Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

4 participants

Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  ainsi ne soit-il Sam 25 Déc 2010 - 10:45

Tout neg k'ap pran poz koudetatis se jis sou Entènèt ou antr yo pou yo kenbe diskou konsa.

Dènyèman nou t'ap li yon afimasyon grosye kote JER pa wont ap kontinye denonse teori liberasyon, yon ide ki fin vale teren e ki fè prèv li. Duvalier tonbe, non? Tankou jodi a kondanasyon sa yo n'ap tande an Ajantin. JER gen yon dan kontr JBA men li pa janm ka eksplike poukisa. Li pa menm ka bay rezon an, li pa menm ka kanpe defand tèt li, paske li se yon kapon, li konen ke yo ta rabroué'l.

An Ayiti, gen yon denouman ki toujou entrige'm; se zafè depi w chef d'Etat w kondane à mort ou à l'exil. Li pa fè sens pou main nou mare konsa, pou gouvènman nou yo ap subi diktat san manman yo, pou endividu coupables de trahison et de crimes ap viv en toute impunité lakay ansyen patron yo.

Mwen aplodi lè m'ap tande jistis sa yo ke pepl Ajanten an jwenn. Men mwen espere ke menaj la al pi lwen pou plizyè lan peyi sa yo refize teroris lót peyi lakay yo tankou Raoul Cédras, Michel François, Jean-Claude Duvalier, elatrèy.

Mwen deja di'l, malgre tout reproch ke n'ap fè Preval, li konn ak ki ès li an afè si byen li aranje'l pou'l pa pran kouteda. Sa m'tap li lan Wikileaks sou Preval pa nouvel pou mwen. Renmen'l rayi'l, mwen-menm, m'te toujou seye konprand atitud misye. Gen desizyon li pran ki très très très impopulaires, men nou pa janm tande mas moun yo pran la ri pou sa. Menm regroupman ki konsène yo, ret trankil. Pèsonèlman, m'ap tande tout sa k'ap denonse le fait ke li elwaye Lavalas lan koze eleksyon men pa gen an-yen ki fèt kontr sa. La politique a ses raisons, n'est-ce pas? Hum!

Peyi a bezwen rekèyman, nou bezwen yon ti moman pou kó'n, nou bezwen pran soufl nou. Trop sikilasyon, trop boulvèsman, trop trafik, trop monte desann ki akapare enèji e dirijan e popilasyon an. Li lè pou etranje yo manyè kanpe lwen. Gen trop etranje k'ap ranmase repotay pasipala pou vin soumèt bay medya lakay yo. Komsi pa gen bagay ki pi lèd k'ap pase lakay yo. Mwen pa di pou nou izole tèt nou. Men sipoze gen yon kontrol sou afflux ekip televizyon ak jounalis k'ap debake lan peyi a. Pa gen anyen ankor yo pa fin wè sou Ayiti. Koulye a, se gouvènman Ayisyen ki pou anpeche ke medya etranje ak jounalis ki pat ap regle anyen kontinye ap eksplwate malè peyi a.

Sa pa normal pou fal peyi a ouvè konsa. Sa ki fache'm sè ke yo plis ap chèche imaj ki chokan, se jis move nouvèl y'ap difuze. Men m'p'ap kondane yo paske gen ti-visye ki sot Ayiti avan-yè, machand fatra, ki renmen malpropte'l.

Nou pa sipoze pase tout tan sa yo ap kritike gouvènman san ke nou pa menm propoze solisyon ou menm rekonèt ke peyi a bezwen jistis pou tout moun. Nou te dwe wè feblès lEta Ayisyen e jwenn yon aproch pou eklere sa k'ap dirije yo. Lè n'ap pale ak polisyen yo, nou pa bezwen itilize langaj fanfaron si vrèman nou serye. Men sou Entènèt, se kite trivyalite. Nou gen dwa ranse sou tout lót koze men lè se de Ayiti n'ap pale menm lè n'ap ri fo ke se yon bon mesaj n'ap pase.

Lè n'ap diskite de problèm peyi a, se pa le moman pou nèg ap vin etale reyisit materyèl yo a letranje. Nou pa sipoze pran tout pawól pèsonèl si nou byen konsa pandan ke n'ap diskite de malè kretyen vivan lan PAP e lan rès peyi a. Pa gen moun ki enterese a koze'n, donk nou pa bezwen ap seye asosye tout moun a koze'n, nou pa bezwen etale kerèl menaj nou lan Entènèt la.

ForumAyiti is supposed to be about Ayiti but not yourselves. Especially, in that sense... You and your fucking global village, get over it!

E pi, man-yè lese de kote vye culte de la médiocrité, man-yè elve nanm nou pou zót pa jwenn okazyon pou kontinye ap lage estereotip sou nou. Sispand griyen dan ak zót, man-yè leve tèt nou aletranje pou lè zót rankontre yon lót Ayisyen pou l'pa pense ke nou tout se menm, ke nou se yon ras enbesil ak zombie.

Se vre ke sa l'di pa enpótan men sa deranjan sitou ke li frenk kare rekrite restavèk sou Entènèt.

Noël se fèt la jwa men kote m'ap viv la nou pa men tande yon mouch k'ap vole. C'est la ripaille dans les chaumières en attendant les règlements de compte verbaux.

Bwè tafya, respekte boutèy la. Bay Ayiti yon chans, patripoches.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Le gros roseau Sam 25 Déc 2010 - 15:27

Jalousi ap touye w. wi.(lol) pafwa fok ou montre sa ki vinn deyè yo bon chimen pou yo pa rate okasyon ke w te rate. Si lè mwen te rantre O Zeta Zuni te genyen yon ayisyen ki te dim mon chè degaje w fè yon ti ekonomi tout swit pou ka jwen yon 5 000 dola pou envesti nan yon medayon ki te ap vann pou 50.000 doal jodya se 750.000 dola yap vann. sim pat koute sa yon profese te dim poum, te achte yon 2 famiy mwen pa ta p fe ekonomi ki te pemet mwen pran avantaj nan 401 k plan ke konpayi elektrik te ba anploye.

pafwa se reyisit yon lot moun ki ba w anvi fè plis jefò. nanpren oken mal nan sa.mwen sonje te genyen yon ayisyen ki tap travay nan mail room nan konpayi elektrik kon li te finn travay li te genyen yon taxi e byen jodya li pa razè pou nenpot milyon dola.Se menm jan lè yon mou ap fè Wyclef konpliman se ankouraje jenn ki ap vinn deyè yo.li bon pou montre ayisyen ke se pa vre se pa yon fatlite ki fè nou pov nou ka reyisi depi nou genyen ideyal e disiplinn.se nou ki pou mete bon jan edikasyon lakay nou pou nou pwodwi sa nou beswen tankou lot peyi fè konsa nou pap beswen enpote menm yon grenn kafenol.donk fok nou bouke ba lot moun responsabilite enkonpetans nou, koriptyon nou, iyorans nou,neglijans nou.fok nou aprann ke se inyon ki fè la fos.O lye nou ap kritike moun ki ap chache wè si nou tout ap mete lajan nou ansanb pou nou envesti nan konpayi ki ka pwodwi byen ak servis pou popilatyon an ,an nou pito ankouraje yo ,montre ki jan yon ka fome paternarya , korporatyon , kooperative ,an nou fè yo konnen genyen lwa ki reglemante bagay sa yo e se pa tout ayisyen ki genyen dwet long.qui aime bien chatie bien.kan nou kritike sa ki ap fet nan peyi ya se paske nou renmen l. nou ta renmen wè sitiyatyon frè ak sè nou yo ki ap bwè dlo kk nepalè jwen dlo pwop pou yo bwè.

Preval se yon enkonpetan si se pa Alexis ak madan pierre Louis ki te sèvi kom yon fisib pou li;epi si MINUSTAH pat la Preval tap blije rache manyok li lontan deja.paske pep sa o zabwa li pa ka pran soufrans ankò.Voye flè pou Preval se yon inkonsyans.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  ainsi ne soit-il Sam 25 Déc 2010 - 17:17

Coïncidence ou malédiction? Eskize'm si se pa ak w m'tap pale...

You can't help it, right? Se pwen w pran pou tèt di w-menm. Tout moun konn mak de komès w. Menm a 70 ane e plis, w lan konpare longè gigit a w ak lót...

Sa w pa konen pi gran pase w. Detoutfason, mwen ak w nou pa kanpe sou menm beat. W se yon etènèl ensatisfè. No challenge, brother!

Poukisa w ap aji konsa? Poukisa w reaji komsi se sèl w ki vize? Se jisteman sa m'ap denonse a wi. Han! sa pa deranje pèsonn bor lakay mwen ke w se Rockfeller, mon chè.

Kote w pwale ak koze Wyclef sa a kom modèl reyisit pou Ayisyen. Gen lè gen yon chans k'ap kouri e se konen nou pa kont kouman pou n'ramase'l. Abner Louima ki sanble ak kouzen Wyclef se yon multimilyonè li ye itou...

Jan Wyclef te konte sou popilarite'l aletranje, w gen lè pat li jan magazin te pase'l lan tenten, jan yo te desand li, pou m'pa di denonse'l. W gen lè pat wè'l dènyèman sou tèt kamyon sou kote Martelly ak Baker lan mitan yon mas dezevre ki gaye.

Mwen t'ap pale de respè ak de la paix lan peyi a.

Preval se yon enkonpetan si se pa Alexis ak madan pierre Louis ki te sèvi kom yon fisib pou li;epi si MINUSTAH pat la Preval tap blije rache manyok li lontan deja.paske pep sa o zabwa li pa ka pran soufrans ankò.Voye flè pou Preval se yon inkonsyans.

Tou dabor, sa w di la pa fè sens. Si li te enkonpetan, li pa ta al chèche 2 moun sa yo. Wol li itou, se asure'l ke moun sa yo fè travay yo san ke legislati pa ap bloke inisyativ gouvenman yo. W nul à chier lè w di ke si se pat MINUSTAH, misye te rache manyók li lontan. Alor ki sa ou vle di ki te dwe fèt? Se vre ke w soti lan formasyon ki gen mentalite koudEtatis, ki fè ke pawol w pa'p janm la verite tankou Guy Philippe ak Raoul Cédras. Se menm stupidite k'ap repete. Nou fin kreye deblozay nou, se apre nou ap konstate dega yo.

Pa gen moun ki ap bay Preval bourad. Manda Preval ap fini lan yon mwa e d'mi. Mwen-menm, mwen di bagay yo jan yo ye. Kelke swa moun ki vin prezidan apre, se menm bagay la nou pwal di de li pi devan. Kelke swa moun ki vin prezidan se menm konpliman yo...

Yo pa vle Preval, yo pa vle eleksyon, yo pa vle pèsonn. Mais enfin, ki sa yo vle? Sa pran yon brav ou yon malad mental pou al goumen pou prezidan lakay.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Le gros roseau Sam 25 Déc 2010 - 20:39

Mon chè mwen ave w nou pa panse menm jan vre nanpren moyen rekonsilye diferans nou si w genyen dwa di yon ti malere ki soti nan Croix des bouquets ki imigre nan yon peyi tankou Eta zuni ki rive nan pwen Wyclef rive ya e pou di se pa yon reyisit.se tankou ou ta di Sidney Poitier ki pa menm pran sertifika pa yon reyisit tou e byen mon chè mwen pa konn sa ki reyisit vre.Mwen pap pale de zafè lajan selman. si ayiti te yon peyi tankou Italy ak lot peyi kote dyaspora genyen dwa de vot e ke neg yo pat leve koken nan CEP ou ta wè si Wyclef pa tap presidan dayiti.Map repete l li ankò si pou wou Wyclef pa yon reyisit paske li pat adore Arisitde e byen mwen pa genyen menm konseptyon saa tout moun genyen dwa renmen ou pa renmen Aristide.mwen pa fanatik oken moun.

ou di si preval pat konpetan li pa ta mete 2 moun sa yo (Alexis ak madan pierre louis) ki sa yo fè kom Premier Ministre ki montre ke yo konpetan?map diw li ankò si apre 2 manda Preval li kite Peyi ya nan kondityon sa malgre tranbleman de tè epi wap bat bravo pou Preval ou se yon inkonsyan.Dapre mwen Preval pi enkonpetan pase tout presidan ki pase o pouvwa yo pandan 25 dernye ane yo.Si Preval te fè nan 2 mANDA mwatye sa Paul Magloire kom militè te fè nan 5 lane mwen ta bat bravo pou li.Ou toujou ap pale de moun ki pase nan lame men ou bliye se moun ki pase nan lame ki retire chenn nan kou w.Tout premye Presidan ayisyen ki sa yo te ye?mwen pa di pa genyen militè ayisyen ki se vagabon non.men konsa ou te jwen moun ki onet e disipline pami yo.mwen pa konnen siw te konn tande pale de Kolonel Astrel Roland ki te kite peyi ya a koz de kou deta mai 50 lan li te konn kanpe nan radyo an dominikani ap kritike Paul magloire. se pou montre ke lame dayiti pa yon gwoup omojenn .tou lotrejou la nou te wè ke Jeneral Beliotte pat dakò ak kou deta Cedras la.Ou pa beswen ap voye woch epi wap kache men w .lè w voye yon bokit dlo sou mwen mwen konnen .Ou di yo pa vle Preval, yo pa vle elektyon yo pa vle pèsonn men ki sa yo vle?

map di w sa yo vle :yo vle yon gouvenman ki ka fè yon elektyon onet inklisiv san frod kote tout ayisyen a la wonnbadè patisipe.nou vle yon kandida ki konprann ke peyi ya pa ka dirije menm jan ankò fok bagay yo chanje .Nou pa vle elektyon ki fet pou yo selektyone yon moun ki soti nan yon gwoup denkonpetan.e ki pa montre ke li genyen konpetans ase pou fè refòm ki merite fet. yo.Mwen se pa ak fanatism ke mwen jije konpetans yon moun se pa zak ou pose deja.Mwen te di ki moun mwen tap soutni si li te kandida e se pa pou plas leta ke mwen te di sa se te Dr guy Theodore. se pa moun ki ap pale bel franseuuu selman li montre amou li pou peyi li,e li montre li konprann beswen pep la. men moun ke mwen vle ki pou kandida an ayiti.malerezman li te konprann ke se yon maskarad ke Preval te pral fè li pa patisipe nan vye rizib konsa. e mwen pa blame li.Le w di yo genyen 70 zan pase ak ki moun wap pale?President Leonel fernandez ka wè ke ayiti beswen yon lot iniversite modern epi Preval ki la nan peyi pa wè sa?pa vinn dim li pa genyen ,moyen kote lajan petrokarib la pase poukisa li pat vle madan Pierre louis mete lajan saa nan bidjè peyi ya kote odit madan pierre louis te mande ki pou fet sou itilisatyon lajan saa poukisa li pa janm fet reponn mwen non.Kote li te jwen lajan poul li te achte machinn pou depite yo poul te ka koromp yo.Kote jude jwen lajan pou li ap fè kalite gwo kanpay saa?Yo di se pa de gwo 4X4 ke pati nitite genyen ki ap kouri tou patou ak gas leta.Ou dakò ke sa fet nespa martin le trouble-fète?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  ainsi ne soit-il Sam 25 Déc 2010 - 21:46

Tande. Ki kote mwen di ke Wyclef pa reyisi. Tou senpleman, se pa kou dekla peyi a bezwen. Lè Duvalier te chwazi Jean-Claude, mwen te konn moun ki te trouve sa pa normal ke li usurpe pouvwa a, ke li te frustre anpil sèvitè lEta.

Se w ki di ke Preval se enkonpetan e ke se roulib li te pran sou do 2 PM yo. W konen trè byen ke se pa pou enkonpetans ke yo revoke moun sa yo. Kelke swa moun ki responsabl la.

Si Preval roule nèg lan farin avan'l fri yo, se paske li profite de divizyon ki gen antre yo.

Mwen pe pa di ke misye te ka fè mwatye lan sa Magloire te fè paske Magloire pat jwenn peyi a lan eta sa.

M'pap di lan ki kadr mwen tounen an Ayiti apre JCD te tonbe, men depi lè sa a, mwen te konstate ke peyi a lan dlo. Mwen pat wè ankor ki sa ki te konn fè charm PAP. Tout la ri tout katye te kraze, Rout Delmas se te yon mache sa te tounen lan tout longè'l. Pat gen kote pou pike yon zepengl la vil ak sou Grand'rue. Se lan la boue ak pousyè moun t'ap viv. Lè la pli tonbe, se lavalas ak inondasyon sa te konn kreye a koz de problèm erozyon ak move sistèm kanalizasyon Se polisyon moun t'ap respire. Deja, mwen t'ap mande'm pouki sa, moun ki te byen etabli lan provens te bije vin chita lan PAP menm lè yo te retrete.

Se pa de vye bri volè lajan ki te komanse kouri, se lè Gouvènè Clinton te di ke lajan Kominote Entènasyonal la te promèt pa antre, ke tout vye rimè te sispand. Mwen te kwaze yon tèt krobot ki te di'm ke li tande ke yo te bay 60 milyon e ke yo pa wè kote l'pase. Mwen te raple'l ke 60 milion dola pa men ase pou netwaye Cité Soleil e soulaje vi moun k'ap viv la dan'l.

Ayisyen gen pasyans pou l'pase mizè e an mèm tan li tonbe ap pense ke se jis bat zye'w pou bagay yo chanje an Ayiti.

M'ap sonje lè li yo te retire post PM la lan main'l, Madan Pierre-Louis pat amèr e li te menm di ke gen yon volonté pour bien faire lan ekip ki te la.

Moun pat konn kritike premye manda Preval la pase sa. Se koulye a paske yo pa satisfè de li ke y'ap di ke li pa fè an-yen pandan 2 manda li yo. Tande non, pou nou te konn nèg la te enkonpetan, pou nou te konen ke li pat fè an-yen pou peyi a premye fwa, e pi pou nou te lage pouvwa a lan main'l ankor. M'ap sonje jan nou t'ap bal bourad.

Mwen menm se tand m'ap tand pou m'wè ki jan yo pwal gouvène peyi a lè misye pa la ankor. Setadi, mwen t'ap li yon konstatasyon ke w te fè ki se te l'évidence même ou presque: Madan Manigat pase, klan Preval kontrole la Chanbr, donk gouvènman pa chanje pase sa. Poutine fin menen tout moun en bateau...
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Le gros roseau Sam 25 Déc 2010 - 22:13

Wouyyyyyy pa mete m nan moun ki tap ba preval Bourad la tan pri paske li menm te di ke li te ka fè mye nan premye manda li ya. alò se li menm wi ki rekonet ke li se yon enkonpetan. epi menm lotrejou la Bellerive di ke gouvenman an te ka fè plis pou soulaje misè moun ki anba tant yo se pa mwen ki di sa non.Wi se vre genyen nayif vre kite panse ke Preval tap genyen yon ti bout rekonesans pou l te fè Aristide retounen nan peyi li se pou rezon saa ke yo te ale nan otel Montana ,men kom toujou li fout Aristide yon beze Jida;li vann li pou 2 gouden ak boujwa gwoup Bourdon yo.li di ouvriye pa ka touche 5 dola pa jou nan sweat shop yo. mwen konnen ou dakò ak li se la inimitye nou an komanse paske ou vle al fè yon kout esklavajis ou vle al ranplase kolon yo tou ah ah ah

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  ainsi ne soit-il Sam 25 Déc 2010 - 22:33

Men non, m'pa lan pati politik ki ap pran yon seri de non orijinal, Espwa, Lavalas, Pawol Peyizan, elatrèy. Mwen pa janm renmen konotasyon yo sof ke m'ap toujou rekonèt sa yon group fè ki byen e ki al lan enterè peyi a.

Antouka, ke se an byen ke se an mal, selon fason nou gad bagay yo, nou pe pa di ke sistèm nou an p'ap fonksyone. Tankou yo di nou gen gouvènman nou merite a. (lol)
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Le gros roseau Sam 25 Déc 2010 - 22:40

Sim te kapab mwen ta fè w al travay di zè pa jou nan sweat shop yo pou 4 dola pa jou wi.tonnè kraze m se pa blan yo selman ki mechan non.se sa ki eksplike ke 2 syek apre endepandans la nou genyen ti Saintanys nan peyi ya wi ,peyisan ap bwè dlo kk nepalè.grangou kloroks ap pete fyel 3/4 ayisyen ,koumatiboulout pè eternmel mèsi wi ou delivre m anba men mechan sa yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Sasaye Sam 25 Déc 2010 - 23:21


Pou nou retounen lan sijè fowom saa.
Ayiti reyèlman bezwen yon souf.
Tout ayisyen dwe reflechi sou sak pase lan ane madichon 2010 lan e komanse retire
pi lan maleng yo, kk lan je yo, pis lan dèyè yo e mopyon lan fouk yo.

Nou bezwen fè bak e gade byen ki kote nou soti e ki kote nou bezwen ale.
Ki chemen pou nou pran pou soti lan lakou breya saa.

Se pou nou ekzamine kisa ONG ye fè ou pa fè.
Si nou gade byen se pou nou fout yo deyo.
Menm bagay pou misyon pwotestan tout kategori ki vinn ap denatire kilti ak souvrènte
peyi an.

Se pou nou analize kisa yo vinn fè lan peyi yo rele peyi ki pi aryere e pi pov lan emisfè a.
Se pou nou retire bann zèv de charite ki kenbe nou lan mantalite lonje men an.

Nou pa dwe aksepte ke moun vinn fose aksyon imanitè yo sou nou san nou pa menm mande yo.

Nou fèt pou refize wol kobay kote moun ap vinn fè eksperyans apran fè lajan sou mizè pèp nou an.

Si tout beki, woulib ak konpwomisyon ansann ak achte figi sayo fini, lè saa na aplike noun pou nou jwenn solisyon pa nou pou rezoud pwoblèm nou.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  ainsi ne soit-il Dim 26 Déc 2010 - 0:09

Alor se pa paske m'pa renmen form tèt zót tèlman ki vle di mwen gen pitye pou dirijan nou yo non. Dayè, mwen deja di ke si se an Ayiti m't'ap viv, se ayisyen mwen ta fustije. Blan pa ta yon preyokipasyon pou mwen paske se pa blan ki enterese'm, se pa li mwen bezwen ki chanje...

Si m'ta rakonte'n eksperyans ke m'fè an Ayiti. Mwen pa di pou moun ki konsakre enèji yo an Ayiti pou ede orphelins pou yo pa jwenn yon gratifikasyon non. Gen de inisyativ ki pèsonèl lan jan de fondasyon sa yo yo fè sens paske bagay ki pi lèd lan peyi sa a se kantite ti-moun k'ap soufri.

Cela dit, gen anpil direktè ONG, ki opere menm jan ak yon seri de gouvènman kote yo aranje yo met 2-3 ti projè an plas e pi gade piltout rès lajan a pou yo. Mwen te konn yon Kebekwa ki te di'm ke fanmi'l yo di ke l'ap rich sou tèt malere Ayisyen k'ap viv an deyó. E se pawol li t'ap chèche lan bouch a'm paske mwen eklere, mwen viv lan Kanada, mwen konstate anpil bagay ke patnè Ayisyen li an t'ap kouvri pou li.

M'ap sonje komèsan ki t'ap plenyen ke yo pa fè yo vand materiau. Se paske yo pat janm konprand kapitalism pandan ke yo t'ap fè profi sou do Ayisyen lan peyi a, pandan ke yo benefisye de tout kalite ekzansyon pou pa peye taks kom il fo. Alor moun sa yo k'ap debake al rebati lan peyi a, yo pa deja gen fanmi yo, gouvènman etranje pa deja gen fournisè'l an materiau. Donk se w ki pou aranjew pou enfrastikti yo ret kanpe, fè chofè peye tax routyè pou ka jwenn lajan pou entrteni rout yo. Apa de sa, gen yon lajan se kote li soti a li toune.

Donk, nou wè jan menm komèsan pi mal ke moun ki pa gen anyen yo. Yo itou te chita ap tand ke blan a vin grosi kofrefor li. Lan pwen bagay te fè'm ri konsa. Lè m'ap pale de aryere, se a plizyè nivo wi. Si m'gen pou lonje dwèt se sou sistèm nou an m'ap fè'l. Peyi a bezwen yon soufl lan main tout opresè, konpresè entèn e ekstèn k'ap pire'l yo.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Invité Dim 26 Déc 2010 - 13:25

Naturellement les plus grands oppresseurs du pays haïtien sont les adhérents à ce vertige idéologique qu’est l’opportunisme anarchique tipepique lavalasse qui nous ont entrainés vers les abimes de l'instabilité sociale .La régression totale de notre humanité en est la preuve .Nous reculons et nous prétendons avancer selon l’irrationnel des discours de ces nouveaux rhétoriciens de la prestidigitation politique et de la médiocrité .Ils sont ces illustres caractères passionnément incultes que nous connaissons bien .

A leur arrivée au pouvoir, ils hypothèquent l’avenir et le sacre historique du pays pour se créer une fortune personnelle à l’ombre des idéologies étrangères. Il n’y a pas meilleurs serviteurs des intérêts étrangers que ces grands révolutionnaires de la pauvreté qui changent soudainement de situation économique aux dépens du trésor public. Peste et choléra ! On ne peut vraiment changer le pays en respirant par les narines lavalasso-espwa des intrigues de la rancoeur et du ressentiment. C'est à dire, si on veut sauver le pays de ses déboires et de la catastrophe administrative des incompétents du narco-populisme et des escadrons d’aigreurs professionnels formés dans les étuves de la basse classe moyenne.

C'est bien la cette tourmente de nos vies quand le clocher de notre foi assiegee par l'imposture annonce l'heure des matines du desepoir qui emprunte la voix de l'espoir .

Je pense aussi qu’il faudrait, au seuil de cette nouvelle année et en ce moment spirituel d'une tradition qui annonce un espoir nouveau, reconnaitre qu'il est grand temps de mettre les points sur le "i" avec cette fausse affaire de révolution de 1986, l'œuvre dirigée des ambassades étrangères. Toutes les conditions qui entouraient le départ de Jean-Claude Duvalier indiquaient que l'évènement était la mise en place d’une arnaque et la manipulation à outrance de pauvres intellos a la recherche d’une renommée révolutionnaire .Dirons nous aussi, l'esprit malade et torturé par nos défaites de la médiocrité, le dos acculé au mur des caves de nos illusions, que le mouvement GNB était une autre révolution ?

Nous avançons à tâtons en aveugles et nous prétendons avoir de l'esprit de savoir où nous nous trouvons dans les labyrinthes de nos inaptitudes. De plus en plus, je suis convaincu qu'il y a des esprits même s'ils sont doté des caractéristiques de l'intelligence sont condamnés à l'obscurité à cause de l'écrin pourri qui contient la substance des élans de l'intelligence et qui empêche l'œuvre de transcendance nécessaire a la supériorité de l'esprit humain.

Voyons .La societe haïtienne a-t-elle vraiment changé pour que nous insistions à nous mentir avec l'amertume de nos illusions ? Rien n'a changé. Nous voyons les mêmes cancres parader sur l'avant-scène des théâtres de la promiscuité intellectuelle et du confort qu'ils ressentent à l'abri des artifices du mensonge et de l'onanisme d'une fausse révolte citoyenne. S'il y a changement c'est bien la capacité des uns et des autres à recouvrir d'un manteau de sainteté la malédiction et la prostitution de nos mœurs de barbares aux mains de la dysfonction d'une intégration sociale ratée au cours de deux cents ans d'une marche forcée à travers les éphémérides d’un mauvais reve.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Invité Dim 26 Déc 2010 - 13:34

Le gros roseau a écrit:Sim te kapab mwen ta fè w al travay di zè pa jou nan sweat shop yo pou 4 dola pa jou wi.tonnè kraze m se pa blan yo selman ki mechan non.se sa ki eksplike ke 2 syek apre endepandans la nou genyen ti Saintanys nan peyi ya wi ,peyisan ap bwè dlo kk nepalè.grangou kloroks ap pete fyel 3/4 ayisyen ,koumatiboulout pè eternmel mèsi wi ou delivre m anba men mechan sa yo.

Mon chè, antanke yon ansyan militè, ou se yon lach....

Ou te dwe rete nan peyi ou, travay di, atake enmi an nan konn li e frape li atè....


Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Haiti-gh-082503-472-450px

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  revelation Dim 26 Déc 2010 - 14:04

Colo di: Mon chè, antanke yon ansyan militè, ou se yon lach....
Ou te dwe rete nan peyi ou, travay di, atake enmi an nan konn li e frape li atè....
Mon fre Rozo!
O nom de kominote Diaspora Ayisyano-Ameriken nou konplimanté wou pou kouraj w, ak tenasite deske w rive koté ke wou ye laa san ke wou pa volo, ni touyé moun!!
Jenness nou pa memm jenness ke nou we jodya ki nan drug, nan volo e ke yo ap depote devan je nou!!
Nou se yon bon egsanp pou fanmi nou e jenn yo kap viv nan peyi Ameriken.

Pa koute ti neg kap di nou ke nou te dwe rete an Ayiti pou tranblemen de ter ak kolera touye nou a loske yo memm se kouri ke yo kouri kité peyi Dayiti. Nou pa gen foli chef nou memm!!
Nou kite sa pou lot moun ki konprand ke se avili e kwaze ak kout baton ayisyen parey yo ki se reyisit nan la vie!

Jwaye Nowel e Bonn Annee nom fre e tout lot kamarad yo!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Invité Dim 26 Déc 2010 - 14:17

revelation a écrit:
Colo di: Mon chè, antanke yon ansyan militè, ou se yon lach....
Ou te dwe rete nan peyi ou, travay di, atake enmi an nan konn li e frape li atè....
Mon fre Rozo!
O nom de kominote Diaspora Ayisyano-Ameriken nou konplimanté wou pou kouraj w, ak tenasite deske w rive koté ke wou ye laa san ke wou pa volo, ni touyé moun!!
Jenness nou pa memm jenness ke nou we jodya ki nan drug, nan volo e ke yo ap depote devan je nou!!
Nou se yon bon egsanp pou fanmi nou e jenn yo kap viv nan peyi Ameriken.

Pa koute ti neg kap di nou ke nou te dwe rete an Ayiti pou tranblemen de ter ak kolera touye nou a loske yo memm se kouri ke yo kouri kité peyi Dayiti. Nou pa gen foli chef nou memm!!
Nou kite sa pou lot moun ki konprand ke se avili e kwaze ak kout baton ayisyen parey yo ki se reyisit nan la vie!

Jwaye Nowel e Bonn Annee nom fre e tout lot kamarad yo!!

Mon frè, kontinie voye payèt nan diaspora a...

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Happy-Holidays-Haitian-Girl

Jwaye Nowel e Bonn Annee tou!!!!!!!!!!!!!!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Le gros roseau Dim 26 Déc 2010 - 22:02

Colo

Kote w ye menm?mwen konnen se ranse wap ranse wi.paske ou pa ka la Florida epi wap pale ayisyen ki kite peyi ya mal.Ki donk paul ak Frank laraque ak tout lot ofisye tankou Colonel Cayard ,Wilson desir tout moun sa yo se lach yo ye?Colo e wou menm poukisa ou pat rete tou?mwen te fè tout jefò poum wè sim ta rete wi paske lè m kite lame an 1964 mwen te ka aplike pou yon visa imigran menm lè ya wi men sa pat nan tet mwen ,bon map diw plis en 1965 mwen mande visa nan anbasad la pandan tan saa mwen komanse travay nan SNEM an 1966 yo voye relem nan anbasad la mwen pa ale non.Ou ka konprann se manti map ba w.sak fè mwen deside rantre o Zeta Zuni se yon 3 jou prison mwen pran pou gremesi paske yo di mwen te bat yon milisyen la Gonave.e mwen pat menm frape l lè chef milisyen yo soiti Fort Dimanche pou vinn jije nou 3 jenn gason ke yo te mete nan prison mwen mande milisyen eske mwen te frapel li di non ou pat frapem men se wou ki te kenbe m ki fè neg mwen tap bat la frapem.Apre bagay la finn jije mwen mande yon nan chef milisyen poukisa mwen pran twa jou prison saa li dim kouman ou pa kontan ke w lage ou pa konnen ou te ka fisye pou sa w fè ya.Li dim sim pa kontan se anbake ou byen anba tè.Mwen di an se konsa e byen menm lè mwen rantre Port-au-prince mwen fè yon lot aplikatyon ankò nan anbasad ameriken sa te pran 2 zan ankò anvan yo te resi banm visa kom imigran epi mwen kite peyi ya.

Job ou tande yo di Jude Clestin tap fè nan minoterie ya mwen te ka jwen yon job konsa tou sim se pat moun ki te santim jennen poum te mande chef let de rekomandatyon e poutan mwen te genyen Colonel Pierre Louis ki ta banm yon let de rekomandatyon paske lè li te fek achte premye bato li ya ki tap fè kabotaj ant Jeremie ak Port-au-prince se mwen li te rele voye m nan gad kot pou mwen ede overhaul 2 motè diesel bato yo.mwen te fek soti o Zeta Zuni a lepok.Siw kwè m manti si Lt Tipenhauer la toujou li ka demantim.Lem demisyone nan lame mwen ale nan minoterie mwen pale ak ameriken ki te manager Minoterie mwen te montre l let de rekomandatyon ke lame ameriken te ban mwen ak tout diplom lan li dim job la pou mwen se yon sel bagay li beswen m pote se yon let de rekomandatyon yon kolonel nan lame.se te destine mwen mwen pa janm al mande Colonel Pierre Louis ki se te kousen bel mè mwen let la mwen te pito pase yon lane pap travay jis mwen te rantre nan Snem.se apre tou prison saa ki fè mwen deside kite peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Le gros roseau Dim 26 Déc 2010 - 22:14

Naturellement les plus grands oppresseurs du pays haïtien sont les adhérents à ce vertige idéologique qu’est l’opportunisme anarchique tipepique lavalasse qui nous ont entrainés vers les abimes de l'instabilité sociale .Sigmund

pafwa lè mwen li bagay konsa map pose tet mwen kestyon si se vre ou kwè nan sa w ekri ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre... Empty Re: Le pays a besoin de respirer: décombres, encombre, surnombre...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum