Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
5 participants
Page 1 sur 1
Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Imajine yon group pov devan legliz Kathedral.
Yon nan pov sa yo telman pov ke se pov yo memm kap fe la ket ant yo pou ede’l.
Se konsa ke Premye Minist Jamaique la Bruce Golding di ke "Nou pov se vre men nivo povrete Haiti a fe nou wont. Se premye fwa ke yon nan fre nou yo tombe ba konsa ke fok nou fe yon ti kichoch pou lot peyi pa lonje dwet sou nou".
At the same time, Prime Minister Golding said: "Haiti represents an embarrassment to the Western hemisphere. We ought to be ashamed of ourselves to allow the conditions that exist in Haiti to exist."
Premye minist la di ke” Afe nou pa telman bon lakay nou paske nou se pov tou, men nou telman wont de sitiyasyon fre ayisyen nou yo ke mwen te anvi rale telefonn mwen e rele Minist Finans Jamaique la pou’m mande’l si pa gen yon ti kwass lajan nan fon mamit budje nou an pou’m fe Ayiti la charit.
"I felt so much for Haiti today that, as bad as our situation is, I was on the verge of picking up the phone to call the minister of finance to say can we find a little something to throw into the fund," said the prime minister.
Anpil lot ti peyi nan Karayib la pa pran nan kwaponnaj mize Ayiti a.
Yo di ke se malhonnet dirijan yo ki fe ke Ayiti nan mize nwa sa e ke Ayiti gen potansyel pou’l kanpe dwat.
Men depi plis ke 2 dekad ki sot passé la yo, Dirijan Ayisyen yo a pran yon plezi malin pou yo lijitimize e professionalize mandisite a a yon nivo telman ba ke nou memm ti peyi pov nan Karayb la e “limbo dancers” nou pakab antre an konpetisyon avek Ayiti.
Ayiti ap fe lot mandyan nan Karayib yo wont. Karakte nou etan dirijan pa pemet nou desand ba konsa se sa lot dirijan ti peyi nan karayab yo di. Nap ede Ayiti e nou ta renmen ke dirijan yo fe yon efo pou yo kolabore avek nou tou.
http://www.jamaica-gleaner.com/gleaner/20090422/news/news5.html
Revelasyon

revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Yon moun oubyen yon nasyon kapab pÔv, men yo pa oblije MANDYAN.
Mandisite se yon povrete karaktè. Se sa ki rele sankoutya.
Kidonk, eta povrete yon nèg pa retire diyite l.
Ki lòt mandyan ou konnen lan Karayib la?

Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Byen palé Sasaye, ou ka pôv anpil, men ou pa oblijé lonjé kwiw bay pèsôn. tankou pwovèb la di «Nou ka grangou men nou pa saf ni visyé» moun ki gen karaktè pa mandé tout la sent jounen. Sé pa paské nou pôv ké nou dwé sanwont met sou li
Nickie- Star plus
-
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Nou te atand nou aske Sasaye, Nickie e lot gwo nationalist yo vinn la frappe l’estomak yo pou yo di ke Ayiti Pov se vre, men nou pa oblije mandyan pou sa.Sasaye di: Yon moun oubyen yon nasyon kapab pÔv, men yo pa oblije MANDYAN.
Mandisite se yon povrete karaktè. Se sa ki rele sankoutya.
Kidonk, eta povrete yon nèg pa retire diyite l.
Ki lòt mandyan ou konnen lan Karayib la?
Nickie di: Byen palé Sasaye, ou ka pôv anpil, men ou pa oblijé lonjé kwiw bay pèsôn. tankou pwovèb la di «Nou ka grangou men nou pa saf ni visyé» moun ki gen karaktè pa mandé tout la sent jounen. Sé pa paské nou pôv ké nou dwé sanwont met sou li.
Fok nou di klereman ke mandisite a se yon mwayen, yon fason pou yon moun ou byen yon peyi pôv itilize pou soulaje mize pep li.
Ayiti prezante têt li yon fason si mizerab ke atitid sa brize kê e sansibilize tout peyi e fe yo anvi bay Ayiti la charite.
Ke mize peyi a reyel ou byen aparan se pa la kestyon an.
Se ke Preval reyissi nan mission’l. Do not judge the player, it is the game !!
Li jwen mwayen sansibilise rest natyon yo pou ede pep ayisyen!
Komm nou toujou di ranmase lajan se yon djob, fason ke nou itilize lajan sa yo nan bon jan ti mamit se yon lot.
E se nan domenn sa ke Preval echouye e se la pou nou konsantre kwitik nou de preferans olye ke nap jije karakte ‘l e taktik li.
Si ti peyi nan Karaiyb yo mete têt ansanb e deside ke olye ke yo bay Ayiti manje pwasson, yo pral aprand nou fe la pech de preferans pou’n satisfe bezwen nou se tre byen e nou apresye sa.
Cuba voye dokte, achitek, pwasson, Venezuela voye gazolinn e pral konstwi aeropo etc se tre byen.
Si CARICOM yo vle voye professe finans, comptabilite, odinate, hoteleri, tourist etc.. se tre byen.
Si yo mete bagay sa yo nan kwi la charit Preval, se tre byen e se sa ke nou bezwen.
Sispand vye orguey, e wont fe kole sa yo!! Sa pap sevi nou a anyen!!
Aprand fe la pech la mande yon patisipatyon kolektiv….fok nou pare pou sa.
Mandisite sa kap fini e vann tiyo lajan assistans internatyonal sa kap femen si gouvenman kap satisfe bezwen pep la.
Mandisite pa peche si koleksyon lajan yo al jwen moun ki nan bezwen.
Bill Clinton, Mother Theresa, Billy Graham, Joel Olsen, Preval, Revelasyon, fondatyon Aristide ... etc nou tout se mandyan kap soulaje mize malere!!
Revelasyon
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Se pa vre ke mandisite ya se sel fason pou pov soulaje misè yo ,nou pa infim.ni nou pa malad fisikman nou ka malad nan tet vre ki fè nou vinn tounen mandyan pwofesyonel .genyen lot moyen pou yon pep ou yon moun viv ak diyite menm si w pov.ou viv selon moyen w ou pa imite sa lot moun fè pou fè l tou.ou konsidere bidjè w sa w rantre pou kontwole sa w ka depanse.Ou pa plede ap kale pitit tankou la pen epi apre se charite wap mande pou ba yo manje.Ou pa plede ap gaspiye lajan nan kanaval nan elektyon malatchyong nan fè bal nan kay sal.ou pa blije ap peye yon paket bonn ki pa genyen menm travay pou yo fè nan yon kay sal.ou pa blije ap peye yon paket sekirite gad ki pa genyen menm yon bon revolvè nan men yo.ou pa blije genyen yon paket vanjè la ras nan tout peyi ,ou pa blije genyen yon paket radotè nan yon palman pou gremesi.Ou pa blije genyen yon presidan pijon voyajè ak yon Premye minis an menm tan.
Si nou pran wont saa jodya se politisyen sankoutya dwet long ak boujwa mal pou wont ki la koz saa.Clinton te genyen rezon di :"it is the most repugnant elite in the world."
si ayisyen pa selman boujwa yo non men nou tout si nou te renmen peyi ya jan nou di se pa ti peyi sa yo ki te dwe ap fè ket pou charite nou. si nou te renmen ayiti ak non nou tankou jwif yo renmen Israel nou te dwe mande Preval poul mete bon tresor renesans ayiti deyor pou chak ayisyen te genyen obligatyon achte yon kantite bon selon moyen yo chak ane .Robert Malval te di ke ayisyen pale anpil de peyi yo men yo pa renmen li otan ;renmen peyi se pa nan bouch sa di selman fok w fè sakrifis tou pou montre w renmen peyi ya tout bon.Dyaspora ayisyen te dwe kapab prete gouvenman an lajan saa yo sot mande prete ya. men tou fok yo mete menot nan men tout dwet long menmsi se Preval.se konsa na retabli konfyans ayisyen nan tet yo e nan gouvenman yo.Pa dwe genyen statute of limitations pou volè lajan leta nan yon peyi pov konsa .

Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Se pa paske wou pòv pou pa gen diyite. Problèm se pa pòvrete fisik Ayiti ki fè Ayiti lan malsite sa, se pòvrete mantal ke nou soufri. Lòt ti peyi sa yo pòv tou, men yo pa’p mache tout lasent jounen ak yon bòl ble lan men yo ap di tanpri syouple. Yo fè yon efò ak tèt yo.
Men nou pa vle aprann lan men yo vle, nou plis sou joure ak yo olye nou fèmen bouch nou pou aprann de yo. Se rele yo « black Coquen », « ti ròch lan lanmè » ki pa vo anyen pandan ke sitiyasyon pi bon pase nou.
Resous yo pi limite ke nou, malgre sa yo ranje yo pou yo trouve yon akomodasyon pou tout kouch sosyete yo a viv ak diyite. Nou menm, majorite boujwa ak politisyen nou yo se peze pèp la, prije peyi al mete kòb la aletranje. Men yon group pèdi plis ke 200 milyon dola lan yon bank etranje. Si kòb sa te rete Ayiti ak sikile, pou peyisan te jwenn prè pou achte angrè, pou antreprenè pou ouvè biznis, nou pa t’ap pran wont sila. Se yon bann sankoutya.

Mawon Rcfranc- Star
-
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Ne donne pas un poisson à quelqu'un, aprend lui à pêcher...
Invité- Invité
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
T-NEG a écrit:Ne donne pas un poisson à quelqu'un, aprend lui à pêcher...
Yo apran nou peche deja, men se PIRATE nou vle fè.
Invité- Invité
Re: Peyi Pov Nan Karayib yo ap fe la Ket Pou Ede Ayiti.
Sa vlé di mandyansité sé nan biskèt nou li yé? ala traka papa
Nickie- Star plus
-
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose
Sujets similaires
» Eske peyi lan KARAYIB yo ka gen 100% ENEJI RENOUVLAB?
» Peyi lan KARAYIB yo ap di ETAZINI "LA PRIT" ak ZONE DINFLUENCE BACKYARD li an
» Act independence Peyi Ayiti chita nan Achiv Natiyonal Peyi Angleter
» Jodya, Ayiti gen 208 an depi l endepandan. Vive Ayiti. Bôn Fèt, peyi pa m.
» Yon ti peyi kou Ayiti...

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|