Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Aliexpress : codes promo valables sur tout le site
Voir le deal

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

2 participants

Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Nov 2006 - 21:35

Mezanmi nan epok fet Noel saa nanpren yon moun ki genyen yon manman ki pa pran la penn pou doulè sa ke malerèz saa ap endire jodya a koz de zak ke malfrendeng , kriminel san konsyans ap fè nan peyi dayiti.Se ak tristes ke naprann ke genyen ayityen ki rive nan pwen saa jodya. kote yo pran yon ti moun non selman yo vyole li ,men yo kase bral ,apre ke yo pete jel epi yo tirel.Saa li li merite vol direk vre.Piga oken moun vinn pale de misè yo.Yon moun ki ka fè yon zak konsa li pa genyen oken lot solityon pou li.

Men tou lè se krokodyl kite kon ap resevwa ti bebe ak bayonet yo, kite kon ap masakre ti moun tankou gran moun sou Bel-air, La Salinn, Raboteau. La fosette ki ap kriye tankou krokodyl sou entenet la pou montre ke se premye fwa sa rive an ayiti yo anvi fè moun vomi.Yo bliye sak te pase pitit Francois Benoit yo.Sak te pase fanmi Edeline yo.sak te pase moun Sansarick yo.Yon mal pa geri yon lot mal ,vyolans aveg la pap regle anyen ni pou moun ki ap fè li ya ni pou peyi ya.Fok moun ki an shaj la Polis la di poukisa li pa ka resoud pwoblem vyolans lan an ayiti. Le w tande moun sayo ki ap kriye tankou krokodyl yo wap mande tet ou si se pa yo ki finn komet krim sa a pou montre ke peyi ya vinn pi mal epi apre yap vinn di manman pitit la pran kouraj .Genywen yon jwet makyavel ki ap jwe an ayiti fok yon moun ekzamine evenman yo ak entelijans pou konprann sa ki ap fet la.Men sa ki enkyetan nan sa ki ap pase se komsi nou vinn ensansib a vyolans la ,komsi li vinn tounnen yon bagay normal.La jistis pa ka fè travay li ,la polis li menm enpwisan pou resoud pwoblem la epi konsa peyi ya ap anglouti pi fon shaj jou nan yon misè nwa ki pa genyen non anko.

Mwen se premye moun ke vyolans saa repiye.Men Lè se ansyen atoufè,ansyen kriminel ki ap vinn shante pi prè de toi mon Dye nan veye ti moun lan ipokrizi saa pa genyen non anko.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Nov 2006 - 22:48

Mezanmi tande yon koze ,Lè analust yo ap pale de sa yo te fè yo di vyolans pa yo a lè yo tap boule papa ak manman benoit ,lè yo tap fisye frè Jumell yo sa se te yon vyolans LEGITIME pou yo te mentni yon stabilite sosyal.A fok yon moun konrpan bagay ki ap pase an ayiti yo.Tout bagay ki fet menm si se yo menm ki fè li pou soulve moun kont presidan peyi ya se lavalasyen ki fè yo.Se bon dye ki fè yo pa di Chamblain ak Wilnè etienne ak Guy Philippe se lavalasyen tou.Yon gagstè mete tout moun nan yon prison an yon peyi li di li ak jacques gracia ap fè bouda nou tounnen paswa analus la di sa se te yon bagay lejitum.(lol)

Ke se lavalasyen ke se ansyen makout nanpren vyolans ki legitime ke vyolans self defense.se malerezman yo pat koute lè nou te konn ap di yo se pa moun la Salinn ,ak moun sou bel-air selman ki ka peye konsekans kou deta saa. jodya tankou krokodyl yap kriye pou yon timoun ki mouri yo lage tout bagay sou lavasyen tankou yo te la yo te wè se lavalasyen ki genyen estanp lavalas nan fron yo ki te touye ti moun lan;men lè se ti boujwa yo kenbe nan kidnaping yo pa menm vle ke yo site non yo pou yo pa sal non fanmi yo..Isit o Zeta Zuni se shaj jou delenkan ap jete moun a tè men ou pa janm tande yo di ke se demokrat ki ap fè sa ou byen se Repibliken ki ap fè sa. An ayiti vote pou yon presidan se yon aret de mo ou ekri sou tet ou pase mal pou wont yo pa rekonet se dwa w pou vote pou moun ou panse ki ka retire w nan misè.Jou Presidan saa tombe ou ka pase a linfinitf pou ryen.Se domaj lè yon moun te renmen yon bagay tout bon ou pa ka janm bliye li men an verite ka nou grav pase aksan grav.Yo di :"Fiat lux'"men yo bliye ke se yo ak satan ki mete nou teneb la.


Dernière édition par le Ven 24 Nov 2006 - 22:54, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rico Ven 24 Nov 2006 - 22:50

Rodlam Sans Malice a écrit:Mezanmi nan epok fet Noel saa nanpren yon moun ki genyen yon manman ki pa pran la penn pou doulè sa ke malerèz saa ap endire jodya a koz de zak ke malfrendeng , kriminel san konsyans ap fè nan peyi dayiti.Se ak tristes ke naprann ke genyen ayityen ki rive nan pwen saa jodya. kote yo pran yon ti moun non selman yo vyole li ,men yo kase bral ,apre ke yo pete jel epi yo tirel.Saa li li merite vol direk vre.Piga oken moun vinn pale de misè yo.Yon moun ki ka fè yon zak konsa li pa genyen oken lot solityon pou li.
Non Malice pa abode bagay yo konsa zafè lam de krokodil kap vèse pou yon ti lezanj yo touye ak vyolans anraje konsa. NON MOUN AN JENERAL KAP VESE LAM YO SE YON JENERASYON TRÈ JENN KI PA ANAFÈ AK DINOZO KRIMINÈL PASE YO. Non, Malice moun tankou madanm mwen ak ti sè M ak 2 bonn ki tap rele kriye pandan manman pitit sou radyo karayib ap rakonte lanmo vyolan piti li. Se te bon lam ki soti nan fon kè ak nanm yo kom manman pitit-ou. Nan tout peyi a manman pitit se mare vant nan kriye. Non Malice, se te krèv kè pou yon jenn fanm travayè kay sè m ki twomatize . Se mennnen li kay doktè paske li te krake. Rico te kouri ale nan lakou pou fwi koze sa. Mwen ekri yon ti komantè avan yon tèsk ke mwen te envite nou diskite ki rele : Haiti, la politique se suit et se ressemble se te sitou nan kad sa.
Sou yon lot forom yo evoke koze ti jenn fanm sa mwen evite pale de sa pou pa mete plis chire pit paske tandans lan sou sit pa vle rekonèt ke AKI 86 YO PA PÈDI, NI DWE PÈDI MENM SI GEN KONPLISITE REJIM POLITIK LAVALAS AK SAKI SOU POUVWA KI LESE GRENEN BANDI, NAN JWE O KLIYANTELIS POU KENBE POUVWA. JAN W WÈ BAGAY YO SE PA DITOU SA. MESYE TOU LE MOND VREMAN CHOKE, MANDE PREVAL POU AJI NAN LESE ALE NAN ZAFÈ KAROT SAN BATON SA.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Nov 2006 - 23:05

Rico

Mwen pa di tout moun ki ap kriye se krokodyl non.Mwen pale de moun ki ap di :Fiat lux"moun ki vle la gè sivil fet nan peyi ya nonm yo rele San Sousi ki ap mete tout shaj sou lavalas komsi li te la li te wè moun ki te ap touye ti fi ya genyen yon estanp lavalas nan fron yo.Mwen toujou rekonet se pa tout Duvalierys ki kriminel ,volè, pwoblem mwen ak yo menm lè se ti boujwa Petion Ville ki ap kidnape moun yo vle mete tout lavalasyen nan menm panye.Ou genyen tandans saa tou.

nanpren moun ki ka rejwi de sa ki ap pase an ayiti jounen jodya ;se ak tristess ke yon moun ap tande sa ki ap pase nan peyi dayiti jounnen jodya ,men tou nanpren moun ki te byen nan tet ki pat prevwa se sa ki te pral pase.Se sak fè mwen ak Joel nou priye gnbis pou yo panse bien a konsekans sa yo ap fè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rico Ven 24 Nov 2006 - 23:18

Ok pou nyans la, sepandan mwen lwen mete tout moun nan menm panye. Sa w pa konprannn lan, Mwen vwayaje souvan nan peyi a. Yon egzanp mwen konnen byen detay ti mesye oganizasyon lavalas nan Site Lesko, ak nan Milo ki ti fanmy mwen. Se byen gwo bwa lavalas ki anbake ti mesye yo nan toutsa ki pa bon, Malice pale sa w konnen.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 24 Nov 2006 - 23:32

Rico nanpren pale sam konnen .mwen pa di pa genyen ti volè ti kriminel ki pwofite enstabilite ke nou kreye ya pou yo fè krim non, men an ayiti se tout moun ki nan kidnape ,ke se ti boujwa tankou ti malere .drug dilè tankou ansyen makout , alo pa vinn dim se lavalas selman ki nan fè krim .Yo genyen yon estanp lavalas nan fron yo. Le yon ti visye ,durg dilè lage yon moun a tè o Zeta Zuni eske yo di se Repibliken ou demokrat li ye pase li te vote pou demokrat nan dernye elektyon ?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rico Ven 24 Nov 2006 - 23:53

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico nanpren pale sam konnen .mwen pa di pa genyen ti volè ti kriminel ki pwofite enstabilite ke nou kreye ya pou yo fè krim non, men an ayiti se tout moun ki nan kidnape ,ke se ti boujwa tankou ti malere .drug dilè tankou ansyen makout , alo pa vinn dim se lavalas selman ki nan fè krim .Yo genyen yon estanp lavalas nan fron yo. Le yon ti visye ,durg dilè lage yon moun a tè o Zeta Zuni eske yo di se Repibliken ou demokrat li ye pase li te vote pou demokrat nan dernye elektyon ?

Tande zanmi fè yon ti tou wa tande nouvel, mwen pa vle pran chans di bagay pou pa nwi anpil jenn ki te ekspoze yo ni mwen pa vle jwe akizatè. Alos radyo Vizyon 2000 nan OKAP KI MOUN KI VOYE JENN VOLO APARÈY, APRE METE DIFE, MALGRE GEN BLAKAWOUT, LI FÈ NWA.. TOUT MOUN OKAP KONNEN YO, TE WÈ YO. SOU TRANZISYON TOUT TE NAN RAJE LIMONAD MILO, YO TOUT RETOUNEN OKAP PI FREKAN. YO PA ARETAB MALICE, SE SA W REFIZE KONPRANN.YO KONTINYE VOLO PI RED, NWI SABOTE TOUT MOUN KI NAN CHEMEN YO.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 25 Nov 2006 - 0:08

Rico

Banm di w yon bagay ou sonje sa ki te pase Rdio Port-au-prince duran kanpay elektoral 57 la, map pale w de radio Antoine Herard ki te an ba stad magloire a, se pa koulyè ya pep la ap revolte kont moun ke li pa renmen ki pap defann enterè yo .Si Radio sa te ap plede voye monte pou destabilise peyi ya ou byen ranverse Presidan ke moun yo te eli fok ou pa etone de sak rive ya.Mwen pa di li legal non men fok ou konprann kestyon an byen.Se bagay saa ke mwen te prevwa.Ou paka ranverse yon Presidan ke pep eli san ou pa peye konsekans pou sa. Gran moun tankou m yo te prevwa bagay saa sitou nan moman ke nap viv koulyè ya kote fos piblik la feb anpil pa rapo a popilatyon ,kote moun yo o zabwa. mwen pat janm fanatik Aristide non men li se te yon mwend mal.genyen moyen nou ta ka resoud pwoblem lan san kou deta.

Rico mwen pral jwen vye konpay mwen tande na pale demen ,manje anpil mango doudous pou mwen tou tande .Bonne nuiit.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 25 Nov 2006 - 13:05

E si se nou menm bann shanprel ki te konn ap mete linet nwa nan je nou pou kraponnnen moun ki koulyè ya ap manje moun tou vivan pou montre nou pakapala pou nou reprann pouvwa pou nou jwi ki ap shante pi pre mon dieu ak manman piti la e ki ap akise lot moun pou nou devye pis nou eske se pa yon pwobabilite tou.

Nou di kareman sa nou vle ,alors à bon entendeur salut."Fiat lux"La ka genyen konsekans nan tou de kan yo wi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 25 Nov 2006 - 20:35

Nou tande ak konbyen kantite kob yo arete yon ayisyen ki te pral ashte mashandiz li ,poud blansh la, an kolonbi e nou tande ki moun ki ba li lajan saa. se yon jenn polisye fanmi yo gwo zotobre ayisyen;jenn polisye ki se yon ansyen manb FADH. Map mande konbyen nan lajan sa ke manman pitit la ke yo touye kotise ladann.Yo pa site non moun sayo ou met si se yonn nan moun yo rele moun de byen yo.Men ya di se lavalasyen ki ap vann drug ki ap kidnape moun.

Si Preval ak Alexis vle foure tet yo nan sab pou yo pa netoye Polis pou zafè kidnaping saa fini se zafè ki gade yo. ki jan yon moun konprann ke yon manman pitit ke kiddnapè ap kominike ak li pral pote lajan ba moun ki ap rele li ya epi polis la pa swiv li pou yo wè ki moun ki resevwa lajan saa yon moun se pa di Ou se Serpico epi ou pa fout ka remet yon merd nan gad la.Nenpot ti polisye mazet te ka jwen moun ki pran lajan an a mwen ke bagay la se nan la polis Parenn lan ye.

Fok genyen yon remue menaj ki fet a la tet polis la pou genyen yon netoyaj konplet ki fet si se pa sa nou fek komanse nan drug ak kidnaping.Se volonte ki pa genyen pou resoud pwoblem insekirite ya.Gen lè sa yo di ya se vre.Paske yon moun pa ka konprann ki jan bagay saa fè fet epi la polis pa mete men nan pat kasav moun ki resevwa lajan pou yo fè yo bay tout moun ki nan gang.Ki jan yon shef polis pa ka fè manb gang yo denonse konpayel yo yon apre lot .Mete yon pri sou jounal nan radyo pou moun ki denonse gang ki touye ti fi sa .Andresol swa se yon inkonpetan ou byen li pa genyen gren nan dada l vre.Pwen final.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Rodlam Sans Malice Sam 25 Nov 2006 - 22:33

Rico

Je vous presente mes compliments pour avoir appris aux malappris que les lavalassiens n'ont pas comme, ils le pretendent le monopole de la drogue qui a ete traffiqué en haiti bien avant la chute de la dictature. vous aviez bien fait de les rappler le grade d'un des plus gros dealers haitiens.Ce san Souci ,quel age a-t-il ;est-il nè de la derniere pluie ?Il ne connait pas l'histoire de son pays?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri. Empty Re: Lè krokodyl ap kriye pou yon ti fi ki mouri.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum