Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
-20% sur le Lot de 2 écrans PC GIGABYTE 27″ LED M27Q
429 € 539 €
Voir le deal

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

+2
Rodlam Sans Malice
Thunder
6 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Thunder Mer 22 Avr 2009 - 2:14

Wi! ...Konstitisyon 1987 la pa reponn ak sitiyasyon ekonomik peyi a. Men apre 200 lane diktati, konstitisyon sa a se meyè zam kont tout ti diktatè sou pwèl. M te ka rele sa youn nan "defense mechanism" peyi a. Se menm jan ak yon fanm ki te sibi yon kadejak, li genyen pou l pran de desizyon ki gen dwa pa reponn ak sitiyasyon ekonomik li, pa ekzanp si li genyen 5 gdes sèlman nan men l, li gen dwa peye yon taptap tan pou l ta fè 5 minit mache nan yon ri ki pa genyen twop moun, epi apre sa li ale domi grangou. L ap pran ti tan avan ke paranoya a disipe nan lespri l.

Men pa kont, m ap dakò si se pou yo redwi nonb de depatman geyografik ak ministè ki pa itil anyen apa de chèk zonbi pou zanmi ak fanmi gwo chat ki nan pouvwa yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Avr 2009 - 7:30

Wou se moun ki ap kite pitit w gran gou pou pran kout ponya pou peye sekirite gad epi pou ale nan bal.si fanm saa ta genyen 5 goud nan menl poul manje epi se la liy li pran epi li al domi grangou e byen se pa yon moun tet dwet se yon moun ki tromatise .se psykyat li merite al wè.

Ou montre vre ke se yon bon psykyat ke ayisyen beswen;nou genyen yon paket carcan ke esklavaj la kite lakay nou ki fè nou blije ap imite tou sa blan fè lakay yo tankou makak san nou pa panse ak moyen nou e konsekans makakeri ke nap fè yo genyen sou devlopman peyi nou.Yon moun ki ap defann konstituyton 1987 la ou se yon borgne ki pa wè ke yon sel bor.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Mawon Rcfranc Mer 22 Avr 2009 - 11:56

Thunder, se pa sèlman redwi nomb depatman yo, se pou yo elimine ak konsolide anpil fonksyon tou pou yo sa diminye depans. Tankou paleman pa te bezwen gen 2 chanb e palemantè yo pa te bezwen la an pèmanans. Yo te ka rankontre lè chak 3 mwa pou yon semèn e lè gen yo bezwen, epi yo t’ap touche pèdyèm.

Yon lòt jan tou, majistra chak kominn te ka reprezante kominn sa lan paleman tou, se pa anyen y’ap regle lan kominn sa yo. Dayè, majorite lan yo, lè yo finn eli yo, se Pòtoprens y’al viv.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Avr 2009 - 13:11

palemwa de sa Mawon.mete limyè pou malad yo,montre yo ki jan moun fè viv san w pa beswen ap mande tou tan.se aprann pou nou apran viv ak moyen nou o lye nap imite sa lot moun fè lakay yo.se ekonomi w fè pou vinn genyen yon kapital ki pou pemet ou envesti nan sa ki fè lajan. se pa pete pi wo pase deyè w fè moun wè epi se ak yon American Express Card wap viv.Se lè reset leta a servi pou kreye plis biens ak servis se lè sa pep la a bouke soufri ak grangou kloroks.

tou tan se bann malpouwont sa yo ki ap dirije peyi ya e byen nou fek komanse pran wont.Yon paket moun san scrupules ki pa wont pou yo tande Premier Ministre trinidadyen di ke se yon wont pou yon peyi tankou ayiti nan baskou amerik la.Quelle honte.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Mawon Rcfranc Mer 22 Avr 2009 - 15:13

Rodlam Sans Malice a écrit:
tou tan se bann malpouwont sa yo ki ap dirije peyi ya e byen nou fek komanse pran wont.Yon paket moun san scrupules ki pa wont pou yo tande Premier Ministre trinidadyen di ke se yon wont pou yon peyi tankou ayiti nan baskou amerik la.Quelle honte.

Se sa menm, majorite moun ki cho pou fè politik an Ayiti pa panse pou tèt yo, yo pito blan panse pou yo epwi ba yo dikta pou yo aplike. Tout sa k’ap pran pòz gran konòsò « je swi konstisyonalis », yo te konnen peyi pa te kapab sipote yon konstitisyon konsa. Se kopye kole yo te fè ak kontitisyon fransè, ameriken, kanadyen, yo ap fòse yo seri de bagay lan gòj peyi ke nenpòt moun te ka wè ki pa aplikab lan pou peyi. Sali ye, yo pa kwè lan tèt yo, se blan pou yo kopye, e kopye malman. Menm an Frans, gen deba k’ap fèt pou mande eliminasyon oubyen chanjman wòl premye minis lan.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  revelation Mer 22 Avr 2009 - 16:03

Mawon Rcfranc di : Thunder, se pa sèlman redwi nomb depatman yo, se pou yo elimine ak konsolide anpil fonksyon tou pou yo sa diminye depans. Tankou paleman pa te bezwen gen 2 chanb e palemantè yo pa te bezwen la an pèmanans. Yo te ka rankontre lè chak 3 mwa pou yon semèn e lè gen yo bezwen, epi yo t’ap touche pèdyèm.

Yon lòt jan tou, majistra chak kominn te ka reprezante kominn sa lan paleman tou, se pa anyen y’ap regle lan kominn sa yo. Dayè, majorite lan yo, lè yo finn eli yo, se Pòtoprens y’al viv.

Si depatman sayo e position palemante yo konstitisyonalizè yo pa fouti elimine position sayo abitreman konsa san ke pa gen yon chanjman nan konstitisyon an poin ba!!

An atandan ke konstitisyon sa poko amande, mesye sayo pat fe yon pa kita, yon pa nago!

Sel bagay ki rete se bayo okipasyon, bayo travay pou yo fe e pou jistifye lajan keyo ap touché a.
Bayo travay parttime nan universite, nan sant de fomasyon profesyonel, mete yo mamb komite, bayo aktivite pou yo fe etc..

Si position travay mwen gen tenure ou byen konstitisyonalize, peson pakab vinn revoke’m paske revokasyon’m depand de chanjman nan konstitisyon an pou anile pozisyon’m nan.

Si yopa ban'm travay pou’m fe, map touche check ‘m kanmenn.
Sel bagay ke yo kap fe se kweye travay ban’m.

Anpil neg kap pale anpil di ke se yon gaspillaj lajan, se deye lajan an memm ke yo ye !!

Sel bagay ki rete vre, se deklare pozition sa yo « benevol » e gratis.e perdiem selman ke yo gen dwa jan Mawon di a.
Mezi travay yon neg, mezi lajan'l touche.
Se le sa nou tap we si neg ayisyen patriot vre!!

Nou tap we ke tout diskisyon sa yo tap fini paske peson patap al deye djob kipa peye, paske anpil Ayisyen pap travay gratis, memm pou sevi peyi yo !!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Invité Mer 22 Avr 2009 - 16:17

C'est l'instablité politique qui ruine notre pays.

Je prédis amèrement qu'après ces dernières élections sénatorielles, le pays connaitra une nouvelle crise politique.

Ayiti ap fini pa disparèt.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Mawon Rcfranc Mer 22 Avr 2009 - 16:19

revelation a écrit:
Sel bagay ki rete vre, se deklare pozition sa yo « benevol » e gratis.e perdiem selman ke yo gen dwa jan Mawon di a.
Mezi travay yon neg, mezi lajan'l touche.
Se le sa nou tap we si neg ayisyen patriot vre!!

Nou tap we ke tout diskisyon sa yo tap fini paske peson patap al deye djob kipa peye, paske anpil Ayisyen pap travay gratis, memm pou sevi peyi yo !!

Revelasyon


Revelasyon, Se solisyon an menm. Anpil lan eta lan sid Ozetazini, lejislati eta sa yo se pSe solisyon an menm. Anpil lan eta lan sid Ozetazini, lejislati eta sa yo se perdiem li peye mamb yo, pou lè yo rankontre. Se sa’k fè’w jwenn majorite mamb sa yo se moun ki gen biznis yo, ki gen yon lòt profesyon pou yo fè lajan. Job leta, se benevol li ye pou yo.

Fe yon koudey pou sou sit sa pou wè, gade ALABAMA, Kansas, Kentucky, Montana, Nevada, North Dakota, Utah, Wyoming pou’w wè :


http://www.empirecenter.org/html/legislative_salaries.cfm

Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  revelation Mer 22 Avr 2009 - 17:04

Mawon di: Revelasyon, Se solisyon an menm. Anpil lan eta lan sid Ozetazini, lejislati eta sa yo se pSe solisyon an menm. Anpil lan eta lan sid Ozetazini, lejislati eta sa yo se perdiem li peye mamb yo, pou lè yo rankontre. Se sa’k fè’w jwenn majorite mamb sa yo se moun ki gen biznis yo, ki gen yon lòt profesyon pou yo fè lajan. Job leta, se benevol li ye pou yo.
Fe yon koudey pou sou sit sa pou wè, gade ALABAMA, Kansas, Kentucky, Montana, Nevada, North Dakota, Utah, Wyoming pou’w wè :

http://www.empirecenter.org/html/legislative_salaries.cfm

Mesi pou infomasyon sa yo!
Nou souyete ke dirijan peyi a kap konsilte prensip sevis sa yo e ap gade kijan lot peyi fonksyone!!

Tout amploye leta se seviter!! Se sevis ke yo ap rand pep la e peyi yo!!

Touche saler te fet pou sekonder nan jwet sa!!

Si Ayiti te nan lague avek yon lot pep mande Bondye padon, ayisyen tap mande pou Leta peye yo pou yo al defand peyi yo!!

Fok konstitisyon sa rebat!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Avr 2009 - 20:42

Mwen ta renmen wè yon etid ki fet sou kou gouvenman chak peyi pa rapor a PIB peyi ya: peyi kote gouvenman koute mwens tap premye peyi kote gouvenman koute plis par rapor a PIB tap dernye.poum ta wè nan ki plas ayiti tap ye.Lè wap tande konbyen depite ki genyen an ayiti ak Sneatè ak Minis yon moun pa beswen sezi si se peyi etranje ki kotise 60% nan bidjè peyi ya.

si yon peyi pa genyen yon politik fiskal ki pemet li fè epay poul envesti nan enfrastrikti ki jan ke yo konprann yap janm soti nan soudevlopman an?ou genyen yon popilatyon ki ap ogmante epi peyi ya pa pwodwi anyen ki jan fè se pa pi mal nou vinn pi mal.Map li sou sit le Nouvelliste yo ti jenn nonm ki di se Aristide ki mete peyi ya nan eta li ye paske lè li te ti moun li pat wè peyi ya sal konsa.ki laj li 26 zan ;men sa li pa konprann se chak jeneratyon ki ap di menm bagay la.jeneratyon pam lan te rele revolutyon duvalierist la revolution kann kale.paske pou nou se lè sa nou komanse wè po kann ,po mango nan tout la ri moun ap mache sou moun.ayisyen ap pran kanntè etc.tou tan ap genyen plis moun e nap pwodwi mwens e byen misè ya ap vinn pi red.

nan yon peyi devlope tankou eta zuni Presidan Obama ap pale de kontwol popilatyon se konsa a swè nan nouvel nou tande ke genyen yon lwa ki vote kote nenpot ti jenn fi ka achte yon pilul ki pou anpeche yo ansent san yo pa beswen aprobatyon paran yo.ki sa nou menm nap fè an ayiti pou nou kontwole kwasans demografik la?nad marinad epi nap mande charite tout la sent jounen.tankou lot moun lan di ya pwoblem ayiti se ayisyen ou du mwen neg ki pran poz konesè yo ki di se yo ki kabap dirije peyi ya ak yon paket moun ki pa ka wè pi lwen pase pwent nen yo men ki odasye ki ap chache plas ke yo pa ka okipe.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  kakakok Mer 22 Avr 2009 - 21:09

Thunder a écrit:Wi! ...Konstitisyon 1987 la pa reponn ak sitiyasyon ekonomik peyi a. Men apre 200 lane diktati, konstitisyon sa a se meyè zam kont tout ti diktatè sou pwèl. M te ka rele sa youn nan "defense mechanism" peyi a. Se menm jan ak yon fanm ki te sibi yon kadejak, li genyen pou l pran de desizyon ki gen dwa pa reponn ak sitiyasyon ekonomik li, pa ekzanp si li genyen 5 gdes sèlman nan men l, li gen dwa peye yon taptap tan pou l ta fè 5 minit mache nan yon ri ki pa genyen twop moun, epi apre sa li ale domi grangou. L ap pran ti tan avan ke paranoya a disipe nan lespri l.

Men pa kont, m ap dakò si se pou yo redwi nonb de depatman geyografik ak ministè ki pa itil anyen apa de chèk zonbi pou zanmi ak fanmi gwo chat ki nan pouvwa yo.

Vye zanmi mwen mwen pa konpwann anyen tout neg leve nan bounda konstitisyon paske li sesi li sela se ka vre ..Nan lane 2003 2004 se twe menm neg sa yo ki tap krye 5 lane !!! malgre tout move kout gidonAristide tap fe...Neg isit chaje ak trou nan manch ! Se sa ki fe yo pa dako ak kakakok !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  kakakok Mer 22 Avr 2009 - 21:18

mwen kakakok mwen ka fe ere se vre lit ke map men nen se yon lit konviksyon ! Se yon lit striktirel mwen pa la pou mwen sipote okenn vagabon popilis ! Lavalas titidisyo we kontra pou souse peyi a preske fini se pousa yap chache tout mwayen manyen manman lwa peyi a..Se sou konstisyon sa a yo tout krim yo , tout vol yo , tout vyol yo..Se sou li menm yo te mete AMIOT METEYE general , se sou si yo disparet ODONEL PAUL , se sou li Preval diirige san palman , touye Senate Toussaint remete Aristide o pouvoir ..sa ki te genyen la...Yo pa bezwen fe okenn changeman la dan pou mete RENE CIVIL prezidan !..Konstitisyon aksepte ni pe pe vakabon , ni fo agwonom , , tout neg sot prezidan..Banm mwen la paix..Oui genyen yon jeneraqsyon neg serye ki pou vini amande li , kraze li menm menm se pa ti kolonn assasen yo......
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Avr 2009 - 21:36

se sak fè nou pa ka diskite paske ou toujou ap melanje zoranj ak pom.si yon moun ap defann manda yon presidan pou genyen stabilite nan peyi ya sa pa vle di ke li pa ka wè sa ki mal nan konstitutyon an.map pose w yon kestyon epi reponn mwen san fanfaronad eske li normal pou yon peyi se mande li ap mande lajan poul organise elektyon lakay li. konbyen elektyon ki pral genyen ane saa an ayiti?eske se normal ke yon peyi poul boukle bidjè li se 60% ke etranje dwe bay?eske se vre nan yon peyi kote moun ap pran la ri pou grangou nou beswen yon palman ak 2 chanb e yon pouvwa eksekitif ak 2 tet ?eske se vre pou nou dirije peyi fok nou fè elektyon chak 2 zan pou nou depanse 16 milyon dola ke nou pa genyen?

si w beswen al fè yon kout depite ou byen Senatè ou Premye Minis tou ou pa ka anpeche nou kondane yon konstitutyon malatchyong ki fè ayisyen tounen mandyan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  kakakok Mer 22 Avr 2009 - 21:58

Rodlam Sans Malice a écrit:se sak fè nou pa ka diskite paske ou toujou ap melanje zoranj ak pom.si yon moun ap defann manda yon presidan pou genyen stabilite nan peyi ya sa pa vle di ke li pa ka wè sa ki mal nan konstitutyon an.map pose w yon kestyon epi reponn mwen san fanfaronad eske li normal pou yon peyi se mande li ap mande lajan poul organise elektyon lakay li. konbyen elektyon ki pral genyen ane saa an ayiti?eske se normal ke yon peyi poul boukle bidjè li se 60% ke etranje dwe bay?eske se vre nan yon peyi kote moun ap pran la ri pou grangou nou beswen yon palman ak 2 chanb e yon pouvwa eksekitif ak 2 tet ?eske se vre pou nou dirije peyi fok nou fè elektyon chak 2 zan pou nou depanse 16 milyon dola ke nou pa genyen?

si w beswen al fè yon kout depite ou byen Senatè ou Premye Minis tou ou pa ka anpeche nou kondane yon konstitutyon malatchyong ki fè ayisyen tounen mandyan.

Si ou mouye mwen regret sa a pou wou !Ou we seryesman mwen dako ak tout pwen ou fe yo..Mwen toujou di ou ou chaje ak demi verite lot moso veririte yo se nan men mwen yo ye......

Bann vakabon zanme ou yo Mwen te komanse denonse konsey elektoral depi avan yo te mete lavalas deyo nan eleksyon.....Saki fe yo pa te ka rete tann????Yon lot fwa anko fok nou fini ak dyalog soud sila...Wi konstitisyon bay anpil pwoblem e se pa jounen jodia...Wi fok li ta amande , kraze menm ..ak yon sel diferans ti kolonn assassen an libete sa yo pagen ni moral , ni fos politik pou fe sa????E se la selman kakakok fe yon gwo diferans ak ou !

Pou koze difamasyon an mwen pa sezi kote ki genyen impinite toujou gnyen difamasyon.Si Preval te kite jije Aristide pou volo yo tap konnen si li koupap ou inosang ???Li kouri lev plent yo ??? Si Preval fe menen yon anket serye sou fiziyad kite fet sou se li a yo ta bouke lonmen non Aristide nan koze sa ....


Dernière édition par kakakok le Mer 22 Avr 2009 - 23:00, édité 1 fois
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Avr 2009 - 22:10

Ok ou di Preval se yon asasen an liberte li pa genyen otorite moral poul chanje konstitutyon an dim ki les ki genyen otorite moral pou fè sa?se pa mesye nan palman ke yo sot denonse nan skandal LONA a , se pa GNBISt yo ki te kouri ak gwo machin 50000 dola; se pa neg ki te mande pou yo pa peye taks pou twa zan. ki les ki san peche an ayiti kakakok?

fok ou sispann kondane moun san prev wi ;yon jou ou ka viktim de denigreman de difamatyon tou wi.ou prefere ke nou rete ak konstituyton saa ki mande pou nou ap fè 3 elektyon ane saa selman ?konsa si jacques edouard alexis ranplase preval ou pral di li pa genyen moralite ase poul aboli konstitutyon malatchyong lan; ki lè menm wap dakor pou yo aboli li;lè se wou ki chita sou chez boure nan kay blanch sou chan de mars la?(lol)Ou byen lè se kor milis la ki retounen ankor?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  kakakok Mer 22 Avr 2009 - 22:27

Rodlam Sans Malice a écrit:Ok ou di Preval se yon asasen an liberte li pa genyen otorite moral poul chanje konstitutyon an dim ki les ki genyen otorite moral pou fè sa?se pa mesye nan palman ke yo sot denonse nan skandal LONA a , se pa GNBISt yo ki te kouri ak gwo machin 50000 dola; se pa neg ki te mande pou yo pa peye taks pou twa zan. ki les ki san peche an ayiti kakakok?

(lol)Ou byen lè se kor milis la ki retounen ankor?

Ou di tout bagay la !Repons la se nan la bible pou trouve li..Le salaire du peche ce n'est pas seulement l'Afrique du sud mais c'est la mort aussi ! Ce n'est pas l'impunite ni une poursuite partielle....An passant soeur Preval nan men scandal sila tou...

Ou vle fe konnen se kor milis mwen ye...mesi anpil...ou fe sa nan bontan...Oui se se le pep ki ankadre ak lide konpetan e dezenterese ki ka fe chanjman sa yo...Se pa ti anachis profesyonel sa yo....
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  kakakok Mer 22 Avr 2009 - 23:01

Rodlam Sans Malice a écrit:Ok ou di Preval se yon asasen an liberte li pa genyen otorite moral poul chanje konstitutyon an dim ki les ki genyen otorite moral pou fè sa?se pa mesye nan palman ke yo sot denonse nan skandal LONA a , se pa GNBISt yo ki te kouri ak gwo machin 50000 dola; se pa neg ki te mande pou yo pa peye taks pou twa zan. ki les ki san peche an ayiti kakakok?

fok ou sispann kondane moun san prev wi ;yon jou ou ka viktim de denigreman de difamatyon tou wi.ou prefere ke nou rete ak konstituyton saa ki mande pou nou ap fè 3 elektyon ane saa selman ?konsa si jacques edouard alexis ranplase preval ou pral di li pa genyen moralite ase poul aboli konstitutyon malatchyong lan; ki lè menm wap dakor pou yo aboli li;lè se wou ki chita sou chez boure nan kay blanch sou chan de mars la?(lol)Ou byen lè se kor milis la ki retounen ankor?

Pou koze difamasyon an mwen pa sezi kote ki genyen impinite toujou gnyen difamasyon.Si Preval te kite jije Aristide pou volo yo tap konnen si li koupap ou inosang ???Li kouri lev plent yo ??? Si Preval fe menen yon anket serye sou fiziyad kite fet sou se li a yo ta bouke lonmen non Aristide nan koze sa ....
_________________
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Rodlam Sans Malice Mer 22 Avr 2009 - 23:12

Mwen bouke tande refren Aristide saa nan tet mwen tout la sent jounen se yon kestyon de konstitutyon ki ap diskite la.Se pa yon kestyon Aristide plak saa gen lè kole ki fè w pa ka ekri de mo san w pa lonmen Aristide.Koumanman ala yon nonm ki fè w mal papa.Mwen pat janm tande w pale mal neg ki te ap kreye komisyon sou komisyon pou yo te separe lajan ke yo te prete yo ak gwo zotobre parey yo.ni w pat janm di yo se asasen lè yo tap fizye pitit pep la nan fort natyonal ak nan site ya.

kakakok Aristide pap presidan ankor an ayiti.an nou sispann danse tanm tanm aristide la.an nou gade devan nou pou nou wè si yo pal di se nou ki pi mal nan amerik la.pou sa ka sispann fok nou chanje vye konstitutyon an;ke se Preval ke se moun ki ap vinn apre li ya se pa boujwa ki ap ranplase preval.Neg w la pap sis(lol)
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Invité Jeu 23 Avr 2009 - 1:07

Nou pa gen yon pwoblem konstitisyon, nou gen yon pwoblem mentalite.

Map asire nou ke konstitisyon 2010 ap bay plis pwoblem ke sa 1987 paske Ayisien an toujou rete menm jan an, pou'm pa di li vini pi mal.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 23 Avr 2009 - 9:04

Mwen pa dakor ak sa w di ya. ki jan fè nou pa genyen yon pwoblem konstitutyon si chak fwa pou nou fè elektyon ke konstitutyon a mande ya se charite pou nou mande.ki jan fè pou di nou pa genyen yon pwoblem konstitutyon si a kos de tout birokrat sa yo ke konstiutyon an mande pou genyen :Presidan, premye Minis, 30 minis,. 30 Senatè, 140 depites, san konte delegue, vis delegue, asanble depatmantal, asanble kominal etc se kominote enternatyonal ki pou bay 60% de bidjè ya tandis ke pep la li menm ap kriye paske li grangou.

wi se vre nou genyen yon pwoblem mantalite ki fè nou vote yon konstitutyon konsa ki fè nap pete pi wo pase deryè nou,nap imite sa lot moun fè lakay yo san ke nou pa teni kont de moyen nou e beswen nou se sak fè nou tounnen mandyan tou tan.se enkroyab ke yon moun ki edike ka di yon bagay konsa.Eske se vre yon peyi ki ap mande 125 milyon dola poul boukle bidjè li beswen yon palman ak 2 chamb yon pouvwa ekzekitif ak yon presidan e yon Premye Minis?Konpare ratio kou gouvenman/ PIb peyi ya ak ratio kou gouvenman dominiken /PIB wa wè poukisa pep la nan grangou kloroks la.Reset leta pa sifi menm pou peye birokrat nan peyi ya kote pou yo jwen lajan pou envesti nan enfrastrikti?Fok se mande yo blije ap mande tou tan.ajoute tou sa ak koriptyon,yon politik fiskal tet an ba wa konprann pwoblem konstitutyon saa mete nan peyi ya.Se pa pou gremesi ke Preval di ke konstitutyon saa se yon sous denstabilite e se vre. gade sak sot pase la.epi nou pral rekomanse menm maskarad la ankor en Decembre.konbyen li pral koute pou eli 140 depite yo?Panse byen anvan ou ekri.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  kakakok Jeu 23 Avr 2009 - 9:39

San Malice mwen dako ak wou...La anko fok ou mete lot moso verite a deyo ..Se pa sel pou eleksyon nou mande charite..Nou mande charite pou bidje tou...So sa ou we nou ta dwe femen peyi a tou.. Nou mande charite pou tout bagay.. Pou wout , pou limye, pou foutbal... Pwoblem la se bagay global..Chak fwa nap chache regle ti bagay pa moso neg ekle genyen yon ti jan sispek nou !

Mwen pou depote yon prezidan nou toujou bezwen ed yon lot peyi pou ba nou yon kout men...
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  revelation Jeu 23 Avr 2009 - 15:16

Anpil moun ap pale de aboli konstitisyon an e anile konstitisyon etc.
Se pa sa non ke nou vle, paske san konstitisyon, yon peyi pap kab fonksyonne se ap anachi e chaos, chyen manje chyen.

Nou mande pou ke chanjman avek amandman fe nan konstitisyon 1987. Chanje atik ak sektion ki pa a la mode anko e ranplase yo.

Memm jan ke konstitition Ameriken an gen plisye amandman ki fet ladan pou sa akomode chanjman avek tan modern sa ke nap viv la.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  AnaCreole Jeu 23 Avr 2009 - 19:54

revelation a écrit:Anpil moun ap pale de aboli konstitisyon an e anile konstitisyon etc.
Se pa sa non ke nou vle, paske san konstitisyon, yon peyi pap kab fonksyonne se ap anachi e chaos, chyen manje chyen.

Revelation, gen peyi ki pa gen konstitisyon e yo fonksyone trè byen. Eske'w konnen Langletè, Izrayèl, Nouzeland pa GEN KONSTITISYON Ekri.

san rankin.
AnaCreole
AnaCreole
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 363
Localisation : USA
Loisirs : Danser, Lire, Voyager
Date d'inscription : 13/06/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Invité Jeu 23 Avr 2009 - 21:34

AnaCreole a écrit:
revelation a écrit:Anpil moun ap pale de aboli konstitisyon an e anile konstitisyon etc.
Se pa sa non ke nou vle, paske san konstitisyon, yon peyi pap kab fonksyonne se ap anachi e chaos, chyen manje chyen.

Revelation, gen peyi ki pa gen konstitisyon e yo fonksyone trè byen. Eske'w konnen Langletè, Izrayèl, Nouzeland pa GEN KONSTITISYON Ekri.

san rankin.

Gen peyi tou ki gen konstitusion sèlman sou papie tankou Ayiti, Somalie, Sri Lanka,...

Ki sa ki pi enpotan: yon konstitusion ou lod?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  AnaCreole Jeu 23 Avr 2009 - 22:14

colocolo a écrit:
Gen peyi tou ki gen konstitusion sèlman sou papie tankou Ayiti, Somalie, Sri Lanka,...

Ki sa ki pi enpotan: yon konstitusion ou lod?

Peyi sa yo, se sou lod yo mache. Tout lwa yo base, sou sa lejislati fè, ak presedan ki fèt lan tribinal yo. Poukisa pou nou kite yon konstition mal fèt andikape peyi a?
AnaCreole
AnaCreole
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 363
Localisation : USA
Loisirs : Danser, Lire, Voyager
Date d'inscription : 13/06/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon. Empty Re: Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum