Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Bal ZEGE an ap pran jarèt

+2
ainsi ne soit-il
Sasaye
6 participants

Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Sasaye Mer 1 Juin 2011 - 8:59

Kounye a, nèg nouvèl vag yo desann kanson yo, mete pye yo atè al layite ko yo lan matyè an.

Yo atake youn lan pi gwo senbôl fyète, libète ak diyite pép ayisyen an.

Yo desakralize senbol ki fè ke le mond antye te rekonèt Ayiti kôm chanpyon libète nèg ak tout lôt moun sou tè an.

Zege yo ale Vètyè, yo koupe tout epe ak sab ke ewo nou yo te genyen lan moniman nasyonal saa.

Se komsi yo ta chatre tout gason vanyan lan peyi a.

Alô, eske yon moun paka mande kisa ki pouse de moun konsa komèt yon sakrilèj konsa kont peyi Ayiti. Kont lonè ak diyite tout nasyon an.

Petét gen nèg ki pral di se pa anyen.

Men tonè,fout: Kisa kap pase lan peyi m nan?

Nôt:
Mwen genyen yon PPS ki montre tout zak vandalis saa, men mwen pa kapab mete l sou pos lan.

Petèt Tnèg kapab ede m.
Se yon bagay ke tout moun te dwe wè,
ki kapab demontre lan ki eta nasyon nou an ap vini.

Dernière édition par Sasaye le Mer 1 Juin 2011 - 12:14, édité 1 fois
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  ainsi ne soit-il Mer 1 Juin 2011 - 11:06

Se moso pa moso yo gen pou rache tout moniman sa yo pou al vand ak Dominiken. M'pa kwè ke epe ak bayonèt sa yo gen valè pyès antikite. Dayè, moniman sa yo ta bezwen restorasyon depi lontan. Sepandan se yon gran sakrilèj.

Detoutfason, ale wè, yo pise, chye tou pre moniman sa yo. Sèt' a se demande koman sa te fè pran tan konsa. Ale wè sa fè lontan ke sa rive men se pa pi grav pase sa. Ayisyen pa menm konn sa sa vle di patrimwan pa pale pou yo ta respekte sa.

M'ap fè'n remake ke depi 1986, ou petèt avan sa, sabr Nèg Marron a te disparèt. M'gen foto souvni sa. Yo te prefere kite'l konsa nèt akoz de volè. Ale wè ki ès ki te volè'l, sa pran zouti pou te rache'l e moun ki te voye al rache'l yo se pou yo te ka al fè lajan avè'l. M'ap di ankor, m'pa kwè ke yo gen valè pase sa. Amwenske kuivr mil fwa pi chè pase lor.

Epe moniman ki pran soley ki pran la pli ki pran seren, ki pran kou d'van, sa pa gen valè tankou epe orijinal Jean-Jacques Dessalines ou Henry Christophe, ou kouron' Faustin Premye, elatrèy. Men sa fè anpil la pèn pou n'ap gade jan peyi sila fin deteryore, jenès la pouri, moun an dewó vin pi agresif tankou moun la vil.

Au fond, les touristes locaux ou étrangers (à moins qu'il n'y ait d'autres attractions) ne s'attardent pas tellement à regarder les monuments historiques tels que les statues des héros. Au fond, il n'y a que les oiseaux qui en profitent pour faire leurs besognes (tèt kale kaka zwazo). Comme les chiens adorent les réverbères.

Dernière édition par martine la tourmente le Mer 1 Juin 2011 - 11:47, édité 2 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Maximo Mer 1 Juin 2011 - 11:14

Lè on pati ayisyen se la mediokrite yap defann, yo pa ka etone yo lè mediokrite ya kouvri yo. Sè le pri a peye.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  ainsi ne soit-il Mer 1 Juin 2011 - 11:46

Maximo a écrit:Lè on pati ayisyen se la mediokrite yap defann, yo pa ka etone yo lè mediokrite ya kouvri yo. Sè le pri a peye.

Ekzakteman. Apa w gen prezidan w merite a...

Pa blye ke Gerard Latortue te voye al piye fonds marins ak côtes haïtiennes lan zon l'Ile à vaches.

Sa se avan tou yon zak vandalism.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Maximo Mer 1 Juin 2011 - 11:56

martine la tourmente a écrit:
Maximo a écrit:Lè on pati ayisyen se la mediokrite yap defann, yo pa ka etone yo lè mediokrite ya kouvri yo. Sè le pri a peye.

Ekzakteman. Apa w gen prezidan w merite a...

Pa blye ke Gerard Latortue te voye al piye fonds marins ak côtes haïtiennes lan zon l'Ile à vaches.

Sa se avan tou yon zak vandalism.

Gérad Latortue merite pann sou plas piblik, e li pwouve sa jan li te jere Ayiti.

Martelli gen pou li fè prèv li avan ke pèsòn jije'l, piga mwen wè li pibyen ke tout sa ki pase avan yo.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  kami Mer 1 Juin 2011 - 13:04

Maximo a écrit:

Maximo,

Pakoute pawol mansonj sa yo tande. Zak Ile a vaches te fet sou gouvenman Latortue, min se pat li minm ki te voye pesonn al fouye fond marins yo. Chef deblozay la se te Bazin paske li te bay yon moun mwen konen tres bien pemisyon. Mwen konen istwa sa-a tres byen , moun sa-a te oblije kouri kite peyi pou Latortue pat foukel.

Alor si sete Latortue kite responsab, moun yo ta pale di ke sete li.

Min verite a./
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Maximo Mer 1 Juin 2011 - 13:13

Mèsi Kami pou enfomasyon sa yo.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Invité Mer 1 Juin 2011 - 16:13

Déguelasse. Nous sommes entrain de caster pièce par pièce ce que nos ancêtres ont fait. Ce qui me permet de me poser la question sur ma signature: Les racines sont-elles entrain de céder?

Invité
Invité

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Le gros roseau Mer 1 Juin 2011 - 16:29

genyen yon moun ki te soti an ayiti ki te dim ke peyi ya tounen yon jeng se pa manti.Mwen te telman fyè lè Presidna maglopire te fè installe moniman sa yo Vertyè.kote yo te montre nou ki jan batay vertyè a te deroule.Mpa mande sise vre se yon ayisyen ki fè sa.wmen pap akise pèsonn men an ayiti jodya yon moun pa konnen lè marengwen ap vole sa ki mal sa ki femel non.genyen twop moun nan peyi ya ki pa ayisyen e ki pa vle wè ayiti fè yon pa devan.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Sasaye Jeu 2 Juin 2011 - 10:04

Non Rozo,

Sepa konfizyon marengwen mal ou femèl.
Se yon konsètasyon moun ki soti pou yo nye valè zansèt nou yo.
Moun ki ap diminye grandè Desalin e kap voye monte konsepsyon de ayisyen bosal ak ayisyen kreyol.

Gen moun ki ta kontan efase istwa Dayiti pou jistifye lwayote yo pou enterè macroekonomik neyoliberal yo.

Si nèg te volè pyès moniman nasyonal pou al vann e fè lajan, se ta yon semp ka vol pou pwofi. Men si yon nèg vandalize yon moniman istorik pou retire enpôtans nasyonal e istorik li, se yon afron a la nasyon. Se yon zak trayizon.

Gen moun ki pa rekonèt nosyon ke yon pèp fôme yon nasyon e ke manm yon nasyon gen tradisyon avèk kilti e menm yon sivilizasyon ke yo tout dwe respekte e defann.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  kakakok Jeu 2 Juin 2011 - 12:49

Le gros roseau a écrit:genyen yon moun ki te soti an ayiti ki te dim ke peyi ya tounen yon jeng se pa manti.Mwen te telman fyè lè Presidna maglopire te fè installe moniman sa yo Vertyè.kote yo te montre nou ki jan batay vertyè a te deroule.Mpa mande sise vre se yon ayisyen ki fè sa.wmen pap akise pèsonn men an ayiti jodya yon moun pa konnen lè marengwen ap vole sa ki mal sa ki femel non.genyen twop moun nan peyi ya ki pa ayisyen e ki pa vle wè ayiti fè yon pa devan.

Pinnga nou krye ni sezi ...se nan manke kouraj nou pou nou denonse male zanmi nou fe nan peyi a ki fe nou rive nan eta sila ..Ki difrans ki genyen lo yon prezidan la repiblik voye fe desan nan inivesite , krazee konpite ak jenou rekte ?????Ki diferans ki depi plizye lane nan sou tonb Lamatinere se kaka kap sevi pot fle???????Se pa yon zak vandaliss sa ye...SE pou yal peze , se konpagny Dominiken kap ache fe tou pa tou nan peyi a ki fe sa ????? SA SE ERITAJ PREVAL/ALEXIS /ARISTIDE !

Demen maten se pye ak tet papa Desaline neg yo pwal vann ! Nou genyen pou konn tout JORJ jouka Ismery !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Sasaye Jeu 2 Juin 2011 - 13:05

Non, eritaj saa pi lwen toujou.

Depi lan ane 80 yo, tribin sou Channmas lan demonte epi yo vann dominiken tout feray lan.

Moun ki te fè zak saa te gen benediksyon Palè nasyonal paske menm prezidan an te kapab chita lan palè a pou l gade travay saa.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  kakakok Jeu 2 Juin 2011 - 13:29

Sasaye a écrit:Non, eritaj saa pi lwen toujou.

Depi lan ane 80 yo, tribin sou Channmas lan demonte epi yo vann dominiken tout feray lan.

Moun ki te fè zak saa te gen benediksyon Palè nasyonal paske menm prezidan an te kapab chita lan palè a pou l gade travay saa.

Ok mwen regrete sa a >>>Mwen pate konn sa >>mwen pa genyen dout ke ou korek....Mwen nan 20 denye ane sa yo ..Menm ti lestriksyon sivik ou te konnen an Neg yo voye sa jete ....Nou nan yon delika ka !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Maximo Jeu 2 Juin 2011 - 14:16

Tribinn lan te oblije demoli, se te on danje e li te ka tonbe ninpot ki lè tout baz li te pouri e si yo pat demoli'l li tap tonbe pou kont li e te ka touye anpil moun, yo te demoli'l e fè on plas ladan'l.

Tout feray ak kwiv ke yo ap ranmase an Ayiti ya se pa Repiblik Dominikenn ki achte yo se Chinwa yo, e menm fénomèn lan ekziste RD tou feray ak kwiv ap achte pou voye bay Chinwa yo, e gen konpayi Ayisyen ki vini enstale RD pou achte feray ak kwiv pou voye an Chinn, la Chinn se peyi ki fè plsi resiklaj feray ak kwiv. Mwen wè nou renmen ekri nenpot ki sa san nou pa konen e mete li la kòm verite depi se pou nou fè pwopagann, se pa serye.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Sasaye Jeu 2 Juin 2011 - 17:16

Si se te pwopagann sepa sou vandalis degoutan Moniman Vètyè epi demolisyon Tribin ke sa ta chita.

Si w panse ke denonsyasyon yon sakrilèj moun ki desakralize pi gwo moniman istorik peyi a se pwopagann, mwen pa dakò.

Lè m rantre ann Ayiti an 1982 epi mwen pa wè tribin nan sou Channmas, moun ki di m ke yo vann li bay dominiken se te yon gwo divalyeris-janklodis o pouvwa.

Si w te konnen tribin nan, se te yon estrikti an fè de la tèt o pye.
Kidonk se ta fasil pou refè fondasyon yo ki te an beton ak siman.

Pou zafè chinwa wa p pale, mwen pa okouran.

Di kisa w panse de zak vandalis kont moniman Ewo nou yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Maximo Jeu 2 Juin 2011 - 18:25

Sasaye a écrit:
Si se te pwopagann sepa sou vandalis degoutan Moniman Vètyè epi demolisyon Tribin ke sa ta chita.

Si w panse ke denonsyasyon yon sakrilèj moun ki desakralize pi gwo moniman istorik peyi a se pwopagann, mwen pa dakò.

Lè m rantre ann Ayiti an 1982 epi mwen pa wè tribin nan sou Channmas, moun ki di m ke yo vann li bay dominiken se te yon gwo divalyeris-janklodis o pouvwa.

Si w te konnen tribin nan, se te yon estrikti an fè de la tèt o pye.
Kidonk se ta fasil pou refè fondasyon yo ki te an beton ak siman.

Pou zafè chinwa wa p pale, mwen pa okouran.

Di kisa w panse de zak vandalis kont moniman Ewo nou yo.

Kom ou pa konpwann sa kap pase ya mwen pwal eseye eksplie'w li, depi plizyè ane youn nan biznis pi florisan an Ayiti se vann feray, kelkeswa fè ya, ke se vye oto ou on frijidè ou on blok motè, depi se fè, avek kwiv Chinwa yo achte tout. Akt vandalis sa fèt sou on pakèt bagay, ke se fil kouran ou telefòn nèg yo volè, ou metal ki nan moniman istorik yo, yo volè yo e yo al vann yo o pwa, se peze, konbyen liv sa fè, e pi touche, kwiv pi recheche ke fè paske li vann pi chè. Pa gen ankenn moun ki ap fè aplike la lwa pou anpeche zak vandalis sa yo fèt. Gen menm fenomèn sa an Repiblik Dominikenn tou, e gen anpil lwa ki pase pou zak sa yo pa fèt, men gen anpil feray tou ke Chinwa yo achte de la Repiblik Dominikenn. Mwen konn plizyè moun ki nan biznis sa, se kontenè feray apre kontenè feray ki al an Chinn.

Pou tribinn lan, mwen te konen li trè byen, te gen on sinema an ba tribinn lan ke mwen te konn ale, e se an ba tribinn sa ke anpil moun te regle zafè yo, depi sou pipi, kk, ou ranmase boubouz vini kouche yo an ba tribinn lan. Tribinn lan te fini deteriore nèt, pilonn ki te kenbe li yo te fini wouye e nenpot ki lè li te ka tonbe, donk yo demoli'l, mentenan ki es ki achte kakas tribinn lan mwen pa ka di'w, men se pat pou vann kakas la ki fè yo te demoli'l. Mwen kwè ke eksplikasyon yo klè, e ke ou konpwann kounye ya.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Bal ZEGE an ap pran jarèt Empty Re: Bal ZEGE an ap pran jarèt

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum