Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
TCL C74 Series 55C743 – TV 55” 4K QLED 144 Hz Google TV (Via ODR ...
499 €
Voir le deal

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

+4
Joel
Rico
Marc-Henry
Rodlam Sans Malice
8 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Nov 2006 - 12:38

Rappel du premier message :

Mwen ka pala pou mwen wè si Pep ayityen ap fè erè anko.Men twa moun ke mwen ta renmen ki pou brige presidans an ayiti an 2011.Premye shwa mwen se Dr Jean Claude Desgranges, dezyem shwa mwen ti Louis Dejoie pitit pitit ansyen Senatè ya ke mwen tande yo di ki agronom tou. twasyem shwa mwen se Charlmers ki ekonomist la.Ansyen dinoso yo met mete ko yo yon kote.bA YON NOUVEL JENERATYON KI MYE PREPARE PRAN MAYET LA.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas


Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Re: Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  Rico Ven 24 Nov 2006 - 16:08

Mwen vle pale ak moun kap choute sou Serges Giles, mwen te kap pran Theodore, yon moun tankou Gerard Piere Charles, nou te kap pran Karl Levesque tou kimgen menm denonimatè komen. Yo tout te nan dyaspora nan kanpe lwen, mennen yon lit sa rete nan deyo peyi a. YO YOUT SABOTE PA YON
KWIDAM KOKEN YO RELE ARISTIDE.
Kisa moun sayo reyalize nan egzile fose depi nan depi ane 60 apre plis 26 lane nan egzil. Se byen rol sa map pale yon lidèchip, yon akonpayman nan byen domenn yo. Men Duvalier flanke yo byen jenn deyo peyi a, poutan yo pa janm rete kanpe nan konba diktati a.
86 yo sou teren, yo te ede depi letranje moun tankou Aristide ki trayi ideyal yo. Mwen pale sitou de GERARD PERRRE CHARLES, PÈRE DEJEAN. KARL LEVESQUE ki te pran an chaj Aristide. Si Karl te vivan Aristide pa tap anyan joune jodyè la. E si w kwè m mouvman sosyalis sa ta pi lwen nan peyi dayiti. Serges Gilles te travay pou sa, se yon moun ki te di pa kite Aristiid tounen paske se yon moun kap travay pou poch li. Se pa ditou yon sosyalis se yon blofè kap sèvi de goch la, pou kontiye volè, brade mennen politik de dwat demokrat meriken.


Dernière édition par le Ven 24 Nov 2006 - 16:10, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Re: Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Nov 2006 - 16:08

Rico

Fok ou pa pa pale de Fignole selman ki kite doktè Duvalier roule l nan farinn tan li te vle Presidan. mwen pa genyen anyen kont Fignole non,men an tan ke politisyen mwen jwen li te naif anpil.Fok ou pa bliye non plis ke Francois Duvalier se te yon militan politik ke li te ye depi li te lekol jis li pran pouvwa poutan li pa remet plis pase sa,byen ke depi o komansman nou ap bal pwoblem 9 mwa apre li te eli ki fè li te sermante nou pat ap arete l tankou Estime.

Di ke se de moun ki ap milite depi yo jenn ke pou nou shwasi sa pa garanti anyen tande Rico.Mwen pito pran shans mwen set fwa si ak moun ki ap ba pep la moyen pou yo viv ;ki ap ogmante pwodiktyon natyonal e ki ap peye ouvriye yon salè ki pemet yo manje.moun ki ap fome pep la.ou ta vote pou Roger Lafontant tou Rico.Mwen bouke pran kout boul nan men politisyen.Mwen pito pran shans mwen ak yon entreprenè,yon ekonomis ki konprann ki jan richess fet nan yon peyi.

Nou genyen Aristide yon enn pase nou te la anvan li epi li pase li fout nou yon pakala.se tout pwoblem nou ak Aristide.Nou bal pote tout non men jiska presan nou panko janm ka rele l devan yon tribinal pou nou bay prev de sa ke nou akise l yo.Nou genyen pwoblem ak Aristide pase li pat a gosh ase.Mwen pa blame Aristide pou sa. non pase konteks jodya pa konteks ane 60 70 yo.gade sa ki rive Daniel Ortega. Nan epok saa ki sa linyon sovyetik te pral fè pou yon ti peyi neg nan basin karayib la.Pwoblem mwen ak Aristide sè ke li pale anpil men li pa pran mesi ki nesesè poul reyalise sa pep la tap tann de li. se pa pase li pat swiv nou nan foli nou ki fè mwen genyen pwoblem ak li non.Ayiti beswen gwo shanjman e pou shanjman sayo fet fok ou pa pote pantalon w pou bel twal.Fok li te pran mezi pou nou pat bal yon pakala anko .Mwen pa di poul te vinn yon diktatè,volè non men viej ti menn mwen si se mwen ki te genyen yon pep deyè m konsa ke viej pete je m se nan lanfer nou ta val Presidan.


Dernière édition par le Ven 24 Nov 2006 - 16:24, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Re: Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  Rico Ven 24 Nov 2006 - 16:22

ou ta vote pou Roger Lafontant tou Rico.Mwen bouke pran kout boul nan men politisyen.Mwen pito pran shans mwen ak yon entreprenè,yon ekonomis ki konprann ki jan richess fet nan yon peyi
Malice
Mwen pa janm di w mache deryè aktivis politik ki branche nan yon diktakti, se malonèt fè mwen di tenten konsa. Ni non plis feblès Fignole se pa ditou yon pwoblèm lè nou konnen pase byen politisyen preske règ nomal yo.
zafè tonbe sou ekonomis lavalasyen ki kase bouch yo ak yon rejim predatè,, gaspiyè ,dezod pa kanpe ou anyen. Pou pale m de Duvalyeris ki echwe, non Malice.
Mwen konprann volonte w pou gen teknokrat men avan tou nou dwe gen dirijan ak vizyon politik, ak volonte politik. Apre nou bezwen teknokrat pou aplike politik ki gen volonte soti peyi sa kote li ye
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Re: Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  Joel Ven 24 Nov 2006 - 16:29

Men kounye an,ti nèg ap defann SERGE GILLES,sosyalis salon.

Ki pozisyon Serge Gilles ,janm pran pou l montre l pro-pèp?

Aa wi GILLES se yon sosyalis vre,men yon nasyonal -sosyalis (nazi an alman)
Apre koudeta 91 lan,Serge Gilles te kont retou Aristide vre,men misye pat gen OKENN PWOBLEM ak Jent Ekstèminatè an.

Serge Gilles pa t janm di anyen kont Jent lan ,ki t ap masakre pòv malere pil sou pil ,nan Katye Popilè yo.
Dapre mwen,misye pa t gen okenn pwoblèm ak masak sa yo,nan optik ke si yo te kraze mouvman popilè an,sa t ap la vwa lib ak moun tankou li.
Mwenmenm ,mwen konpare SERGE GILLES ak MUSSOLINI,ki te sosyalis nan jenès li,men nou konnen tou ,se misye ki te envante,kodifye mouvman fachis lan ki te ap vinn bay HITLER al lòt yo.
Serge Gilles reprezante tout sa ki malefik nan klas politik ayisyen an.Aristide gen dwa gen defo,men pa mete Aristide nan pwen SERGE GILLES.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Re: Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Nov 2006 - 16:34

Wouyyyyyy Rico mo teknokrat pa mete l nan boush mwen non tan pri paske mo saa genyen yon konotatyon moun ki konn pale franse fè bel diskou tankou neg ou te renmen anpil la ki te soti Boca raton lan.Non se pa moun sayo ki fè m bat bravo se moun ki ale an dedan peyi ya ki al travay ak abitan pou kreye rishess bayo servis.Ke w vle ke w pa vle Louis Dejoie pat selman yon politisyen men li se te yon endistriyel tou byen ke nou te rele isinn li yo alambik pou nou te desann li ,menm mwen tou mwen te konn di bagay tan Doktè ya te vire loloj moun lakay mwen.

Apre eksperyans, deseptyon ke mwen pran nan men ni politysyen demagog, ni teknokrat men kroshi koulyè ya mwen mande pou pep la pran shans li ak yon lot gwoup moun.Ou konnen yon neg bo lakay nou ke w ou pale de li ,map pale de Antenor Firmin ou konnen sa Manigat ekri sou li ,mwen pap diskite valè entelektyel li non , men moushe pat pi onet pase sa non dapre liv ke Manigat ekri.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Re: Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  piporiko Dim 26 Nov 2006 - 12:16

EPI SE PA PYE-CHAL KI YOUN NAN MOUN KI VANN LA GOCH,ANSANM AK TEODO.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan. - Page 2 Empty Re: Twa shwa ke mwen ta renmen ki pou Pwoshen Presidan.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum