Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-24%
Le deal à ne pas rater :
PC Portable Gaming 15.6″ Medion Erazer Deputy P40 (FHD 144Hz, RTX ...
759.99 € 999.99 €
Voir le deal

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

4 participants

Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  jafrikayiti Ven 3 Juil 2009 - 21:43

Yo pa bezwen Zelaya w si yo deja delala w!


Lè nou founi je gade sitiyasyon k ap devlope nan Onndiras depi Lame peyi sa a te fose prezidan Zelaya oltègèt nan yon koudeta - yo di ki te nesesè pou evite dezod misye t ap fè ak "bèl ti demokrasi reprezantatif" peyi a, nou pa ka anpeche konpare evenman yo ak sa ki te pase - ak sa ki ap pase - lakay nou Ayiti.

Nou pa p rantre nan konparezon ki pi fasil yo. Asavwa èske se koudeta osnon "départ", èske se yon "lèt demisyon" li siyen vre? Èske se yon soulèvman popilè oudimwens se CIA ki t ap IRIte l.....

Nou deja jwenn anpil bon analiz ki fèt sou ang sa a sou yon bon sit entènèt tankou www.trinicenter.com ki dedye yon paj espesyal pou ni koudeta 28 jen 2009 la nan Onndiras
http://www.trinicenter.com/articles/honduras/
, ni koudeta 29 fevriye 2004 la ann Ayiti.
http://www.africaspeaks.com/haiti/

Chak moun ka kontinye deside wè koze yo ak linèt yo pi pito.


Nivo ki enterese m nan konparezon an, se relasyon elit politik 2 peyi pov sa yo genyen ak nasyon yo. Epi kijan sa pran fom nan konstitisyon 2 repiblik yo.

Eskiz reyaksyonè nan Onndiras yo pran pou jistifye koudeta yo a, sè ke Prezidan Zeyala te vle mande pèp Onndiras la dizon li nan kad yon "gwo pase men" nan konstitisyon peyi a. Nou pa sonje yon bagay konsa t ap pale lakay nou tou? Pa anvan koudeta 2004 la non!

Se ekzakteman 30 mas 2008 mwen te pibliye tèks ki pote tit "Pou yon konstitisyon ki osèvis lanasyon", kote mwen te ekri:

Gen yon seri atik nan Konstitisyon 1987 [5]la ki, nan je pa m, pa respekte dwa granmoun nasyon an.

Paregzanp, nou ka site, Nimewo 284-4 ki di:
« Yo pa janm gen dwa fè okenn chanjman nan Konstitisyon an, si chanjman sa a ta fè, peyi a pa gen demokrasi anndan l ankò, oubyen si chanjman sa a ta fè, peyi d Ayiti pa yon repiblik ankò ».

Mwen pa konstitisyonalis, se vre, men mwen pa konprann ni pye ni tèt yon deklarasyon parèy. Kidonk, si Ayisyen ta deside yo vle tabli yon lòt fòm gouvènman yo ta jije ki plis nan enterè yo, yo pa ta janm gen dwa pran desizyon sa a?

Nou ka site tou, Nimewo 284-3, ki di:
« Yo pa janm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen chanjman nan Konstitisyon an ».

Pou mwenmenm, se la ne koze a ye. Tout nasyon gen yon sèl otorite siprèm, se nasyon an limenm menm. Kidonk, si li gen yon Manmanlwa li vle chanje, an prensip, nanpwen moun, osnon otorite ki ta ka anpeche li fè sa.

Si gen yon « gwo pase men » k ap fèt nan Manmanlwa peyi a, se lemoman pou nou ta asire nou NASYON an reprann dwa granmoun li aklè nan dokiman sa a.
Alewè: http://annpale.com/phpbb/viewtopic.php?t=21447

Lè nou konsidere ki jan lakay nou gen yon eleksyon ki fenk sot fèt la a epi plis pase 98% popilasyon an pa patisipe ladan l - Èske sa pa vle di nou deja rive nan ekstrèm aplikasyon politik anti-pèp ki makonnen nan konstitisyon nou an?

Gen anpil koze ki merite di osijè reyaksyon "kominote entènasyonal" la devan koudeta kont Zelaya a...men, mwen panse n ap pase akote si nou pa gade koze fondamantal sa a, asavwa dwa granmoun nasyon pov yo pou yo chwazi mod vivasyon yo - san se pa yon minorite puisan ki dikte limit patisipasyon nasyon an nan zafè ki regade li.

Pou lafOm Zelaya - ki rete 6 mwa sèlman nan manda li - ka jwenn anpil ipokrit k ap deklare "koudeta pa! demokrasi wi!" - Mèzalo, gen de lè yon koudeta ka pase pi byen, pi dous si se delala yo delala w !

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Re: Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  revelation Ven 3 Juil 2009 - 23:22

Yon dirijan popilist se memm jan ak yon ti moun ki gen yon plat manje devan’l.

Avan memm ke li poko fini manje, li gen tan ap reflechi ki jan ke li pral fe poul double yon lot plat.
Yo toujou panse ke term prezidantyel yo pap sifi pou realisye e korije injistis sosyal nan peyi yo.

Yo pap prepare yon dauphin pou fe travay sa ni pou kontinye proje yo paske yo panse ke se yo selman ki kap fe’l. Yap vle itilize tout mwayen posib pou rev sa realize.

Opozan ke nou rele lakay nou GNBist toujou la ap siveye!! Yo toujou 2 pa a l’avans sou popilist yo. Yo itilize aksyon preventif.

Pou yo yon popilist pa bezwen poze yon akt kriminel pou yo mete li anba kod. Il sifi ke li gen intansyon kriminel selman.
Aksyon referandum Zelaya pou chanje konstitisyon peyi a pou’l sa manje yon 2zieme plat manje yon deye lot san brak se yon intent kriminel a konstitisyon an paske chanjman se nan avantaj li selman ke li ye, pa nan avantaj peyi a.

Oppozan yo gen sirop yo déjà prepare avan memm ke AK-100 sou dife.

Depi gen popilist ap toujou gen opozan GNBist Se konsa pou jwet la balanse !!

Se sak fe nou memm nan Diaspora gen yon wol inpotan pou nou jwe ant 2 group antagonist sa yo ke oganizasyon internasyonal yo kweye e mete do za do pou regle zafe yo. Avan ke nou kouri pran pozisyon nou, fok nou reflechi avan pou nou we si intensyon chanjman se yon akt kriminel e yon vyolasyon reg jwet ke konstitisyon mete la.
Si gen chanjman ki pou fet, fok se moun kap vinn apre w la pou chanjman sa benefisye.
Pa w mem ki deja sou plas e chita sou chez boure a.
W pakab jij e jiry, e exekisyone an memm tan.
You can't have your cake and eat it too!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Re: Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  Invité Sam 4 Juil 2009 - 0:42

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 14:36, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Re: Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  OBSERVER KEEN Sam 4 Juil 2009 - 1:48

I am against the the cout-d'etat in honduras, but it was made in totally different context than what happened in 91 against aristide. PRESIDENT Aristide in 91 was not violating the constitution. in fact, he was making a consistent effort to create a political culture in which basic human rights are respected.
so, it was an excuse to topple aristide when the army accused him of abusing the haitian constitution. however, in the case of zeyala, he did in fact violate the constitution. he did in fact try to suppress the judicial power of the supreme court. the law of the land did stipulate under what conditions referendum can be held. and, the said constitution did stipulate that a sitting president cannot be the direct beneficiary of the referendum. so, zelaya was not just a victim of the army, he was a victim of his illegal tenacity. one cannot use one's good intentions to violate the constitution. however, an exile was not warranted. in fact, an impeachement process should have been the proper course of action. so both the army and president zelaya were wrong in their respective approaches.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Re: Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  Invité Sam 4 Juil 2009 - 2:31

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 14:36, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Re: Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  piporiko Sam 4 Juil 2009 - 9:54

Mwen menm pwoblem mwen chita sou yon grenn bagay.Pou ki sa administration Obama a pemet kou a fet.Raport de pres yo fe konnen ke anpil moun nan administrasyon an tap negosye ak poutchis yo pou yo te jwenn yon lot wout pou destitye prezidan Zelaya?Si bagay sa a pase menm ki signal "Change has come" ap voye bay res Amerik latine lan"?

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Re: Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  Invité Sam 4 Juil 2009 - 11:07

elephant

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm Empty Re: Onndiras-Ayiti: nou sanble nou pa menm

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum