Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Display Star Wars Unlimited Ombres de la Galaxie : où l’acheter ?
Voir le deal

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

+5
Maximo
drno
Thunder
Le gros roseau
revelation
9 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  revelation Mar 26 Avr 2011 - 21:32

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Michel-Martelly-1-400x324

Martelly: Mande Tax sou cellphone ak money transfer pou konstwi lekol an Ayiti.
Prezidan Martelly di ke lap fe apel ak Diaspora Ayisyen pou ede’l avek konstriksyon peyi a.
Li di ke lap oblije mete 5 kob par minit sou chak apel telefon kap antre nan peyi Dayiti 10kob per dolla kap antre nan peyi a.Li vle tou mete tax sou bolette ak lottery nasyonal etc..Li pra'l voye lwa sa yo devan la chamb tre byento.

Tout sa se bel pawol mete la si li pa di nou ki jan li pral fe pou Digicel, Voila, ak Haitel ranmase lajan sayo pou li. Fok konpani etranje yo tou Sprint, TMobile, AT&T e lot konpany telefon yo ki pou verifye apel yo e rasanble doné lajan sa pou konstriksyon lekol yo.

Nou pakab mete chat veye lait! Desizyon di mande kontrol di!!

Experyans montre ke anpil gouvenman ki passé deja, se nan telefonn yo fe lajan fasil.
Answit se possib ke Martelly gen investisman nan “No Pin” e lot konpany telefonn. Fok li devwalé e mete sou tab intere’l personel li nan bizniss sayo.

Transparans mande ke nan bainyen toutouni pa gen kaché lonbril.

http://www.washingtonpost.com/world/haitis_president_elect_proposes_new_taxes_on_cellphone_calls_money_transfers_to_fund_schools/2011/04/26/AFLJrZsE_story.html?wprss=rss_world
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mar 26 Avr 2011 - 22:37

se pou President Martelly degajel janl konnen poul agrandi asyet fiskal la.Mwen tande li pale kont gaspiyaj .sa enpotan anpil paske fè moun peye taks epi se gaspiye lajan nan peye birokrat gran manjè pap regle anyen pou pep la.Genyen yon lot bagay ki banm yon ti espwa toujou sè ke li pale de edikatyon ke tout moun konnen ki enpotan.Men edikatyon nan 21 eme syek saa ak mondyalisatyon pa selman aprann ti moun pale e keri yon lang byen fok genyen yon refòm total ki fet nan edikatyon an ayiti pou nou pwodwi plis fesè e mwens grand disè.Fok nou kreye plis lekol professyonel e lyse teknik nan peyi pou nou ka pwodwi sa nou beswen o lye se enpote nap enpote yo.depi yon moun ka genyen telefonn selilè an ayiti ou ka peye yon ti taks tou.

depi se moun ki kapab peye taks epi ki ap fè magouy pou yo pa peye leta sa yo dwe se mete menot nan ponyet yo jan yo fè li o Zeta zuni ke w te rele Hemsley ou byen nenpot lot gwo zotobre se peye taks ou dwe leta.Si w pa fè sa se pou leta jije w e kondane pou peye tout taks ou dwe.se pou Presidna martelly bay bon egzanp ,chak ane se pou li pibliye ki income li reyalise ,kouman li reyalise reveni saa e konbyen taks li peye leta. e se pou li eksije tou moun ki ap travay nan leta fè menm bagay la tou si se vre li vle enstale transparans nan administration piblik e konbat koriptyon.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Thunder Mer 27 Avr 2011 - 0:54

Men ki jan de bagay pou nou ankouraje. Se pou Prezidan fè tout jefò pou elaji asyèt fiskal lan. Genyen twòp piyay nan peyi an, e dwèt toujou lonje sèlman sou moun ki genyen mwayen yo sèlman. Non! Se pou tout moun ki ap rantre lajan nan peyi an peye yon taks bay leta san eksepsyon, li te mèt se 5% de sa yo ke yo rantre.

Genyen lòt jan tou ke lajan kabap rantre nan leta:

_ Mete "parking meter" nan tout vwazinaj zòn ki genyen anpil biznis.

_ Amande e ranfòse "regulations" ki jere transpò an jeneral, men pli espesyalman transpò Komèsyal ak komen.

_ Desantralize e modènize sèvis leta

_ Takse Dyaspora a e kite yo jwi tout dwa ke Aysyen lokal yo genyen.

_ ...

Se pou obligasyon anvè leta touche chak grenn Ayisyen e tout etranje ki ap fè biznis ak peyi an.

Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  revelation Mer 27 Avr 2011 - 10:12

Kom Bank Interamericaine de Development (IDB) komanse zafe program “Lekol Gratis pou Tout Moun” sa lita bon ke le la chamb passé lwa saa pou a partir de 1 Juin 2011 tout konpani telefonn ak mezon transfe say o pibliye konbyen minit ak lajan ki rantre nan peyi a.

Konsa kalkil tax e koleksyon ap pli fasil.

Pou’m retounnen sou zafe Lekol gratis pou tout moun saa m’te patisipe nan deba sa déjà nan Washington, DC ak ekip IDB ki responsab program saa.
M’te attire attansyon yo ke memm nan peyi kankou le USA lekol piblik yo pa memm.
Yon lekol piblik ki Potomac, Maryland pa mem ak yon lekol piblik nan Mobil, Alabama.

Kankou tou Lycee Petion nan PotoPrins pa memm kankou yon Lycee nan Trou di Nord.
Byen ke elev yo nan 2 zonn sa yo gen mem aptitid e kapasite pou yo resevwa yon bon edikasyon, men kondisyon sosyal, environman, professora e materyal skoler pa memm nivo.

Fok nou fe atansyon pou nou pa bay pitit pep la yon edikasyon pakoti.

Si apre 10 zan pitit pep la pa konnen li e ekwi, pa vinn pran exkiz di ke nou voye koulev al lekol, men li pakab chita sou ban.
Se pa vre ditou.

Nan tan modern ak teknoloji, koulev moun gen dwa resevwa edikasyon, kanpé, kouché e nenpot ki tan nan jounnen an.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mer 27 Avr 2011 - 12:10

nan zafè taksé dyaspora fok li genyen yon lot revè tou se pa taksé selman pou nou di takse dyaspora men fok dyaspora jwen benefis taks lap peye ya tou.se pa takse selman epi lè dyaspora pose kanidati yo ou byen ap chache job nan administratyon piblik nou se premye moun ki leve kanpe di moun se ameriken , franseuu ou byen kanadyen.Si nou peye taks fok nou genyen represantan nou tou nan palman an.Si nou kalifye fok nou ka Minis tou.fok nou ka Presidan tou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  revelation Mer 27 Avr 2011 - 12:33

Rozo di: nan zafè taksé dyaspora fok li genyen yon lot revè tou se pa taksé selman pou nou di takse dyaspora men fok dyaspora jwen benefis taks lap peye ya tou.se pa takse selman epi lè dyaspora pose kanidati yo ou byen ap chache job nan administratyon piblik nou se premye moun ki leve kanpe di moun se ameriken , franseuu ou byen kanadyen.Si nou peye taks fok nou genyen represantan nou tou nan palman an.
Si nou kalifye fok nou ka Minis tou.fok nou ka Presidan tou.
Nou nan Diaspora pa bezwen prezidan, senate, ni Depite!
Si nou kontrole domaine finans ak lajan nou nou kap kontrole dirijan yo paske se poupee twel ke yo ye!!.

Obama e Sarkozi se poupeee twel paske se Juiv yo kap dirije peyi le USA e la France.
Nou jwen puissans finasye sa yo tou pa tou.

Zafe di ke fok nou ka prezidan tou kom di Deza, se ti neg beaux parleur, tricheur, pedant kap reve pouvwa e bay tineg parey yo kout baton. Nou pa bezwen moun pousse Diaspora nan direksyon politik!

Avek zafe "doub Nasyonalite saa nou bezwen pou Diaspora gen kontrol peyi Dayiti kom Ayisyen e gen kontrol kongress ameriken kom citizen kay blan an.

Konsa nap kap fe 2 kabes!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  drno Mer 27 Avr 2011 - 12:58

Thunder a écrit:Men ki jan de bagay pou nou ankouraje. Se pou Prezidan fè tout jefò pou elaji asyèt fiskal lan. Genyen twòp piyay nan peyi an, e dwèt toujou lonje sèlman sou moun ki genyen mwayen yo sèlman. Non! Se pou tout moun ki ap rantre lajan nan peyi an peye yon taks bay leta san eksepsyon, li te mèt se 5% de sa yo ke yo rantre.

Genyen lòt jan tou ke lajan kabap rantre nan leta:

_ Mete "parking meter" nan tout vwazinaj zòn ki genyen anpil biznis.

_ Amande e ranfòse "regulations" ki jere transpò an jeneral, men pli espesyalman transpò Komèsyal ak komen.

_ Desantralize e modènize sèvis leta

_ Takse Dyaspora a e kite yo jwi tout dwa ke Aysyen lokal yo genyen.

_ ...

Se pou obligasyon anvè leta touche chak grenn Ayisyen e tout etranje ki ap fè biznis ak peyi an.

Thunder,
Mwen panse ke nou men haitien an deyo peyi a nou ka fe plis ke sa prezidan an mande a. Mwen konnen ke genyen anpil haitien ki pa voye laja souvan ou pa janm voye an haiti, alo mwen panse ke nou pa ta oblije rete tan se le nou ap voye lajan pou fanmi nou an Haiti selman pou leta ka jwen youn tibagay. Mwen panse ke depi neg yo devlope youn moyen TRANSPARAN nan facon yo gere bien leta, yo ka kreye youn account nan diferan peyi kote ke chak haitien ki genyen moyen ka kite yo pwan youn ti MINIMUM $ chak mwa ou chak kinzen sou kont chak haitien ki deyo peyi a.
Ou imajine ou ke si 4 milyon haitien bay $1 chak kinzen, leta Haiti tap rantre 96 milyon chak anne e chak haitien ki ap viv an deyo peyi a ta kontribye selman $ 24 chak ane.

Mwen panse ke moman rive pou tout haitien fe pou peyi yo, e kom Rozo di an nou sispan gran dize pou nou ka gran feze.

Viv Prezidan martelly, e Viv haiti

drno
Star
Star

Nombre de messages : 402
Date d'inscription : 22/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mer 27 Avr 2011 - 12:59

Lè m di fok nou ka presidan tou e poukwa pa?poukisa Simeus dwe peye taks an ayit si li vle presidan li pa ka presidan fok nou jwe tout dwa sivil e politik nou tou anvan yo pale pou nou peye taks.Ou ka pa beswen presidan ki les ki diw si Simeus pa ta vle Presidan si Wyclef pa ta vle presidan."Self actualisation" se yon rev ke tout moun genyen.Mwen pap peye taks nan oken peyi kote mwen pa genyen menm dwa ak tout moun.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Mer 27 Avr 2011 - 13:06

Le gros roseau a écrit:Lè m di fok nou ka presidan tou e poukwa pa?poukisa Simeus dwe peye taks an ayit si li vle presidan li pa ka presidan fok nou jwe tout dwa sivil e politik nou tou anvan yo pale pou nou peye taks.Ou ka pa beswen presidan ki les ki diw si Simeus pa ta vle Presidan si Wyclef pa ta vle presidan."Self actualisation" se yon rev ke tout moun genyen.Mwen pap peye taks nan oken peyi kote mwen pa genyen menm dwa ak tout moun.

Nan konstitisyon amande ya nenpot ayisyen ka prezidan depi li viv 5 an dafile an Ayiti.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  alex jacques Mer 27 Avr 2011 - 13:22

This is just the begining!

Konpayi telefon yo t'ap voye 'robocall' gratis pou Martelly; Martelly mande nou nan dyaspora-a pou peye pou kanpay prezidansyel li-an.

Se nou nan Diaspora, ki ap touye ve nan vant pi fo ayisyen an Ayiti. Kob diaspora se you "inflow' direk ki al nan poch moun ki pi bezwen-l: Fanmi nou ki nan chomaj an Ayiti, paske tout lajan leta-a al nan poch politisyen!

Politisyen finn mete peyi a a zero, koulye a yo vle mete Diaspora-a a zero tou.

alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mer 27 Avr 2011 - 13:28

poukisa li pa kreye yon sales taxe an ayiti menm jan sa fet Florida e nan lot eta yo.Lè mal nan super market mwen peye taks.lè mal achte yon televisyon ou byen yon machinn mwen peye taks.mwen peye taks sou menm teren vid mwen genyen.mwen pa beswen di w pou kay.sim mete gasoline nan machinn mwen mwen peye taks.si mwen la rankontre pitit mwen ki ap vinn wè mwen mwen peye toll pou wout la ke mwen itilise ya e wmen peye taks sou gasoline ke mwen itilise ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Mer 27 Avr 2011 - 13:32

Le gros roseau a écrit:poukisa li pa kreye yon sales taxe an ayiti menm jan sa fet Florida e nan lot eta yo.Lè mal nan super market mwen peye taks.lè mal achte yon televisyon ou byen yon machinn mwen peye taks.mwen peye taks sou menm teren vid mwen genyen.mwen pa beswen di w pou kay.sim mete gasoline nan machinn mwen mwen peye taks.si mwen la rankontre pitit mwen ki ap vinn wè mwen mwen peye toll pou wout la ke mwen itilise ya e wmen peye taks sou gasoline ke mwen itilise ya.

Gen on sale taks an Ayiti depi sou JCD, li se 10%, li rele TCA
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  drno Mer 27 Avr 2011 - 13:35

mwen panse ke tout sa ou di pwal fet tou, men peyi a bezwen ed nan tout kote li ka jwen li. Mwen panse ke tax sou telefon ak tax sou lajan transfe pap asse pou fe peyi a mache e mwen ap mete opinion mwen te bay pi wo a anko pou moun ki vle komante

hunder,
Mwen panse ke nou men haitien an deyo peyi a nou ka fe plis ke sa prezidan an mande a. Mwen konnen ke genyen anpil haitien ki pa voye laja souvan ou pa janm voye an haiti, alo mwen panse ke nou pa ta oblije rete tan se le nou ap voye lajan pou fanmi nou an Haiti selman pou leta ka jwen youn tibagay. Mwen panse ke depi neg yo devlope youn moyen TRANSPARAN nan facon yo gere bien leta, yo ka kreye youn account nan diferan peyi kote ke chak haitien ki genyen moyen ka kite yo pwan youn ti MINIMUM $ chak mwa ou chak kinzen sou kont chak haitien ki deyo peyi a.
Ou imajine ou ke si 4 milyon haitien bay $1 chak kinzen, leta Haiti tap rantre 96 milyon chak anne e chak haitien ki ap viv an deyo peyi a ta kontribye selman $ 24 chak ane.

Mwen panse ke moman rive pou tout haitien fe pou peyi yo, e kom Rozo di an nou sispan gran dize pou nou ka gran feze.

Viv Prezidan martelly, e Viv haiti

drno
Star
Star

Nombre de messages : 402
Date d'inscription : 22/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  dilibon Mer 27 Avr 2011 - 13:36

Maximo a écrit:
Le gros roseau a écrit:poukisa li pa kreye yon sales taxe an ayiti menm jan sa fet Florida e nan lot eta yo.Lè mal nan super market mwen peye taks.lè mal achte yon televisyon ou byen yon machinn mwen peye taks.mwen peye taks sou menm teren vid mwen genyen.mwen pa beswen di w pou kay.sim mete gasoline nan machinn mwen mwen peye taks.si mwen la rankontre pitit mwen ki ap vinn wè mwen mwen peye toll pou wout la ke mwen itilise ya e wmen peye taks sou gasoline ke mwen itilise ya.

Gen on sale taks an Ayiti depi sou JCD, li se 10%, li rele TCA

Taks sou chif dafe se youn taks regresif li ye, aloske jodya nou bezwen youn taksasyon ki pi entelijant e pi pwogresif!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mer 27 Avr 2011 - 13:36

ou tande koze epi yo di lajan dyaspora pa itil peyi ya.Ki donk lè m te konn voye 150 dola pou yon pitit fim leta te jwen 15 dola sou lajan saa chak mwa.epi dyaspora pa fè anyen toujou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Mer 27 Avr 2011 - 13:52

dilibon a écrit:
Maximo a écrit:
Le gros roseau a écrit:poukisa li pa kreye yon sales taxe an ayiti menm jan sa fet Florida e nan lot eta yo.Lè mal nan super market mwen peye taks.lè mal achte yon televisyon ou byen yon machinn mwen peye taks.mwen peye taks sou menm teren vid mwen genyen.mwen pa beswen di w pou kay.sim mete gasoline nan machinn mwen mwen peye taks.si mwen la rankontre pitit mwen ki ap vinn wè mwen mwen peye toll pou wout la ke mwen itilise ya e wmen peye taks sou gasoline ke mwen itilise ya.

Gen on sale taks an Ayiti depi sou JCD, li se 10%, li rele TCA

Taks sou chif dafe se youn taks regresif li ye, aloske jodya nou bezwen youn taksasyon ki pi entelijant e pi pwogresif!

Rozo,

Ou pa konpwann, TCA pa on taks sou chif dafè, men sou vant, tout sa ou achte yo ajoute 10% TCA sou li. Taks sou chif dafè ya ekziste tou, e enpo sou le revenu ekziste tou de menm ke enpo lokatif.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  alex jacques Mer 27 Avr 2011 - 14:24

Taks sou chif dafe se youn taks regresif li ye, aloske jodya nou bezwen youn taksasyon ki pi entelijant e pi pwogresif!

Mwen dako!

5 % moun ki gen 95 % byen peyi a sipoze peyi plis task. By the way, pa gen task an Ayiti. Tout moun fe sa yo vle, depi yo ka lage you to kob nan ofysye DGI yo, tout bagay regle. Se raket!!!!!

Si mwen te sure, ke TASK Martelly vle pran sou nou an t'ap rive jwenn moun ki bezwen-l yo, pa t'ap gen pwoblem non. Men mwen konnen ke se nan poch mafya li pral tonbe. Alos, poukisa mwen ta dwe sispann peye lekol pou you ti fanmi-m an Ayiti, epi voye kob la bay vole leta?
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Mer 27 Avr 2011 - 14:34

Mesye si nou vle leta fè pou peyi ya fok nou peye taks wi, sinon a ki kob li pwal fè tout bagay nap plede mande yo. Amwens ke nou vle peyi ya rete toujou on peyi de mandian ak men li lonje devan ap rele charite charite. Mwen wè depi yo pale nou de taks nou renka renka, nou pa vle tande pawol sa, tout bèl pawol pwan rak. Pase de la pawol o zak la di.

Pa gen moun ki di nou pa voye kob pou fanmi nou, toujou kontinye voye pou li, e pi peye on ti kob taks tou pou ede lot fanmi ki pa gen moun nan diaspora pou voye pou yo. Martelly ap pale de 5% taks sou apel telefonik, Sen Domeng se 28% li ye, o USA mwen pa konen, si gen on moun ki konen edifye nou.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  dilibon Mer 27 Avr 2011 - 14:38

P genyen moun ki vle di verite a jan li ye men mwen map dil. Prezidan MArtelly fe 2 move chwa.

1- Kesyon telefonn nan se youn wout ki pa genyen soti li ye, oyun dead end. Koman ou vle ke Ayiti se youn nan ra kote nan rejyon ke sevis telefonn poko dijitalize; wap fe 001509 pendan ke RD se 1809 epi ou dwat direk. Ayiti se kote ou peye plis pa minit ke tout kote nan rejyon an. Se pa oyun kote pou msie ta manyen tout otan li poko fe envestisman nan kesyon sa'a, gade kisa nouvo konpayi ki ranplase Teleco pwal fe etc.. Sete youn bagay kite lakoz anpil kontrevesi deja sou Preval kote konpayi te di ke yap transfere tout taks sou konsomate yo. Wrong way pou eseye kolekte nouvo revenu!

2- Taks sou transfe a se youn lot anko! Mwen pense ke transfe sou Ayiti koute ase! Ayisien lotbo dlo genyen anpil pwoblem yo pa vach a lait yo te ye lontan. Si chomaj la 10% Ozetazini konnen li rive plis pase 17% nan zonn minorite nwa a ispanik. Anpil aysien pedi anpil nan tranbleman an, yo pedi kay yo nan foreclosure menm jan ak prezidan, yo ap peye anpil pou gaz etc.. yo ap genyen ase lajan pou yo fe leta aysien kado.

3- Zafe pou chak aysien ki nan diaspora, swa 4 million, ta voye 1 ou 2 dola fe lea aysien kado a pa ladan l menm menm menm!~ Daye se pa tout aysien ki pwal fe ekip Martelly a konfyans menm ak 1 penny - VOAM sendrom - swa chat pwan nan dlo cho li pe dlo fret, swa mank eksperyans yo, swa yo pa vle we tou bonnman. Kounyea kom majorite popilasyon andedan tankou deyo te sipote prezidan ke li mande yo achte youn bon pou devlopman nasyonal ki ap komanse ak 20 dola ameriken ki ka rive jiska 10,000 kote leta ap rekonet sa kom youn pre ke lap genyen pou peye nan 5 kan. Se konsa nap we si fanatik prezidan ka fe li konfyans ak lajan nan posh yo. Se konsa li tap tou rele nouvel fos sekirite nasyonal la Volonte pou ede devlopman dirab national la - VDDN!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  kakakok Mer 27 Avr 2011 - 14:41

Ki koze sa ?? Ki male sa a pou diasposa ????Taks genyen pou fini touye nou.....Gwo taks nan epot ! Gwo taks chak fwa nou rele Ayiti .....Jodya sanble se nou ki pwal peye lajan pou pwezidan yo double......Nou nan kk anko !!!
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  dilibon Mer 27 Avr 2011 - 14:44

SCHUMER UNVEILS BILL TO REIN IN OUTSOURCING OF CALL CENTER JOBS TO FOREIGN COUNTRIES; BILL WOULD MAINTAIN THOUSANDS OF JOBS IN NY AND US AND PROVIDE INCENTIVE FOR JOBS TO RETURN

Schumer Bill Requires Person at the Other End of the Line to Disclose to the Caller What Country They Are From and Imposes Per-Call Fee on Companies that Transfer Domestic Calls to Foreign Countries

Fee Would Provide Incentive for Companies to Keep Call Center Jobs in NY and US, Boosting Local Employment

Schumer: This Bill Will Help Maintain Jobs in the US and Provide Companies With Incentive to Bring Jobs Back

United States Senator Charles E. Schumer announced today he was introducing a bill that would help stem the flow of American jobs being outsourced abroad by forcing them to disclose to their customers that the call is being transferred abroad and by imposing a per-call excise tax on companies that transfer domestic customer service calls to foreign call centers and. The measure is designed to retain American jobs at call centers across New York and the country and to incentivize the return of jobs that have already been shipped abroad.

“If we want to put a stop to the outsourcing of American jobs, than we need to provide incentives for American companies to keep American jobs here,” said Schumer. “This bill will not only serve to maintain call center jobs currently in the United States, but also provide a reason for companies that have already outsourced jobs to bring them back.”

Schumer’s legislation would require that companies that transfer calls to foreign call centers disclose to the caller that their call is being transferred to a particular country. For instance, if a caller dials an 800 number and is then transferred to a call center in India, the call center would be required under the Schumer legislation to inform the caller of the country where the call was rerouted to. The disclosure requirement also forces companies to annually certify to the Federal Trade Commission (FTC) that they are complying with this requirement. Companies that fail to certify they are fully disclosing call transfers would be subject to civil penalties that the Federal Trade Commission (FTC) would prescribe.

Additionally, Schumer’s bill would impose a $0.25 excise tax on any customer service call that originates domestically and is then transferred to an agent in a foreign location. The fee would be assessed on the company that transferred the call and no US company would be assessed a fee for a domestic call center. US companies would be required to disclose quarterly, and in their annual reports, how many customer service calls they received, and how many are sent overseas.

Call centers are information clearing houses utilized for companies large and small to service their customers, provide product support, and answer any range of questions from billing to technical support. Incoming calls are generally routed to these centers where a number of operators are made available to speak to callers. Schumer said that this bill will also guarantee that Americans know what county their personal information is being kept in – be it a bank account number, credit history or medical history – and that this is important because foreign countries do not have to adhere to our consumer protection laws. The fees obtained through the excise tax would be utilized to address personal security issues.

The most popular countries for outsourcing of American call centers are India, Indonesia, Ireland, Canada, the Philippines, and South Africa – all countries with an ample supply of English-speaking workers that are willing to work for low wages. Call center workers in these countries are paid at substantial lower hourly rates that their US counterparts and willing to work longer hours for less pay which makes them enticing to US companies looking to cut costs. “This bill will go a long way toward keeping American jobs right here at home,” continued Schumer. “If we want to stop the exporting of American jobs than we need to make it less beneficial for companies to layoff American workers and send jobs overseas and we can do that by providing disclosure as to where calls are being routed and less financially more beneficial to send them abroad.”

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Mer 27 Avr 2011 - 15:09

Dilibon,

Mwen kwè tout taks se bon taks depi kob la ale kote pou li ale ya e fè sa pou li fè ya. Tout peyi gen taks sou apel telefonik, si pri telefòn pi chè an Ayiti ke tout kote se pou cheche pou kisa e korije sa lè nou jwenn rezon an.

Gen taks sou transfè nan tout peyi.

A pa de taks sa yo, gen on pakèt lot taks an Ayiti:

Taks sou gazolinn ki manyen poch popilasyon an antye de mwayen direk ou endirek.

Gen dwa de dwann ki manyen tout popilasyon tou paske kob sa ale nan pri de revien machandiz la e konsomatè final la pase ladan li tou.

Gen TCA ki se on taks sou vant s yo rele sales taks o USA

Gen enpo sou le revenu, kote chak sitwayen dwe deklare revenu yo a leta e peye on taks brakete menm jan ak USA

Gen taks sou chif dafè kote ou peye on taks sou montan chif dafè'w pou ane ya.

Gen enpo lokatif kote ou peye on taks sou kay ou.

Gen on taks sou plak machinn kote chak ane fok ou renouvele viyet plak la.

Gen on asirans machinn obligatwa kote se leta ki asurè ya e se nan poch leta kob sa ale.

Gen taks sou acha e vant pwopriyete.

Gen taks sou kat didantite ke ou blije renouvele chak ane.

Gen taks sou lisans oto ke ou renouvele chak 5 an.

Ou gen taks nan APN, kote Ayiti vini Port ki pi chè sou la tè.

Ou gen taks sou biyè davion ki trè eleve, ki de fwa plis ke biyè avion an menm.

Ou gen taks aeropo ki 25 dola US pa pasaje.

San konte sa mwen bliye

Pwoblèm lan se pa peye taks la, pwoblèm lan se ki sa kob sa fè, si lap regle zafè peyi ya, ba nou wout, dlo potab, elektrisite, edikasyon, swen sante ect.... ou si se nan poch politisyen li ale. Si li ale pou peyi ya se bon taks yo ye, men si se nan poch politisyen li ale tout taks yo se move taks yo ye, se kite sitwayen yo ranje peyi ya san intemedyè, intemedyè sa yo koute two chè san yo pa remèt on mèd.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  revelation Mer 27 Avr 2011 - 15:16

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Mpls_phone_cards_004

Mwen dako ak Dilibon!! Nou pakab peye tax sou chak minit ke Diaspora fe ap pale ak fanmi yo.

Jan Alex Jacques di a, tax saa kap regresif! Diaspora a koz de sa kap dinimuye sou minit appel yo.

La Chamb poko memm passe lwa Doub Nasyonalite sa, nouvo gouvenman vle komanse vide tax sou Diaspora!!!
Doub Nasyonalite saa pral kouté nou cher papa!!

Se Digicel, Voila, Haitel e mezon transfe yo ki pou absobe e bwe tax kafe saa an atandan ke
Diaspora konnen kle ki kote plas yo e dwa yo ye pami pep la e ki kote ke nou pral chita nan nouvo gouvenman saa.
.
No Taxation without representation!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  dilibon Mer 27 Avr 2011 - 15:54

Maximo,

Ayiti genyen youn paket taks men fok ou dako ak mwen ke yo pa fet anba youn sistem fiskal entelijan ki byen planifye. ANpil nan taks ou liste la yo ou byen yo regresif ou byen yo mal aplike ou byen yo pa evolye dans le temps. Pa ekzanp, taks sou pwppriete a se youn magay ki pou fe moun griyen dan yo. Anpil moun nan peyi a pa peye taks sa'a paske leta jis pa konnen kay sa oy. Anpil fw ase ajan enpo lokatif la ki pase youn kote li we oyun kay epi li di grose kay sa fok li ta peye 5 mil goud wi, pei li rantre met kay fe youn jan epi kay la efase nan list la. Kay ki nan zonn de non dwa pa peye anyen, kay ki sou te tankou sou bo bisantne a pa peye anyen; pa pale pou kay nan korido ak bidonvil. Vi ke konstriksyon yo anashik, kay ajoupa kole ak kay 1 milyon dola US, ou pa ka chaje taks pa zonn - zoning laws -

Anpil nan taks yo pa evolye ak tan an, yo rete nan menm stad ke sou Franswa Duvlaye.

An nou pale de taks sou gazolinn, mwen te di poukisa nou pa mete li a zero nan zonn ki pi rekile yo epiu ogmante li tout tan wap rive nan grann vil yo ak kapital la. Le sa nou tap ankouraje plis envestisman nan zonn ki pi rekile yo kote gaz ak kouran ak lot sevis piblik pi bon mashe! Se sak rele takse ak entelijans- wap fe fiskalite regle kek priorite ke ou genyen!

Leta aysien di lap ankouraje gwo envestise ak ti biznis men si mwen bezwen 2 jeneratris pou fe biznis mwen mashe paske leta pa ka banm kouran yo chaje mwen dwa dwann tankou youn moun ki nan biznis vann jeneratris - sa'a pa entelijan.

Ladwann pi koni kom "Ladron" refij vole ak moun kap fe ratibwazaj sou kliyan yo. Pendan granneg ap fe bagay yo pase pa dwann prive, yo genyen tout fom de jan pou yo pa peye men yap ransonnen popilasyon an nan chaje gwo fre ki al redistribye nan pri mashandiz. Taks sa'a plis ke regresif paske li vize sekte ki pi vilnerab nan popilasyon an. Ou pa ka ap goumen kont grangou kan wap monte fre dwann sou pwodwi ke pep la bezwen pou manje.

Genyen sekte vilnerab ki dwe idantifye ki pa dwe peye tout taks sa yo.

Taks 25 dola nan aeropo pa la anko, yo tou pwan li nan lajan tiket wap peye a.

Men se pa taks selman ki ka pote revenu. Leta aysien ka kouri bati kek moniman istorik e atire aysien ak diaspora pou vinn vizite yo. Nou ka vann dwa pou devlope oyun zonn tankou Bazen zim kote ki ka fe youn Disney World ki pi en fom ke sa nou konnen an....

"Pwoblèm lan se pa peye taks la, pwoblèm lan se ki sa kob sa fè, si lap regle zafè peyi ya, ba nou wout, dlo potab, elektrisite, edikasyon, swen sante ect.... ou si se nan poch politisyen li ale. Si li ale pou peyi ya se bon taks yo ye, men si se nan poch politisyen li ale tout taks yo se move taks yo ye, se kite sitwayen yo ranje peyi ya san intemedyè, intemedyè sa yo koute two chè san yo pa remèt on mèd."

Wi pa genyen taks san sevis, pa genyen taks san transparans, sitou genyen fason pa Internet pou fe tout moun konnen a la second kombyen lajan ki rantre, koman li depense, konbyen nou bezwen pi douvan.... Depi genyen transparans ak oyun aprans ke koripsyon an desann leta ap ka mete bond nan lair ke leta ap peye nan 5 ou byen 10 zan. Nou dako la net al kole!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Mer 27 Avr 2011 - 16:34

Dilibon,

Nou tap pale de taks, ou vini ak devlopman tou, sa se on lot sijè ki merite on pakèt devlopman ke ma fè avè'w pi devan.

Pou retounen sou afè Bon ke leta ap emèt yo, pou 5 an ou 10 an e pou leta remèt kob sa pi devan. Si leta pa gen rantre e pa takse kote li pwal jwenn kob sa pou li remèt. Aktyèlman pwoblèm lan sè ke tout taks sa yo yap pwan pa ale kote pou li ale ya, se volè yo volè yo, yo ale tout kote pou yo pa ale yo, e kote ki bezwen yo pa jwenn pa tabak.
Se la pi gwo pwoblèm peyi ya.

Fok gouvènman mete transparans nan kob taks sitwayen yo ap peye ya, mete yo an konfyans, di yo sa kob taks sa yo ap fè pou moun kap peye taks yo fè'l avèk anvi e non cheche wout pou pa peye lè yo tout kob yap bay la pap regle anyen pou peyi ya. Si nou vle peyi ya chanje fok gen anpil sakrifis ki pou fèt.

Si taks yo te peye jan pou yo peye ya e fè wout pou yo te fè ya nou pa tap bezwen tout taks sa yo. Jan Alex-Jacques soti di li, li ale nan DGI li antann li ak on anplwaye leta e li pa peye sa pou li peye ya, fok nou sispann koronp anplwaye leta yo ou fè yo sispann koronp nou, men sa pa ka kontinye konsa pou se nan poch anplwaye leta kob taks yo pwale.
Si wap gade salè ou anplwaye leta ak tren de vi'l, wa wè ke lap viv a on nivo bokou pli eleve ke salè li, sa pa di pèsòn anyen, nèg la alèz kou blèz, pèsòn pa kesyone richès li.

Gen on pakèt travay ki pou fèt pou mete transparans nan tout sa kap fèt nan peyi ya. Pou mete tout moun an konfyans, men fok nou kolabore, fok se pa pale anpil mete la, men fok nou mete men a la pat, e kote nou wè bagay yo pa bon rele anmwey pou yo chanje.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum