Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
Voir le deal
69.99 €

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

4 participants

Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  jafrikayiti Dim 11 Oct 2009 - 13:44

Aswè a nan emisyon Bouyon Rasin: BARE KADEJAKÈ!

Tilezanj nou yo ekspoze anba grif pedofil ki pran pòz byenfetè imanitè yo pou yo ka fè krim seksyèl sou timoun ki po ko gen 6 zan nan peyi d Ayiti.

Kit se Jorgen Leth, ansyen konsil Danmak ki ekri liv pou li ridikilize timoun li abitye kouche lè lide l di li...
http://annpale.com/phpbb/viewtopic.php?t=3960&sid=9bbb79a3356fabfb165b34fa15a2436e



kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina 428pxj10

Kit se Douglas Perlitz ki jwenn kouvèti pè Jezuit ba li pou li ka vyole inosans ti òfelin nan pwojè Pierre Toussaint nan Okap....
http://www.margueritelaurent.com/
kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Perlit10


Tout se prèv, kriminèl yo aji lib-e-libè sou tilezanj nan peyi a ki lage san gadò.

Jodi a, envite espesyal Jafrikayiti se mèt avoka Marguerite Laurent ki ap viv nan eta Connecticut, Ozetazini kote lapolis mete Perlitz anba kòd annatandan jijman l. Mèt Laurent di si Ayisyen pa mobilize se pa sèten lajistis ap triyonfe nan ka sa a. Li kase randevou nan tribinal eta Connecticut, lendi 19 oktòb, 10 zè nan maten ak tout Ayisyen konsekan.


Annatandan, koute epi patisipe nan emisyon Bouyon Rasin, jodi dimanch 11 oktòb 2009 la apati 6 zè nan aswè sou www.chuo.fm 613 562-5967

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  Maximo Dim 11 Oct 2009 - 19:10

Pou ki sa gouvenman Ayisyen pa mande pou yo voye misye tounen an Ayiti pou yo jije'l, krim yo komèt an Ayiti sou sitwayen ayisyen, mwen sipoze ako Ayiti gen ak USA pa on ako sans inik, kote depi on moun komèt on krim sou on ameriken yo voye'l bay ameriken pou jije'l. Sa nou wè nan sa? Mwen pa wè gouvenman ayisyen manke sekwe ke'l pou mande pou yo voye'l ba yo pou jijman.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  Invité Dim 11 Oct 2009 - 21:12

Maximo,

Moralite sepa bagay ki interesse dirijan lespwa- lavalass titidiste yo non .Tegin yon epok de jwissanss kote yo te ginyen ti ofelina prive payo tou .Yo te kon bay ti moun de 8 a 14 zan ki te montre obeyisanss aveg kipa pale sakap passe andedan ofelina yo drog ak lajan e yo te kon bayo zam pou ale fe ekzaksyon lan la ri a tou .Ti moun sayo seyo ki chime ki irekiperab jodya .Yo gen toutt viss lan tout kondisyon .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  dilibon Dim 11 Oct 2009 - 22:23

Maximo a écrit:Pou ki sa gouvenman Ayisyen pa mande pou yo voye misye tounen an Ayiti pou yo jije'l, krim yo komèt an Ayiti sou sitwayen ayisyen, mwen sipoze ako Ayiti gen ak USA pa on ako sans inik, kote depi on moun komèt on krim sou on ameriken yo voye'l bay ameriken pou jije'l. Sa nou wè nan sa? Mwen pa wè gouvenman ayisyen manke sekwe ke'l pou mande pou yo voye'l ba yo pou jijman.

Maximo,

Ak ki lwa, tout lwa nan tout bidjonel al kashe! Menm lwa yo pwan kante paske pa genyen bet pou yo touye pou yo anko! Nan ki tribinal? Mwen si fok genyen ke kneg ki ap di poukisa msie pat vinn mande yo timoun pito. Se chak jou blan nan tout otel ap pwan timoun, ti gason tankou tifi epi se gwo chef kap pote yo ba yo pou lajan, als ki jijman gouvenman san fwa ni lwa sa ka fe? Ako sa'a se youn ako a sans inik li ye, ou pense ke ameriken ap voye menm youn chyen tounen an Ayiti al jije? An nou reyel tande!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  revelation Lun 12 Oct 2009 - 9:07

Fok nou fe attention pou nou pa kwaze program ophelina nan peyi d’Ayiti!!
Atitid nou sou forum nan kap fe anpil moun ayisyen kou etranje kita remen fe zev la charite nan peyi a al kampe louyen.

Zak pedophil sa yo rive anpil sitou nan peyi pov nan Amerik Latinn, an Asie, Afrik e memm nan peyi europeyen. Safe pedophil sa se yon zak kriminel kont limanite ki pa repoze ni sou politik, ni sou ras, koule etc.. e se konsa pou nou we’l pou nou sa bay yon opinion rezonnab.


Maximo mande : Pou ki sa gouvenman Ayisyen pa mande pou yo voye misye tounen an Ayiti pou yo jije'l, krim yo komèt an Ayiti sou sitwayen ayisyen, mwen sipoze ako Ayiti gen ak USA pa on ako sans inik, kote depi on moun komèt on krim sou on ameriken yo voye'l bay ameriken pou jije'l. Sa nou wè nan sa? Mwen pa wè gouvenman ayisyen manke sekwe ke'l pou mande pou yo voye'l ba</A> yo pou jijman.


La jistis Ameriken panse ke si yo voye Doug al jije an Ayiti, li kap pa jwen sa yo rele yon « fair trial » pep la kap mande anraje kout li e kap inflyanse mamb jury yo.

Answit defans la kap rele timoun ki viktim yo vinn temwaye devan tribinal e vinn di kijan bagay yo te passe e nan ki kondition ke zak sa yo te rive, si gen timoun kite vinn prezante tet yo komm volonte nan zak sa yo.

Defans la kap trennen ofisyel gouvenman, ONG’s, travaye sosyal, professe, avoka e tout lot moun ki inplike nan bizniss ophelina e adopsyon timoun nan peyi d’Ayiti. Fok nou kler sou diskisyon sa pou nou pa kite emotion nou fe nou pran desisyon ki pa jist.


Deza di: Moralite sepa bagay ki interesse dirijan lespwa- lavalass titidiste yo non. Tegin yon epok de jwissanss kote yo te ginyen ti ofelina prive payo tou Ti moun sayo seyo ki chime ki irekiperab jodya .Yo gen toutt viss lan tout kondisyon.


Deza, w pa gen okenn prev pou apiye akizasyon ke w pote la!
Sa montre ke se pa a byennet timoun sa yo ki interesse w!
Paske kelkeswa sije a, w toujou la pou kalonnnen difamasyon sou Lavalas ak gouvenman an plas la.

Yon diskisyon serye konsa, moderate a sevi ak li kom zam pou tire sou gouvenman an plas la.

Se pa gouvenman selman ki oblije gen moralite sou zafe sa, se tout sosiete an general ki gen obligation proteje tout moun kom injistis !!

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  Invité Lun 12 Oct 2009 - 9:57

Ah bon revelasyon,
W pat kon we yo lan deye pick up truck ap rele viv Aristid tire kout mitrayett anler le misye tap mete baton sou etidyan yo ak opozan yo avan li te ale a ? Inteview yo te bay deutwa la dan yo ki te di ke si yo pa swiv sa yo di yo pou fe yo andedan ofelina a yo pini yo se manti ? Kidonk revelasyon depi w pa vle aksepte yon verite se manti difamasyon li ye lavalasseman ?
Revelasyon sepa fot mwin non si w te yon lan do yo ki gintan chape poul li dye messi .Mwin konen verite a di anpil le yo abize ou e w santi w paka fe anyen. Mwin menm mwin pa pwan intevansyon nou yo oserye anko.Nou pa panse.Nou pa kon saKi rele panse paske sevell nou finn kwitt ak medesin mantra lavalass yo .Adios pobre diablo!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  revelation Lun 12 Oct 2009 - 11:58

Deza di: Ah bon revelasyon,
W pat kon we yo lan deye pick up truck ap rele viv Aristid le misye tap mete baton sou etidyan yo ak opozan yo avan li te ale a ? Inteview yo te bay deutwa la dan yo ki te di ke si yo pa swiv sa yo di yo pou fe yo andedan ofelina a yo pini yo se manti ? Kidonk revelasyon depi w pa vle aksepte yon verite se manti difamasyon li ye lavalasseman ?
Revelasyon sepa fot mwin si w te youn lan do yo ki chape poul ou .Mwin konen verite a di anpil le yo abize ou e w santi w paka fe nayen .Mwin menm mwin pa pwan intevansyon nou yo oserye anko.Nou pa panse.Nou pa kon saji rele panse paske sevell nou finn kwitt ak medesin mantra lavalass yo .Adios pobre diablo!


Wi se vre Deza ke gen anpil moun ayisyen kou etranje ki profite de mize peyi d’Ayiti pou yo vinn ouvri orphelina ou byen vinn adopte ti moun san fanmi sou kouveti fe zev charite.
Anpil nan moun sa yo te infiltre yo nan NGO’s e anpil lot oganizasyon lokal e memm fanmi Lavalas la pou yo te vinn komet move zak kriminel sa yo.

Malerezman anpil nan pedophil sa yo gen kouveti diplomatik e ambassad peyi etranje sa yo toujou la pou proteje yo e fe yo plan avion avan ke pep la mande anraje.
Deza, Problem kriminalite pedophil sa pa komanse sou gouvenman Lavalas la jan w vle fe moun konprand lan

Deza. Problem sa te la anvan Lavalas e lap la anko apre Lavalas ak Lespwa finn ale.

Donk sosyete a gen anpil travay pou yo fe. Fok yo mete yon system d’evaluation e monite tout deplasman e mouvman moun sa yo pou nou we si yap fonksyone dan la moralite e dans le progre.
Si pa gen moralite e progre nan zev byenfezans sa yo, fok Leta ak sosyete a bayo kat roug e femen bwat sa yo.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  Maximo Lun 12 Oct 2009 - 13:42

Defans la kap trennen ofisyel gouvenman, ONG’s, travaye sosyal, professe, avoka e tout lot moun ki inplike nan bizniss ophelina e adopsyon timoun nan peyi d’Ayiti. Fok nou kler sou diskisyon sa pou nou pa kite emotion nou fe nou pran desisyon ki pa jist.(Revelation)

Revelasyon koman desizyon ki pa jis la, ou vle di pito desizyon ke nou pa gen mwayen pou mete an pwatik e ekzekite. Paske kelkeswa moun ki inplike nan de krim konsa, kelkeswa otè moun lan, li fèt pou pase devan la jistis e peye pou sa li fè ya. Mwen twouve mo jis la pa gen plas li la.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  revelation Lun 12 Oct 2009 - 14:37

Maximo di: Revelasyon koman desizyon ki pa jis la, ou vle di pito desizyon ke nou pa gen mwayen pou mete an pwatik e ekzekite. Paske kelkeswa moun ki inplike nan de krim konsa, kelkeswa otè moun lan, li fèt pou pase devan la jistis e peye pou sa li fè ya. Mwen twouve mo jis la pa gen plas li la.


Maximo, le gen yon injistis ki fet sou timoun inosan e kont sosyete a, kriminel yo pa gen tan rive devan tribinal la jistis pou resevwa vedikt yo e pinisyon yo.

Paske la clamer piblik gen tan poze la patt sou yo e bayo sa ke yo merite.
Nou we ke la clamer piblik touye anpil inosan.

An 1789 Revolition Franse anpil tet inosan kankou koupab te passe a la guillotine.

An 1804 Revolition peyi d'Ayiti la kay nou, koupe tet boule kay te a la mode.

An 1986 yo mete pe lebrun sou inosan kankou koupab.

An 2004, memm bagay sa yo tekab rive anko si se pat intervantion fos peyi etranje.

Mwen dako avek w Maximo le w di ke"kelkeswa ote moun lan, li fet pou pase devan la jistis e peye pou sa li fe ya"
Men a kel prix??
Santans pa w kap diferan de santan pa yon lot moun e diferan de jij tribinal la.

Sa pap etonne'm ke Doug Perlitz ke yo di ki pedophil la avek anpil lajan e yon bon ekip avoka, la jistis kap blanchi li e di ke li pa koupab ou byen bali yon santans ki tre minimum.
Nou pa jamb konnen paske devan tribinal gen sipriz.

Men kelkeswa resilta santans Mr. Perlitz, fok nou respekte sa ke li jist ou pa. Se konsa sosyete fonksyone!

Yon lider politik ou sosyal pa gen dwa al voye pep al fe jistis yo memm!!
Fok nou sispand al voye moun met dife ak pê lebrun sou lot moun, ni al eklate tet yo nan Titanyen!!
Fok nou aji an sivilize, ...memm avek kriminel!

Gen yon seri de erre ki pa korijab, paske le yon inosan mouri nan move kondisyon, anpil dlo nan je, men li mouri net.!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  Maximo Mar 13 Oct 2009 - 7:19

Nou chaje ak pwoblèm, se pa selman abi seksyel men gen ladan tou komès organn ti moun nou yo, se on biznis de pli an pli likratif dan le monde, e anpil ti moun ou tande yo adopte e ki kite peyi ya pa gen swivi ki fèt pou konen sa yo devenu, se on gwo danje bagay sa ye e gouvenman ayisyen yan pa mete anyen an plas pou kontrole ofelina sa yo pou pwoteje ti moun nou yo. Revelasyon se pa pase ou panse ke yap ede nou e ke ou pa vle pèdi èd sa pou nou kite yo toupizi ti moun nou yo, wi nou bezwen èd la men avek tout respè ki dwe akonpaye'l.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina Empty Re: kadejakè pedofil anba kouvèti òfelina

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum