pèmisyon pou mwen antre lakay nou avèk : Onè, Respè.
+6
Thunder
alex jacques
Joel
Kiloutou
Le gros roseau
Doub-Sossis
10 participants
Page 3 sur 3
Page 3 sur 3 • 1, 2, 3
pèmisyon pou mwen antre lakay nou avèk : Onè, Respè.
Rappel du premier message :
RASANBLEMAN DEMOKRAT NASYONAL PWOGRESIS YO (RDNP)
Konpatriyòt mwen yo,
Lèt sa-a ban mwen pèmisyon pou mwen antre lakay nou avèk : Onè, Respè.
Dr. Mirlande H. Manigat.
Non pam se Mirlande Manigat. Mwen se yon kandida pou Prezidan pou ti peyi nou-an e map mande nou konkou nou.
Poukisa ?
Mwen se yon dam marye, yon manman, yon granmè, yon ansyen Senatè Repiblik-la. Mwen chaje ak eksperyans nan lavi-a, chaje ak experyans sou moun, sou zafè politik sitou nan pozisyon ke mwen te okipe kòm militan nan pati RDNP-a depi 31 lane pou demokrasi, devlopman ekonomik tout bon, pou jistis sosyal ka blayi nan peyi-a.
Mwen se yon moun konpetan. Mwen genyen yon pasyon kap grandi nan kè mwen chak you pou’m wè ke tout bagay ap mache byen nan peyi-a. Mwen vle kreye kondisyon pou sa yo rele « Etat de Droit », Manman Lwa ak tout lwa peyi-a respekte.
Paske map etidye, lanuit kou lajounen, tout pwoblèm yo kap kraze peyi Dayiti-a, mwen konnen kijan yo malouk : tout moun pa gen menm chans nan sosyete-a, chomaj, ensekirite, ravaj nan anviwonman nou-an, koripsyon, etc. Se konsa, mwen pran desizyon pou’m louvri, rapidman, anpil chantye pou nou ka komanse yon rekonstriksyon tout bon pou nou ka rezoud pwoblèm sa yo.
Kòm fanm, mwen kontinye ap soufri pou dega malouk ke tranbleman tè 12 janvye 2010-la pote pou pèp ayisyen-an. Se yon gwo pwoblèm pou nou wè kijan moun kap viv nan kan yo ki kanpe nan lari yo ap soufri. Sa se yon priyorite nasyonal. E fòk nou chache solisyon pou sa e jwenn ki mwayen napral fè pou nou aplike solisyon sa-a.
Pwofesyon’m se fè lekòl. Mwen kwè tout bon ke yonn nan kle ki ka louvri pòt pou devlopman ekonomik e sosyal, se ki jan nou ka devlope kalite ak kantite levasyon nan tout nivo, selon mwayen nou, bezwen nou, kilti nou, lè nou deside tout bon pou nou itilize tout teknik ki soti nan kominikasyon modèn yo. Genyen 48% moun ki pa konn li nan ti peyi nou-an. Lane pase, te genyen 800,000 ti moun, ki pa gen men laj, ki pa te kapab ale lekòl. Sitiyasyon sa-a, nou pa vle li kontinye.
Mwen etidye Relasyon Entènasyonal anpil. Konviksyon pam, se pou’m defann sa yo rele lamitye tout pèp dwe pratike yonn pou lòt, nan respè pou dwa granmoun nou. Ti peyi nou-an dwe louvri je li sou sa lòt peyi yo ap fè, pou nou ka
ogmante valè richès istorik li, richès kiltirèl li, lè nap aksepte an menm tan kooperasyon teknolojik e finansyè nan men lòt peyi yo.
Peyi-a tonbe nan malè pandye, li bezwen nou tout :
Ou menm, moun kap viv andeyò yo, sou plis ke 12.000 bitasyon e 570 seksyon kominal yo. Ou menm kap travay di, e ki ap viv nan move kondisyon.
Ou menm ki se pwofesyonèl, teknisyen ki nan chomaj e ki vle pote kontribisyon pa ou ; ou menm ki ase souvan dekouraje paske nanpwn mwayen pou peyi-a ka resevwa ou.
Ou menm, fanm, kelke swa kondisyon kondisyon ke wap viv, si ou se pwofesyonèl, manman pitit, madan sara, machann chen janbe, machann malere pa brital, ou menm kap travay nan lari yo, gwo lanuit avèk yon tèt gridap.
Ou menm ki jènn, ki gen dwa pou’w jwenn bon jan edikasyon inivèsite e teknik, kap viv nan dekourajman, nan fristrasyon, e ki twouve ou ekspoze a tout kalite tantasyon.
Ou menm ki se travayè ki dwe genyen yon salè ki pèmèt ou viv ; ki bezwen bon jan kondisyon travay ki nogosye ant Leta, patwon yo e sendika yo.
Ou menm ki fè pati de sa yo rele sektè prive-a, ki se moun kap mete lajan ou deyò pou’w kreye travay, pou ke lajan’w ak konesans ou pote devlopman pou peyi-a.
Ou menm fanm polisye yo, gason polisye yo, kap mande, e ou gen rezon, mwayen nesesè pou’w ka fè travay ou korèkteman pou’w pwoteje moun e sèvi peyi’w.
Ou menm konpatriyòt kap viv nan peyi lòtbò dlo, mwen pwomèt ou refòm konstitisyonèl ki pral pèmèt ou konsève nasyonalite’w avèk tout dwa e tout devwa ou.
Nou pa gen tan pou nou pèdi. Nou nan 2010 e li lè pou nou antre nan sa yo rele mond modènn-lan, nan devlopman ki janm, nan jistis pou tout moun, nan jistis sosyal pou tout moun.
Senk (5) lane pou yon manda prezidansyèl pa ase pou chanje tout bagay. Men, mwen vle, avèk yon ekip konpetan ki gen ladan gason ak fanm ki genyen bònn volonte e ki soti nan tout kalite ideoloji, nan tout kalite pati politik. Se sa mwen vle fè pou nou ka kòmanse refòm tout bon e ansuit pou nou pase lamen bay lòt jenerasyon yo kap vin apre nou.
Mwen mande nou soutyen politik nou, ankourajman sivik nou. Mwen mande nou kontribisyon nou, kelke swa sa nou genyen, sa nou ka bay.
Mwen mande nou vòt nou. Vote no 68 : nou pap janm regrèt sa.
Map di nou mèsi patriyotikman,
Dr. Mirlande H. Manigat.
140, Avenue Christophe, Port-au-Prince
E-mail : mhmanigat@yahoo.fr
Tel : (509) 3890-1922
Personne contact : Monsieur Jocelyn Louis Borgella
E-mail rdnphaiti@gmail.com
Tel : (509) 3738-1288

Doub-Sossis- Super Star
-
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007
Re: pèmisyon pou mwen antre lakay nou avèk : Onè, Respè.
Mawon Rcfranc a écrit:Doub,
Interpretasyon pa'm, se pa ak vodou ke Dessalines te gen problèm. Se ak sosyete secrè yo, se ak chalatan k'ap volò lajan moun, se ak group k'ap kale wès lan reyinyon, kit sete vodou, kit sete fran mason.
Lan pran yon gouvènman ki jan'm renmen sosyete secrè. Se plis ke nòmal reaksyon lanperè a.
MAWON;
Dapre mwen se yon bon entepretasyon.Nèg pa konnen ki pouvwa SOSYETE sa yo ka genyen .Sa pa gen anyen pou l wè ak VODOU.Se tankou ann AYITI ,nou te genyen sa yo rele BANN VLENGBENDENG,BANN ZOPOP ou byen BANN SOSYETE.Bagay sa yo pa gen ou pa t gen anyen pou yo te wè ak VODOU.Lan pwovens yo,tout gwo notab yo se te manm sosyete sa yo.
Genyen ki te jwe wòl pozitif,genyen ki te jwe wòl negatif.
Lan KIBA ,se yo ki te fè gè lendepandans.JENERAL AN CHÈF ,LAME MAMBI an , ANTONIO MACEO Y GUARALES,se te yon manm youn lan lòj ABAKWA yo ,menm jan ak gwo ofisye LAME REVOLISYONÈ MAMBI an.
Apre 1959,FIDEL te fè tout sosyete sekrèt sa yo ,vin tounen klib kiltirèl ,paske misye te konnen pouvwa yo.
Men yon manifestasyon SOSYETE ABAKWA lan MIYAMI;branch LÒJ ABAKWA lan KIBA.Sosyete sa a gen orijin li lan NIJERYA:
http://afrocubaweb.com/abakwa/miami09/index.htm
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Page 3 sur 3 • 1, 2, 3
Sujets similaires
» Nèg ap soti Chili tounen lakay avèk respè. Lavoum dominichen!
» Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l
» ARISTIDE MWEN TANDE W ! MWEN KONPWANN OU ! MEN MWEN VOYE YON PLOT KRACHE POUR 3
» Ayisyen tout klas ap sèvi avèk selilè pou fè tranzaksyon avèk labank
» Lachin pa dakò avèk bonbadman Lasiri ke Trump fè avèk Lafrans ak Angletè

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum