Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804

Aller en bas

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Empty Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804

Message  jafrikayiti Lun 13 Juin 2011 - 20:36

...Nan dènye estasyon nou (Griyo nimewo 29) nou te di osijè dat 1 janvye 1804 la : “Jounal nan peyi kote blan Panyòl t’ap boloze ekri sou premye paj yo « Ayiti Toma Su Endepedencia! ». Wi, Ayiti PRAN (TOMA nan lang panyòl) dwa granmounn li devan je limanite”. Adye Bondye! Si sete vre!? Nan tout fouye nou fouye jounal ki te disponib nan epok saa, nou pa jwenn anyen ki mansyone Ayiti, alevwa pou Ayiti Toma. Mwen mande nou padon daprèzavwa mwen te kite mit sa a fofile nan twazyèm CD a, malgre verifikasyon nou eseye fè pou tout sa ki di nan dokiman n ap pwodui yo kapab verifyab epi veridik.

Pou lapenn, nan kouvèti CD sa a, nou va jwenn foto premye ti anons nou te resi jwenn nan jounal Meriken osijè chanjman non Zile a. Nou va wè tou kèk foto Gaceta de Madrid ki mansyone evenman lakay yo, nan mwa Novanm 1803.

Respè!

Tèt Blan Cho (Griyo nimewo 30) - Dessalines Mande Règleman - LAFIMEN CD#4, Jafrikayiti, 2010

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Dessal10


Buonaparte is become Emperor of the French ; and Dessalines sole Governor, instead of Triumvir, not of St. Domingo, but Hayti. But what is more important, the eyents which it was my aim to avert are already beginning to outwing the tardy progress of my pen and of the press. Dessalines, if late rumour may be trusted, is not only acting upon maxims very opposite to those by which he lately attempted to conciliate his European neighbours, and perpetrating crimes which a better policy on our part might have prevented, but is already waging that maritime war which was predicted in the following sheets, and denouncing, with a voice far more impressive than mine, the necessity of our restoring peace to the Gulph of Mexico, if we would avert from it new revolutions. I must publish without further delay, lest we should hear next of his having quarrelled with Jamaica, and conquered Cuba, or of a reconciliation on the basis of independency between St. Domingo and France.

Alewè: The opportunity; or, Reasons for an immediate alliance with St. Domingo. By the author of "The crisis of the sugar colonies". Stephen, James, 1758-1832. Library of Congress

http://hdl.loc.gov/loc.gdc/gcfr.0084

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Empty Re: Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804

Message  jafrikayiti Lun 13 Juin 2011 - 21:27

...nan yon dokiman ki rele « Noticias de Haïti en Cuba », fouyado Ada Ferrer, esplike ki jan gouvènman Panyol la te mele tankou krab nan eseye manipile enfomasyon osijè deklarasyon endepandans Ayiti a. Depi 3 jou apre deklarasyon endepandans lan, palentèmedyè batoman ki debake Kiba, radyodyol kouri bri: “Dessalines deklare lendepandans e li pwoklame tèt li: "General an chèf Meksik epi Gran chèf Enka”.

Nan mwa jen 1804 Gouvènè Kiba a, Marquis de Someruelos, te manke fè arèdikè akoz yon pwoklamasyon Dessalines te parèt nan paj Gaceta de Madrid k ap sikile sou zile a. Jounal sa a te parèt 2 fwa pa semenn nan vil Madrid, nan peyi Lespay. Li te gen ladan l moso tèks yo kopye sou jounal New-york, Londres, Paris, kote yo bay nouvèl evenman kap pase toupatou. Gouvènè Kiba a, mouche Someruelos ekri yon lèt panik pou li di otorite Panyol yo se gwo danje ki makonnen ak sikilasyon jounal sa yo sou zile Kiba. Misye di limenm li toujou demele l jan li kapab pou yo pa janm wè nèg nwa a nan pozisyon otorite jan sa parèt nan pwoklamasyon Dessalines yo.

Tèt Blan Cho (Griyo nimewo 30) - Dessalines Mande Règleman - LAFIMEN CD#4, Jafrikayiti, 2010

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Jounal11

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Empty Re: Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804

Message  jafrikayiti Lun 13 Juin 2011 - 22:08

Tèks Ada Ferrer la disponib okonplè sou adrès sa a:

http://revistadeindias.revistas.csic.es/index.php/revistadeindias/article/view/454/522

Cuando la gaceta publicó una proclama de Dessalines, el primer jefe negro en esta etapa, se sintió obligado a dar queja formal, informando que él hacía lo posible para que no circularan estos tipos de papeles entre la gente de color, quienes, segun él, los analizaban «con bastante viveza». Sin embargo, sus esfuerzos parecen haber sido inútiles, ya que los mismos artículos que intentaba suprimir aparecían publicados y sellados por el gobierno español en gacetas que, según él, «se venden al público, las compran todos y corren muy bien en manos de los Negros»

Sous: p 687 "NOTICIAS DE HAITÍ EN CUBA" POR ADA FERRER, New York University - CSIC, Revista de Indias, 2003, vol. LXIII, núm. 229
Págs. 675-694, ISSN: 0034-8341


Nou ka wè yon ekzanp Gaceta de Madrid ane 1803, nan adrès sa a: http://books.google.com/books?id=9PdtAAAAMAAJ&pg=PA57#v=onepage&q&f=false
Dessalines, Clervaux y Christóbal se hallan con los bandidos, y su audacia crece al paso que nuestra debilidad. Maurepas y otros muchos xefes, están presos á bordo de la esquadra. Hacia el 20 de Octobre. el General en xefe, viendo que la estación habia refrescado algo, é impaciente por reprimir una tropa de africanos que se habia posesionado delante del Cabo, en la llanura del Norte, dio orden al General Brunet de reunirse á él, con la resolución de disipar los bandidos; pero habiendo caido malo pocos dias después, murió el 2 de Noviembre: El exército , testigo de su solicitud, de su constante trabajo y actividad infatigable, llora }a pérdida de un xefe y de un padre. Con la nueva de su muerte avanzaron los bandidos con gritos espantosos; pero el General de división Clauzel les presentó resistencia por todas partes. El 6 de Noviembre, siendo cada vez mas urgentes las circunstancias , resolvieron los Generales no esperar al General Rochambeau, y se dio el ataque general.

Tankou nou ka remake nan tèks sa yo. leve kanpe Nèg vanyan fè sou zile a te lage latranblad nan nanm tout esklavajis, keseswa lang yo pale.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Empty Re: Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804

Message  jafrikayiti Lun 13 Juin 2011 - 22:15

Men kèk ekzanp ki montre blan yo pa te chita ap suiv sa k ap pase Ayiti, yo te enplike aktivman, depi premye jou ekzistans nasyon an, nan fè ti dife vole ant Dessalines, Christophe ak Petion.

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Journa10


Ki leson pou 2011 ?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804 Empty Re: Tèt Blan Cho - gade sa ki te ekri nan jounal ane 1803 ak 1804

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum