Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Display Star Wars Unlimited Ombres de la Galaxie : ...
Voir le deal

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

3 participants

Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  Rico Dim 6 Mar 2011 - 23:22

Ki zafè anti savwa, anti inivèsite, anti moun moun ki konnen, Men tonas kote reflèksyon kouyon sa soti. Nou dwe retounen nan istwa nou pou konprann.Se depi diktantan moun sot te konn mennen bak peyi sa. Saki vrè zentelektèyl ap kite kite peyi dayiti depi lontan. Pa gen anyen pou yo, depi sou Francois yo kraze rak pou Afrik ak sitou Okebek. Fwit sa kontinye apre Duvalier jouk nan moman prezan.

Pi aje yo ale Okanada, Etazini an Frans. Pi jenn yo komanse travèse an Dominikani kote yo ale etidye, Dominiken tou rekipere yo. Kastro fome kelke grenn , nou lese yo pati Ozeta, Kanada ak lot kote. Se yon fwit masiv sèvo nou genyen.

Nou Ayisyen laplipa se yon bann twit, sispann kouri, pale mal moun ki konnen. Manyè vag radotè tankou Wykleff ki gen chans fè yon non Ozetazini kom 2 pik San etid siperyè. Osi byen Micki ki resiyi nan voye jilbrèt ak tout lakinn nan etid li.

Sispann ankouraje medyokrite se pa toutan gen chans pou yon jenn ki rantre nan RAP ou byen Konpa ak pantalon sou bounda ap voye jilbrèt. Se voye move signal nan KANPAY SALISAJ KONT LEFO AK LEKSELANS

Sa pran yon metye, yon bonn pwfesyon, bon konesans pou mete tout chans kote yon jenn. Sispann dekriye savwa ak konesans o pwen jenn yo pyeje nan vye fomil fasil, vle rejte SAKI BO, SAKI BON, SAKI GRAN.

Aprann istwa nou pou konprann MOUN PWOGRESIS, KONPETAN KALFYE TANKOU DOKTÈ ROZALVO BOBO, ANTENOR FIRMIN PA JANM RIVE SOU POUVWA ak koz moun analfabèt, move kouyon, jeneral madigra tankou Charles Oscar kite gen monopol pouvwa.

Se vre genyen yon klas moun plen kapasite entelektyèl ak konesans de ro nivo ki konplis nan debak nou. Men genyen tou anpil veritab plonbye, moun klas mwayen tankou nouvo rich ki fè lajan sou do pèp la.

Yo menm plis an grann kantite veritab magouyè, visye ki nan klas mwayenn ki pa zenteletyèl kap manipile, mennen bak yon peyi. Se byen sible yo se pa selman yon kèksyon zentelktyèl ki minoritè selman.

Nou dwe aprann ak konprann Ayiti si telmen an mank sa nou rele savwa, moun ki konnen, rezon nou pa kapab menm absobe lajan pou devlopman peyi sa. Se pa yon kèksyon selman volo ak move gouvenans. NOU PA GEN BON JAN KAD AN DEVLOPMAN AK EKONOMIS AN KANTITE SIFIZANT POU PILOTE PWOJÈ NAN DIMANSYON 10 MILYA KI PREVWA.

Rezon CIRCH ap anboche ak prop lajan destinen pou Ayiti kad Meriken, Kanadyen, Franse pou jere èd sa. Pandan nou vle kouri dèrye swadizan zentelèktyel ki reyisi patou Okanada, Etzazini, An frans. Nou ta dwe rekipere, ankouaje pou prop devlopman nou.

Bann boujwa patriopoch ak zengredyan an majorite klas mwayenn kap jwi yo se pa zenteketèyl se afèris nan sosyete sivil ki la pou fè politik sa nou rele dirijan zentelektyèl ou byen yon ti prezidan doubli moun sot.

Solisyon an se genyen yon prezidan responsab ki monte ak yon ekip responsab, pou voye yon signal klè pou byen mennen bay peyi sa. Se la nou ye, nou pa ditou dwe rate kou sa ak chanjman gouvenman sa.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  Joel Lun 7 Mar 2011 - 6:56

Men nèg ak kontinye repete rans ki mete nou lan sa nou ye an.
Se pa kantite tan yon moun fè lekòl ki ka predi ki sòt prezidan l ap ye.Mwen ta swete ke eksperyans MANIGA yo se dènye eksperyans ke peyi an fè ak bagay sa a ;ke madanm lan genyen eleksyon ou pa.

Se rezon sa a ,nèg toujou pare pou fè koudeta.MANIGA yo konsidere ke prezidans lan se byen manman ak papa yo ,ou byen bizawèl yo te mouri kite pou yo.
Poukisa ,lè MANIGA yo ,lè yo te rantre sòti ann ekzil ;yo pa t fonde yon FONDASYON?
Se chita ap fè politik ,pou politik ;paske yo te gen privilèj al etidye an FRANS;yo te gen dwa vin prezidan.

Bagay sa yo te alamòd lan tout AMERIK LATIN lan ;sa pa alamòd ankò.
Madan MANIGA kapab konnen plis ke MATELI ;men genyen lòt ayisyen ki konnen pase l ;yo pa di se dwa yo pou yo vini prezidan pou sa.

Tankou m di l ;kelkelanswa jan eleksyon an pase;mwen swete se dènye fwa y ap pale de rans sa yo.
De SAVWA,de PIKAPAB,de ENTELEKTYÈL KRAP.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  Rico Lun 7 Mar 2011 - 12:41

Joel tande souvan wou pase a kote sakap pale. Mwen fè yon ti rale sou yon tandans kote yo vle fè pase medyokrite kom lèt la pos.Lè yon ti chanse rive fè rout nan lavi ak minimom konesans, gen yon tandans dekouraje jefo lakay yon jenès.

Se la nou kanpe, non zafè Madan MANIGAT PI BO, PI KONESKO AK LATRIYE. NON WOU PASE SOU KOTE. Mwen di se move signal zafè pwomosyon medyokrite, o wi entèl reyisi dan lavi nan domenn yo san zetid siperyè.

Mwen di se danjere chita sou reyisit pèsonèl endividi nan kreno tankou mizik rap ou konpa direk ki gen limatasyon yo. Mwen di jenn yo dwe mete plis jefo nan aprantisaj yon bon metye ou yon pwofesyon. Sa mande yo plis eskolarite, jefo sou BAN LELOL, KOLEJ INIVÈSITE, APRANTISAJ POU RIVE NAN NIVO SA.

Non selman jwe otodidak grate gita, jwe pyano ak zorey e pwi voye monte rap ak konpa. No se pa ditou yon vwa privilejye pou yon jenn ki vle reyisi.

Manyè byen konprann avan w reponn, dayè se tan pèdi pale avè w.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  Joel Lun 7 Mar 2011 - 15:10

Se pa yon zafè madan MANIGA ak MATELI m ap pale la a.
Pa gen anyen ki di ke si MATELI ta prezidan ,li pa p fè plis ke madan MANIGA.
Mwenmenm ,sa k fè mwen pa vle pran lan rans sa yo paske gen egzanp ;egzanp lan ,se egzanp LULA a.
Sa pa vle di ,mwen pou MATELI;men mwenmenm mwen di ke LULA te bati plis lekòl ak inivèsite ke nèg ak doktora ,ki te presede l lan epitou ,se misye ak vizyon l ki fè BREZIL ap vin yon grann pwisans.
MATELI te pase plis tan lekòl ke LULA

Mwen pa vle tande pawòl sa a ankò ,paske gen de bon lidè lan pèp lan ,ke nèg bezwen mete a kote.
Yon moun bezwen vin dirije peyi an ;se pa lan ap di ke w konnen ;menm jan ke MANIGA yo ap pran pouvwa a daso.

Si n sonje se atak sa yo nèg te konn ap fè sou ARISTIDE ;ap plede di yo konnen.
Apre koudeta 2004 lan LATORTUE ,kavalye polka MANIGAT a;te plede ap di li konnen ,li pral fè ,epitou se 2zan mesye yo pase ap VÒLÒ.Se sa sèlman yo t ap fè.
Jan bagay lan ye an ;pou mwen MANIGAT ak MATELI se 50 kòb ak de gouden

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  dilibon Lun 7 Mar 2011 - 15:16

Joel pa fashe non paske mwen pa vle retire okenn kaka klabas ki deja plen sevo w men koman ou ka konpare oyun nonm ki fe des annees d'experience nan youn sendika kap pwan tout konesans ak eksperyans sou youn pabopli de domenn ak youn avadra ki tap bwe tafya ak krak pendan plis apse 20 tan? DI mwen konese woworot! Dan plen bouch, ti pitit pitit Cecile, manje mango anba ravinn, di bonjou legliz!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  Joel Lun 7 Mar 2011 - 17:45

Depi m wè siyati w ,mwen konnen se yon ensilt ;mwen te pral li;mwen konnen w pa p manke.
Ou t al vizite MARC lan MONREYAL ;mwen konnen li pa p mete w deyò sou sit lan.

Ou wè mwen di ,mwen pou MATELI?
Men tou MARC konnen se pou l mete pye lan bounda nou ,pou FOWÒM lan ka siviv.
Ou wè mwen di ;mwen pou MATELI;BANN MALAD

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  dilibon Lun 7 Mar 2011 - 19:05

Mezanmi kesyon mwen te rankontre Marc nan Montreal fe anpil jalou. Ppoukisa se Marc ki jwenn distinction sa'a. Men se pa mwen selman kite vinn rankontre Marc te fem youn fave pou rankontre mwen. E mwen te rankontre anpil gwo aysien kap viv nan bel viv sa'a. Mwen te chwazi pa rankontre kek move pesonaj demeple tankou ou menm konsa! E franchman mwen ap regret! Youn jou kom lom konn aprann, lom konn chanje - mwen pa kwe ke pye bwa kwochi tankou ap janm chanje - ma vinn we w tou tande pa kriye san tande! Ti manman imouch! Le ou tande vale manje nou te degiste nan pi bel retoran nan vil la dyol ou kouri dlo pa vre! Map Montreal sou peu ma pote de bon pou ou tande ti JO

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  Joel Lun 7 Mar 2011 - 19:30

Se KANADA mwen rete?

Ou t al rann MARC vizit ;se pa t pou anyen anplis;se pou l te kite w fè sa w ap fè sou fowòm lan ;oumenm ak konpayèl ou yo.

Pa gen fowòm ,ekssepte petèt MOUN.COM ki bay entèvenan dwa pou yo ensiltè lòt entèvenan konsa.

Si w pa konnen ;mwen konnen ou konnen wi;mwen gen anviwon 45 lanne depi m ap viv OZETAZINI

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS Empty Re: KI ZAFÈ ANTI ZENTELÈKTYÈL, ANTI SAVWA SE YON PWOMOSYON MEDYOKRITE FASILITE KRAS

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum