa a.Zafè manje monte bwa a se nan tout Karayib lan ou jwenn sa ,men tou nou konnen bagay yo pi rèd ann Ayiti.
Eske nan ka ijans sa a ,gouvènman an pa ta ka plante manyòk nan anpil tè sèch yo ann atandan;paske manyòk gen plis nitrisyon ke biswit Labou ,e Brezilyen yo ki renmen manyòk anpil ,devlope yon kalite manyòk ki gwosi vit e ki gen anpil nitrisyon.

Men tou ,gade pou wè,lòtpeyi nan Karayib yo ,ap devlope mezi ijans pou alevye pwoblèm grangou pa yo an ,tandis ke se preske garanti mesye ann Ayiti yo pral chita sou men yo e pa fè anyen.

Kote mesye La chanm yo ,eske yo pa ta fè yon sesyon dijans pou wè ki mezi ki ka pran ,kounye an ,san pa tann?
Peyi an pran vre wi!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Sasaye Mer 30 Jan 2008 - 12:42

Se lan bagay tikoulout saa kifè nou pa janm konnen sak ap pase.

Si mesye yo te enfòme moun nou ta gen yon lide si yap kowopere ak lòt peyi carayib yo.
Petèt yo ladann, men yo pito fè lamayòt.

Men map di l ankò, se pa gouvènman an ki pou plante manyòk menmsi se yon bèl lide. ( Mèsi Joel )

Kote grandon yo ak boujwa teryen yo?
Si yo te entelijan yo ta kapab fè yon pakèt pwofi lan plante manyòk, men yo pito ret chita ap touche ti lajan peyzan ap travay di pou voye bayo.

Nanpwen oken gouvènman ki pral vinn sove Ayiti. (Mèsi Thunder)
Se tout Ayisyen ki pou fè ti kras payo.

Nèg ki lan gouvenman, oubyen lan palman, oubyen la lajistis e tout lòt depatman yo se AYISYEN yo ye.

Yo pran djòb la men yo pa chanje mantalite.
Yo rete menm jan ak tout rès Ayisyen yo.
Donk, ki kote yo pral jwenn lide modèn e pwogresis pou fè Ayiti vanse?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Rico Mer 30 Jan 2008 - 14:43


Thunder pote aksan sitou sekirite, enfrastrikti, atire envestisè. Preyalab sila yo enkontounab. Se rezon mwen di zafè sansire, evite pale vreman sitiyasyon ak kondisyon mizerab peyi sa nan panse ke touris se yon mwayen imedyat pou lage lajan nan peyi a, nou nan manti ak tèt nou

WI POU YON EKONOMI NAN TOURIS, SE ENPOTAN, MEN L PA KAPAB YON PRIYORITE. Se dabo anpil sakrifis pou tabli sekirite nan peyi sa. Gade konbyen ti volo, ki pran poz konbatan pou le retou an 2002 ki mete peyi sa nan pi gwo twoub sosyo politik. Yo pa ditou anpil, saki rive zak lach, estipid flanke peyi sa nan deriv. Fos regilye polis politize a lepok pa gen kontrol moun koken ou swa yo touye lot polisye ki vle gade endepandans yo.

O pwen tout ti volo potansyèl, moun nan pa bon, penyen lage. Yo pran move abitid nan viv de VOL, KIDNAPENG, FÈ KADEJAK sou fanm yo pa te jam espere. Se di jamè vi, menm nan istwa mouvmante peyi sa. Sosyete ranfèmen, trankil, nou an eklate.Alos se almagam sa ki rive peyi a, ki dwe envesti anpil nan SEKIRITE LI.

Se konsa nou kap atire envestisè sitou Etranje. Sasaye pale pi ro de boujwa teryen ki pa fè anyen. Se vre men sa nou dwe konprann moun sayo se pi gwo rakay, pa janm konnen koman pou yo valorize tè peyi a vreman. Map rakonte nou kelke konfidans papa M kom pwopriyetè pwa lou nan transpo pou Agronom Louis Dejoie kite yon gran pwopriyetè teryen ak endistriyèl.

Li di mwen Dejoie te bouke kouri dèryè gran propriyetè parey li pou envesti davantaj nan agrikliti ak agro-kilti-endistri. Tout gran don sayo te abitye okipe de boutik yo tou nan vil yo. Alos lide se mande, ankouraje yo te konsantre yo plis nan pwodiksyson nasyonal , pou yo te divèsye l tou sitou ak agro-kilti-endistri.

Men anyen pa te janm fèt, malge perod akalmi sou Estime ak Magloire, Bon Duvalier monte baton an chanje bout , men selon papa m se lontan peyi sa demare. Preske 10 lane e menm plis Estimé ak Magloire e si w te pran Lescot peyi sa te koul anpil. Ayiti selon li te kap menm chanje vizaj, E selon defen papa M nou te kap pa janm gen tosysone, kriminèl tankou Duvalier an 57.

Mwen sonje avan li mouri kap fè refleksyon sayo. Paske map redi nou mouche te gen yo kay Puerto Plata li vwayaje chak ane pou touche kay sa , li te abite avan. Li toujou ap plenyen koman la Dominiani ap transfomen, genyen menm teknoloji mekanik avanse a lepok. Bon jan traktè patou nan chan yo, vwa de penetrasyon nan tout rekwen ti peyi ki te tankou Ayiti. Tout sa a koz de yon boujwazi nasyonal modenn kap bakop gouvenman l. San fè chèlbè kilti sosyso-ekomik mwen fèt ak yon papa ki te pasyonen anpil. Se te yon moun retire ki te twouve plezi pale de peyi l, ak sitou dekonomi ak finans.

Pou fini se pou di nou pa kap konte sou nasyono boujwa sitou ki eritye gran espas ki ta dwe disponib pou fè friktifye ekonomi peyi sa. Nou dwe panse OSI A KAPITO ETRANJE, pou ale nan sans sa. Se pèdi tan ak moun ki pa kanpe sou anyen, ki pa soti bouje pou anyen. NI NON PLIS SAN VIZYON AK PRATIK NAN BIZNIS DE RO NIVO AK RANDMAN SERYE. Mesye nou bezwen kapito, lajan ak teknik etranje a, Se malere mwen di nou li, Malice kap kritike fanmy etranje, enpote sayo ki te nan Okap depi yo tout kite vil Okap, ou swa fanmy o mouri. Se yon vil ki mouri fini, an agoni. Poutan malgre tout sa w kap repwoche yo pa GEN VITALITE EKONOMIK SA KI TE GENYEN.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Sasaye Mer 30 Jan 2008 - 15:18

Mwen toutafè dako ak pwendvi Thunder ya lan sekerite ak infrastrikti.

Mwen pa kont envestisman etranje nonplis.

Men si pou Ayiti avanse vre, se Ayisyen lan tout klas ki pou fè yon efo pou mete payo lan devlopman peyi a.

Pi gwo pwoblèm mwen avèk konpatriyot mwen yo se manke lan inovasyon, kite vye abitid, vinn pi modèn, vinn pi konsyan de nasyonalite yo, sispann swiv blan, men vini avèk lide orijinal ki sèvi peyi a.

Se pa pa mank edikasyon, se mantalite yo ki an reta.
Nèg yo te mèt gen doktara, yo rete retrograd.

Nou dako ke boujwa teryen yo pap fè anyen. Mwen pa menm kwè yo konsyan de sa.
Donk se pou gouvènman aji e mete règleman pou nèg yo kiltive tè yo oubyen yap sezi yo.

Yon nèg paka rete chita lavil pandan ou genyen de milye kawo tè ki pap fè anyen alos ke peyi a bezwen pwodiksyon nasyonal devlope pou moun kapab manje epi soti anba depandans etranje.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Rodlam Sans Malice Mer 30 Jan 2008 - 15:53

Mitt Romney di youn bagay yè swa ;li di:" It's time for the politicians to exit Washington D.C".mwen vle di menm bagay la tou li lè pou politisyen ayisyen kite kay blanch sou chan de mars la pou lajan ke pep la ap peye yo servi a ba yo manje.Nou pa fout beswen youn Premye Minis ak Youn Presidan , nou pa fout beswen 2 chamb nan palman ,nou pa fout besdwen tout Minis sa yo ki pa ka fè job yo ,nou pa fout beswen tout diplomat sa yo ki ap vanje la ras selman ki ap grate santi. Bann sanwont fout ba moun lè pou yo bouke manje labou ,fout nou deyo nan Palè se 2 zan nou pral genyen ki sa nou fè pou pep la ap manje labou ke tout jounal ap pale de sa; nou fout fè moun wont.se pa Selman ap di nou pa ka fè mirak ;genyen bagay ki ka fet pou aleje soufrans pep la si nou pa ka fè yo bat zel nou al fout bwè kleren nou lakay nou.bagay saa komanse enerve m.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Sasaye Mer 30 Jan 2008 - 16:06

Sanmalis,

Pa fè kolè vye frè.

Se tout Ayisyen ki pou fè yon efo. Menm si yo pa mete tèt yo ansanm.

Menm si tout politisyen ale jan w mande l la, anyen pap ranje toutotan menm vye mantalite ayisyen an rete.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Rodlam Sans Malice Mer 30 Jan 2008 - 16:45

Men ki jan pou vle pou nou menm an deyo pouvwa fè lè w tande sa ki ap pase nan peyi ya. paske youn paket swa disan dirijan mare tankou krab.mwen sot ap tande patrick Eli ak youn lot swa disan eksper ki ap pale de youn lot fos piblik,mezanmi eske moun sa yo genyen konsyans de eta peyi ya.Eske se mwen ki twò bet paske mwen pa ka konprann ke youn peyi ki pa ka envesti lajan nan agrikilti pou ba moun manje nan peyi ya epi youn paket moun ap pale de youn lot fos tandi ke sa ki la pa ka fè travay li byen paske li pa genyen ase moun.Se yè nap tande ke se koulyè ya Mario Andresol panse ke li nesesè pou genyen patrouy lan nwit nan kapital la.Lè youn moun tande bagay sa yo eske ou ka leve vann byen ou genyen pou al envesti lajan nan peyi saa kote moun ki nan gouvenman an pa ka mete tet yo ansanb pou yo fè chanjman ki merite fet yo pou debloke peyi ya?Se pa ede moun nan dyaspora pa vle ede men se politisyen ayisyen menm ki pa ba moun ankourajman.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Sasaye Mer 30 Jan 2008 - 17:05

Mwen pap pale de diaspora sèlman.

Pi gwo pwoblèm nan se an Ayiti menm avèk ayisyen ki andan peyi a.

Pwoblèm mantalite ya se petèt pi gwo obstak lan devlopman Ayiti, paske yon nèg te met soti lan diapora avèk tout konesans li, tout fotinn li, anvan li fè yon pwojè demare, li kontre ak zo grann li.

Li pa kapab sèvi ak teknik modèn , li gen pwoblèm pwodiktivite avèk koripsyon.

Nèg ki lan gouvenman yo gen menm atitid la, paske se konsa yo leve lan peyi a.

Sa k pi rèd, gen nèg ki pase 30 an lan diaspora, lè yo retounen, yo fè menm bagay komsi yo pa t janm pati.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Kiloutou Mer 30 Jan 2008 - 18:12

Si gouvènman sa-a ki la te gen volonte pou soulaje mizè moun yo, premye mezi li tap pran, se detakse li tap detakse manje nan peyi ya.

Dezyèm mezi, se reglemante mache a, pou anpeche aloufa fè mache nwa pou anrichi tèt yo pandan yap souse mas pèp la.

Map repete:

premye mezi, detakse manje, reglemante mache a pou anpeche mache nwa.
Sa yo rele mache enfomèl la an ayiti, ekonomi anba tab la, ekonomi anba tè a, se yon pwazon, se yon antrav pou devlopman ekonomik peyi ya, ak devlopman nomal peyi ya.

Se malonèt, pou an 2008 pou politisyen ayisyen oblije ayisyen ap manje labou.

Mwen dakò gouvènman an gen bezwen taks poul viv, si gouvènman an detakse manje, yon lot bò la takse 4x4, pwodwi luxe yo, ak yon pakèt lot pwodwi se ke moun ki gen mwayen ki achte yo.

Anpitou, detakse manje a ta ka yon mezi trazitwa, an atandan ke nou pwodwi manje ankantite ak zouti modèn ki genyen kounye a.

Bagay yo rèd, domaj, moun yo lage pou kont yo, pa gen pèsonn kap panse ak yo, pou yo.

Ti nèg ap naje pou yo soti, al jwi retrèt yo, kom yo konnen jou yo konte.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Rico Mer 30 Jan 2008 - 19:26

Se yè nap tande ke se koulyè ya Mario Andresol panse ke li nesesè pou genyen patrouy lan nwit nan kapital la.

Malice


Malice voye jilbrèt nan degwann Gouvenman w lan. Men di bagay yo jan yo ye. Malice se vye konbinn defome parol moun, li pa bon. Montre plis de transparans. Mario Andresol pale de patwouy espesyalize lannwit. yon Non jan w di Mario Andresol :''panse ke li nesesè pou genyen patrouy lan nwit nan kapital la'' Genyen deja, men selon li yo pa vreman pefoman an plis yon pa sifi.

Genyen twop bizango ki sou moun. Genyen anpil yo te rekipere nan DDR ki soti nan Operasyon Bagdag kap mache touye, volo, kidnape, fè kadejak sou fanm. Koulyè a yo change taktik nan opere lannwit. Lari a gen twop polis pandan le jou, pèp la vijilan.

Yo mache tankou epok zenglendou nan defonse pot moun rantre pran w, yo pati avè w nan baz yo sitou nan Site Soley ki sanble gen anpil rakwen ak vye marekaj pou kache. Alos Mario setoblije chanje taktik li yo, se sèvi ak malfrendeng lanwit tankou la jounen. Se mete plis fos frèch nan degwann malendren.Li bezwen fos adekwat pou misyson sa. O mwen yon moun sansibilize nan gouvemman pou twouve bon rezilta.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Sasaye Mer 30 Jan 2008 - 19:32

Malgre atik saa gen apeprè 2 zan, mwen repwodyi l pou ba nou yon pèspektiv de saki mete nou lan sititasyion nou ye jodya.
Ayisyen ki okouran konnen kimoun John Maxwell ye.
Se pi gwo defansè pèp Ayisyen li ye.
Se yon nèg ki etidye zafè Ayiti pi byen pase Ayisyen ki di yo se istoryen.



No more Lavalas, the fire next time?

John Maxwell

The Associated Press headline says it all: 'Haiti poll marred by ballot fraud protests'

The poll was marred not by fraud, but by the people's protests against the fraud.

It is important that we understand the difference, because for the next few years what will be important in any international discussion about Haiti is not whether René Preval won the majority of the votes cast, but that it took a peaceful uprising of the people to establish that Mr Preval did win more than half the votes cast.

It has taken nearly two weeks for the Interim Government of Haiti to declare what every Haitian and many outside Haiti suspected, that the masses of Haiti, mainly poor, had stood patiently for hours in hot uncomfortable conditions, to tell that world that they wanted their democracy back.
Brian Concannon is an American lawyer who spent several years in Haiti helping the governments of Aristide and Preval identify, document, track down and prosecute some of the most gross human rights abusers of the era of the dictatorships of Duvalier and Cedras. On Friday, on the site of the Institute for Justice and Democracy in Haiti, he gives a clear and dispassionate analysis of the recent elections
"On February 7, Haitian voters went to the polls to elect a President for the fourth time since 1990. Through great patience and determination they overcame official disorganization, incompetence and discrimination, and for the fourth time since 1990 handed their chosen candidate a landslide victory. And for the fourth time Haitian elites, with support from the International Community, started immediately to undercut the victory, seeking at the negotiation table what they could not win at the voting booth."

Concannon points out that there is very little doubt that René Preval was the overwhelming choice of the Haitian people, and that they made this choice despite two years of brutal intimidation, despite the fact that many of their leaders have been murdered or are in jail unjustly, despite the fact that it was made extraordinarily difficult for them to register to be able to vote, despite the fact that their candidate was prevented from staging an effective campaign, despite the fact that the number of voting places was inhumanly deficient, despite the fact their enemies did not want this election.

The electoral council using a legal technicality, stuffed the total ballot count with blank ballots thus inflating the number of votes needed to win an absolute majority. Somewhere in the system too, thousands of ballot were dumped and burned, and other mischief done to prevent it becoming known that Preval had triumphed and did not need a second round of voting, a runoff, to seal his victory.

As Brian Concannon points out, the Electoral Council was shamed into making the right decision, but for the wrong reasons: "Although the negotiated agreement reaches the same result as a correct tabulation would have reached, it does so by changing the rules instead of correcting the violations of the rules."

As it was in the past, so it will be in the future. Concannon says:
"The deal provides leverage for those seeking to delegitimize Preval's presidency and block the progressive social and economic policies that he was elected to implement. The election's also-rans are already crying foul, and they will be joined by more voices from Haiti's elite and the International Community. Soon enough, invoking "the contested elections of February 2006" will suffice to justify an array of economic and political coercion against Haiti's elected government. "

This is precisely what the sweatshop bosses, the American fundamentalist Republicans and the other criminal conspirators used against Aristide and Preval in the past. As I pointed out last week, one of them, a candidate for President named Charles Henry Baker, was before the votes were halfway counted, preparing to try to annul the results of the election because of what he said were irregularities favouring Preval. It was typical of these characters, who routinely accuse their opponents of doing that they themselves intend to do. We've seen it in Jamaica and we've more recently seen it in the last two US Presidential elections.

The Resource Curse
In certain circles, among sophisticated journalists and coiffured statesmen and development 'experts' , there is talk about a "Resource Curse" which is said to afflict Third World nations rich in natural resources. This curse prevents these nations from developing as logic would suggest is possible. Instead, they are afflicted with corruption, huge income inequalities and persistent poverty. Their leaders frequently have large holdings in offshore banks and similar institutions, and the people are miserable, rebellious and usually unaware that they live in failed or about to be failed states.
Some people from states afflicted by the resource curse have other ideas; speaking in the early 1970s, Juan Pablo Perez Alfonso, former Venezuelan oil minister and a founder of the Organisation of Petroleum Exporting Countries (OPEC) declared 'Ten years from now, 20 years from now, you will see, oil will bring us ruin. It's the devil's excrement. We are drowning in the devil's excrement.'

He was speaking of course, pre Hugo Chavez, who seems to have exorcised the Resource Curse and turned the oil wealth of Venezuela into an engine for the development of Venezuela, educating and feeding the poor, bringing them drinkable water and affordable health services instead of enriching only the distant elites of colder climes.

Chavez' performance seems to suggest that the Resource Curse consists largely of intransigent elites and their foreign sponsors who refuse to believe that all human beings should have the right to sustainable development - development within their environments for the benefit of their communities and their nations. In countries without a national elite the West will attempt to invent one - with the worthy and pure intention of improving governance and enhancing democracy as in Angola and the Congo. Political eugenics demand the removal or neutralisation of 'Populists" - highly dangerous vectors of virulent epidemics like liberation theology and socialism.

The diamond mines of Tanzania and South Africa, the gold mines of Angola, the uranium mines of the Congo and Niger, the forests of Liberia and Brazil and the enormous deposits of Western oil underlying such failed or failing states as Iraq, Iran, Sudan and Nigeria all witness to the potency of the resource curse. Haiti's sole resources as far as we know now, are its people and its strategic position halfway between the United States and Venezuela and conveniently next to Cuba.

The Cubans are believed to have found promising undersea structures within their exclusive economic zone, which borders on Hispaniola and is part of the same geological formation. In Jamaica environmentally disastrous seismic exploration has been licenced by the government in the hope of finding enough oil to make the Doomsday Highway viable. Perhaps, as I suggested nearly two years ago, there may be oil in Haiti.

Whatever the truth of those speculations, Haiti's new President will begin with enormous problems.
The most dangerous problem is the Haitian elite, whose hatred and disrespect for the 'slum priest' Aristide and his barefoot followers knows no bounds. Any leader of the poor is a gangster or 'chimere' in their words. Any attempt to say, raise the minimum wage is cause for immediate 'withdrawal of confidence" which is a time tested way to get rid of unwanted and dangerous reformers.

The leader of the Haitian 'elites' is a an American citizen of Lebanese origin called Andy Apaid, who owns what are politely called garment factories - sweatshops producing T-shirts for a Canadian company Gildan - for the Canadian and American markets. Charles Henry Baker, one of the presidential candidates swept aside by the Preval flood, is Apaid's brother in law. The elite power structure is close knit and apparently absolutely agreed on one thing - to squeeze Haiti until the pips squeak. They have put nothing back into Haiti. The depredations of people like them have drained Haiti dry. When people are starving they have no money to save.

Capital investments in Haiti consist simply of large prefab buildings with hundreds of sewing machines, ready to be transported at a moment's notice to the next failing state.
Apaid pays his workers 1500 Haitian gourdes per fortnight or about US3 per day or less than one fifth of the Jamaican minimum wage.

No wonder that Gildan's CEO Glen Chamandy boasted "Gildan's labour costs in countries such as Haiti and Honduras are actually cheaper than those in China ... the bulk of T-shirts heading to the US market are from the Caribbean" (Toronto Globe & Mail April 11, 2005, quoted by ZNet))

A report by a fact finding mission from the University of Miami Law School in November 2004 quoted Apaid himself as admitting that he had ties to a notorious gangster named Thomas 'Labaniye' Robinson. The report said " "During the investigation, investigators repeatedly heard reports from police and slum residents that Apaid pays a Cité Soleil gang leader to kill Lavalas supporters."

What Haiti Needs
So-called friends of Haiti like Roger Noriega, Luigi Einaudi and US Ambassador Timothy Carney, all exponents of the State Departments policies toward us lesser breeds without the law, are full of advice for René Préval. The problem is that their advice is largely about the need for Preval to keep his distance from President Aristide and Lavalas. Einaudi, two years ago said the only thing wrong with Aristide's Haiti was that it was run by Haitians.

Defying logic and the evidence of their senses, they say Aristide is a man of the past.
Aristide had a pretty clear-eyed view of what Haiti actually needs. He was resolved to build "Utopia upon a dung heap" as he said, to build some kind of viable national community upon the detritus of the past.

To do this he needed money to educate and train his people, money for water supplies, for health services, for building and repairing roads and basically, for inventing a viable state on the ruins created by Haiti's friends from Thomas Jefferson and Colin Powell to Pierre Pettigrew and Dominique de Villepin, to say nothing of Kofi Annan.

Most of all, Haiti needs friends, people like Jamaicans who can lend support in agricultural extension and other basic skills which have been driven out of Haiti. And, most of all, Haiti needs to reclaim its real elite, the far-flung exiles driven from home by rapacious greed, mindless cruelty and the total disrespect for life and dignity which defines the Cuckoo elite now roosting in Haiti.

The problem is that the Cuckoo Elite cannot help themselves. They are like the scorpion in the old fable, who seeks a ride across the river. He convinces a frog to ferry him across, promising upon his honour that he will not sting the frog.

The frog is doubtful, but agrees. As they begin to cross the river he again cautions the scorpion:
"Remember," he tells his passenger, "If you sting me, we both die!"
Those were his last words.
Copyright ©2006 John Maxwell
jonmax@mac.com
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Thunder Jeu 31 Jan 2008 - 15:18

Rico ekri :

Thunder pote aksan sitou sekirite, enfrastrikti, atire envestisè. Preyalab sila yo enkontounab. Se rezon mwen di zafè sansire, evite pale vreman sitiyasyon ak kondisyon mizerab peyi sa nan panse ke touris se yon mwayen imedyat pou lage lajan nan peyi a, nou nan manti ak tèt nou


Wi ! ...dapre mwen sa a pa genyen manti ladann, kèlkeswa GVT an ki pa pran sa an konsiderasyon, nou fenk kòmanse badijonnen nan malsite. Dayè, san enfrastrikti ak sekirite, menm tourism lan wou pap ka eksplwate. Alò, moun panse ke etranje pral vinn fè touris nan labou, kadejak ak kidnaping ?


Sektè touristik lan poko ka priyorite nou menm, sitou nan yon mond k'ap itilize entènèt pou tout bagay.

Mezanmi, an nou bay pèp sa a mwayen pou li retire tèt-li nan mizè. An nou estimile kreasyon djòb, sekirite, pwodiksyon nasyonal...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Mesyedam,bagay la rèd vre wi! Empty Re: Mesyedam,bagay la rèd vre wi!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum