Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Display Star Wars Unlimited Ombres de la Galaxie : ...
Voir le deal

Kote n ap sove ale? Kèk kesyon pou Pastè Lacombe

Aller en bas

Kote n ap sove ale? Kèk kesyon pou Pastè Lacombe Empty Kote n ap sove ale? Kèk kesyon pou Pastè Lacombe

Message  jafrikayiti Lun 6 Juin 2011 - 10:56

Maten an, mwen pa t ka reziste ankò, mwen poze Pastè a 2 kesyon ki ap anmèkde lespri m....


Onè Pastè Lacombe, onè frè ak sè yo!

Mwen gen kèk kesyon pou nou:

1) kote n ap sove ale?
2) Pou ki nou bezwen sove fè?

Limanite ap deperi, jisteman, paske anpil moun ki swadizan ap suiv Jezi, lè yo rive nan tanp lan, yo remake yon bann sakrifikatè ap fè lapriyè manchlong, pandan y ap dechèpiye pòv vèv yo, olye, menm jan ak Jezi, yo chavire vye tab ak vye chèz raketè yo ap sèvi pou pretann se kay"bondye" moun ye la a....olye yo denonse magouy, olye yo kanpe pou defann sa ki jis ak sa ki byen...yo pito kouri "sove" pwòp tèt yo (le salut est personnel répètent-ils comme des automates) epi yo kite malere yo ekspoze devan danje yon seri raketè (ajimal) ki anmize yo rele tèt yo Pè, Monseyè osnon Pastè.

Gade kijan kèk tilezanj deperi anba grif yon magouyè k ap preche levanjil kouri "sove" sa a:

http://www.nj.com/news/index.ssf/2011/06/women_accused_of_neglecting_8-.html

"I told them these kids were getting smaller… I saw them in November, even Venette was very thin," said Fields. "It could have been prevented."

Wi, trajedi sa a te evitab. Tout moun ka soufri depresyon. Men, si olye yo te chita ap repete vèsè biblik pakè, fanm ak gason ki tap viv alantou tilezanj sa yo te louvri je yo ak kè yo - e sitou itilize sèvo Granmèt la mete nan zokokolo bwa tèt yo a - pou yo te ede fanmi sa a reprann bonnanj li, pètèt sa pa ta gen tan rive grav konsa. Men, sipèstisyon ewosantrik sa a yo ap rele Krisyanis lan, epi ki fè nèg tounen jako repèt ki ap viv nan yon espas ak tan vityèl ki pa gen anyen arevwa ak reyalite yo a, se yon michan pwazon zonbifikasyon. Fanm, gason, REVEYE OU epi sispann eseye "SOVE" devan responsablite ou sou TÈ sa a!


Men Referans yon ti liv ki gratis sou entènèt la: VIV BONDYE! ABA RELIJYON!
http://www.lulu.com/items/volume_65/1728000/1728817/2/print/1728817.pdf

CHAPIT 1 - BONDYE
Viv Bondye! 1
Bondye se Manman Lavi ak Lakonesans 14
Yon pèp Bondye pi pito? 20

CHAPIT 2 - RELIJYON
Ki jan relijyon Krisyanis la debake Ayiti? 24
Ki jan relijyon Krisyanis la fòme? 49
Èske se vre makdwèt moun fè mikalaw nan Bib la? 75
Poukisa Pastè ak Monpè bèbè sou dosye a? 91

CHAPIT 3 - L IBÈTE/ LAVERITE
Bondye ak relijyon se lajounen ak lannuit 115
Doub manti fè dekabès 128
Poukisa sipèstisyon kokobe Ayiti toujou? 133
Libète – pran pou nou pran l 139
Definisyon kèk mo 151
Referans 154
Dokiman ak temwayaj 157

---------

Respè!



Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)
----------------------------------------------------------
http://www.jafrikayiti.com



http://www.godisnotwhite.com









--------------------------------------------------------------------------------

Date: Mon, 6 Jun 2011 02:35:55 +0100
From: raymondlacombe@yahoo.fr
Subject: Si la foi n'a pas les œuvres, elle est morte en elle-même
To:


Si la foi n'a pas les œuvres, elle est morte en elle-même
2011: Fondation G. D. Doré
Article publié sur le LME, édition du dimanche 5 juin 2011

Nous partageons cet article avec les internautes en vue de susciter une réflexion sur la foi authentique qui doit être prouvée par les bonnes œuvres. En effet, puisque la Bible ne pose qu'une seule condition pour être sauvé: ''la foi en Christ comme Sauveur et Seigneur'' (Rom. 10:9; Éph. 2:Cool, toute personne, qui fréquente une église protestante, peut prétendre être sauvée. (Lire la suite)




jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum