Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur Moulinex Companion ...
600 €
Voir le deal

Quand Sweet Mickey a raison...

2 participants

Aller en bas

Quand Sweet Mickey a raison... Empty Quand Sweet Mickey a raison...

Message  ainsi ne soit-il Sam 13 Aoû 2011 - 22:36

M'pa renmen fóm tèt li men pafwa m'bije fè abnegasyon, blye koze'l yo pou m'pa pase pou yon hors-la-loi. Kèl ke swa prezidan a, se les douze travaux d'Hercule mêmes lan demokrasi yon peyi ki divize konsa. Se pou sa m'pa bezwen pèsonn remen'm apa manman'm ak papa'm. A la rigueur, fan'm ki p'ap fè'm, ki p'ap kite'm pote chemiz chifonen.

Lan diskisyon sou Ayiti, ki sa jouman rapóte sitou si nèg pa enplike dirèkteman lan politik ou si yo p'ap defand yon enterè pèsonèl?

Mwen deja temwen yon group etidyan Ayisyen ki te mande anraje sou yon lót paske lan tout panèl ki te óganize li p'at janm kritike rejim Dyvalye. Se vre ke misye te gen yon atitid ki te eveye soupson lakay nèg yo. Sof ke apre goumen k'te manke leve tout nèg te al pran yon byè ansanbl.

Lan mitan nèg ki te plis fache yo, te gen youn trè entèlijan e trè save. Idol misye se te Che Guevara. Gen nèg ki te kwè lan misye anpil men pi lwen tout moun pwal aprand ke li se yon delenkan, eskro, vyolan, vyolè pandan ke sa yo te di ki makout la al fè lajan ak blan lan lót peyi men pa an Ayiti.

Ki ès pou m'kwè? Kapitalis la ki pense a enterè'l e ki pa jan'm kache pozisyon'l ou sa ki te bay manti a? JER te di ke li pa konn yon Ayisyen ki sosyalis, se vre sitou lè se sikonstans ki fè jenn gason PAP ap afiche yo kóm Guevaris.

Lan diskisyon sa yo, m'te aprand ke se nómal pou moun pran pozisyon men si w vini ak agiman w pa bezwen pran tout bagay pèsonèl. La deba politik ki produktif, diferans la se lan fason pati yo vle travay pou peyi yo, pou popilasyon yo. Si nou pretand ke se yon diskisyon sou Ayiti, pou Ayiti, m'pa kwè lan ajan provokatè, atoufè k'ap fè ti dife volan. Si te gen yon bagay serye ki t'ap fèt nèg ak nègès pa ta lan chanje alejans tout tan. Sa se atitid vagabon.

Gen nèg ki seye apese deba yo paske yo ase gran moun pou konprand ke yo pe pa chanje moun. Lè w byen kanpe sou pozisyon w, w sipoze mete w odesi de ensilt. W pa bije repond a tout betiz. Gen lót fason pou touche yon moun ki vle fè w eksploze.

Se pa pleutre ki konn lan kwaze fè (du moins, je le crois). Pou mwen nèg yo jis ap divèti menm si yo pa fin konn jwe nèt. Trop suseptibilite. Kote m'pa dakor se lè moun ap pale lan do lót, ap jije lót lan do yo. M'pa janm kwè lan zafè disparèt yon lót sou pretensyon ke w pi save pase'l, paske l'pi konen pase w, ou ke w pa renmen'l.

Mwen te al gad yon spektakl kote yon Kanadyen k't'ap maltrete vèbalman yon Ostralyen paske lót la gen plis aplodisman pase'l. Li te pase tan'l ap abese lót la paske l'p'at gen college degree. Lè sa te rive tro lwen, m'pa konn ki lód ou konsiy yo te bay yo, Ostralyen a te di lè se tou pa'l: "I'm a human being, come on, cut it out, it wouldn't be nice if I started crying in public." E tout ostilite te fini pou piblik la ka amuze yo.

W kwè nou ka aji konsa? J'en doute. Lè se yon ti gato, nèg ak nègès pa vle lót proche tankou w'pa deranje chyen devan manje'l, devan zo'l. Lan mitan endividi k'ap travay ansanbl, ke se atizan ak misisyen Peruvyen yo ki ap travay patou lan la ri ou lan evenman lan peyi Kanada, tankou Azyatik yo k'ap fè bizniz youn sou kote lót, e tankou blan ki aranje'l pou l'redistribye richès peyi yo paske sa fè pati de dwa demokratik lan espri yo. Prensip la, se yon gwo gato kote chak moun dwe jwen yon moso.

Konpótman konsa depase politik.

Si m'ap mache lan la ri e ke ekip televizyon rete'm pou poze'm kestyon sou desisyon politik on gouvènman san yo pa konen'm, se pa bèl figi'm y'ap peye. Sè ke yo respekte lwa peyi yo menm sa ki pa ekri lan Konstitisyon. Tout opinyon enpótan. Menm lè yo rasis, yo respekte lwa peyi yo.

Se bon, chita foure kouto lan gój lót, se jwèt politisyen yo n'ap fè.


Dernière édition par martine la tourmente le Dim 14 Aoû 2011 - 20:19, édité 2 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Quand Sweet Mickey a raison... Empty Re: Quand Sweet Mickey a raison...

Message  Le gros roseau Sam 13 Aoû 2011 - 22:53

mwen se sel bagay ke mwen ta renmen wè Micky fè eliminen pos Premye Minis la kareman epi pa fè oken elektyon nan fen ane pou renouvle 1/3 sena.Sim te li mwen tap monte nan televisyon kareman epi mwen eksplike pep la pou ki sa mwen pran desisyon poum ka ba yo kay,lekol ,dlo pwop ak lopital. pou lajan peyi ya sèvi a ba yo sevis o lye li anrichi yon bann politisysyen san konsyans.

fok genyen yon moun ki pou mete fren nan grimas saa.mande charite pou nou fè elektyon sa se moun san diyite ki toujou ap mande charite.Fok genyen yon preisdan ki di mwen pa mandyan;sak vle mande charite pou yo fè elektyon se bagay ki gade yo .Peyi pov saa pa beswen yon ekzekitif bisefal ak yon Palman bikameral.Aba la Konstitutyon de 1987.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Quand Sweet Mickey a raison... Empty Re: Quand Sweet Mickey a raison...

Message  ainsi ne soit-il Sam 13 Aoû 2011 - 23:27

Peyi a pa lan men Ayisyen. Se pa nou ki fè eleksyon si m'byen konprand rezilta yo.

Si se pou premye minis la ki dayè vakan, an efè, se Kontitusyon 87 la ki mte'l la. Lan moman sa a, si p'at gen yon PM pou okipe jis les affaires courantes, sa ta pi mal. Jan sa ye là, nou tout gen dwa ap spekule. Sanble pa gen anyen ki prese sinon nou pa ta gen yon gouvènè. Sonje m'te di ke nou lan kontinuite menm avan eleksyon a. Lè lód la va bay, nou p'ap wè tout chire pit sa yo. Sa se opinyon pa'm.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Quand Sweet Mickey a raison... Empty Re: Quand Sweet Mickey a raison...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum