Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-24%
Le deal à ne pas rater :
PC Portable Gaming 15.6″ Medion Erazer Deputy P40 (FHD 144Hz, RTX ...
759.99 € 999.99 €
Voir le deal

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

+4
WIFOUT
Joel
charlotin
kami
8 participants

Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze tranblemandter sa-a?

Message  kami Dim 17 Jan 2010 - 9:19

Les predictions, Mythe ou réalité? Science ou superstition? Astronomie ou astrologie?

Anpil nan nou tande pale ke an desanm 2012 pral gin yon aliyman galaktik ki gin pou fet. Premye moun ki te predi sa sete indyen Maya yo, moun sa yo te for anpil nan astronomy, yo te fe yon kalandriye kite gin poul dire pou jiskan 2012, se nan sa ke yo te baze tout sa yo te gin pou fe nan vi yo tel ke kiler pou yo plante, enfin tout sa yo gin pou yo te fe se pou yo te konsulte kalandriye sa-a, yo te minm predi ane ke blan te gin pou antre an amererik e ki ap detwi ras yo a ak tout savwa yo. Min sak pi drol ankor, prediksyon nan kalandriye yo fini le 21 desanm 2012. Poukisa kalandriye-a fini jou sa-a? Sakap rive le 22 desanm 2012?

Map mandem eske se prediksyon indyen Maya yo ki konmanse ak tranblemandter sa-a, glas kap fonn nan pol yo a koz de rechofman soley la, kom yon sign avant-coureur de yon katastrof kap vini an 2012. Gin anpil lot moun tankou Nostradamus, Fulcanelli (croix Hendaye), Opi indyen yo etc., ki predi yon katastrof oubyen yon mond nouveau, yon 5e monde dapre Mayan yo.

Mwen pa konin kisa poum kwe ankor.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  charlotin Dim 17 Jan 2010 - 10:30

Map mandem eske se prediksyon indyen Maya yo ki konmanse ak
tranblemandter sa-a, glas kap fonn nan pol yo a koz de rechofman soley
la

rechofman solèy la menm? Did I miss anything?


Mwen pa konin kisa poum kwe ankor.

pa lage Jezu.

An nou pale serye. Mwen kwè ke les hommes gen po yo disparèt sou tè a yon jou tankou pou dinozor yo. Se yun lan rezon yo bezwen konkeri lespas. Gen yon savan ki menm sot di pou anvizaje kolonize lalinn, pou kreye kondisyon abitabl pou moun.

Eske ou te fè menm refleksyon sa lè tsunami a.

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  Joel Dim 17 Jan 2010 - 11:00

Kami,
Bagay pou w sispann ;se pou w sispann "kwè".San nou pa bezwen lan diskisyon esteril,se pou w kite rezon w dirije w.
Mwen li sou bagay Mayan yo predi an,mesye sa yo te fò lan astronomi,yo te fò tou lan matematik,sa pa vle di ke yo ka predi sa ki pral rive.Yo ka fè aproksimasyon.
Mesye MAYA yo se te la syans ki te dirije yo,byen ke te gen sipèstisyon tou.
Anviwon 3 a 4 syèk anvan Ewopeyen yo ,yo te envante yon "number system"
Sistèm yo an se te a baz 5;sa vle di (pou nou pi senp),lè w ap konte ,ou konte 1,2,3,4,5 epi w tounen lan zero.Sa ki pi remakab lan ,yo te envante poukont yo "konsèp zero" an.
Bagay sa pèmèt ou fè adisyon ,miltiplikasyon divizyon;se lan ane 1200 ke Ewopeyen yo vin konnen "konsèp zero" ke yo te pran lan men Arab yo,ki yomenm te pran l lan men Endyen (Lend).
Bagay rechofman an se fenomèn natirèl (ke moun ap akselere) menm jan ke tranbleman de tè ann Ayiti an se yon fenomèn natirèl.
Ayiti chita sou yon fay ,sa ki fè ke yon tranbleman de tè te toujou pwobab.Li te ka fèt jodi an ,10 zan de sa ,lan 40 an ;men sa te toujou posib.
Sèl bagay se si Ayiti te yon peyi ki te gen mwayen,tout moun sa yo pa t ap mouri e tout edifis sa yo pa t ap kraze!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  WIFOUT Dim 17 Jan 2010 - 11:13

LES FENISYEN ON INVENTE LI CHIF ZERO BAZ DE TOUT ADITION MATEMATIKAL SI OU VLE RELE YO ARAB LI AKSEPTAB MIN SI OU KA BAM REFERANS KOTE OU DI YO PRAN LI LAN MIN ENDYEN JAN OU EKRI LI A MWEN TA KONTAN.
MERCI DAVANCE
WIFOUT
WIFOUT
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 161
Localisation : MIAMI
Loisirs : COURSE DE VOITURE
Date d'inscription : 18/09/2009

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  kami Dim 17 Jan 2010 - 12:12

WIFOUT a écrit:LES FENISYEN ON INVENTE LI CHIF ZERO BAZ DE TOUT ADITION MATEMATIKAL SI OU VLE RELE YO ARAB LI AKSEPTAB MIN SI OU KA BAM REFERANS KOTE OU DI YO PRAN LI LAN MIN ENDYEN JAN OU EKRI LI A MWEN TA KONTAN.
MERCI DAVANCE
Wifout,

Dapre sa mwen aprann, se vre ke se indyen (Hindou) de Lend (Inde) ki envante konsept zero nan math, Joel gin rezon arab yo adopte konsep sa-a epi yo gaye-l lerop.

Charlotin, pa per koyans mwen nan Bondye toujou byen fem, mwen renmen separe konsept religye ak syans juskas ke savan yo rapwoche yo. Mwen pa renmen diskite de 2 bagay sa yo ansanm, paske mwen pa fo nan syans, se li selman mwen li. Epi rechofman soley la se yon bagay ki evidan koman ou fe pa konen-l.

Pou nou retounen sou dezast yo, mwen ta vle kwe ke aliyman asts komanse deja se sak fe map mandem si sa pa gin infliyans sou la ter, paske mwen konen ke lalin gin inflians li tou sou later ak tranblemandter epi tou eske se paske later gin poul (ou byen lap) inkline inpe nan pol yo kom yo prevwa.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  alex jacques Dim 17 Jan 2010 - 13:19

Dude;
I watch that movie "2012" on the eve of the disaster in Haiti. I'll always afraid to watch this movie again, because it like predicting what was going to happen in a bad way.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  Thunder Dim 17 Jan 2010 - 13:30

Kami,

Chak sektè entèprete kalandriye Maya nan fason pa yo. Wi nan dat sa syantifik yo prevwa ke planèt ki nan sistèm solè nou an ap aliyen, men pa genyen moun ki ka di kisa ke sa ka lakòz. Men pou jan ke mwen konprann Maya yo, yo genyen yon sistèm ki konpoze de "cycles". Nan "cycle" ke nou ye an ap dire 5,125 lane. Apre sa pou "cycle" lan rekòmanse a zewo nan dat 12/21/2012. Men sa pa nesesèman prevwa ke apre 21 Desanm 2012 tan an ap kanpe.

Tranbleman de tè se rezilta plato tektonik ke sisfas tè a konpoze ki toujou an mouvman, youn ap fwote ak lòt, youn ap ekzèse presyon sou lòt. Lè presyon monte twòp, plato sa yo kite enèji echape sou fòm tranbleman de tè. Ayiti, chita ekzateman ant 2 plato ki ap fwote ansanm. Alò tranbleman de tè an Ayiti se pa yon kesyon de si ap genyen, men se yon kesyon de kilè ke l ap fèt, menm jan ak California.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  charlotin Dim 17 Jan 2010 - 13:59

kami a écrit:
WIFOUT a écrit:LES FENISYEN ON INVENTE LI CHIF ZERO BAZ DE TOUT ADITION MATEMATIKAL SI OU VLE RELE YO ARAB LI AKSEPTAB MIN SI OU KA BAM REFERANS KOTE OU DI YO PRAN LI LAN MIN ENDYEN JAN OU EKRI LI A MWEN TA KONTAN.
MERCI DAVANCE
Wifout,

Dapre sa mwen aprann, se vre ke se indyen (Hindou) de Lend (Inde) ki envante konsept zero nan math, Joel gin rezon arab yo adopte konsep sa-a epi yo gaye-l lerop.

Charlotin, pa per koyans mwen nan Bondye toujou byen fem, mwen renmen separe konsept religye ak syans juskas ke savan yo rapwoche yo. Mwen pa renmen diskite de 2 bagay sa yo ansanm, paske mwen pa fo nan syans, se li selman mwen li. Epi rechofman soley la se yon bagay ki evidan koman ou fe pa konen-l.

Pou nou retounen sou dezast yo, mwen ta vle kwe ke aliyman asts komanse deja se sak fe map mandem si sa pa gin infliyans sou la ter, paske mwen konen ke lalin gin inflians li tou sou later ak tranblemandter epi tou eske se paske later gin poul (ou byen lap) inkline inpe nan pol yo kom yo prevwa.

Mwen tande pale de rechofman planet ter la ki pi pre'm ke rechofman solèy la ki se yon boul dife toujou aktif. Tè a tou aktif. Chak second gen yon eksplozyon ki^pase lan nanan tè a. Se sou yon volkan n'ap viv. Mwen pa ka elabore paske mwen pa gen tan e pi se yon bann moun ki ase save ki ap koze la. Nou plis a jour ke mwen paske depi mwen te finn konprann kouman sistem yo fonksyone mwen pa telman atache prediksyon ki ale ki tounen tankou Temwen Jeova ki deja predi la fen di mond dis fwa.

An efe lalinn gen enflyans sou later. Menn nou pap ensiste sou sa ki pa spesyalite nou.

PS. Yo konn di ke planet yo aligne lan langaj kouran pou komante yon evenman pozitif ki rive lan vi yon moun parekzanp. Selon ki jan nap enterprete bagay yo nou va tire konklizyon. (lol)

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  OBSERVER KEEN Dim 17 Jan 2010 - 14:32

what do I think?
The Mayans were an apocalyptic people who believed that cyclic renewals of the world happens throughout history! now, what happens when a person is apocalyptic and simultaneously she knows how to count.
she predicts a date for that renewal! that prediction is more astrological than it is astronomical. you see, the prediction did not say that some celestial object will collide with earth, and bingo, we are destroyed which will happen someday. it said some alignment of certain celestial bodies. now let's analyze this claim:
what happens when celestial bodies align along some axis? their combined gravitational pull is increased making collision among them more likely. in fact, there is a way to calculate the moment of that aligned system to determine whether it will be stable or not. now, astronomers and astrophysicists of today know very well the orbits of the elements in our solar system, and they are capable of predicting what the alignment in our system for 2012. in fact, anyone who knows Newtonian celestial mechanics can calculate on the basis of public data on the NASA website where each planet in our solar system will be in December 2012. in other words, a conspiracy to not reveal such a major event would be virtually impossible because any smart kid at top high school can go the NASA website and plot the positions of our solar planets and then use the date calculate their individual positions in 2012. then , the will use that to determine whether their orbits will shift in such way as to make a collision with our planet certain.
as you can see, the Mayan prediction is comparable to the "invalid" astrological view that movements of certain stars do determine fate or behavior. the only difference here is that instead of celestial alignment shaping human behavior, it will shape the fate of the entire planet including its inhabitants.
now with regard to why they no longer use the calendar, the answer has to do with the demise of the civilization. syria and egypt used to have the christian Gregorian calendar, but when they were conquered by the Muslims, a new calendar was instituted as the Islamic calendar.
in addition, we moderns with all our technology cannot pinpoint with exactitude the end of our world, so what makes you think that the ancients with limited astronomical knowledge were capable of doing? if someone comes to you and shows you that he cannot go trough point A to B with a fire-fighter without being burned, and after seeing that, will you believe another person that tells you he on the other hand can go through that same fire with a regular paper-suit without being burned? of course, you will not believe!
and our interests in the Mayan prediction has to do with romanticism! we humans do have a tendency to romanticize the past or the old. sometimes, we do that at our own peril. I remember a friend of mine who went to his mom for advice when he was having marriage problems. but i was thinking in my head, dude, your mom never married, had five kids by five fathers, and she is not therapists, what makes you think that she can give sound advice on marital issues? but again, it is a case of romanticizing the past and the old!


note: notice that I said "invalid", not necessarily false when judging the conclusive astronomical view above; for as you have already known validity measures the reliability of the inference process that leads to the conclusion, not the truth-value per se of the conclusive statement when it stands alone!

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  OBSERVER KEEN Dim 17 Jan 2010 - 14:48

most people are not up to date with the modern scientific view of the world; and i mean that even some highly educated are not up to date with the scientific view of the world either.
let me tell you what happened one particular night when I was a kid!
I was about ten, my mother and I along with her friend, we were coming from a wake, it was pretty late, and at the time we lived around rue des miracles and rue montalais. there was a dog following us from more than fifteen blocks until we got home. my mother and her friend claimed that it was their guardian angel. as a kid i believed it.but when i got older, i remember something special about that night. i have had left over "saucis ak fritay viande" in a paper bag in my hand. you know what? chien an se sant socis la ak fritay la li tap swiv wi! lol

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  kami Dim 17 Jan 2010 - 14:58

observer keen a écrit:note: notice that I said "invalid", not necessarily false when judging the conclusive astronomical view above; for as you have already known validity measures the reliability of the inference process that leads to the conclusion, not the truth-value per se of the conclusive statement when it stands alone!

sa se vre, kantil saji de mother nature ou paka di "invalid" for kite yon ti espas, yon twrou.

Charlotin, ekskuzem mwen te komet yon lapsus kreyol mwen pa fin bon lem di rechofman soleil. mwen te vle di vriasyon nan radiasyon soley la kontribye tou nan rechoman an mwen kwe, min mwen pa konen.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  OBSERVER KEEN Dim 17 Jan 2010 - 15:37

thunder, mwen pa kwe nan prediksyon an nonplis, sa mwen ekri ya se pou kontrekare li!
of course, se mouvman bout te ki ap flote sou lava anba late kap komet dega sa yo. li pa gen aryen pou we ak soley la. pi fo zile gwose mwayen ou piti yo gen yon shans sinifyan pou sibi tranbleman te paske se volkan ki fome yo setadi anba yo, ou sou kote anba yo gen jout ak aktivite sismik. dega pral depann de intensite aktivite ya ak infrastrikti peyi plan batiman yo alatriye.

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  kami Dim 17 Jan 2010 - 16:03

Yer mwen tap tande yon Dr. Mathurin sou radio signal ki te vle fe yon paralel ak tranblemandter et aliyman galaktik kap rive fin 2012. Aloske mwen pa dokter nan anyin... master pa vle di anyin.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  Joel Dim 17 Jan 2010 - 16:09

Kami,
Lè fini tou ,WIFOUT ap pale de "fenisyen".Fenisyen yo dapre sa m konnen se jan yo te nonmen pèp lan zòn Kataj yo (Tinizi) anvan Arab yo te vini.Se lan 7yèm syèk ,lè modèn lan ,ke Arab yo te debake lan Afrik di Nò..
Si Fenisyen yo te konnen "konsèp zero" an ,Women yo ou menm Grèk yo t ap konnen l tou ,paske moun sa yo pa t ezite pran bon bagay lan men lòt moun.
"Konsèp zero" se yon nosyon revolisyonè ki pèmèt anpil bagay posib.
Eseye fè operasyon matematik ak chif women yo.Pa egzanp eseye miltiplye XII pa XXII.Ou pa kapab.
Se yon nonm ki rele LEONARDO DE PISO DE FEDENACI ki entwodwi ,e sa nou rele ARITMETIK lan e "konsèp zero" an ki fè sa posib.
Lan ane 1200 ,misye ekri yon liv ki te rele "LA LIBRA ABBACCI" (the Book of numbers) kote misye eksplike sa adisyon ,miltiplikasyon,divizyon ye.
DE piso te ap travay lan kote ALJERI ye kounye an ,pou yon gwoup franse ,yon kote ki rele BUGIEA,se bouji ki t ap fèt la ;se la tou mo "bouji" ki fèt ak grès balèn lan sòti.DE PISO obsève kouman Arab yo te fè kòmès fasil ak sa yo rele aritmetik lan.Chif yo,1,2,3...9 se chif endyen ke Arab yo adopte
A kòz de matematik sa a ke DE PISO te entwodwi ann ITALI,ki pèmèt diferan moun ki ap fè kòmès ka konvèti lajan ,"city- states) ann Itali yo ,vin domine kòmès ann Ewòp,pandan 3 a 4 syèk


Dernière édition par Joel le Dim 17 Jan 2010 - 16:13, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  charlotin Dim 17 Jan 2010 - 16:09

se lan sans sa m'ap di ke tè Ayiti a pa yon tè roch ou granit. Se depo li ye tankou ou endike. Akos de konstitisyon tè sa, entansite tranbleman a akselere plis e pi li koze plis dega. Te gen tranbleman sa lot kote men li pat fè tout dega sa a.

Mwen sot ap tande yon neg ki sove e ki ap bay temwayaj kote moun ki pat lwen'l ki anseveli. Tè a fann moun yon anglouti e pi li refèmen. n'ap gade kay kraze lan Potoprens men yo pa telman pale de eboulman. Menas la panko ekate menm si nou ta tande ke sekous yo sispann. Pa blye ke Ayiti se peyi morn, e ke tè a pa solid. Alor nenpót la pli ka yon menas.

Men gen yon bagay ki frapan. Pandan tout deblozaj tranbleman sa chak jou li fè bel solèy, bel tanperati. Imajine si la pli ta komanse tonbe, lan nuit frèt lan sityasyon ak lan eta moun yo ye la. Antouka si gen yon gwo lapli se fè anpil atansyon sitou pou moun ki ap viv lan flan ou anba morn yo.

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  kami Dim 17 Jan 2010 - 16:26

observer keen a écrit: i remember something special about that night. i have had left over "saucis ak fritay viande" in a paper bag in my hand. you know what? chien an se sant socis la ak fritay la li tap swiv wi! lol
lol, mocher granmouon an ayiti gin yon eksplikasyon, yon mitt pou tout bagay, petet manman-w dwe panse ke-w te per, alor li te vle kalme-w. Pitit mwen yan panse ke mwen konen tout sa kel fe menm sim pa well, mwen kitel panse sa, se youn nan moyen poum kontrolel.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  Thunder Lun 18 Jan 2010 - 11:32

OBSERVER KEEN a écrit:thunder, mwen pa kwe nan prediksyon an nonplis, sa mwen ekri ya se pou kontrekare li!
of course, se mouvman bout te ki ap flote sou lava anba late kap komet dega sa yo. li pa gen aryen pou we ak soley la. pi fo zile gwose mwayen ou piti yo gen yon shans sinifyan pou sibi tranbleman te paske se volkan ki fome yo setadi anba yo, ou sou kote anba yo gen jout ak aktivite sismik. dega pral depann de intensite aktivite ya ak infrastrikti peyi plan batiman yo alatriye.

Ekzakteman! ...Dezas natirèl sa yo pa nouvo. E lasyans konen pifò engredyan ki pou reyini ki pou bay sa ki pase a. Ayiti te reyini engredyan sa yo. Se domaj ke nou pat janm genyen yon plan anplas pou jan de katastwòf sa yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty eske se komansman aliyman planete nansitem solaire la koze

Message  travers Lun 18 Jan 2010 - 12:02

cher peuple haitien mes condoleances et mes repects ainsi qu aux membres du forum
regardez sur le net ce mot((((HAARP)))) vous aurez peut etre une sollution a ce qu il vous arrive

et que je te cible un pays
et que je tire
j arrive comme un sauveur avec un porte avion tout une flote marine, 30 ou 40 000 hommes armes
c est de l humanitaire ca?
ET JE PLANTE MON DRAPEAU SUR LE PAYS non mais!!!!
ouvrez les yeux
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  OBSERVER KEEN Lun 18 Jan 2010 - 12:30

ou konn sak fre mwen pi mal: seke menm si gouvenman pat prepare, si sete moun ak sevel ki te nan gouvenman, ki kreyatif, yon bokit bagay te ka fet:
ayiti shaje bouretye, se pa pavre? e tout bouret sa yo pake kwabosal. gouveman an tap voye yon ofisyel nan parking bouret sa, emplye tout bouretye ki gen bouret eke dyob yo se pou ranmase mo nan lari moun ale mennen nan yon kobyen detemine nan sak zonn! paekzanp, nan zonn arebo pos mashan bele, mo sa ale nan lakou mouzen deye do kapitol.
zonn sematen, mo sa yo ale nan teren foutbol kay fre yo nan delmas 2.

ebye teren foutbol sa yo, se yo ki pral fos komun lan!
lefini tou, gouvenman an kominike yon urjans! nan ka sa, gouvenman an asime kontrol yonn nan radyo prive ki toujou ap fonksyone yo ak pwomes ke leta ap dedomaje met radyo sa pou ilizasyon lokal.
lefinitou, lapolis ale pran kontrol tout stasyon gas nan peyi ya ki pa kraze.
si gen yon magazen pi pa kraze, ki vann gwo flash ak delko, leta ashete tout. pou leta ashete tout,li siyen yon papye ofisyel, li pa bezwen ashete ak lajan. papye ofisyel la ase pou peye nan laveni.
nan menm tan an tout leta asime responsabilite sout tout famasi ki pa kraze voye yon polis ladan yo.
konye tout sant kap bay sante ap voye adress yo nan radyo ke late asime ya, epi tou rasyon ap voye ba yo, si se medikaman, gqo flash, delko, gas, eltriye. sa si sa te fet se pa demoun ki tap sove.
deja gen yon vob pre preval, li tap tout prete ekipman konstriksyon konpayi vob yo, si se gwo neshel, mashin ki ka leve gwo bout mi. ogazasyon impotan! ede la rive, pa gen yon enploye leta ki ka di ki bo pou l fe.
ministe de linterye tap gentan dezinye zonn an potoprens kote helikopte ka desannn. fe apel ak tout ansyen ofisye nan lame pou ede koodone! fe shak ansyen bon ofisyen lame dayiti koodonate yon zonn!
tout to bagay sa yo tap sove yon paket vi!
fe yon sant kote pou moun bay san nan shak zonn oganize! pagen tan pou fe tes sousan, so tout moun ki meg, tout moun ki gen bouton sou po, tout moun kap touse paka bay san. lefinitou, leta enkouraje paste leglis protestan yo bay san. statistik prouve protestan nan peyi pov gen mwens to sida paske yo gen tandans gen avesyon ak ak seksyel. lefini, moun ki gen deviyasyon seksyel riske paladann. ou pa menm bezwen di moun la poukisa pou pran san li, ou gade men moun la zye li ou di ap frem ou sem, ou sanble anemi! ou pa bezwen bay san!
mwen pa konn ki jan yon pep si intelijan eli yon bokit neg sot pou dirije li! bagay sa mwen paka konprann li!

OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze Empty Re: Eske se komansman aliyman planèt nan sistèm solaire la koze

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum