Wikipedya ayisyen - yon potomitan pou edikasyon, pou kreyòl ayisyen
Page 1 sur 1

Bonjou,
Wikipedya kreyòl an ap devlope kòl anpil toutbon kounye a. Nou genyen plis ke 17000 atik anndan l.
Di m sa nou panse, sa k rete pou fè. Anpil pòtay ap devlope pou mete lòd nan tout bagay sa yo, seksyon yo se :
*Edikasyon
*Edikasyon timoun
*Edikasyon timoun piti
*Biyoloji : vejetal, plant, zannimo, latè
*Jewografi
*Syans : matematik, fizik, biyoloji, enfòmatik, teknoloji
*Relijyon
*Sosyete, politik, ekonomi
*Literati
*Divètisman : espò, kizin, jwèt
*...
Tout bagay sa yo se pou devlope edikasyon nan peyi a, pou devlope enfliyans lang kreyòl nou an, pou l blayi nèt.
M ta renmen nou patisipe nan li.
Kounye a nou se 70èm ansiklopedi anlè 243. M panse ke nou kapab rive pli wo.
Gwo toro pwojè sa, se pou ayisyen, se pou ayiti, se pou tè nou an, ann ba l vwa.
Sonje ke anvan 1976, kreyòl pa te ni pyès vwa; se yon bagay m pa ka konprann menm. Yves Dejean fè konsta sa : sèlman 2% jouk 3% ayisyen yo k ap viv Ayiti konnen pale ak ekri franse, zelèv yo, etidyan yo ap aprann nan lang franse lè yo lekòl, pa gen kaye ak liv nan lang kreyòl ayisyen pou yo aprann nan yo nan tout enstitisyon yo. Sa vle di ke 97% ayisyen gen espwa ke lang kreyòl an devlope kò l pou l bay yo vwa ak rekonesans epi respè, pou yo kapab tradui nan lang pa yo tout sa edikasyon an bezwen, tout sa richès lang kreyòl an genyen, pou l pa kraze, pou l rete doubout tankou yon pye palmis.
Mèsi pou patisipasyon nou yo nan pwojè sa.
Men paj wikipedya a : http://ht.wikipedia.org
Anpil koreksyon rete pou fè, entèfas an poko tradui nèt, li rete près 3000 mo ak ekspresyon teknik pou tradui pou nou kapab blayi nan tout lòt pwojè yo ke m ja ouvri : diksyonè (wiktionary), Kont ak ekspresyon kreyòl (Wikiquote), inivèsite nimerik (Wikiversity), Bibliyotèk (Wikisource, li ja ouvri )
M ap ba nou tout adrès yo. Bagay yo ap mache, men fòk nou mache tou.
MasterChes

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum