pWEZI KREYÒL: DIFE, MÈT, KONSYANS KOURAY FÒS
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 1 sur 1
pWEZI KREYÒL: DIFE, MÈT, KONSYANS KOURAY FÒS
DIFE
Rèv, ideyal, fen, bi, objektif, destinasyon
Se alimèt gaz pou limen dife
Renome, selebrite, popilarite, onè
Se lafimen dife
Pase, istoua, memwa, souvni, tradisyon, kilti
Se sann dife
Lavi, aksyon, travay, manje, transfòmasyon, zèv sosyal
Se dife
Reyalizasyon, aktyalizasyon, akonplisman, konkretizasyon
Se dife
Aktualite, manifestasyon, egzistans, ak
Se dife
Mwayen, estrateji, plandaksyon
Se foye dife, se twapye dife, se kare dife
Dife bwapen, dife balèn, dife bouji
Se limen dife, dife se lavi
Dife bwa, dife chabon, dife recho
Se limen dife, dife se lavi
Dife fou gaz, dife fou elektrik
Se limen dife, dife se lavi
Ti lanp tètgridap, gwo lanp vè
Se limen dife, dife se lavi
Ti lanp tètbòbèch gwo lanp fanal
Se limen dife, dife se lavi
Toutan tèt pa koupe, genyen rèv
Se limen dife, dife se lavi
Lafimen dife monte anro pote mesay bay Bondye
Se limen dife, dife se lavi
Bondye Ri kè Bondye kontan li nan lajwa
Se limen dife, dife se lavi
Lè dife limen, gen sann gen temwayaj souvni
Se limen dife, dife se lavi
Temwayaj lavi, temwayaj aksyon travay
Se limen dife, dife se lavi
Sann dife se gwo remèd, se bon remèd
Se limen dife, dife se lavi
Remèd kont konfleman timoun, kont ilsè granmoun
Se limen dife, dife se lavi
Sann dife se kalmonson ki kite tras
Se limen dife, dife se lavi
Tenyen dife, jete sann dife, pase alimèt
Se limen dife, dife se lavi
Si dife pa limen, pa gen lafimen, pa gen sann
Se limen dife, dife se lavi
Lafimen pote nouvèl, sann pote temwayaj
Se limen dife, dife se lavi
Si pa gen rèv, pa gen alimèt
Ale chèche alimèt nan kat pwe kadino
Si pa gen alimèt mande vwazen prete alimèt
Se limen dife, dife se lavi
Moun fèt pou gen dife, dife dwe limen
Se limen dife, dife se lavi
Pa pase alimèt limen pou anyen, pa limen dife pou anyen
Pa kite bwa limen boule fè sann pou granmèsi
Moun dwe fè resèv, demen wap genyen bezwen
Moun ki sere se li ki chofe, fè resèv se sekirite
Manman poul ki kouve ze, se li ki kale tipoul
Je gade kote men sere, kote men kache plase
Gaspiyay pa bay, mound we aprann fè jeretyen
Pa limen lanp pouf è maji
Sa mennen nan chemen lanmò
Pa limen lanp chandèl bouji dèyè moun
Sa mennen nan chemen lanmò
Pa limen lanp nan lespri pou voye move sò
Sa mennen nan chemen lanmò
Pa limen dife pou lanmò, limen dife pou lavi
Pa limen lanp bouji nan kalfou, se nan kizin yo limen dife
Limen dife pou lanmò voye moves ò maji
Se gaspiye lajan, pèdi tan koze kredi
Se nan dife byen pye lavi boujonnen
Se limen dife, dife se lavi
Maten midi swa lakay nan jaden
Se limen dife, dife se lavi
18 juillet 2009
MÈT
Primum vivere deinde philosophare
Pwovèb laten ki vle di : viv dabò, ansuit filozofe
An kreyòl yo di : sak vid pa kanpe
Olye ou travay ou chita wap wanse pale
Depi yon ti bebe fèt avan li pale li koumanse manje
Viv manje vini avan ni rale ni mache ni pale
Yon moun avan wou tonbe valè fè gwo diskou
Dwe chèche mèt pwòp mwayen egzistans pou atou
Sinon wap tonbe nan mande tanpri souple mèsi bokou
Se konpè chen ka va tranpe moso kasav pou wou
Lè wou mèt mwayen egzistans ou genyen libète otonomi
Wou chita dèyè volan wap kondui machin egzistans lavi
Menm jan moun pa kapab viv san manje
San ekonomi yon peyi pa ka fonksyone
Lap tonbe nan fayit grangou tout decheyans
Olye enpandans otonomi, nasyon tonbe nan depandans
Avan touchoz nasyon an dwe chwazi yon model ekonomi
Genyen anpil mak machin, ou dwe konnen ki mak, apre ouf è pri
Lè wou fin konsevwa pou peyi yon rejim model ekonomi
Apre sa se anvizaje mwayen nesesè pou li mache nan direksyon reyisit
Ekonomi yon peyi se tankou motè nan yon machin
Motè kif è mchin mache, san motè pa gen machin
Volan machin se lwa konstitisyon lwa nan yon peyi
Se volan ki dirije machin, si pa gen volan, lap lage w nan trou
Pa gen mwayen kontwòl volan kontwòl anyen wap fè aksidan nan kalfou
Moun ki fè machin mache san volan se yon moun fou
Anplis si genyen machin fè genyen rout
Si genyen rout fè genyen pou chofè yon kòd rout
Ki reglemante sikilasyon chofè yo sou rout la
Si konsiy kòd rout la pa respekte se aksidan dega
18 juillet 2009
Konsyans kouray fòs
Nan pwosesis reyalizazyon yon bagay
Premye kondisyon nesesè se lafòs
Si tach la depase fòs aktyel la
Tipoul mouri nan ze, anyen pa ka fèt
Men lè fòs moun nan reponn pou tach la
Tout bagay kapab derape an mach
Nan chemen pwosesis pou reyalize dèchoz
Paske fòs ki nesesè ya vin disponib
Fòs pou kont li sèl pa sifizan
Fè travay san lespri pa patisipe
Ap distrè moun kap tonbe fè erè
Ki kapab Mennen menm nan malè
Kan lespri prezan, konsatrasyon prezan
Moun nan gen konsyans sa li ap fè
Konsa li fè travay li san komèt fot ni erè
Nan akonplisman tach li dapre lè ki fikse
Si moun pa attaché nan sa li ap fè
Fatig ap anvayi li nèt bout ra planche
Jouktan li tonbe nan enkapasite total
Pou kontinye, li abandone, travay pa fini
Kouray se fòs andedan kè osinon nanm
Ki pèmèt nou egzekite tach jiskobou
Kouray ki fè noua tache nan sa nap fè
Nan reyalizasyon bagay yo rive nan pòt siksè
Konsyans lespri se bousòl osinon eklerè
Kouray se istimilan fèman chalè
Fòs fisik sikolojik ou sosyal se motè
Se tout sa ki fè reyalizasyon ki fè moun aktè
Se sa mwen vle di tou lè mwen vle di tous itou
Lè mwen pale de konsyans nan yon kè debou
16 juillet 2009

Edpoete- Star
- Nombre de messages : 209
Date d'inscription : 24/10/2006
Sujets similaires
» Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik
» LESON KREYOL - ANN PALE KREYOL
» Yo met dife sou ti madigra pay la.
» Aristide était là.
» Le Kreyol du "Cap" est-il semblable au Kreyol antillais ?
» LESON KREYOL - ANN PALE KREYOL
» Yo met dife sou ti madigra pay la.
» Aristide était là.
» Le Kreyol du "Cap" est-il semblable au Kreyol antillais ?
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale
Page 1 sur 1
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|