Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon : la prochaine extension ...
Voir le deal

Vous souvenez-vous d'une certaine Michèle Pierre-Louis?

Aller en bas

Vous souvenez-vous d'une certaine Michèle Pierre-Louis? Empty Vous souvenez-vous d'une certaine Michèle Pierre-Louis?

Message  ainsi ne soit-il Sam 18 Déc 2010 - 17:26

Pou m'antre lan ForumAyiti se sou portail la mwen toujou pase kontrèman a restavèk ki abitye pase par pót dèyè pou antre lankay. Donk, itilite portail la, se bay yon ide de ki sa k'ap pase. Sa ede w pa gen move sipriz lan kouri al li.

Nou tou wè kay ki jan de moun ti-bedo sa a te rete.

Tande. Mete politik a pa. Mwen pa patizan Manigat yo, mwen pa dakor ak ajisman Profesè Lesly men mwen dwe Madanm la respè menm si se ta yon moun mwen pa konen. E dotan plis ke manmzè'l pa responsabl tout desizyon mari'l. Moun yo profondeman katolik, si nou wè yo ap viv ansanb, se paske tous les deux baze maryaj yo sou yon seri de prensip. Men sa pa vle di ke pou Myrlande Manigat mariyaj li toujou roz. Sonje lan ki jenerasyon li soti. Ekperyans pèsonèl li ka byen ede sor fanm ak fi lan peyi d'Ayiti.

Myrlande Manigat gen dwa manke ekperyans lan zafè leadership men li se yon fanm ki ja konte 70 bale. Li se yon moun byen forme, yon manman, yon moun respektabl, donk mwen pa kwè ke nenpót ti santi di ki soti lan pak zanimo gen dwa adrese Madanm la tankou l'ap pale ak ti makrèl parèy li.

==========================================================

Se vre ke mwen pa dako ak sijè rimè ki t'ap kouri e ki etonaman se te prensipal defo ki fè ke menm fanm parèy Madan Pierre-Louis t'ap kalonen'l roch lan radyo alóske sanble ke se yon moun ki te byen kapabl.

Yo te leve lan kor Preval paske li te chwazi Madanm sa a ki te patizan'l pou post Premye Minis la, an mèm tan te gen leve boucan paske se te kominote entènasyonal la ki te enpoze manmzè'l a Preval. Si byen ke lè yo te retire job la lan main manmzèl, Ayisyen te akize Preval kóm ipokrit ki pa janm kanpe defand zanmi'l. Men m'pa janm tande Madan Pierre-Louis akize Preval. Okontrè, mwen te menm tande manmzèl ki remèsye'l par le fait ke li te konsidere'l pou job la.

Manda Preval sa a fè ke menm mwen, m'ap fè ipotèz pafwa tèlman an-yen pa klè. Anpil kachotri e se pou sa n'ap obsève yon band kandida k'ap chanje lide tankou ti-moun anvan yo deside al jwe lan lakou rekreyasyon.

Gen yon vag leadership fanm k'ap monte, e si nou ta reziye'n pran Madan Manigat. E si depi ak Madan Pierre-Louis se te souwè kominote entènasyonal la paske yo pa ka deal byen ak gason yo, pou yon fanm vin prezidan. Nou pa ka di ke eleksyon sa yo korèk pou tout yon seri de rezon legal ou ilegal men nou sipoze aksepte sa majorite ki te al vote yo deside.

Sof ke vagabon pa ladanln. Dayè, non sèlman KEP bay li kanè, men Madan Manigat te di abilman ke li ta prefere Celestin lan dezyèm tour. Sa lese a konprand ke se krent pa rapor a popilarite Martelly a aloske a la verite sè ke yo ta prefere fini une fois pour toutes avèk kestyon Sweet Micky sa a.

Gen nèg ki te di ke eleksyon p'ap fèt men li fèt parèy. Koulye a, gen k'ap di ke Preval ap fini pa volè eleksyon an.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum