Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-50%
Le deal à ne pas rater :
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
69.99 € 139.99 €
Voir le deal

Pon nan depatman sid yo

5 participants

Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Pon nan depatman sid yo

Message  Joel Lun 19 Mar 2007 - 19:57

Minis travo Piblik lan ,inogire jodi an,yon pon ki relye Pò Sali ak Okay.
Eske nou gen foto pon sa a?
Yo di pon an mayifik.
Gouvènman an ap bati pon sou rivyè Tòbèk,sou rivyè Grandans.
eske Travo Piblik gen yon Paj Wèb?
omwens se pou mesye yo montre travay ki ap fèt.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Re: Pon nan depatman sid yo

Message  Kiloutou Mar 20 Mar 2007 - 5:01

Joel apa wap reve je klè?

Apa wap pale si travo piblik gen yon paj wèb?

Pa gen ayen non papa, se sèl telvizyon nasyonal ak conatel ki gen yon sit entènèt wi, apres sa pa gen anyen anko non.

Sou gouvènman Aristid neptune nan preske tout ministè yo, entrepriz leta yo tegen yon sit entènèt.
Gouvènman defakto genn nan bouda-a te fèmen sit yo, e preval ak aleksi pa enterese tou.


Pa gen okenn antrepriz leta ak ministè nan repiblik dominikèn ki pa gen yon sit entènèt.

Polis nasyonal dominiken gen pwop sit entènèt li, lame gen pal, anfen tout genyen.

Alo an ayiti menm ministè touris pa gen yon sit entènèt.

ke tout moun sa yo kap dirije ayiti ale nan lanfè.

Gen moun ki te deja poze kesyon sa-a a moun kap dirije peyi ya yo, pou kisa ministè yo bwat leta yo pa gen sit entènèt, yo reponn yo di yo pa gen mwayen pou sa, e ayiti pa bezwen fè piblisite paske tout moun konnen ayiti ou tande pale de ayiti.

Pa bliye ke Teleco se yon founisè aksè entènèt, men li pa gen pwop sit entènèt pal, se pou di w' nan ki nivo bagay yo ye an ayiti.

Map raple w' tou ke se sèl pati politik Hybert de Ronceray a ki gen yon sit entènèt, G F C D ; Hybert de Ronceray se premye homme politik ayisyen ki kreye yon sit entènèt pou pati li ya, MDN, li te kreye sit sa depi avan ane 2000 yo.

Politisyen ayisyen fè Ayiti rate devlopman l' nan lè petwol la, petwol pral fini, donk ayiti pap ka devlope, endistriyalize ak petwol, se fini li rate sa. Lot enèji yap pale la yo, koute tèlman chè donk ayiti pap ka devlope ak yo donk se fouti.

Yon lot fwa anko politisyen ayisyen soti pou bloke ayiti, entènèt se pa sèlman yon zouti de plibisite, pwopagann, kominikasyon, se plis ke sa.
Yon moun ki ap viv o Japon kapab travay pou yon entrepriz ki otzetazini, san li pa janm deplase, entènèt se yon zouti travay tou.
Tout gwo peyi yo sèvi ak enyènèt pou redwi depans leta, nan fasilite yon seri de sèvis san deplase lakay ou.

Yon lot fwa anko politisyen ayisyen fè ayiti rate devlopman l.

Ki moun ki pa gen yon blog ou yon sit entènèt pou pibliye zèv li, pataje sal konnen ak lot moun? preske tout moun, e pa gen diferan jaj nan koze entènèt la, se tout moun.

Mande si Preval gen yon sit ou yon blog, zewo bare, mande si Aleksi gen yon blog, zewo................. bare.

Politisyen ayisyen dèyè pwent bouda kamyonèt la preske tonbe si yo pa genbe men yo.

Alo mesye Joel sispann reve je klè ak kesyon si travo piblik gen yon sit entènèt la. Teleco ki founisè aksè entènèt pa genyen, alo se pa travo piblik ki ta genyen.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Re: Pon nan depatman sid yo

Message  genevieve Mar 20 Mar 2007 - 6:54

Se pa fòt yo non. Majorite nan yo bezwen alfanetize. Yo pat gentan monte nan tren entènèt la nan tan pa yo. Men yo ta dwe gen imilite rekonèt ke yo dwe fè yon efò pou ratrape tren saa. Paske vle pa vle "hors de là pas de salut".

genevieve
Super Senior

Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007

Revenir en haut Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Re: Pon nan depatman sid yo

Message  genevieve Mar 20 Mar 2007 - 7:01

Mwen te gen chans wè repòtaj inogirasyon saa. Se yon bèl pon vre nan kontèks peyi dayiti jounen jodia men pou nou kap viv lòt bò dlo pa atann nou ke se Manhattan bridge ou byen yon bagay ki sanble avèl. Nou dwe rekonesan a Taiwan ki ba nou pon saa. Men mwen santim yon ti jan wont an lan de gras 2007 pou tout bri saa ap fèt pou yon pon ki tou jis fonksyonèl pou relye yon depatman a rès peyi a. Sak pi rèd la Minis travo piblik la di nan diskou li ke yo pral rekipere debri vye pon ke yo ranplase a pou yo fè lòt pon nan lòt rejyon nan peyi a.

genevieve
Super Senior

Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007

Revenir en haut Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Re: Pon nan depatman sid yo

Message  Rodlam Sans Malice Mar 20 Mar 2007 - 7:27

Yo te di latortue pa konnen ki jan pou li voye yon email;eske se vre?lol

mezanmi Gnevieve nanpren moun ki ta konprann ke Taiwan ta bati yon pon tankou Manhattan bridge ou Verazzano bridge an ayiti.Men kote nou ye la tout moun ki vle fè nou charite nou dwe apresye sa yo ba nou.pov pa ka nan chwasi.wi fok nou genyen diyite men nou pa ka bliye moun ki vle ede nou poun plè gwo peyi.Sa frize (chine kominis) la te fè pou koukou (ayiti) poul rele pitit li frizelya?Nap toujou chanje chemiz pou moun ki swe pou nou.Nan la vi saa se banm ma ba w.Mwen di gouvenman Taiwan lan mèsi.

mwen kontan pon ke Taiwan konstwi nan peyi ya.Men yon pon poul itil vre fok genyen aktivite nan zonn kote yo bati li ya.fok nou mande pou yo ede nou pwodwi plis byen ak servis pou popilatyon an.ede nou pwodwi plis manje.ede nou jwen lot sous denerji.ede nou anbelli ti vilaj nou yo.Wi si plaj la se youn bel plaj ede nou amenaje li byen mete twalet ladann pou moun servi tankou sa fet nan lot peyi.ba moun yo dlo pou yo benyen.ede entreprenè nan zonn jwen kredi pou yo ka bati yon bel hotel nan zonn lan.bati youn lekol pwofesyonel pou ba jeness la formatyon teknik.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Re: Pon nan depatman sid yo

Message  Joel Mar 20 Mar 2007 - 9:57

Julien a écrit:Joel apa wap reve je klè?

Apa wap pale si travo piblik gen yon paj wèb?

Pa gen ayen non papa, se sèl telvizyon nasyonal ak conatel ki gen yon sit entènèt wi, apres sa pa gen anyen anko non.

Sou gouvènman Aristid neptune nan preske tout ministè yo, entrepriz leta yo tegen yon sit entènèt.
Gouvènman defakto genn nan bouda-a te fèmen sit yo, e preval ak aleksi pa enterese tou.


Pa gen okenn antrepriz leta ak ministè nan repiblik dominikèn ki pa gen yon sit entènèt.

Polis nasyonal dominiken gen pwop sit entènèt li, lame gen pal, anfen tout genyen.

Alo an ayiti menm ministè touris pa gen yon sit entènèt.

ke tout moun sa yo kap dirije ayiti ale nan lanfè.

Gen moun ki te deja poze kesyon sa-a a moun kap dirije peyi ya yo, pou kisa ministè yo bwat leta yo pa gen sit entènèt, yo reponn yo di yo pa gen mwayen pou sa, e ayiti pa bezwen fè piblisite paske tout moun konnen ayiti ou tande pale de ayiti.

Pa bliye ke Teleco se yon founisè aksè entènèt, men li pa gen pwop sit entènèt pal, se pou di w' nan ki nivo bagay yo ye an ayiti.

Map raple w' tou ke se sèl pati politik Hybert de Ronceray a ki gen yon sit entènèt, G F C D ; Hybert de Ronceray se premye homme politik ayisyen ki kreye yon sit entènèt pou pati li ya, MDN, li te kreye sit sa depi avan ane 2000 yo.

Politisyen ayisyen fè Ayiti rate devlopman l' nan lè petwol la, petwol pral fini, donk ayiti pap ka devlope, endistriyalize ak petwol, se fini li rate sa. Lot enèji yap pale la yo, koute tèlman chè donk ayiti pap ka devlope ak yo donk se fouti.

Yon lot fwa anko politisyen ayisyen soti pou bloke ayiti, entènèt se pa sèlman yon zouti de plibisite, pwopagann, kominikasyon, se plis ke sa.
Yon moun ki ap viv o Japon kapab travay pou yon entrepriz ki otzetazini, san li pa janm deplase, entènèt se yon zouti travay tou.
Tout gwo peyi yo sèvi ak enyènèt pou redwi depans leta, nan fasilite yon seri de sèvis san deplase lakay ou.

Yon lot fwa anko politisyen ayisyen fè ayiti rate devlopman l.

Ki moun ki pa gen yon blog ou yon sit entènèt pou pibliye zèv li, pataje sal konnen ak lot moun? preske tout moun, e pa gen diferan jaj nan koze entènèt la, se tout moun.

Mande si Preval gen yon sit ou yon blog, zewo bare, mande si Aleksi gen yon blog, zewo................. bare.

Politisyen ayisyen dèyè pwent bouda kamyonèt la preske tonbe si yo pa genbe men yo.

Alo mesye Joel sispann reve je klè ak kesyon si travo piblik gen yon sit entènèt la. Teleco ki founisè aksè entènèt pa genyen, alo se pa travo piblik ki ta genyen.

Julien,

Pou gen entènèt sa pa preske mande lajan.
Google bay sa gratis ti cheri.
Mwen pa konn ki eskiz mesyedam sa yo genyen.

Kant a pon an menm,kelkeswa jan l bati,moun ki ede bati l;mwen bat bravo
Preske nan tout istwa peyi an ,moun pa ta ka al nan Grandans pa machin ak lòt jan terès;se pa bato pou tal jeremi,si ou vle ala la.

Si mesye yo ap bati pon,pou desanklave zòn sa a.
Mwen di Bravo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Re: Pon nan depatman sid yo

Message  gwotoro Mar 20 Mar 2007 - 22:00

Un pont pour libérer la côte sud

La côte sud d'Haïti a vu poindre une lueur de lumière à l'horizon de son désenclavement avec l'inauguration, samedi, du nouveau pont l'Acul à hauteur de Torbeck par une équipe de l'ambassade de Chine. Avec plusieurs projets d'infrastructures et l'annonce de plusieurs autres projets de grande envergure concernant cette région, la coopération haïtiano-taiwanaise donne le ton pour le développement du département du Sud et d'une bonne partie de la Grand'Anse.

Suite de l'article: http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=41324&PubDate=2007-03-19

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Pon nan depatman sid yo Empty Re: Pon nan depatman sid yo

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum