Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

+2
Rico
Joel
6 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mar 12 Juil 2011 - 11:47

Lan yon atik flèv sou NOUVELLISTE;YVES DEJEAN tounen a la chaj.
Li granmoun se vre,li gen 80 an,men li tounen lan dengonn yo pi rèd.
Se tankou misye di ke moun ki kontinye ap voye FRANSE monte yo ;se moun ki pa byen lan tèt.
Misye di si gen moun ki panse ke AYITI ap janm yon peyi bileng ,se yon bann moun ki chimerik.

Misye di pa vin pale de ansèyman KREYÒL lan klas primè yo ;KREYÒL dwe lang ansèyman de matènèl a INIVÈSITE.
Misye di tou ke si pa gen yon chanjman ,lan 30 an se de menm bagay lan n ap pale;paske AYITI pa p janm yon peyi bileng;se yon bagay enposib.

http://lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=94763&PubDate=2011-07-11

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Rico Mar 12 Juil 2011 - 12:02

Alo voum pou Yves Dejean avan yo ansegnè kreyol, dwe genyen bon prof ak metod pou anseyman lang sa.

Non tradisyonèl prof kap pase move bèt an angle, franse ou panyol.

kisa nou refize konpran nou genyen yon modi pwoblèm pedagojik,

twop prof bidon nan tout matyè an plis mete sou lekol bolèt ki pa gen mwayen
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mar 12 Juil 2011 - 12:12

RICO;

Kounye an ou konnen plis pase YVES DEJEAN.Se limenm ki te etabli pwogram edikasyon bileng lan BANK STREET COLLEGE OF EDUCATION lan NOUYÒK.
Pwogram li an te elaji lan lòt kominote yo :PANYÒL,RIS,PAKISTANÈ.
Y o te pwodwi materyèl pedagojik pou timoun yo ki sòti ann AYITI,lan tout sijè;sitou SYANS ak MATEMATIK an KREYÒL.
DEJEAN ak DEGRAFF konnen de ki sa y ap pale

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Le gros roseau Mar 12 Juil 2011 - 12:23

Gran met la mwen di w mèsi anpil pou ayisyen tankou Yves Dejean ak Me Desgraff ki pa konstipe pa vye prejije ridikil ki fè yo rayi lang yo.se ak anpil plezi ke mwen sot li atik saa .Yon moun ki pa ase entelijan pou konpran sa met Dejean ekri ya ou te dwe fèmen bouch w wi.nanpren pi gwo aveg ke yon moun ki refize wè ni nanpren pi gwo soud ke yo moun ki refize senkronize sèvol ak zorey li.mwen tapito yon analfabet ke mwen se yon ti alfabetise kondi lot la konn di ya ki pretantye.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Rico Mar 12 Juil 2011 - 12:29

Joel a écrit:RICO;

Kounye an ou konnen plis pase YVES DEJEAN.Se limenm ki te etabli pwogram edikasyon bileng lan BANK STREET COLLEGE OF EDUCATION lan NOUYÒK.
Pwogram li an te elaji lan lòt kominote yo :PANYÒL,RIS,PAKISTANÈ.
Y o te pwodwi materyèl pedagojik pou timoun yo ki sòti ann AYITI,lan tout sijè;sitou SYANS ak MATEMATIK an KREYÒL.
DEJEAN ak DEGRAFF konnen de ki sa y ap pale

men tonas li fè yon pwogramm pou etidyan ki deja genyen Bon pratik metodolojik.,

ki pa gen lakenn bann lekol bolèt nou yo

Alos tout pwogramm ki pa vreman ankadre AK TI NEG LEKOL BOLÈT SE TAN PÈDI.

A MWENS KE SE POU LELIT TI ZWIT SEN LWI YO[, AK KOLEJ NOTE DAM
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mar 12 Juil 2011 - 12:58

De ki timoun ki gen bon pratik metodolojik w ap pale la a?
Pwogram edikasyon bileng lan ;se te pou timoun ki soti ann AYITI ,ki poko pale ANGLE.
Pou timoun sa yo ;yo te reyini ak lòt timoun yo pou kou ANGLE SÈLMAN ;men lòt kou yo se te an KREYÒL.

BANK SCHOOL COLLEGE OF EDUCATION te an chaj pou yo te prepare pwofesè pou pwogram sa a.
DEJEAN gen anpil eksperyans.
Misye te pwofesè lan FAKILTE LENGWISTIK APLIKE ann AYITI.Misye lè li te kòmanse kou yo ,li te konn pale franse ,men li wè etidyan yo timid lè l ize franse.Li di apre sa li te entèdi yo pale franse lan klas li ;li wè etidyan yo vin pi anime;diskisyon yo vin pi enteresan.
DEPI dat sa a se KREYÒL sèlman ki ize e li vin wè yon diferans ant konesans etidyan yo montre ant lè li t ap ize franse e lè li vin ize kreyòl sèlman.

Sa se pou moun ki ta gen dwa prese di DEJEAN se KON-GO.Misye sòti lan fanmiy ""tradisyonèl"" ""milat"" yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Invité Mar 12 Juil 2011 - 15:34

[color=darkblue]
Dejean gin 89 ans .ki chef dev pedagojik lap kite lan lang kreyol la pou jenerasyon kap vini apwe yo sa interese lan sa lap di yo .Mwin mebnm mwin di avan ke misye linguis kreyol se opotiniss se politisyen tipepiss ke li ye ke li ye e mwin gin prev pou sa.
[/color]

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mar 12 Juil 2011 - 15:43

MICHEL DE GRAFF se opòtinis tou?
Epi YVES DEJEAN se te KREYOLIS anvan l te retounen ann AYITI an 1986.Se sa ki make karyè li;lan ki sa li opòtinis la a ;paske li t ap travay lan administrasyon LAVALAS yo?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  jackoti01 Mar 12 Juil 2011 - 17:28

Poukisa Yv Dejan pa ekri sa li di la an kreyol?
Poukisa li poko janm ka jwenn you repons pous Jean metellus ki se dokte tou nan lengwistik e ki an plis ki anseye matemaitk ak medsin. Misye di neg yo pa fouti anseye syans an kreyol.
Franketienne li menm di le li gen bagay ki vreman sibtil poul di se an franse li di. E poutan franketienne ekri roman an kreyol.
Mwen te ayiti semen denye.
Lekol yo fe konkou pou timoun pou otograf franse. Mwen tap swiv denye tranch la nan televizyon. Mwen di kreyol pran you gwo souflet. Paran nan tout kouch te branche ap siv emisyon sa. E you program konsa pa janm fet an kreyol. Daye li pap fe sans sil fet an kreyol. Pa gen anpil lakrobat ki fe nan sevel la pou ekri kreyol paske otoagraf kreyol la fonetik senpman.

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mar 12 Juil 2011 - 18:00

JACKOTI;

YVES DEJEAN ekri liv an KREYÒL.Youn ladan yo se ""YON LEKÒL TÈT AN BA POU YON PEYI TÈT AN BA"".
Ou di ke òtograf KREYÒL lan fonetik sèlman;alòs si yo te fè l pi konplike ou t ap pi renmen l pito.
Ou TA prefere l lè timoun yo t ap pase 10 zan pou yo aprann stil ak òtograf KREYÒL?
METELLUS gen dwa gen opinyon l e KREYOLIS tankou MICHEL DE GRAFF kritike METELLUS.
MICHEL DE GRAFF di ke moun k ap di ou pakab eksprime abstraksyon an KREYÒL yo pa kanpe sou anyen.

Epitou YVES DEJEAN ekri an FRANSE ,paske se yon repons li t ap bay a 4 lengwis ayisyen ki te ekri yon liv sou koyabitasyon FRANSE-KREYÒL lan ann AYITI

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Le gros roseau Mar 12 Juil 2011 - 21:31

se pa blag non alyenatyon ke neg ki te deside di ke franse se lang ofisyel an ayiti kite nan peyi saa pap janm fini non.2 syek e kek apre ke yo di ke franseuuuu se lang ofisyel peyi ya pa genyen 10% ayisyen ki pale lang fraseuu kouraman san mamote.Yon neg ki ap tande martelly ou byen Preval ap tcheke kek mo yo ka kole apre anpil esitatyon ka konprann sa Me Dejean ap di yo.Martelly ak Preval se pa pitit sò yet ki te nan lekol borlet non.E sa ki apre yo kite lekol ki pa janm genyen moyen pou yo pale franseuuu yo nan peyi ya. Mwen pa kwè nan 29 lane mwen pase an ayiti mwen te pale franseuu 4 fwa pandan plis ke 5 minutes.ki jan pou yon moun fè pale yon lang byen siw pa janm pratike li.Mwen te genyen yon ti alman ki te lekol ka frè o cap ki te rele Bosinius ki te kreten menm jan ak mwen nan premye ane yo.mwen pa kwè se entelijan li pat entelijan.men ki jan pou fè senkronize zorey w ak servo siw pa tande e konpran sa blan franseuuu ya tap di?O non de 95% ti ayisyen ki te komanse lekol ki pa fini yo nou mande ke lekol an ayiti fet an kreyol nan tout lekol piblik jis rive nan iniversite.Moun ki pa vle pitit yo aprann an kreyol a mete yo nan lekol prive.95% ti ayisyen pa ka ap soufri tounen rate pou satisfè yon bann alyene frankofou.

se mechanste pou yon moun di ou pa konprann sa Me Yves Dejean ap di ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Invité Mer 13 Juil 2011 - 0:12

Le fait est que l'article est ecrit en bon francais

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  jackoti01 Mer 13 Juil 2011 - 1:19

Joel
Degraf kritike Metellus se byen men metellus gen avantaj sou li paske li te profese matematik, li loreya nan branch medsin li anseye ya. Li se you referans tou nan solisyon pou problem dileksi. li gen yo doktora nan lengwistik tou. Li rankontre pwoblem nan antan ke profese syans. Petet ke se te nan epok pa li. pete li pa konpetan nan kreyol ase pou di bagay sa yo paske li pa pibliye rechech li fe sou kreyol san prejije ke moun ka analize

Roseau
Solisyon ou pwopoze ya konplike. Fe kreyol senpman nan lekol piblik ap divise peyi ya plis. Eske pa gen plis lekol prive ke piblik nan peyi ya? Daye pwogram kreyol la janm te wel lem te ti moun te komanse ak moun ki lekol diswa ou byen ak ti sentaniz yo. Malerez yo te konn di sevle gran neg yo vle pou yo toupizi yo an franse senpman ki ka pale nan tribinal le yap mande pou fe lekol pa yo an kreyol. Pou malerez la pale franse se you privilej, se siy ke pitit li ap fe pwogre.
Roseau, fok gen you kanpay ki pou fet pou sansibilize moun you sou anseyman an kreyol. Se gouvenman an menm pou ki fe sa. Se pa pale kreyol selman ave yo nan moman kanpay pou prezidan ou pou lot post yo.

Joel,
eske jimnastik pou ekri angle ak franse ka fe ti moun angle ou ti moun franse pi byen devlope ou byen gen memwa pase ti ayisyen ki ekri kreyol selman? Si jimnastik pou ekri angle ak franse se you avantaj, koman nap ka konble vid sa nan anseyman an kreyol?
ESke nou ka konpare lot peyi ki gen otograf fonetik selman avek lot pey ki gen otograf ki konplike. Mwen ta renmen we pousantaj ki montre avantaj otograf konplike ou byen ki montre avantaj ou dezavantaj la neglijab.

Nan egzanp Yve bay nanenfliyans franse sou kreyol montre ke li gen you ti lakin nan jan yo pale kreyol nan tout peyi ya ou byen enfliyans la pi paret nan you zon ke you lot.

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mer 13 Juil 2011 - 3:22

JACKOTI;

Si w vle konpare METELLUS ak DE GRAFF.
DE GRAFF ann AYITI tout tan pou l al fè ""field work"".Li se pwofesè LENGWISTIK ak FILOZOFI lan MIT.MIT ki konn klase No 1 lan lis pi gran INIVÈSITE sou planèt lan.DE GRAFF se te kolaboratè nèg ki rekonèt kòm pi gran lengwis lan tout listwa LENGWISTIK ;mwen vle pale de NOAM CHOMSKY.
Si w ale sou sit MIT an ,w ap wè yo liste MICHEL DE GRAFF kòm espesyalis lan LANG KREYÒL yo ;lan tout lang KREYÒL ak yon espesyalizasyon lan KREYÒL AYISYEN an.
DE GRAFF gen yon admirasyon san bòn pou IV DEJAN ke li rele PAPA IV

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  jackoti01 Mer 13 Juil 2011 - 7:03

Joel,
si nap konpare degraf ak metellus, nap we degraf se nan kreyol senpman li fe you espesyalite kote chan te nef. Li gen dwa di tout sa li vle. Se li ki pote enfomasyon pou MIT. Men Metelus kritike metod degraf itilize epi se te kob ameriken te bay pou yo defome ou fome otograf kreyol la jan li ye la. Pou kisa nou retire otograf boi pou nou ekri bwa, poi pou pou pwa.
Nou jwenn Metelis limenm nan medsin loreya plizye fwa.
Sa ki bon ka degraf li fe pwopozisyon sou kreyol, li travay pou li fe li vanse. Men li ak neg Reka yo poko jwenn repons pou Metelis. Pafwa anpil bagay degraf ekri se franse yo ye li jis chanje u an i
Ki jan ou ka pale de siyifyan ak siyifye siw pa ka we fom sa soti nan franse. Degraf pa jwenn mo pou li tradwi siyifyan ak siyifye. Kote fom jerondif sa a soti nan kreyol.
Degraf bwe pwa. E lap kontinye bwe pwa. Nan nosyon lengwistik la menm ke li maton ladann pou-l tradwi an kreyol li kwense. Alevwa pou le lap fe sa yo rele syans pi. Se jis franse lap defome pou fel sonnen tankou kreyol. M bal defi fel lot jan.
An pasan goudougoudou a byen sonnen men majorite moun nan peyi ya se tranbleman de te yo di.
Le loray ap gronde se goudougoudou yo tande tou. Tim tim bwa chech diw kodokodokow nan ginen tande pou di se loraj. Goudougoudou se timtim bwa chech nap tire. Le dlo desann se goudougoudou tou yo tande. Daye le siklon godon te ravaje Jakmel, majistra Jakmel te al frans pou li eksplike sa kite pase te di. On entend goudougoudou. Non goudougoudou sa te tou rete pou majistra sa. Se te majistra Mase. Sa te pase nan lanne 95. Lew di kote majistra goudougoudou ou tap pale de majistra mase.
Ki le goudougoudou vle di bri van siklon, bri loraj, ak bri dlo ki desann. Eske nap di pwenp pwenp ou byen pip pip pou nou pale de klakson machin?

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mer 13 Juil 2011 - 8:34

NON JACKOTI;

KREYÒL gen youn lan òtograf ak gramè ki pi modèn sou planèt lan.Yo pa fè erè lòt lang yo konpile.
ALMAN yo lan yon batay pou yo senplifye OTOGRAF anpil mo ;men yo paka fè l paske piris yo pa kite yo fè l.
Gen de atik ki ap ekri ;mwen te wè youn sou LEMONDE kote yo di gen mwens moun ki ap aprann franse ,paske franse twò difisil.

Atik lan te di ;se 10 zan asidi pou w pase pou w pran tout nwans lang franse anLan yon peyi tankou VYETNAM ki se yon ansyen koloni franse ;yo reprann lang yo kòm lang nasyonal e lè yo ba yo chwa pou yo etidye yon lang etranjè ,30 chwazi ANGLE,youn chwazi FRANSE.
Tout lang granmoun,lan penensil iberik lan ,ansyen koloni RÒM;genyen ki pale yon jan ,yo rele lang lan PANYÒL,lòt yo pale yon lòt jan ,yo rele l PÒTIGÈ.De lang sa yo sanble ,men yo pa menm.
Se tankou AMERIKEN yo ,lè yo vin endepandan ;yo pote ti modifikasyon lan jan ANGLE yo te ekri mo yo ;se tankou yon ANGLE ekri "" labour"" ,AMERKEN yo ekri ""labor"";gen anpil ti modifikasyon konsa.
BENJAMIN FRANKLIN te vle ale pi lwen ;misye te vle fè fonetize gramè ANGLE an ;men misye te vin mouri ,sa pa t ale pli lwen.

Gramè KREYÒL lan pa gen ;li pa dwe gen gramè franse pou modèl ;alòs poukisa oumenm ou byen METELUS se ""poi"" olye de ""pwa"" nou vle.

Petèt ou pa konnen ;anvan 1804 lè METWOPOL lan te fè yon lwa ki konsène SENDOMENG ,se te an 2 lang yo te fè l ;youn an KREYÒL pou koloni an ,lòt lan an FRANSE pou METROPÒL lan .Se apre 1804 FRANSE vin gen eksklizivite ann AYITI kòm land administrasyon an.
Mwen pa vle twò long.Men yon ti lòsyè lan travay MICHEL DE GRAFF ap fè ann AYITI ak resous MIT yo ki KONSIDERAB:

http://haiti.mit.edu/2010/10/03/michel-degraff-describes-his-hopes-for-mit-and-haiti

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  kami Mer 13 Juil 2011 - 10:29

jackoti01 a écrit:Poukisa Yv Dejan pa ekri sa li di la an kreyol?
Poukisa li poko janm ka jwenn you repons pous Jean metellus ki se dokte tou nan lengwistik e ki an plis ki anseye matemaitk ak medsin. Misye di neg yo pa fouti anseye syans an kreyol.
Franketienne li menm di le li gen bagay ki vreman sibtil poul di se an franse li di. E poutan franketienne ekri roman an kreyol.
Mwen te ayiti semen denye.
Lekol yo fe konkou pou timoun pou otograf franse. Mwen tap swiv denye tranch la nan televizyon. Mwen di kreyol pran you gwo souflet. Paran nan tout kouch te branche ap siv emisyon sa. E you program konsa pa janm fet an kreyol. Daye li pap fe sans sil fet an kreyol. Pa gen anpil lakrobat ki fe nan sevel la pou ekri kreyol paske otoagraf kreyol la fonetik senpman.
WOW! Bien di Jackoti01. Ginler kreyol lan pap fe yon pa malgre bonn volonte.

Map mandem si Deza pa gen rezon
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mer 13 Juil 2011 - 10:57

Malgre tousa k ap di ;tout sa k ap fèt Dr DEGRAFF limenm pa dekouraje.L ap ede prepare pwofesè lan FACULTE LENGUISTIQUE APPLIQUÉE ,lan field work li ;gade travay l ap fè LA GONAV:

http://web.mit.edu/newsoffice/2011/profile-degraff-0512.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  alex jacques Mer 13 Juil 2011 - 11:40


Frankoufou yo se youn nan pi gwo pwoblem peyi Dayiti.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Mer 13 Juil 2011 - 11:48


alex jacques a écrit:
Frankoufou yo se youn nan pi gwo pwoblem peyi Dayiti.
[b]

ALELOUYAH ALEX!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  alex jacques Mer 13 Juil 2011 - 11:56

.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Le gros roseau Mer 13 Juil 2011 - 18:10

Lèm tande yon francofou ap kritike moun tankou Yves Dejean ak Michel Desgraff map mande si blan franseu yo te konn kritike moun ki te vle modernise lang franseuuu ya an france o debi evolytyon lang yo a.karkan esklavaj saa ki nan kou mon sayo li ap pran anpil tan anvan pou nou retire li nan kou yo wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  jackoti01 Mer 13 Juil 2011 - 20:56

Roseau,
eske ou konprann sa w ekri ya. Ou byen ou jis ekri pou w ekri
Fwa saa ou tonbe nan tou. Petet se kounye ya mwen we sa
Ou ka kritike nenpot zev ou moun pwodwi. Se pa paske se Degraf poum pa kritikel. OU gen dwa ap fe you bel bagay, men sa pa vle le gen tibagay ki pa sanble kle pou ou ou moun ret bebe.
An frans gen moun ki rele tet yo puriste, kap we si ya konseve tradisyon lang nan, si ya konseve-l kont rakle lang angle ap bali. Men souvan yo reyini pou pou yo senplifye otograf kek mo. Gen moun ki voye pye. Gen moun ki dako. Se menm jan gen moun lakay nou ki pa renmen jan yo ekri kreyol la.

Roseau, fok ou pa pe kritike ou moun sou preteks li gen gro non. Jean Metellus gen you doktora nan lengwistik. Fok ou pa pe kritike-l. Degraf gen you doktora tou fok ou pa pe kritike-l tou. Men fok ou ka kore agiman yo. Siw paka fe sa. fe you ti silans, tande epi poze kesyon.
Ant degraf ak yv dejan ak metellus, map pran metellus sou rapo syans matematik, medsin ak kreyol paske metellus gen doktora menm jan ak degraf men an plis misye te profese matematik e jiska prezan lap anseye medsin. Li ekri liv ki se referans nan medsin. Li ka menm konprann fonksyonnman ne ou yo le wap bege an kreyol. Li pwopoze Solisyon pou rezoud pwoblem sa yo. An plis misye se you gran powet, gran romansye.

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Joel Jeu 14 Juil 2011 - 6:52

Franchman mwen pa konn poukisa ou prefere METELLUS.
Premyèman ,jan yo ekri KREYÒL lan pa p chanje,li deja rantre lan kourikoulòm lan ,se ti amelyorasyon sèlman ki pou fèt e yo genyen pou yo fèt.
Mwen sonje sa gen lontan mwen te li yon liv franse.Si m sonje ,li te rele ""LE DEGRÉ ZERO DE L'ECRITURE"";se te yon liv kote otè an t ap konplenn de òtograf lang franse an ,ki pa gen okenn lojik dèyè l.
Anpil bagay yo se tradisyon.
Tankou DE GRAFF di l ;menm lè y ap anseye timoun yo MATEMATIK ,yo pase yon pakèt tan pou yo fè yo eksprime yo an franse;se yon pèt de tan e timoun yo pa konprann sa y ap di yo an .

Pou m retounen lan konparezon METELLUS ak DE GRAFF lan.DE GRAFF genyen resous yon INIVÈSITE tankou MIT dèyè l.MIT se yon inivèsite ki gen anviwon 20 milya dola ""endowment"",se petèt mwatye bidjè tout inivèsite an FRANS yo.
Mwen te li yon atik LIONEL JOSPIN te ekri ;misye te ""visiting"" pwofesè lan inivèsite UQUAM lan KEBÈK.Misye t ap mande pou inivèsite franse yo vin tankou inivèsite KANADA yo ,e gran inivèsite ameriken yo siperyè a inivèsite KEBÈK yo.

Doktora DE GRAFF lan se lan ""COMPUTER SCIENCES"" ak LENGWISTIK.DE GRAFF ann AYITI toutan ;misye pa tankou METELLUS ki ale raman ann AYITI.
DEJEAN limenm ;li gen plis ke 50 an depi l ap etidye pwoblematik lang lan ,ann AYITI

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  kami Jeu 14 Juil 2011 - 8:58

Joel,

Kitem ede-w, min poukisa li prefere Metellus:


map pran metellus sou rapo syans matematik, medsin ak kreyol paske metellus gen doktora menm jan ak degraf men an plis misye te profese matematik e jiska prezan lap anseye medsin. Li ekri liv ki se referans nan medsin. Li ka menm konprann fonksyonnman ne ou yo le wap bege an kreyol. Li pwopoze Solisyon pou rezoud pwoblem sa yo. An plis misye se you gran powet, gran romansye.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI Empty Re: YVES DEJEAN FRAPE FRANKOFOU YO DI

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum