Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-28%
Le deal à ne pas rater :
Brandt LVE127J – Lave-vaisselle encastrable 12 couverts – L60cm
279.99 € 390.99 €
Voir le deal

Mandyan pa ka gran moun lakay li.

Aller en bas

Mandyan pa ka gran moun lakay li. Empty Mandyan pa ka gran moun lakay li.

Message  Le gros roseau Jeu 30 Déc 2010 - 10:47

Yè map tande yon interview Doktè Duvalier te bay yon jounalis kote li di fok ameriken rekonet zanmi yo. se pou yo bay manje nan peyi dayiti menm si se yo ki distribiye li.Men ki jan youn nan moun ki te pi edike an ayiti konsidere wol eta zuni dwe jwe nan peyi ya.Li pa di pou yo edel fè refòm agrè pou yo edel achte traktè ak semans ak angrè non li di se yo ki pou bay manje nan peyi li.

E menm apre Duvalier yo ale nou pa janm wè yon jefò ki fet pou peyi ya ka ba tet li manje e pou kontwole kwasans demografik la.men fout se meriken ki responsab tout malè ki rive an ayiti.nou genyen yon paket ministè youn pa vo lot men Minis Gue ap plenyen ke li pa ka ba peyisan angrè ni semans paske lajan ke yo ba li nan bidjè ya pa sifi poul peye enploye depatman agrikilti yo.

O lye nou mete sou pye yon pwogram dosterite pou se gress porc la ki pou kwit li nou pito ap mache tou patou ak kwi nou nan men nou pou nou di charite pov la epi nou di fok moun nap mande charite yo pa foure dyol yo nan zafè nou.ki jan fè pou wap voye pitit w vinn frite lakay mwen tou tan epi pou dim pa foure dyol mwen nan zafè w?wa ka dim sa lè w pa depann de mwen poum lage 2 gouden nan kwi w.Mete diyite nan figi w pou viv selon moyen w konsa ou pap blije mande moun charite ankò.Se lè saa ya respekte w.

Se pa plenyen ki ap ba w diyite ni respè. se trouse pou trouse manche chemiz w pou travay pou mete bon jan edikatyon nan tet w ki pou fè w pwodwi sa w beswen.fok ou sispann imite sa lot moun ap fè lakay yo tankou makak ,fok ou aprann ke moyen w pa sifi pou imite sa yo fè.fok ou pragmatist pou ba sa ki esantyel yo priyorite anvan ou imite sa lot moun fè lakay yo.Menm yon konstitutyon pou nou promilge se blan nou rele vinn ekri li pou nou epi apre sa nap blame yo pou enperyalism kiltirel .sa pa fè sans.depi yo kreye yon pwodwi lakay yo se nou ki premye achtel men nou pa pwodwi anyen. mwen pap janm bliye sa yon Russe te di yon fwa:Kontinye ap achte Chevrolet,konpitè, televisyon ,telefonn selilè lakay yo epi di se yo ki ap eksplwate nou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum