Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
+7
piporiko
kami
Joel
Le gros roseau
revelation
Sasaye
ainsi ne soit-il
11 participants
Page 1 sur 4
Page 1 sur 4 • 1, 2, 3, 4
Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
http://www.radio-canada.ca/audio-video/pop.shtml#urlMedia=http://www.radio-canada.ca/Medianet/2010/CBF/ChristianeCharette201010070905_3.asx
L'assaut est lancé contre Fanmi Lavalas dans la diaspora. Quel président étranger irait serrer la main de l'ex-musicien mono-ton?
Maestro a, misye pwal bezwen sèvis w wi paske li konstate ke interviewer la posede enfómasyon sou muzisyen ke li ye. Si misye vle vin jwe mizik pou nouvo zanmi li yo, li pwal bezwen konen yon ti solfèj wi.
Sa k pi rèd la, lè entèvyou fini se muzik Cesaria Evora ke misye te reprand ak nèg Troubadours yo ke yo fè jwe. Anfen, se jis sa ki potabl lan muzik ke li jwe yo. Sweet Micky pi sou bluff ankor ke 'Cleff.
E pi ki sa y'ap tand pou mande'l publikman kouman li te vin rich.
Yo bay lót la koudEta men yo ka kraze bouda Micky nèt. Tout se kapon, tout se trètr, tout se pouvwa yo bezwen. E lan kou a, se toujou sou do JBA yo vle fè kanpay. Se pa pèp Ayisyen a ki pwal fè yo kado sila.
Nou pwal tande pi ta: se fót JBA si m' pa ka eli... prezidan.
Miki ap pale de kreye travay ak restorasyon Lame. Facile à dire. Men konbyen tan e ak ki lajan nou ka peye forme militè sa yo koulye a. Ak ki lajan nou pwal ekipe yo. Finansman organizasyon eleksyon se lan main zót sa deja ye. Ouais! ki ès ki pwal finanse Lame Mickey Mouse sila? Ki ès ki pwal mache lan promès pou restore yon kor-ronpi?
Yon vrè senj wi, Swett Micky sa a. Kouman nou vle pou yo pran'n oserye?

Dernière édition par martine la tourmente le Ven 8 Oct 2010 - 9:43, édité 1 fois
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Mennen koulèv lekòl pa yon pwoblèm: mete l lan yon panye.
Fè l chita sou ban an se yon pwoblèm: li pa genyen kolòn vètebral.
Aprann li li? Bliye sa: li konprann li deja konnen.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Pou ki sa li pa atake Preval dirèkteman. Micky gen dwa a opinyon'l, se vre. Men m'ta renmen konen pou ki rezon se sou menm beat anti-JBA ke misye ap fè kanpay. Sa montre klèman ki entansyon'l, ki sa l'ap defand.
Poutan se byen senpl. Si yo vle stope Martelly, il sifi ke yon kandida brav kanpe li di misye sispand akize JBA. Lè sa a, nou ta wè jan SM pwal nève leve vwa'l.
Pou mwen se yon gran sèvis nou te rand tèt nou ke nou te debarase'n de Lame ki te finn tonbe an desuétude. Gen anpil fason pou reorganize, kanalize jenn sitwayen pou yo ka itil lan peryod katastrop. Se pa ak rigwaz ak pwent bayonèt nou bezwen y'ap pouse moun lan manifestasyon.
Sètadi mwen konprand misye byen wi paske li pa ka prezidan donk l'ap sakle teren pou patron li yo pase ou vin chita.
Poutan se byen senpl. Si yo vle stope Martelly, il sifi ke yon kandida brav kanpe li di misye sispand akize JBA. Lè sa a, nou ta wè jan SM pwal nève leve vwa'l.
Pou mwen se yon gran sèvis nou te rand tèt nou ke nou te debarase'n de Lame ki te finn tonbe an desuétude. Gen anpil fason pou reorganize, kanalize jenn sitwayen pou yo ka itil lan peryod katastrop. Se pa ak rigwaz ak pwent bayonèt nou bezwen y'ap pouse moun lan manifestasyon.
Sètadi mwen konprand misye byen wi paske li pa ka prezidan donk l'ap sakle teren pou patron li yo pase ou vin chita.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Pwoblen antagonist sa pap jamb fini si chak sekte nan peyi a ap defand intere pa yo olye de intere peyi a.
Wi!! voye yon prezidan an exil se yon erre konstitisyonel!!
Wi kwaze l'armee a ki se yon system de sekirite peyi e garanti par konstitisyon peyi a se yon erre tou.
Pou ke reparasyon saa fet e pou Joel ak Roseau yon bo e Rico thunder yon lot bo rankontre nan mitan pou intere peyi yo fok gen yon kandida ki pou preche linion e rekonsilyasyon.
Konnyen la nan eleksyon 2010 saa chak kandida ap preche intere group pa yo.
Si sa ap kontinye nap toujou gen chimer kap mande pa yo nan gato a, e fok gen yon fos etranje kankou MINUTAH permanan nan peyi a pou bay sosyete a proteksyon.
An konklisyon, ni Aristide, ni l'armee pap retounen nan peyi a anko pou yon bon bout tan. E se sosyete a ki echoue e se peyi a ki pedi.
Zafe ke se wou pou kite pou mwen! Mwen pap kite pou wou! a fet pou fini e fok se yon kandida serye avek yon vizion sistenab ki kap garanti ko-exzistans 2 fos sa yo.
Le mond ap chanje!! Fok nou chanje tou!!

revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Zafè konpare yon fos mal ak yon presidan benevolan pou di yo tou 2 rekonu pa konstitutyon se konpare zoranj dous ak kokonm zombi kila pou touye moun.(lol)Lè yon enstitutyon genyen yon paket delenkan ki pa respekte otorite sivil o pwen ke yo di ke konstitutyon se papye bayonet se fè e yo adopte sa kom prensip e byen fok yo aboli enstitutyon saa .dayè kose di li te la pou sekirite peyi ya ou konnen byen se manti a mwen ke w pa konn istwa peyi w.se wou ki refize chanje ou pa ka wè ke ti lame bout fisi pa a la mod ankò ak devlopman teknoloji militè ki ap fet.napren la gè ki ap fet ak kout fisi Mosè ankò.yon peyi ki pa ka pwodwi menm katouch pa ka genyen lame retire vye konsep saa nan tet w.Yon peyi kote moun ap manje biskwit labou pa ka achte zam pou lame.Yon peyi kote pa genyen menm yon bo lopital pou bay popilatyon bon swayaj pa ka genyen yon lame .ba moun repo yo ak rizib ou a.
mou ou kwè ki ka reyini 2 kan yo se yon apartheid sosyal li pral kreye nan peyi ya epi li pral restituye enstitutyon san manman an pou touye pitit pep la.Nou pa beswen oken major Daubuisson an ayiti jodya ou tande ti papa.si democrasy se gouvenman pep ,par le pep e pour le pep se pep la ki pou chwasi moun li vle ki pou dirije peyi ya ,kan yon enstitutyon kont dwa pep la poul chwasi moun li vle e byen enstitutyon saa fet pou disparet.Yon ayisyen genyen dwa kritike Aristide ,made pou li jije pou sa li fè ki pat bon ,men tou si yon ayisyen pa vle ke Aristide retounen lakay li pou se gouvenman sid afriken ki pou ap charite li ak e byen ou se yon moun ki pa genyen charite ni w pa genyern patriotism vre.Paske ekzil Aristide an afrik di Sid e okipatyon peyi ya pa yon fos etranje se yon wont pou tout ayisyen.

Dernière édition par Le gros roseau le Ven 8 Oct 2010 - 11:22, édité 1 fois
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
NON MIL FWA NON;
Kraze Lame an pa t yon erè ;Lame an kraze tèt li.
Se yon jeneral LAME ki te kraze lame KOSTARIKEN.JOSE ""PEPE"" FIGUERES apre ,gè sivil ant diferan faksyon LAME an ;an 1948 ,di li fatige ,ke LAME an koute twòp lajan e li kraze l.
Depi dat sa a ,pa janm gen yon koudeta lan KOSTARIKA ;eleksyon vin banal.
Lan ane 1970s yo ,ELLIOT ABRAMS te apwoche gouvènman KOSTARIKEN an ,li di l ap ede yo rekonstitye LAME an ;e a dwat e a goch ,tout moun kanpe pou di non.
Poukisa nèg ap plede mande pou rekonstitye LAME an.Eske se sa popilasyon AYITI an vle? .Mwen doute sa.

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Nap plede di non nou pa vle lame. Tout tan nap fe konparezon ak kostarika. Min eske peyi sa yo gin voler, chimer, zinglindo, kidnaping apre ke yo te disoud lame yo? si wi, kisa yo te fe pousa, eske sete fos etranjer kite antre pou ed?
La nature a horreur du vide!
La nature a horreur du vide!
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
an nou pose kestyon yon lot jan eske lè lame te la pat genyen zenglendo, fraph,makout ,kriminel ki te nan lame ya?an kolombi kote genyen lame pa genyen kidnaping. O zeta zuni kote ki genyen pi gwo lame ya pa genyen kidnaping.krim, gangstè,vyol ,vol hold-up etc?poukisa yon ti peyi san resous dwe gaspiye lajan l pou achte vye zam demode nan men lot peyi kan beswen esantyel tankou manje.lojman , edikatyon, sante,enerji ,infrastrikti pa ka jwen lajan pou satisfè beswen pep la?
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
FADH te osèvis enterè de klas e enterè gwo finans ann Ayiti.
Li te konn enplemante represyon kont popilasyon an pou kenbe yon gouvènman opouvwa.
Oubyen li kraze yon gouvènman ke komanditè yo pa vlé.
Li te toujou travay pou menm gwoup yo.
Li pa t janm defand enterè ni sekirite popilasyon an.
Prezans fòs etranje lann peyi a se pou rezon jeyopolitik ou politik senpleman, paske pa gen plis ensekirite ann Ayiti pase lòt peyi lan zonn nan.
Si se te pou dezòd, zenglendo, kidnaping, gen plizye peyi ki ta pi merite Minista pa yo.
Ayiti se yon peyi make.
Li te konn enplemante represyon kont popilasyon an pou kenbe yon gouvènman opouvwa.
Oubyen li kraze yon gouvènman ke komanditè yo pa vlé.
Li te toujou travay pou menm gwoup yo.
Li pa t janm defand enterè ni sekirite popilasyon an.
Prezans fòs etranje lann peyi a se pou rezon jeyopolitik ou politik senpleman, paske pa gen plis ensekirite ann Ayiti pase lòt peyi lan zonn nan.
Si se te pou dezòd, zenglendo, kidnaping, gen plizye peyi ki ta pi merite Minista pa yo.
Ayiti se yon peyi make.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Nou poko reponn kestyon mwen yan, nap fe ke pase bokotel ak minm refren yo. Ayiti pa kostarica, ayiti pa etazuni.
Dernière édition par kami le Ven 8 Oct 2010 - 11:49, édité 1 fois
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Roseau, w pakab mande pou aboli yon institisyon ki kweye par Konstitisyon peyi a. Pou aboli l'armee fok se amande pou fe chanjman nan konstitisyon peyi a. Kom w pale de "delenkan" nan lamee saa, yon komission sivil e militer te dwe fet pou evalye bay opinion yo sou institisyon saa ,e sevi kom yon passwa e retire e elimine delenkan, zenglendo, chime sa yo e reforme lamee sa de fason aske pa gen yo anko.Roseau di: Lè yon enstitutyon genyen yon paket delenkan ki pa respekte otorite sivil o pwen ke yo di ke konstitutyon se papye bayonet se fè e yo adopte sa kom prensip e byen fok yo aboli enstitutyon saa
Si w ap benyen yo ti bebe, w pakab voye dlo a jete avek tout ti bebe ladan! Li pa fe sans. e se pa solisyon an sa mon fre.
2010 ak 1948 anpil dlo koule anba pont.Joel di: Se yon jeneral LAME ki te kraze lame KOSTARIKEN.JOSE ""PEPE"" FIGUERES apre ,gè sivil ant diferan faksyon LAME an ;an 1948
Fok nou jwen yon fos pou ranplase mesye MUNISTAH yo nan peyi a paske fok yon jou pou yo ale e fok nou prepare pou sa pou nou ranplase yo. Nap sevi kom experyan le passe pou nou fome dan laveni yon bon fos de sekirite nan peyi a. Fok nou di an passan ke pa gen diferans ant ansyen l'armee a e fos MINUSTAH ki nan peyi a, se intere klass favorize a ke yo ap defand.
Fok nou vini ak yon fos ki pou defand intere pep la le ke yo ale.
Kom w konnen, ale ke mesye sa yo ale, hell will break loose!! Nou pral rekomanse a zero anko.
Si se pa sa, lot peyi nan karayib la e le mond ap kontinye griyen dent sou nou kom premye peyi neg ki pakab garanti sekirite pou pep li!
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
se paske Costa rica pa genyen lame ankò ki pou fè kou deta ki fè genyen stabilite kote resous peyi ya ka envesti nan indistri touristik, nan edikatyon, nan sante, nan agrikilti ,nan enfrastrikti,nan lojman ,nan la jisits etc ki fè pwoblem sosyal sa yo ki pa pwoblem militè ka resoud.
Fleyo sa yo w mantyonen ya genyen yo nan peyi ki genyen pi gwo lamé tankou Eta zuni ak la Russie.ki donk solutyon yo pa eksistans yon lame de pakotiy kom ou vle fè moun konprann.
Rev
fos ki okipe sekirite enteryè yon peyi se la polis li rele .e fos saa nou genyen l an ayiti se li pou nou ogmante e ekipe l byen poul ka rnapli wol li.mwen deja di w lè w pa ka fè tout bagay a la fwa ou fè sa ki pi esantyel yo.Jodya ayiti pa nan fè la gè ak pèsonn ,dayè li pa ka fè la gè non plis ki donk se pa yon lame de pakotiy ki pi esantyel pou peyi ya.Lè na finn rekonstwi peyi ya .lè na genyen yon fos polis byen ekipe ,le pap genyen 1 milyon moun ki pa genyen kote pou do domi ,lè pa genyen plis pase 1/2 milyon ti moun ki pa ka ale lekol ,le na mete agriikilti yA SOU YON PWEN KOTE LI KA PWODWI MANJE POU TOUT MOUN POU AYISYEN BOUKE MANJE BISKWIT LABOU LE SAA NA PANSE A FOME YON GAD NATYONAL POU EDE POLIS LA AN KA DE DESAS NATIREL.

Dernière édition par Le gros roseau le Ven 8 Oct 2010 - 11:59, édité 1 fois
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Radio Kanada fèt pou gen dosye Mateli lan achiv yo, si yo chèche.
Mwen sonje pandan koudeta 1991 lan, apre misye soti avèk chante
"mete mayet lan janm yo". Chante saa se te pou ankouraje Michel Franswa
sèvi avèk ouzi l pou l masakre pèp la.
Misye te rantre Monreyal pou li vin fè yon espektak.
Ebyen, ayisien kouri dèyè l , bat chalbari, anpeche l jwe.
Depi lè saa Mateli te montre odas ak arogans li, li monte sou yon stasyon radio.
Li joure opozan li yo ak gwo betiz.
Mwen sonje pandan koudeta 1991 lan, apre misye soti avèk chante
"mete mayet lan janm yo". Chante saa se te pou ankouraje Michel Franswa
sèvi avèk ouzi l pou l masakre pèp la.
Misye te rantre Monreyal pou li vin fè yon espektak.
Ebyen, ayisien kouri dèyè l , bat chalbari, anpeche l jwe.
Depi lè saa Mateli te montre odas ak arogans li, li monte sou yon stasyon radio.
Li joure opozan li yo ak gwo betiz.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Rev Fok ou pa bliye ke kò VSN lan tou te nan konstitutyon Duvalier te promilge ya ki jan fè Namphy te aboli li?
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Nèg yo lan konviksyon ekstrèm dwatis yo paka wè anyen ki bon ou ka ki bon pou peyi an.
Kouman fè ke se se lan COSTARICA ki gen mwens krim lan AMERIK SANTRAL lan?
Gen mwens gang ,moun yo pi byen edike e yo gen revni mwayen ki pi wo lan rejyon an.
Lan ane 70s,80s ,de peyi tankou NICARAGUA,GUATEMALA,SALVADOR ki te gen LAME byen ekipe ;se ladan yo ki te gen plis ensekirite.
Epitou ,misye ap pale de 1948 ,mwen raple l ke lan ane 1980s yo;ELLIOT ABRAMS te apwoche gouvènman COSTARIKEN an ;li di yo l ap ranplase LAME yo an;l ap bayo ekipman e ap ede yo peye yo;pi fò politisyen lan COSTARICA di non.
ABRAMS ,Asistan sekretè pou Amerik LATIN lan epòk lan,te bezwen yon Lame zanmi yo lan fwontyè NICARAGUA.A dwat tankou a goch ,COSTARIKEN yo di yo pa bezwen LAME!

Dernière édition par Joel le Ven 8 Oct 2010 - 12:31, édité 1 fois
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Mesye,
Le gen lame, yo fe abi sou pep.
Le pa gen lame, pep fe abi sou tout moun.
KISA POU YON GOUVENMAN AYISYEN TA DWE FE POU KONTROLE KRIM SA YO, PWISKE AN KOSTARIKA (4M people) PAGIN LAME, PAGIN KRIM?

Dernière édition par kami le Ven 8 Oct 2010 - 12:38, édité 1 fois
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Kami,
Lame te fè abi sou tout moun tou.
Sa ki pou fèt se yon kanpay sanrete de konsyantizasyon avèk edikasyon sosyal
pou tout moun alawonbadè.
Sa kapab chanje mantalite gwo ponyèt ak Lwijanboje
ke ayisyen genyen lè yo lan yon pozisyon.
Epi gen krim Kostarika menmjan ak tout peyi.
Lame te fè abi sou tout moun tou.
Sa ki pou fèt se yon kanpay sanrete de konsyantizasyon avèk edikasyon sosyal
pou tout moun alawonbadè.
Sa kapab chanje mantalite gwo ponyèt ak Lwijanboje
ke ayisyen genyen lè yo lan yon pozisyon.
Epi gen krim Kostarika menmjan ak tout peyi.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
kami a écrit:Mesye,
Le gen lame, yo fe abi sou pep.
Le pa gen lame, pep fe abi sou tout moun.
KISA POU YON GOUVENMAN AYISYEN TA DWE FE POU KONTROLE KRIM SA YO, PWISKE AN KOSTARIKA PAGIN LAME, PAGIN KRIM?
KAMI,
Lan peyi tankou GWATEMALA ,ONDIRAS elt...kote gen LAME pwenn fè pa ,se kote pèp lan fè plis abi,pou m anplwaye lojik ou an ;se kote sa yo gen plis gang ;paske mesye LAME yo non sèlman y ap degaje yo lan gang sa yo ,yo konn vann mesye gang yo zam tou.
Pito ou ranfòse LA POLIS lan ,kontwole yo ,mete kò espesyalize e depi yo lan sa k pa sa ;revoke yo!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
[left]
Sepandan se plis makout an bleu ke mwen te konn we tout jounnen a koz de parad ki tap fet nan peyi a chak 22 nan l'annee a!
Lamee vinn reyelman yon problem pou peyi a le ke yo pran desizion pou yo bay Aristide yon koudeta an 1991 lan e militan yo tou profite pou yo aboli lamee saa.
Kom jeunn nou yo ki gen 30 a 40 tan konnyen la pat vreman konnen malveyans lamee sa e yo ta remen renplase fos etranje MINUSTAH sa avek yon fos peyi pa yo.
Joel, Roseau, Sasaye e elatrye ki fos de sekirite ke nou ta remen we ranplase MINUSTAH le yo ale? paske fok yon jou yo ale!
Ki janr de preparasyon ke peyi Dayiti dwe fe pou nouvo fos de sekirite saa pa tounnen memm jan ak lamee ke nou te konnen an?
Nou pakab kontinye ap viv dozado konsa! Fok nou jwen yon solition ki pou satisfe tout moun nan sosiete a!
Nan tout 19 kandida a la prezidans peyi, ki yes ladan yo ki kap fe Aristide tounnen e an memm tan mete sou pye yon fos de sekirite pou ranplasse MINUSTAH?
Tout opinion ap respekte pap gen problem ni joure!
Roseau, le ke'm tap grandi nan lakou Potoprins, mwen pat gen move experyans avek lamee. Nou te konnen ke yo te gen korp de genie, yo te gen lekol e professe nan kazenn dessalines e nan provins e yo te gen dokte nan institisyon saa.Roseau di: Rev Fok ou pa bliye ke kò VSN lan tou te nan konstitutyon Duvalier te promilge ya ki jan fè Namphy te aboli li?
Sepandan se plis makout an bleu ke mwen te konn we tout jounnen a koz de parad ki tap fet nan peyi a chak 22 nan l'annee a!
Lamee vinn reyelman yon problem pou peyi a le ke yo pran desizion pou yo bay Aristide yon koudeta an 1991 lan e militan yo tou profite pou yo aboli lamee saa.
Kom jeunn nou yo ki gen 30 a 40 tan konnyen la pat vreman konnen malveyans lamee sa e yo ta remen renplase fos etranje MINUSTAH sa avek yon fos peyi pa yo.
Joel, Roseau, Sasaye e elatrye ki fos de sekirite ke nou ta remen we ranplase MINUSTAH le yo ale? paske fok yon jou yo ale!
Ki janr de preparasyon ke peyi Dayiti dwe fe pou nouvo fos de sekirite saa pa tounnen memm jan ak lamee ke nou te konnen an?
Nou pakab kontinye ap viv dozado konsa! Fok nou jwen yon solition ki pou satisfe tout moun nan sosiete a!
Nan tout 19 kandida a la prezidans peyi, ki yes ladan yo ki kap fe Aristide tounnen e an memm tan mete sou pye yon fos de sekirite pou ranplasse MINUSTAH?
Tout opinion ap respekte pap gen problem ni joure!
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Mwen dakor ak ou pou fèt se yon kanpay sanrete de konsyantizasyon etc. avek tout moun, min pa bliye institisyon yo tou, tankou lajisis sil pa mache byen se lave min siye ater. Ninpot moun gin dwa achte yon jij ak US$20.
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Joel, sa wap di an mwen pa konen. Sam konen se sou sa granmoun ap dim; ler yo te timoun an Ayiti, yo te gen sekirite, yo al nan bal, nan sinema, restoran antre byen ta lakay yo; anyin pat rive yo. Selman se ler yon moun fe politik kont gouvenman-an, ke ou te nan pwoblem.
Yo dim ke ler fe cho anpil, moun domi ak gran pot ouver kite pesyen ouver yo pa per voler ni chimer ak zinglindo, pat egziste, ni makout ak militer pat kon-n vin-n voler yo. Se selman ver desanm gin voler lan nwit, ou setoblije femen tout pot, tout fenet.
Yo dim ke ler fe cho anpil, moun domi ak gran pot ouver kite pesyen ouver yo pa per voler ni chimer ak zinglindo, pat egziste, ni makout ak militer pat kon-n vin-n voler yo. Se selman ver desanm gin voler lan nwit, ou setoblije femen tout pot, tout fenet.
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Kami,
Cela va sans dire ke anmenmtan se pou entitisyon lan peyi a refome youn pa youn
pou peyi a kapab genyen yon enfrastrikti adekwa pou li kapab reponn a bezwen e nesesite popilasyon an.
Se pazapa pou regle tout pann lan peyi a.
Revelasyon,
Kòm ou poze m kestyon an dirèkteman, men opinyon m.
-PNH fèt pou kontinye ap amelyore.
-Se pou you fòme kò spesyalise ki pou reponn tout menas sekirite peyi a.
-Yon sèvis de renseyman modèn e byen ekipe avèk ajan byen fòme.
-Rekrite tout kantite polisye yo bezwen pou deploye lan tout kominn pou
kenbe lapè lan tout popilasyon an.
-Se pou yo respekte dwa tout ayisyen e pwoteje tout sitwayen.
Responsabilite yo fèt pou asire sekirite peyi a avèk sitwayen yo.
Se pou yo endoktrinen pou yo konprann wòl yon polisye pa wòl yon solda.
Polisye pa Chaloska.
Anplis, gouvènman dwe fòme brigad sivik tankou boy-scout ki pou rekrite
jenn (fi ak gason) a pati de 18 an.
-Fè yo anrole pou 2zan avèk akomodasyon e yon salè.
-Montre yo yon metye avèk kou akademik,
-bati akomodasyon lan 10 depatman peyi an pou yo prezan lè gen ijans.
-Antrenen yo pou reponn a dezas natirèl,
-pou ede popilasyon an le gen inondasyon, siklonn, tranbleman d te.
-antrenen yo kom sekouris.
-pou rebwaze forè yo,
-pou patwole zònn riral pou anpeche debwazman.
-Montre yo kijan pou konbat dife,
-Bati abita avèk kay kominal.
Mete baz sivik avek sant kominotè e kiltirèl, bank sant komèsyal.
Anplis de sekirite total peyi a, tout jènn sa yo ap resevwa edikasyon ak entrènman ki
kapab fè yo viv e devlope peyi a lè yo finn fè sevis 2zan saa.
Cela va sans dire ke anmenmtan se pou entitisyon lan peyi a refome youn pa youn
pou peyi a kapab genyen yon enfrastrikti adekwa pou li kapab reponn a bezwen e nesesite popilasyon an.
Se pazapa pou regle tout pann lan peyi a.
Revelasyon,
Kòm ou poze m kestyon an dirèkteman, men opinyon m.
-PNH fèt pou kontinye ap amelyore.
-Se pou you fòme kò spesyalise ki pou reponn tout menas sekirite peyi a.
-Yon sèvis de renseyman modèn e byen ekipe avèk ajan byen fòme.
-Rekrite tout kantite polisye yo bezwen pou deploye lan tout kominn pou
kenbe lapè lan tout popilasyon an.
-Se pou yo respekte dwa tout ayisyen e pwoteje tout sitwayen.
Responsabilite yo fèt pou asire sekirite peyi a avèk sitwayen yo.
Se pou yo endoktrinen pou yo konprann wòl yon polisye pa wòl yon solda.
Polisye pa Chaloska.
Anplis, gouvènman dwe fòme brigad sivik tankou boy-scout ki pou rekrite
jenn (fi ak gason) a pati de 18 an.
-Fè yo anrole pou 2zan avèk akomodasyon e yon salè.
-Montre yo yon metye avèk kou akademik,
-bati akomodasyon lan 10 depatman peyi an pou yo prezan lè gen ijans.
-Antrenen yo pou reponn a dezas natirèl,
-pou ede popilasyon an le gen inondasyon, siklonn, tranbleman d te.
-antrenen yo kom sekouris.
-pou rebwaze forè yo,
-pou patwole zònn riral pou anpeche debwazman.
-Montre yo kijan pou konbat dife,
-Bati abita avèk kay kominal.
Mete baz sivik avek sant kominotè e kiltirèl, bank sant komèsyal.
Anplis de sekirite total peyi a, tout jènn sa yo ap resevwa edikasyon ak entrènman ki
kapab fè yo viv e devlope peyi a lè yo finn fè sevis 2zan saa.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
E mwen twouve ke se mechanste tou pou Aristid kraze lame sanke li pat janm te gen yon plan pou ranplasel pa okenn lot fos ou ranplase yo par la polis, li te pito ranplase lame par des chimeres.
kami- animatrice
-
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle:
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Kami, dapre sa m konprann, korije m si m fè erè, apre Lame a te disoud, pat gen gwo dezòd lan peyi a.
Li sanble avan mouvman GNB an pa t gen anpil derapaj.
Natirèlman te gen konfwontasyon avèk mouvman Konvejans etc.. se de manifestasyon
dezòdone e dezobeyisans sivil ke te mande reyaksyon.
Mwen kwè bagay vin pi rèd sou gouvènman pwovizwa a ki koze yon reyaksyon miskle
de popilasyon dezerite yo.
Alò kestyon an eske te genyen zenglendo, chimè, kidnaping lan ane 1995-2000?
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Martelly dit être là pour gagner et fier d'être 3ème malgré son inexpérience
Sasaye, w di tout verite a laa e w pale pou preske tout pep la.Sasaye di: Revelasyon,
Kòm ou poze m kestyon an dirèkteman, men opinyon m.
-PNH fèt pou kontinye ap amelyore.
-Se pou you fòme kò spesyalise ki pou reponn tout menas sekirite peyi a.
-Yon sèvis de renseyman modèn e byen ekipe avèk ajan byen fòme.
-Rekrite tout kantite polisye yo bezwen pou deploye lan tout kominn pou
kenbe lapè lan tout popilasyon an.
-Se pou yo respekte dwa tout ayisyen e pwoteje tout sitwayen.
Responsabilite yo fèt pou asire sekirite peyi a avèk sitwayen yo.
Se pou yo endoktrinen pou yo konprann wòl yon polisye pa wòl yon solda.
Polisye pa Chaloska.
Anplis, gouvènman dwe fòme brigad sivik tankou boy-scout ki pou rekrite
jenn (fi ak gason) a pati de 18 an.
-Fè yo anrole pou 2zan avèk akomodasyon e yon salè.
-Montre yo yon metye avèk kou akademik,
-bati akomodasyon lan 10 depatman peyi an pou yo prezan lè gen ijans.
-Antrenen yo pou reponn a dezas natirèl,
-pou ede popilasyon an le gen inondasyon, siklonn, tranbleman d te.
-antrenen yo kom sekouris.
-pou rebwaze forè yo,
-pou patwole zònn riral pou anpeche debwazman.
-Montre yo kijan pou konbat dife,
-Bati abita avèk kay kominal.
Mete baz sivik avek sant kominotè e kiltirèl, bank sant komèsyal.
Anplis de sekirite total peyi a, tout jènn sa yo ap resevwa edikasyon ak entrènman ki
kapab fè yo viv e devlope peyi a lè yo finn fè sevis 2zan saa.
Pa gen anyen ke w di la pou yon moun serye ki renmen peyi pou'l pa dako ak opinion nan.
Kom nou tout chita sou bo tab la ap diskite sak bon pou peyi nou.
Nou ta remen we ke fos spesyalize gen yon wol byen defini.
Fos gad kot a zonn fontalier rete nan kanton yo e patrole fontye a kont kontreband, drug, terrorist, fujitif etc...
Fos sekirite teritoryal mete tet yo deho selman si peyi Dayiti atake pa yon fos etranjer.Le saa tout fos mete men a la patt.
Fos Lapolis ratache avek Depatman la Jistis. Yo fe arestasyon e jijman tou swit.
Fos brigad Boy-Scout ke w di a, fok se pa sou kontrol gouvenman pou'l ta ye men sou kontrol e sou budget Depatman Edikasyon, Sante e Agrikilti.
Paske jeunn gason ak jeunn fam le se gouvenman ki chwazi yo, otomatikman, yo mete nan tet yo ke yo se "chef". Aloske se volonter ke yo ye e yo pa gen oken otorite sou pesonn.
Answit sel bagay ki fe moun pe nan expose'w la se mô "endoktrinen e rekrite". Mô sa yo tro fo nan yon expose politik. Mo kankou notion de "sivism e volontarism" plis appropriye e mwen menasan.
A pa de sa, sa w di la Sasaye se sa net!!
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Page 1 sur 4 • 1, 2, 3, 4
Sujets similaires
» Je ne suis plus fier d'etre Haitien!
» Doit-on être fier de dire qu’on parle « créole » ou « L’haïtien»
» HAITI ELECTION 3eme ENTRE PREVAL,EDMOND MULET ,MARTELLY , GAILLOT ET LE PEUPLE
» MICHEL MARTELLY MENACE DE GAGNER LES RUES
» L'OPPPOSITION DOIT S'UNIR POUR GAGNER LES ELECTION

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|