Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur Moulinex Companion ...
600 €
Voir le deal

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

3 participants

Aller en bas

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l Empty Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

Message  ainsi ne soit-il Mar 18 Jan 2011 - 10:51


Se nou ki bay moun sa yo enpòtans. Li lè pou nou regle zafè nou antre nou ayisyen. Amnesty International ap mande pou arestasyon, poukisa yo pa't mande France pou te arete'l? Moun sa yo, se divize y'ap divize'n pou yo ka fè sa yo vle ak nou.

Nou ayisyen dwe konprann ke interè peyi pase anvan enterè pèsonel. Yon arestasyon, yon jijman JCD pa lan enterè peyi. Li lè pou yon amnesti jeneral pou nou rekòmanse sou yon lòt baz. Etranje pa gen anyen pou di lan koze sa, se yon afèr ayisyenn, ki pou regle ant ayisyen.

Pou enterè peyi a, li ta bon pou nou pase yon trè sou istwa makout, fraph, lavalas, inite sa yo. Nou tout se ayisyen dabò, tout moun gen dwa tounen lan peyi yo, depi yo dakò pou yo respekte lwa peyi a e konfòme ak nouvèl konjonkti peyi-a.

Sèl sa m'ap di lan koze retou JCD, li t'ap pi bèl si li te tounen lan menm avyon ak Aristid. Se t'ap yon bèl senbòl, ki t'ap montre ke nou sou wout rekonsilyasyon an.

Se pa jodi a ke Ayiti Amnesty International ap denonse JCD. Se sou presyon AI ke li te fè lage yon band prizonye politik, yon band inosan. Alor se JCD moun dwe aplodi pou sa? Se paske li te yon bon moun dapre'n si nèg ak fanm sa yo te chape anba Ti-Boule...? Se presyon tout sa k'ap defand droits moun ki te lan deng JCD, te vin rive yon lè, vas sakrifis duvalyerism la te deborde.

Si Amnesty International pat ekziste, Mandela ta deja kreve parekzanpl. Amnesty International pa la pou pèsekite pèsonn, se jis ke se pa akseptabl pou asasen tankou JCD gen dwa ap mache toujou sou kadav viktim li yo. Gade mezanmi, gen anpil bagay, mwen viv yo wi an Ayiti. Mwen ta fè'n sezi.

Martin Luther King te di: ''Injustice anywhere is a threat to justice everywhere.'' Si Ayisyen vle kontinye viv lan lachte yo jodi a se zafè yo an efè, men oganism sa yo la pou prezève la paix, yo pa vle pou sosyete ap evolye ak jan de mantalite kapon, sanginè, san respè pou la vi inosan. Yo pa vle pou sanzave vin gryen dan sou fanmi viktim yo. Amnesty Internationl pèmèt gouvènman ak sosyete fonksyone byen paske se justis y'ap defand. Amnesty International vle pou moun obeyi la loi, yo la itou pou anpeche sitwayen ap fè la loi, yo pa vle pou la polis ap fè abu, yo pa vle pou gouvènman ap maltrete prop pèp li.

M'ap parye ak w, al chèche konen lan konbyen peyi JCD pase... hum! Misye se yon nèg kwense, ki kondane. Kouman fè w pa wè ke li met enterè tèt li anvan enterè peyi a pandan ke w'ap di pou moun pa vin defand enterè pèsonèl.

Yon pèp ki pa konn istwa se yon pèp pèdi. Se menm jan w ta di pou nèg blye esklavaj. Donk, Toussaint Louverture, Dessalines, Martin Luther King, Mandela, Jean Dominique, Isméry, elatrèy, se met tout moun sa yo alekar pou bay JCD ak salopri parèy li yo kote pou yo vin kontinye galonen.

Depi dè tan, juif ap goumen. W konn konbyen sanzave yo fè met anba kód. Si yo te lage bay asasen yo, yo te fin disparèt nèt.

W'ap di ke se Ayisyen ki pou regle zafè yo antr yo, mwen dakor ak w a 100%: se nou ki pou fout mete JCD anba kod. Lè sa m'va kwè ke politisyen Ayisyen yo pa yon band malprop ankor. Koze Amnesty jeneral sa, se rans mezanmi. Tankou madanm la t'ap di: ''JCD te mande pèpl Ayisyen a pou padone'l, si li vle sa tout bon se pou li pase devan la justis.'' Eske n'konprand?

Ma chè Anacréole, tout nèg ki lan tete lang, rekonsilyasyon ak JCD, yo tout ap gen sang inosan sou main yo. Mande Dye padon! JCD se yon nèg ki kwense tankou nèg sa yo ki vle usurpe pouvwa an Ayiti. Mezanmi, fè atansyon a sa n'ap di. Gad byen lan ki kontèks li retounen. Nou tro entèlijan pou nou lan santimantalite sa yo.

M'tande y'ap pale de retou Zulu a. Se dènye lide ki ta pase lan tèt mwen. Si Aristid ta al bese tèt li devan magouyè sa yo pou li ta lan tounen an Ayiti lan kondisyon jodi a, mwen se premye moun k'ap denonse'l kom' trèt.

Pa gen anyen k'ap regle lan politik an Ayiti jodi a ki konsène enterè peyi, enterè manman pitit ak ti moun.

Pa gen la paix kote ki gen impunité. Se pou yo fout mete'l a anba kód. Senbolikman, mwen ta enstale'l sou yon gwo chèz sou debri ou lan la kou palais a pou tou moun ka vin pran foto prezidan a vi a... (lol)

Cela dit, m'ap salye Anana Pensuk a'm sensèman.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l Empty Re: Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

Message  Marc H Mar 18 Jan 2011 - 11:00

Mwen pa genyen problem ak sa wou ekri la . Men poukisa li patt mande la France pou li arete JCD . Le président a passé 25 ans en liberté à Paris . Poukisa , poukisa. Eske se paske ayiti se yon peyi de neg.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l Empty Re: Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

Message  ainsi ne soit-il Mar 18 Jan 2011 - 13:27

Milosevich, Karadish, Bachir, Taylor, elatrèy, sanble sa pran konfli ame pou tribunal entènasyonal te lage manda arestasyon lan deng yo men depi anvan chapitr sa yo te gen protestasyon kontr malfezan ki t'ap topizi popilasyon yo. W gen toutafè rezon ke se paske Ayiti se yon peyi nèg an mèm tan si nou pa serye lan pousuit kontr torsionnaires nou yo, si nou pa janm trase yon ekzanpl, se pa yo-menm ki pwal bouskile an-yen ni pèson' pou nou.

An Ayiti, a tor ou a rezon, dirijan, chef milis, jeneral lame, elatrèy, yo gen abitid pran ekzil. Donk, zót toujou pre pou l'al ranmase yo pou nou ka blye vit, pou yo ka seye kouvri enplikasyon yo lan tout vye koze k'ap pase an Ayiti, pou yo anpeche ke gen sa yo rele yon justis Ayisyèn. Tout sa antre lan konplo pou afebli tout enstitusyon nou yo.

Jiska prezan, mwen pa di li pa fè erè, men se sèl zulu a, an efè, ki te konprand pou l'pa lage bay ènmi entèrn e ekstern yo. W pat wè kote yo te pimpe'l.

Amnesty International te toujou ap denonse endiferans LaFrans. Men se pa yo ki ka deside. M'pap met main'm lan dife men Preval ka pa pou anyen lan retou JCD a. Zót konn tèlman lan ki eta peyi a ye, yo gen dwa jis ap kontinye imilye'n. Pandan ke n'ap reklame pou ke se Ayisyen ki responsabl zafè yo, yo voye koli anpwazone a ba nou: men regle zafè'n. Sa se gwo dezód.

An nou kontinye suiv bagay yo. Sèl sa m'konen, si nou lan santimantalite, se komsi nou di ''sa l'fè fè, sa k'fèt fèt''. Si nou kwè lan justis, nou pa ka bay vagabon sauf-conduit lan peyi a, nou pa ka blye viktim yo. Sa ki vle bliye, se subjektif. Men wol lEta se asure'l ke tout moun egal devan la lwa, se administre justis. LEta dwe proteje sa ki pi fèbl la kontr abu sa ki pi for la. Jodi a, li lè pou JCD retire sa lan sang'l ke l'ka gen rezon sou 10 milyon moun.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l Empty Re: Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

Message  ainsi ne soit-il Mar 18 Jan 2011 - 13:30

Oh! sa m'wè la? Yon chat neige? (lol)

Oh, padon. Se yon toutou. Nèg tèlman mekonesabl. (lol)


Dernière édition par martine la tourmente le Mar 18 Jan 2011 - 23:25, édité 1 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l Empty Re: Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

Message  AnaCreole Mar 18 Jan 2011 - 17:57

La tourmente, pa panse ke mwen se yon fanatik JCD. Se enterè peyi mwen wè avan. Depi dat, noumenm ayisyen, ap touye, eksile chef deta nou yo, e sa pa janm regle anyen pou nou.

Depi 1806, nou lan yon sèk visye, revancha ki pa mennen nou okenn kote, ki fè nou lan eta nou ye la. Nou ba kapab ap refè menm bagay yo, epwi pou nou ekspete yon resilta diferan.

Mwen panse nou te kapab itilize JCD, ak JBA kom senbòl pou demontre ke nou tounen paj la. Nou gen LafrikdDiSid kòm eksamp, ki te fè lekontrè de sa n'ap fè a, e nou wè resilta.

Sa nou bezwen, se yon komisyon "verite ak rekonsilyasyon", tankou sa te fèt Lafrikdisid, pou tout moun ki te komèt krim kont pèp ayisyen, vini di ki wòl yo lan krim sa yo pou yon jwen yon padon.

Botha ak Deklerk, te fè menm krim, si se pa plis lan rejim apated la ke ansyen chef deta nou yo.

Li lè pou nou tounen paj sa.

Epwi Martine, se toujou menm amou an, menm si nou pa dakò sou kesyon sa.
AnaCreole
AnaCreole
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 363
Localisation : USA
Loisirs : Danser, Lire, Voyager
Date d'inscription : 13/06/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l Empty Re: Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

Message  ainsi ne soit-il Mar 18 Jan 2011 - 23:21

Fruit tropical, pèson' pat voye JCD an ekzil. Antouka, se pat Ayisyen. Dayè, lè l'te rache man-yok li, se te menm eta-major li, menm jeneral yo, men akolit li yo ki te kontinye ap menen bal la.

Se vre ke lan ivresse liesse popilasyon a, JBA li-menm got carried away. Mwen fè eksperyans la lan forumhaiti.com: gen nèg ki toumante (lol) lè yon endividu ap utilize langaj imaje. Men se pa Ayisyen non pli ki te voye misye an ekzil.

Mwen menm se limyè mwen vle ki pou fèt sou kestyon yo. Jodi a, tout moun ki vrèman renmen peyi a, etranje kom Ayisyen, se tèt yo y'ap sekwe. Se evenman apre evenman. E sa panko fini. Ayayay! nou fè Listwa... e nou fè nouvèl.

Tounen paj la pa fasil, li enposibl tout otan pa gen justis, tout otan moun pa ka manje yon moso patat, tout otan moun pe pa voye pitit yo lekol, tout otan moun trouve yo ap bwè dlo rigol lan PAP, tout tan se iritan ak frustrasyon ki konstitue kotidyen moun yo.

Bon gade byen sa k'rive jodi a, moun Ayiti pat sou bor Duvalier ankor. Tigr papye a, menm lè jou'l sanble yo compté, li pa vle tonbe dan l'oubli. Alors, ki ès vrèman ki pa vle tounen paj la?
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l Empty Re: Mwen pa dakor avèk AnaCréole men m'ap toujou renmen'l

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum