Ayisyen Se Pitit Lafrik Ginen- Ki enpotans sa genyen an 2009?
Page 1 sur 1
Ayisyen Se Pitit Lafrik Ginen- Ki enpotans sa genyen an 2009?
(nan ane 2004 men kijan koze sa a t ap alimante yon bèl diskisyon sou yon lot fowom Ayisyen...)
Zòt gen yon bondye yo rele Bondye Abraram Izarak ak Jakòb.
Noumenm nou gen yon Bondye ki se Bondye Akenaton, Yaa Asantewa ( http://www.swagga.com/queen.htm#yaa ) ak Dessalines.
Se Bondye sa a ki va klere chimen nou pandan n ap bouske chimen libète nan ane 2004 sa a...
Annou fè yon ti Sankofa (vire tèt tounen pou wè kote nou soti...) pandan n ap pran elan pou n pike pou pi douvan...
Sa pra l gen 2 zan konsa, men kisa nou t ap di sou fowòm Ann Pale....….Lidèchip Nèg Afriken Onivo Global
Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 25 Oktòb 2002 a 18:00:18:
Onè kanmarad,
Mwen volè yon ti tan pou mwen kapab fè premye kout kiyè mwen nan Bouyon cho sa a.
Alapapòt, m ap repwodui kèk definisyon ke mwen pibliye nan Viv Bondye! Aba Relijyon! pou mwen ka eseye evite dezagreman ak kikeseswa ki ta tante vin defòme pawòl mwen pi douvan.
Blan: Koulè ki rebondi limyè solèy. Mo figiratif yo itilize, nan yon kontèks istoriko-sosyal (rasis) pou idantifye desandan yon latriye pèp Ewopeyen tankou Franse, Angle, Danwa, Olandè elatriye…Tout moun sa yo pa gen menm koulè po. Men, an jeneral, yo gen oun koulè wòz pal tankou chè grenn kenèp. Yo gen mwens melanin pase desandan pèp Afriken yo.
Ewopeyaniza-zonbifikasyon: Lavaj sèvo (zonbifikasyon) Ewopeyen yo tante fè sou lòt pèp pou fòse yo adopte konpòtman ki ale alakont enterè pa yo epi favorize enterè pèp Ewopeyen yo.
Nèg: Mo Kreyòl ki vle di moun (laplipaditan gason sèlman)
Nwa: Koulè ki bwè limyè solèy. Mo figiratif yo itilize pou idantifye, nan yon kontèks istoriko-sosyal (rasis) desandan youn latriye pèp Afriken tankou Wolòf, Pel, Kongo, Arada, Mayi, Mandeng, Sinika, elatriye… Tout moun sa yo pa gen menm koulè po. Men, an jener
al po yo gen oun koulè mawon fonse tankou grenn kakawo. Se yon pigman natirèl ki rele "melanin" ki bay po yo koulè sa-a.
Bon, nou pati…
Balendjo deklare “Lidèchip DIRIJAN NWA nan lemonn antye pa vo anyen”… " ras nwa-a se yon trajedi"… “99% dirijan nwa-yo se "fatra" yo-ye..
Guy limen espantan, men li pa di “bali boulova!”, okontrè li vire je gade n, li mande kisa nou gen pou nou reponn Balendjo.
San vire tounen, m ap reponn Balendjo: “vyè frè mwen pa dakò ak ou ditou”. Men pou kisa:
1) daprè mwen, ou konfonn valè ak reyalizasyon, kapasite ak pèfòmans. Li klè lidèchip dirijan “nwa” yo poko bay reyalizasyon li gen kapasite pou li bay. Men, sa pa vle di li pa bay okenn reyalizasyon ditou, jouk pou nou ta di rive li “pa vo anyen”. Paregzanp, li kwape lesklavaj dirèk (1804), li kwape kolonizasyon dirèk ak Kwame NKrumah, Patrice Lumumba elat...(1960...), li bannou Ekzèsis Dwa Sivil nan Amerik di Nò gras a jefò Malik Shabazz el Shabazz (Malcom X), Martin Luther King, Kwame Toure (Stokeley Carmichael), Harry Belafonte, Stevie Wonder elat... , li bannou konsyantizasyon politik onivo global ak MOVE, Black Panther Party, New Jewel Movement, Spike Lee, Dizzie Gillespie ( ki te pase anpil ane nan kanpe lwen - Kiba), Lavalas ki fè fas kare ak enperyalis yo (omwens sòti 1990 rive 1994), li kwape Apartheid ak travay ANC (Biko, Winnie ak Nelson Mandela), li bannou yon dividal nèg tankou Jesse Jackson, John Conyers, Randall Robinson....k ap bat dlo ak sa yo gen nan men yo pou yo fè bè pou pèp Afriken kote yo ka enfliyanse ....
2) Osijè koze trajedi a menm, m ap dakò ak yon moun ki afime ke “pèp Afriken” yo kontinye ap viv yon trajedi onivo global. Men se pa pèp sa yo yomenm ki yon trajedi – jan oumenm ou di l la. Koze fatra a menm sipoze ke, daprè oumenm 99% dirijan pèp Afriken yo merite jete nan poubèl. Menmenm mwen di bichi. 99% dirijan pèp Afriken yo merite remanbre. Kidonk, diferans ant 2 pwendvi nou yo sèke mwenmenm mwen jije sitiyasyon an epi mwen eseye idantifye solisyon pou pwoblèm moun ki vle chanje sitiyasyon an ap konfwonte ki lakòz pwoblèm nan egziste toujou, tandiske oumenm ou jije epi kondane “pèsonaj” k ap viv sitiyasyon yo - san pwosè.
Pou kisa mwen pa kondane pèsonaj yo menm jan ak Balendjo?
Pou kisa, lè Jean Tibo deklare “Mandela trayi, Mbeki trayi”, mwen pa bat bravo lakontantman? Pou kisa, jiskaprezan, mwen pa dakò ankouraje kanmarad Balendjo, lè li deklare “Aristide ak tout fatra yo rele Lavalas-la trayi”?
Poutan, mwen gen de je pou mwen wè menmjan ak Balendjo ke pèp Afriken yo (kit se sou kontinan an, kit se nan dyaspora a – tankou Ayiti), ap viv yon trajedi ke jiskaprezan lidè tankou Mandela, Mbeki, Obassanjo, Wade, Patterson elatriye… pa rive fè gran biten pou yo bloke. Mwen remake kijan lakay nou, yon mouvman pwogresis ki te gen yon potansyèl ekstraòdinè, lidèchip Lavalas la, ak Prezidan Aristide, alatèt, pa reyisi anpeche jounen jodi a se nan labou repitasyon li ap trennen – e anpil reyalizasyon pozitif li fè an danje pou yo disparèt. Mwen wè sa. Men, èske li jis pou nou rive ak konklizyon ke Chèfdeta sa yo se fatra ki pa vo anyen? – tandiske noumenm nou pa menm pran tan pou nou analize syantifikman kisa nou te ka epi t ap fè si nou te nan pozisyon lidèchip yo ye a. Epi ki rezilta aksyon pa nou yo t ap bay – nan menm kantite tan yo, nan menm sitiyasyon yo, ak menm opòtinite yo?
Mwen rekonèt ke chak nèg sa yo pran yon dividal desizyon ke mwen pa dakò ak yo. Men, mwen pito depanse enèji m ap kritike aksyon yo pran yo tan pou mwen deklare yo se “fatra” ki merite jete. Paske 1) deklarasyon konsa pa rasyonèl, 2) yo pa pwodiktif. Ojis, se jouman yo ye.
Èske sa vle di mwenmenm, mwen pa fristre?
Pozitif nou fristre !
Chak fwa nou gade nan televizyon nou wè foto nou k ap fè parad kwatyòkò pou CARE international, Vision Mondiale ak lòt zwezo lanmò k ap ranmase lajan sou do lamizè nou, kouman nou ta fè pa fristre? Chak fwa nou tande estastistik sou ravaj SIDA ap fè nan mitan nou, kouman nou ta fè pa fristre? Chak fwa nou gade vilnerabilite pèp nou yo, nan tout domèn, nou fristre. Chak fwa nou gade kijan ofisyèl Ayisyen ap konpòte yo devan yon ti kolon frekan yo bay pou Brian Dean Curran nan, nou fristre (alewè dènye editoryal Haiti-Progrès a). Men, Balendjo frè mwen, èske n ap itilize fristrasyon sa a pou nou joure frè ak sè nou yo? Oudimwens n ap sèvi ak li pou nou patisipe nan efò transfòmasyon reyalite nou pa renmen wè ak je nou an?
Paregzanp: lè nou li nan atik Haiti-Progrès a: “Les officiels du régime Lavalas n'ont de fait pas osé le reprendre non plus sous cet angle, ni à suggérer même implicitement que Brian Curran pourrait être considéré persona non grata. Ils ont d'ailleurs intégré dans leur esprit la mise sous tutelle. «L'ambassadeur des Etats-Unis sait parfaitement que nous ne possédons pas de baguette magique et que nous sommes en train de travailler de notre mieux à l'application de la résolution 822» a poliment dit pour toute réaction la ministre de la Culture Lilas Desquiron. A son tour, le secrétaire d'Etat à la Communication, Mario Dupuy s'excusait presque, déclarant: «Rappelez-vous qu'en 1994 déjà, le président de la République avait souhaité mener l'opération de désarmement dans le pays et avait même sollicité un appui de la communauté internationale qu'il n'avait pas obtenu.»
Èske ou kwè se Mario Dupui ak Lila Desquiron nou dwe joure pou defoule nou? Oudimwens, ede nou dwe ede plis Ayisyen konprann rasin fenomèn Ewopeyaniza-zonbifikasyon an ki limenm pèmèt ke nèg kontinye ap mache tèt bese devan ti kolon, nan pwòp peyi yo – jouk nan ane 2002 sa a. E se la a wi mwen dakò ak entèvansyon Harry Belafonte a. Konprann mwen byen. Belafonte pa joure Powell. Li di li kijan li wè atitid li parapò a politik kriminèl ke l ap aplike kòtakòt ak Baby Bush la. Se pa jis yon jouman "Colin is a house Nigger" epi li jete li. Ojis, li di Colin ki sa li t ap fè si li te nan plas li. Se la a tout diferans lan ye.
Kontrèman ak kanmarad François-Marie, kanmarad Tibo epi lòt kanmarad ke mwen respekte anpil sou fowòm nan, e pwobableman anndan gouvènman Lavalas la, mwen kwè koze “ras” la se yon faktè reyèl epi enpòtan nan relasyon entènasyonal jouk jounen jodia. E si pou nou ede Ayiti sòti nan sa li ye la a, fòk koze rasyal yo soulve tou epi pou nou regle yo tèt kale, san move kout gidon eskiv.
Paregzanp ou ekri: « lè-w byen gade Blan-yo gen moun kap panse pou yo. Azyatik-yo gen moun kap panse pou yo. Arab-yo gen moun kap panse pou yo.» Balendjo, mwen dakò ak ou ke “Blan” yo, Azyatik yo, Arab yo gen moun k ap panse pou pèp yo. Men, èske ou ka idantifye yo klèman?.
Ou mande ki moun, konbyen nèg nwè save kap panse pou ras nwa-a??? (Vin ak de bagay solid ti pap!!!.....)
Menmsi mwen ka lonji dwèt sou yon dividal òganizasyon ki te reyini lòtrejou la a sou zile Lababad epi ki fòme “Global African Congress” (alewè www.tbwt.com). Menmsi mwen ka ba ou plizyè egzanp oòganizasyon tankou TransAfrica, N’COBRA, MOVE, Black Panther, UNIA, ANC elatriye… san konte endividi tankou Bill Cosby, Spike Lee, Dick Gregory…ki depanse anpil tan, enèji, resous pou defann enterè pèp Afriken ki epapiye toupatou sou latè, se pa repons ou ap chèche a tout bon. Paske an reyalite, sa ki deranje ou , sèke ou poko wè REYALIZASYON ou ta renmen wè yo.
Men kanmarad, Balendjo, imajine ou kijan sa te ye egzakteman 200 zan vè lè konsa: 25 oktòb 1802. Èske ou ka imajine ou konbyen nèg ki, menmjan ak ou t ap joure dirijan Afriken yo sou zile a paske yo poko janm kapab bay pèp la satisfaksyon. Okontrè, jiskaprezan majorite nèg ki gen privilèj “libète savann” osnon “Afranchi”, se lakilbit y ap fè nan fouk depi se Sonthonax ki debake sou zile a vin pase moun nan betiz.
Imajine ou ki kalite fristrasyon (jistifye !) ke zansèt nou yo t ap viv….lavèy yon gwo viktwa ke plizyè jenerasyon fin mouri pil sou pil pou li- san yo pa janm gen tan wè lonbraj laviktwa sa a.
M ap redi li ankò, noumenm pèp Afriken (ki epapiye toupatou sou planet la) nou gen gwo pwoblèm.
1) Youn nan pi gwo pwoblèm yo se kesyon Konpreyansyon epi Afimasyon idantite nou kòm yon pèp ki fè pati Dyaspora Afriken an.
Paske pèp nou yo te vin chwe pa fòs sou kontinan Amerik la apati 1499, nou vin pèdi fil kòd lonbrit nou. Se sa ki fè ou remake kanmarad François-Marie ak Jean Tibo on ti jan demontre anpil rezèv sou kesyon rasyal la. Paregzanp, lè kanmarad François-Marie ekri: “Si yon filozòf panse pou ras li ase, nan enterè ras li ase, oswa nan enterè gwoup pa l ase, nou pa ka di travay la l fè a pa gen fòs kote. Se sa k mete tout limanite jounen jodi nan sitirasyon lagè sa l ye a. Ou ka di lagè pral pwofite moun nan ki genyen l lan; men kesyon an, eske kreye lagè, enperyalis, se sa kanmarad yo rele panse pou ras yo? Katriyèm remak nou oblije fè? Eske tout blan se menm, oswa gen menm enterè, oswa gen menm vizyon? Jis pou yonn ta ka panse pou tout la?”
Nan rale sa a kanmarad lan fè a, mwen santi ke li konsidere yon apwòch inivèsalis siperyè a apwòch rasyal la. Opwen menm ke, nou dwe aji kòmsi kreyasyon sosyal ki rele “ras” la pa t janm egziste oudimwens pa egziste ankò. Sa se yon ideyal ki pa reyalis daprè mwenmenm. Paske li neglije lefèt ke pèp Afriken ki vin chwe sou kontinan sa a, se PÈP ke yo ye tout bon vre. Te gen Kaplawou, Mandeng, Yowouba, Kongo elatriye… e fòk nou konprann aklè ke pèp ki te abize kouraj yo pandan plizyè syèk la, se PÈP ke yo ye tout bon vre (Franse, Angle, Panyòl,
Danwa elatriye…).
Kidonk, gen yon relasyon jenetik reyèl ki alimante solidarite ki egziste nan mitan PÈP sa yo kantilsaji de defann enterè yo. Se pa jis yon kesyon “koulè po!”. Sa ki fè li vin tounen "jis" yon kesyon koulè, se paske dividal Pèp Afriken ki vin chwe sou kontinan sa a prèske fin dekonstonbre nèt tout bon vre – e kipizè, PÈP ewopeyen ki te òganize dekonstonbray sistematik sa a kay Afriken deplase yo (Ayisyen, Brezilyen, Jamayiken, Ameriken Nwa elat…), yo te rantre nan fon ke kontinan Lafrik la tou (apati ane 1800 yo) epi yo kontinye travay dekonstonbray la anndan kontinan an.
Kidonk, menmjan ou wè kanmarad Francois-Marie – ki poutan se yon nèg djanm. Menmjan ou wè kanmarad Tibo – ki limenm tou se yon nèg djanm – pa wè nesesite pou yon nèg ap panse pou “ras” li… se konsa anpil nèg pa ka aksepte konsèp militan Pan-Afriken tankou Marcus Garvey, Kwame Toure ak lèzòt yo ki di wi, noumenm pitit Lafrik Ginen nou se yon sèl Makòn Pèp – e nou gen DWA panse pou tèt nou. Menm jan yon Arab gen dwa panse pou Arab, menm jan yon Jwif (ki yomenm tou epapiye toupatou) gen dwa panse pou Jwuif, e menm jan depi lontan Blan Ewopeyen ap panse e aji pou defann enterè blan ewopeyen - menmsi kounye a, sa pa nan enterè yo pou yo admèt sa - se ansoudin yo fè li. Noumenm, pitit Lafrik Ginen (kit nou sou kontinan Lafrik la, kit nou kote zansèt nou te al chwe lòtrejou la a) nou GEN DWA PANSE POU BYENNÈT PÈP NOU YO.
Jiskaprezan, kesyon idantite sa a poko rezoud, ni onivo popilè, ni onivo entèlektyèl Afriken yo.
2) Yon lòt pwoblèm, se kesyon strateji a. Nou pa adapte metòd batay nou selon sitiyasyon yo. Nou di sa nou panse tout bon vre menm lè n ap goumen ak moun nou deja fè eksperyans ak yo kòm gwo mantè devan letènèl.
Paregzanp gade kijan Black Panther Party kraze? Goumen onivo lidèchip la ke lenni kreye,
alimante epi pwofite pou li neutralize Heuy Newton, epi rès la tonbe tankou domino.
Ki jan UNIA kraze? Menm lennmi yo sabote Black Star Line (konpayi transpò sou gran bato a) , yo itilize espyon anndan òganizasyon an pou mennen yon kanpay vèni nan denngonn Marcus Garvey epi ti sousou nan gouvènman Jamayiken an ede yo fè rès travay dekonstonbray la.
Ki jan New Jewel Movement kraze sou zile Lagrenad? Kouman yo òganize sansinay Lumumba elatriye…?
Nan tout egzanp sa yo ou va jwenn yon pwoblèm strateji. Kote lidèship nou an kite lennmi rantre nan kòsaj li – kote li pa ta dwe rive.
…
m ap kanpe la pou kounye a, men mwen swete n ap rapousuiv bras elide a epi anpil lòt kanmarad ap vin fè kout kiyè pa yon an bouyon an.
Jafrikayiti
“Se pa paske yon chat fè pitit nan yon fou pou yo rele pitit li “biswit gomit” pou sa” (Malik Shabazz el Shabazz)
Mwen te bliye lonji dwèt sou kèk
ansyon enpòtan ki rantre nan kad mouvman "lidè" ki sòti nan zantray pèp Afriken yo ap mennen.
Tout sit entènèt kote ou wè bon jan enfòmasyon "remanbre" ap layite...se lidè k ap feraye.
Si ou gen tan tyeke tèks Marguerite Laurent ki pibliye nan fowòm angle Windowsonhaiti.com nan "Let's talk". Lè ou fin li tèks sa a, èske ou ka di mwen se pa yon aksyon konkrè fanm sa a poze. Yon aksyon lidèchip transfòmasyonèl. Yon tèks remanbre ki merite pase repase jouk li fè ou anvi aji menmsi ou te zonbi.
Se poutèt sa mwen kontinye repete ke lidè nou ap chèche a, se noumenm menm. Se tan ak enèji nou pou nou itilize pou nou kreye opòtinite transfòmasyon nan sosyete kote nou kapab gen yon enfliyans.
Yon dezyèm egzanp mwen jwenn jodi a, se sou http://www.counterpunch.org/blackout1.html
nan yon tèks ki pote tit "The Crisis in Black Leadership - Black Out" ke yon sèten Kevin Alexander Gray ekri.
Ou va remake misye fè yon kritik sevè sou lidè Afriken-Ameriken yo. Men, li pa mande jete yo nan poubèl. Li sekwe yo pou yo ka reveye. Li lonji dwèt sou yon fanm vanyan BARBARA LEE ki pa janm nan tete lang ak dyab krabinay yo...Kouzen Gray defini nan atik la ki kalite mouvman nou bezwen alèkile. Li di fòk nou travay pou nou tabli " yon mouvman ki tabli pou li reprezante mas pòv yo e ki dwe kenbe tenn fas dekwa pou politik gouvènman Meriken an reponn demand lejitim pèp ke y ap eksplwate toupatou sou latè yo" - “A movement based on representing the poor should insist on US government policies to address those legitimate claims that exploited people around the world have against this country.”
Si ou gade byen ou va remake kijan òganizasyon tankou Transafrica kanpe sou bit sa a, kijan Black Caucus lan ansanm ak manm endividyèl li yo ap fè sa yo kapab nan sans sa a. Ki sa sa bay jiskaprezan?
Kisa sa ka bay si yo jwenn plis sipò bò kote nou?
Se konsa mwen pito poze kesyon an mwenmnem.....
Tankou Marguerite Laurent fini tèks li a "Don’t hit your head against Satan’s iron will little Haitian girl. Let me. "
Jafrikayiti
"Chay la se pa nou, pote pou n pote l!"
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Sujets similaires
» PITIT LAFRIK YO LAN KOLONBI
» Ayisyen kòmanse pran konsyans enpòtans relasyon avèk Lachin
» AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)
» PHTK KENBE NAN VOLO, ELÈKSYON DWE LIB, LAVALAS, PITIT DESALINN FINI YO TE GENYEN
» Beyonce se pitit Ayisyen li ye.
» Ayisyen kòmanse pran konsyans enpòtans relasyon avèk Lachin
» AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)
» PHTK KENBE NAN VOLO, ELÈKSYON DWE LIB, LAVALAS, PITIT DESALINN FINI YO TE GENYEN
» Beyonce se pitit Ayisyen li ye.
Page 1 sur 1
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|